Mwen we yon Moun ouvri yon POS yon lot KOTE .An 1804 kote ETAZINI IZOLE AYITI.
PRESIZEMAN.
Sou kesyon LESKLAVAY lan te gen gran DIFERANS ant ALEXANDER HAMILTON ,JOHN ADAMS mesye FAKSYON NO yo ak mesye FAKSYON SID yo ki te gen MOUN tankou GEORGE WASHINGTON (ki te mouri) ak THOMAS JEFFERSON.
Si ALEXANDER HAMILTON pa t mouri an 1804 (presizeman) lan yon DYEL ;LISTWA ta ka diferan.
HAMILTON te KANDIDA pou ELEKSYON PREZIDANSYEL an 1804 ;misye ak THOMAS JEFFERSON se te LET ak SITRON.
Faksyon NO an te deja di ke si THOMAS JEFFERSON te genyen ELEKSYON 1804 yo ;alatet FAKSYON an te di yo t ap SESEDE de RES ETAZINI an.
Si HAMILTON pa t mouri ;petet SESESYON an t ap fet depi an 1804.
Ak ELEKSYON THOMAS JEFFERSON lan yon ESKLAVAJIS ZONGKOLOWOCH ,bagay yo vin chanje.
San nou pa bliye lanmo ALEXANDER HAMILTON lan ki te mouri lan yon DYEL tankou m te di l an 1804.
JOHN ADAMS te gen bon RELASYON ak TOUSEN.Misye te lan FAKSYON NO an.
Pitit li ki te JOHN QUINCY ADAMS ki te vin PREZIDAN TOU ,se li ki te defann CINQUE ak mesye AMISTAD yo.
AMISTAD ;se te BATO ESKLAVAJIS ki te pral KIBA e CINQUE ak lot ESKLAV yo te pran BATO an e mete l KAP li sou ETAZINI.
Gen LISTWA ETAZINI ,anvan 1804 e apre 1804 e se pa lan SANS ENDEPANDANS AYITI an.
Se LISTWA ki te pral kilmine ak GE SESESYON ant NO ak SID lan kote se GE kote plis AMERIKEN mouri lan tout LISTWA ETAZINI.
Sa te ka regle depi an 1804 ,si HAMILTON pa t mouri!