Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Où acheter la display japonaise One Piece Card Game PRB-01 One Piece ...
Voir le deal

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

2 participants

Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Joel Dim 21 Déc 2014 - 7:16

Entevansyon JAF te fe sou ENSTALASYON AKADEMI KREYOL lan sou FORUM HAITI kontinye ap pwovoke diskisyon.
Kounye an se yon Entevansyon TONTONGI pou di jan li dako ak JAF.
Kom TONTONGI sanble li  FORUM HAITI ,li fe yon ti pale de sa ROBERT BERROUET ORIOL di .
Ou gen 2 NEG se ROBERT ORIOL akHUGUES ST FORT ki toujou ti krik ti krak ap plede di ke peyi an gen 2 LANG.
2 NEG sa yo se AVOKA lang FRANSE an ,anbachal.IV DEJAN kouri plizye fwa deye BERROUET ORIOL deja!
NEG yo di ke KONSTITISYON an rekonet 2 LANG.Kom si KE te gen  MANM ASANBLE KONSTITYANT lan t ap di otreman .
Tankou de moun tankou madan MANIGAT pa t ap rekonet FRANSE kom LANG peyi DAYITI alos ke se pa vre.
FRANSE pa t janm LANG peyi DAYITI .Nou pa t janm pale l ;e nou ap di BERROUET ORIOL ke nou pa KEBEK.
Nou pa gen 2 LANG ,nou pa t janm gen 2 LANG
Tankou Pwofese MICHEL DEGRAFF di l si byen "Lang Franse an se yon lang ACHTE"
Men sa TONTONGI di .TONTONGI se MANM AKADEMI KREYOL AYISYEN an:


Kèk mo sou enstalasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an

pa Tontongi



Onon revi Tanbou e onon pèsònèl pa m, mwen ta renmen rann omaj e felisite Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an pou dabò wòl gidans remakab li jwe nan kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, epi pou pèsistans li nan enstalasyon premye 33 manm Akademi Kreyòl Ayisyen an jounen 4 desanm 2014 lan, nan otèl Kinam nan Petyonvil.

Nou voye yon chapo-ba espesyal bay Fritz Deshommes ki, ankalite vis-rektè Inivèsite Leta Ayisyen, e avèk tout ekip li an, jwe yon wòl kle nan alafwa pwomosyon kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, ak nan  òganizasyon estrikti pratik pou materyalize l.  Kèlkeswa rezèv yon moun ta genyen sou pwosesis la, nou dwe rekonèt sila a se yon aki ekstraòdinè sitou lè nou konnen l rive anba bab yon gouvènman ki pa two renmen kesyon pwomosyon lang kreyòl ayisyen an kòm lang prensipal peyi a. Evennman an gen anpil enpòtans e li make yon moman istorik eksepsyonèl nan istwa politik lang ann Ayiti.

Sepandan, se byen regretab akozde de sousi òganizatè yo pou yo akomode prezans prezidan Martelly nan seremoni enstalasyon an, yon okazyon ki ta ka yon grann evennman pou layite fyète nasyonal pèp la devan pwogrè travay valorizasyon lang li an– yon lang lelit frankofil yo te toujou enferyorize – , vin tounen yon rankont prive ant akademisyen ak akademik.

Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an te envite m pèsonèlman pou m te vin asiste seremoni enstalasyon an, e se te avèk gran plezi mwen te asepte pou m ale.  Men lè m aprann te gen posiblite enstalasyon an ka fèt  tou nan Palè Nasyonal, mwen voye yon tinòt bay òganizatè yo pou m konseye yo pou yo pa lese Ezekitif la itilize okazyon enstalasyon an pou poli imajdemak li nan kontèks yon kriz politik kote fòs polis gouvènman an ap reprime moun k’ap manifeste kont li. Malgre plizyè imèl mwen voye pou mande esplikasyon, pèsonn pa janm reponn mwen. Mwen finalman anile rèzèvasyon tikèdavyon m  pou Ayiti.

Nan yon resan opinyon ekriven Jafrikayiti pibliye, li kesyone byenfonde yon seremoni enstalasyon avèk Martelly, li panse prezidan an pa t dwe menm envite !   Misye di nouvèl la ba l kè sere:  «Mesyedam, franchman, si se konsa n ap bwete, nou mal pati ! Akademi Kreyòl la ta dwe yon enstitisyon nasyonal ki tabli granmounalite li depi nan vant ! Vwalatilpa, nou chwazi lage destine nou nan men yon plezidan ki bay 33 fanm ak gason poto, dekwa pou li te ale frite ann Ewòp, kote li pran san li, li avili tout pèp Ayisyen an, an bon franse mawon. Non mesyedam, nou po ko menm estat machin nan, nou gen tan kolboso li. Zòt ta di: "vous commettez dega" – gwo dega!  Èske gen yon lwa ki di se yon "Prezidan Repiblik" ki sètoblije inogire Akademi Kreyòl la ? Antouka, si "prensip" osnon "pwotokòl" sa yo ekziste kèk kote, li ta bon pou Akademi Kreyòl la pibliye yon tèks kote li montre sa aklè. Epitou, se pa yon ti plenyen nan mouchwa an lang franse pou Akademi an ta fè nan jounal Alterpresse. M pa ta vle kwè Akademi Kreyòl Ayisyen an se franse ki lang fonksyonman li tou?»1

An repons ak Jafrikayiti, Fritz Deshommes, ki te sèvi kòm pòtpawòl prensipal KPTAKA, poze tèt li kesyon:  «Pou ki sa se Prezidan an? Pou ki sa nou vle mete Prezidan an nan tout bagay ? Èske pa gen yon danje nan sa? Èske sa pa bay Prezidan an yon okazyon anplis pou l bloke Akademi an? Sitou lè nou sonje jan l te fè objeksyon sou lwa a epi pakèt tan l te pran pou l te voye pibliye l nan jounal ofisyèl “Le Moniteur”?»  Misye reponn anpati pou l di se pa yon senp kesyon pwotokòl, men yon kesyon  ki  «envite n reflechi sou chapant Leta a li menm, sou wòl ak estati Akademi an. Li ta menm mande n pou n rantre pi fon nan rezon ki fè manman lwa peyi a kreye enstitisyon endepandan yo epi ba yo anpil konsiderasyon.»2

Se byen ironik malgre tout bèl elokans Deshommes deplwaye pou l jistifye patisipasyon Martelly, prezidan an pat bay tèt li ankenn jèn pou l imilye, ankò yon lòt fwa, Akademi an. Sèlman lavèy enstalasyon an, li wetire tèt li nan pwogram lan. Konpòtman sa a pat dwe siprann ankenn moun, li konfime meprizasyon Martelly toujou montre vizavi lang kreyòl la.  Menm lè l itilize kreyòl la avèk matonnri yon pèfòmè pou l eksite fanatik mizikal li yo, e pita, fanatik politik li yo, li panse lang ayisyen an se yon lang enferyè ki pa gen dwa reprezantasyon nan «bagay serye» ni nan enstitisyon entènasyonal yo.  Se sa ki esplike se lang fransè li chwazi pou Ayiti sèvi nan Loni ak nan Caricom.  Nou sèlman regrèt òganizatè yo pat pi mefyan vizavi karakteristik Martelly sila yo.

Anreyalite prezans prezidan an ou pa pa fè ankenn diferans, paske li pa afekte ekzistans jiridik Akademi an, kouwè yon seremoni batèm (ke kire anchèf pawas la ou pa), pa afekte ekzistans biolojik yon tibebe. Ranvwaye enstalasyon an pou yon lòt lè pou mentni endepandans Akademi an, oubyen pou bay asedtan pou mobilize antousyasm pèp la, pa tap yon gwo pwoblèm.

Nan de atik lengwis Robert Berrouët-Oriol pibliye resamman, misye kesyone reprezantavite ak lejitimite Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an, nan youn ladan yo li mande tèt li si Akademi an pa pito yon «lobby» oubyen yon «NGO».3

Nou pa dakò avèk Berrouët-Oriol sou pwen sa a, paske nou panse antanke gwoup sitwayen ayisyen ki soti nan divès sektè sosyete a, manm KPTAKA yo pafètman gen dwa pou yo pran inisyativ pou fonde yon Akademi Kreyòl Ayisyen, dotanpli yo plase inisyativ la devan jijman ak desizyon Palman Nasyonal Ayisyen an ki vote l an grann majorite  kòm lalwa.  E dotanpli tou tout Akademisyen yo se yon bann pèsonalite ki fè prèv yo nan defans lang ak kilti pèp la, kouwè Jafrikayiti di de yo « se moun ki gen dikdantan depi y ap feraye pou byennèt Ayisyen, kilti Ayisyen, lang Kreyòl Ayisyen an».

Men nou dakò pafètman avèk gran pwen yon dezyèm atik Berrouët-Oriol ekri sou menm kesyon an ki titre « Pour une académie créole régie par une loi fondatrice d’aménagement linguistique», ki soti kòmansman desanm sou sit li Berrouet-oriol.com, kote misye mande pou lalwa sou kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen tonbe anba parapli yon lwa sou amenajman lengwistik ki limenm kouvri politik lang ann Ayiti nan tout fasad li:  «Vizyon pwoblematik lengwistik ayisyen an, ke m pataje avèk lòt kolèg, se yon vizyon sitwayen ki vle anbrase chan lengwistik la nan globalite li. Vizyon sa a fonde sou efektivite “dwa lengwistik” yo ak “dwa lang”.  “[Konsèp] dwa lang” lan, ki vle di e ki konsakre rekonesans ak primote lang matènèl la – kreyòl –, se yon dwa èt-imen fondamantal pou tout Ayisyen.  Akozdesa, rekonesans dwa lang matènèl la dwe kore avèk lòt dwa fondamantal yo ki konsiye nan Konstitisyon 1987 lan. “Dwa lang”  bay Leta ayisyen obligasyon pou li mete lwa ki ale nan sans politik lengwistik li alafwa nan espas piblik la ak nan chan edikasyon.  Se sèl garanti legal e enstitisyonèl yo, konsiye okòmansman nan kad yon lwa amenajman lengwistik ki oblijan, ki kapab rasanble monokreyòl ayisyen yo alantou yon revandikasyon pou yo fè respekte dwa lang matènèl yo e fè li rekonèt e pwomote alafwa nan espas piblik la e nan chan edikasyon.»

Nou dakò enfiniman avèk vizyon sa a, paske li rekonèt pwoblematik lengwistik ayisyen an gen plizyè fasad ki makonnen youn nan lòt, eke li enpòtan pou gen ann Ayiti yon nouvo lwa amenajman lengwistik ki òdone yon nouvo politik sou lang e ki korije enjistis lengwistik k’ap dire depi pliske de syèk la.

Berrouët-Oriol fè byen lè l kesyone otorite ak mwayen Akademi Kreyòl Ayisyen an genyen pou l ekzekite objektif li bay tèt li yo.  Kòm ekzanp Berrouët-Oriol site de alinea nan atik 6 lwa sou Akademi Kreyòl la: 1) «[AKA ap] pran tout dispozisyon pou tout enstitisyon leta kou prive fonksyone nan lang kreyòl la selon prensip, regleman ak devlopman lang nan; 2) «[AKA ap] pran tout dispozisyon pou ede popilasyon ayisyen an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la.»

Berrouët-Oriol di objektif sa yo se majè, michan objektif yo ye, e li mande si yo «deklaratif, eksitatif ouswa obligwa? Ak ki mwayen konkrè Akademi Kreyòl la pral fè aplike jan dispozisyon sila yo epi verifye si yo efikas?  Èske l pral konte sou bòn volonte enstitisyon yo pou obligasyon nou prezime pou itilize lang ki ini tout Ayisyen an, kreyòl la, vin respekte toupatou nan Administrasyon piblik ak sektè prive yo?»  Misye reponn pou l di: «Tip vizyon sa a sou pwoblematik lengwistik ayisyen an mande èd Leta paske amenajman lengwistik la se dabò e avan tou zafè Leta. (...)  Selon vizyon sa a, se wòl Leta ayisyen an pou l lejisfere yon lwa lengwistik espesyal ki estipile yon manyè ase laj dwa ak obligasyon lengwistik yo.»4

Nou dakò absoliman avèk rekòmandasyon sa yo, e konsèy misye yo enpòtan si nou vle kesyon dwa lang lan apwoche avèg rigè ak nan yon kad legal.  Sepandan nou pa wè genyen ankenn kontradiksyon ant kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, ki deja yon fè istorik, ak rekòmandasyon Berrouët-Oriol yo pou yon lwa amenajman lengwistik ki kouvri dwa lang pèp ayisyen an ansanm ak rapò lengwistik yo ann Ayiti. Toulède ka mennen sou de ray paralèl men avèk yon destinasyon komen  (yon destinasyon ki trase, eklere e enfòme pa lwa amenajman lengwistik la).

Kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon fè istorik nou pa dwe chèche ni denye, ni revèse si nou vle pwogrè kontinye fèt nan sans vizyon pou tabli respè dwa lang lan.  Natirèlman, kenbe yon rega kritik sou Akademi an se yon dwa, e menm yon obligasyon, men nou ka sipòte l pandan n’ap sipòte adopsyon ak ekzekisyon yon lwa amenajman lengwistik ki kouvri tout dwa lang ak rapò lang ann Ayiti.

-Tontongi
(Editè revi Tanbou)    

NÒT
1.Tcheke Jafrikayiti: «Akademi Kreyòl: Felisitasyon men atansyon».
 
2. Tcheke Fritz Deshommes: «Èske se Prezidan Repiblik la ki dwe enstale Premye Akademisyen Lang Kreyòl Peyi d Ayiti yo?».
 
3.Tcheke Robert Berrouët-Oriol: «L’Académie Créole : “Lobby”, “ONG” ou institution d’État sous mandat d’aménagement linguistique?».
 
4. Sitasyon sa yo soti nan atik Robert Berrouët-Oriol la: «Pour une académie créole régie par une loi fondatrice d’aménagement linguistique». [Tradiksyon kreyòl pa nou de fransè.  Italik la nan tèks orijinal la].


http://www.potomitan.info/ayiti/tontongi/akademi2.php

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Rico Dim 21 Déc 2014 - 14:44

Mezanmiro mwen pa finn konprann se komsi bagay kreyol sa komanse  ak yon  politik bazetaj. Kisa nou vle menm bann lengwis sayo ou byen politisyen ki gen lot motivasyon

Ke se  yon  Aristide  ou byen Preval ou anko Martelly ki pwoblèm pou envite  yon ofisyèl pou patisipe nan yon gran evenman konsa.

Mwen pa kwè ditou se ta menm pwoblèm pou sèten ak Aristide.

Martely gen kont pou rann se vre, men se toujou menm trip la se yo tout ki gen  o mwen yon zonbi nan plaka yo.

Eske akademisyen sayo, yo tout o desi tout soupson , eske yo ankete tout. Non antouka yo tout la pou konpetans yo nan zafè lang kreyol. Nou pa konnen vreman saki kache ni bezwen konnen saki kache nan plaka yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Joel Dim 21 Déc 2014 - 15:36

Mwen pa p detounen w

Men kom ou se te YOUN ki t ap brat BRAVO paske DANNY LAFERRIERE te vin MANM AKADEMI FRANSE.
Ki jan fe ke LAFERRIERE vin aksepte MANM yon AKADEMI ki te gen MOUN ki t ap di bagay kon sa.?

Se AIME CESAIRE ki te rapote sa:

Jules Romain de l’Académie française

Je n’accepte la discussion qu’avec des gens qui consentent à faire l’hypothèse suivante : une France ayant sur son sol métropolitain dix millions de Noirs, dont cinq ou six millions dans la vallée de la Garonne. Le préjugé de race n’aurait-il jamais effleuré nos vaillantes populations du Sud-Ouest ? Aucune inquiétude, si la question s’était posée de remettre tous les pouvoirs à ces nègres, fils d’esclaves ? … il m’est arrivé d’avoir en face de moi une rangée d’une vingtaine de Noirs purs … Je ne reprocherai même pas à nos Nègres et Négresses de mâcher du chewing-gum . J’observerai seulement … que ce mouvement a pour effet de mettre les mâchoires bien en valeur et que les évocations qui vous viennent à l’esprit vous ramènent plus près de la forêt équatoriales que de la procession des Panathénées … La race Noire n’a encore donné, ne donnera jamais un Einstein, un Stravinsky, un Gershwin.

(Cité par Aimé Césaire, dans ‘Discours sur le colonialisme’ , Présence Africaine, Paris, 1955)

Citation:

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Rico Dim 21 Déc 2014 - 16:24

MWEN PA SWIV-OU
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Joel Lun 22 Déc 2014 - 7:22

Mwen mete SITASYON JULES ROMAIN an ki te manm AKADEMI FRANSE an paske oumenm ak ZOT se te fet nou t ap fe pou DANNY LAFERRIERE ki te nonmen lan AKDEMI FRANSE an.

M ap mande m koman nou santi nou pou nou ap bat bravo pou yon ENSTITISYON ki te gen de RASIS tankou JULES ROMAIN.
Mwen mande w sa paske ou fe yon ATAK GRATIS ,tankou yo di sou MANM AKADEMI KREYOL yo ;yon atak san fondman ,san lojik,mechan.
Petet ou ta vle atake TONTONGI ?
Misye se yon EDIKATE ak yon long ISTWA lan rejyon BOSTON lan.Mwen byen kwe ke misye te pase LA SORBONNE tou, si sa enterese w.
Tontongi,bon non li se GUY TOUSSAINT gen lontan l ap pibliye yon REVI ki rele TANBOU.
Anvan se te sou PAPYE ;kounye an se sou ENTENET lan.
W ap jwenn li GRATIS sou:

www.TANBOU.com.
Tontongi pa nenpot MOUN tankou granmoun yo di.
Ale li ATIK ke li ekri an FRANSE sou nominasyon DANNY LAFERRIERE an ;kote li di sa ap plis fe MAL ke BYEN ,sa depan de ki jan nou we nominasyon an e enteprete l

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Rico Lun 22 Déc 2014 - 13:44

Men tonas ke li rele TONTONGI, JAF OU watevè yo gen dwa, yo gen preferans yo tankou lot ayisyen, lot moun gen dwa ak preferans yo pou pratik ak itilizasyon franse.Map viv Okebek mwen setoblije layite nan lang sa.

VLE PA VLE, LI ISTORIK, KILTIRÈL,SOSYAL MENMSI KONDISYON EKONOMIK ECHÈK ANSEYMAN  BANNOU ANPIL LAKENN NAN SÈTEN LEKOL NAN APRANTISAJ FRANSE.

Nan pwen moun ki rete ak lot, se dwa Ayisyen fou, damou pou franse ou byen  kreyol. 

Lang franse tankou lang kreyol se 2 lang inivèsèl . Yo pale tou 2 anpil kote. Yon lang se pa pworiyete ni Franse ou byen Ayisyen. Kreyol nap goumen pou li Franse kap di li soti nan matris kolonizasyon ak lang franse.

Si Dany pral rantre nan Akademi Franse se pwouve tankou tout lot nasyono ki pase ladann inivèsalite l. Sispann, pran zafè  lang kom pwopriyete yon peyi.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Joel Lun 22 Déc 2014 - 15:17

Neg gen dwa gen preferans yo men se pa yon zafe preferans ki ap pale la a.

Ou te tonbe joure MOUN ki te kesyone ELEKSYON LAFERRIERE lan AKADEMI FRANSE  an ;alos ou ap voye TOYA sou MANM AKADEMI KREYOL.
Moun pa di pou ti AYISYEN pa aprann FRANSE ,menm jan ak yon ti AMERIKEN yon ti TRINIDADYEN aprann FRANSE.
Pratik pou TIMOUN yo se lan LEKOL yo premye aprann FRANSE ,fe l yon LANG EDIKASYON e pi di  ke l se youn lan lang NASYONAL yo ;se sa de MOUN tankou TONTONGI,JAF,Dr YVES DEJEAN ,dr MICHEL DEGRAFF ap kesyone.

Sa pa gen anyen pou li we ak SISTEM EDIKASYON nou an .Ou te met enpote 100 MIL pwofese FRANSE sa pa t ap pi bon ke sa.
Ou gen yon MOD le w gen yon opinyon ou di nenpot bagay pou w apiye sa w ap di an ;si w vle rele sa opinyon.

Sa pa gen anyen pou we ak kote w rete.
Antouka men sa TONTONGI te di sou eleksyon D. LAFERRIERE .Se pa pawol FANATIK ,se pawol MOUN ki ap panse:

http://www.tanbou.com/2014/ImplicationsMalheureusesDeDanyLaferriere.htm

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Rico Lun 22 Déc 2014 - 18:39

Ki kote mwen atake akademi kreyol sa, mwen di ke moun ki rele TONTONGI se opinyon l pou di sali vle. Men se pa opinyon tout 30 komisè akademi kreyol ki gen pwoblem ak Dany.

Tout se radot poukisa w vle si mwen dako ak Dany mwen kont Akademi kreyol
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Joel Mar 23 Déc 2014 - 6:31

Non;
Mwen ka twonpe m ;di m si m twonpe m;men ou di ke se pou AKADEMI KREYOL ta tcheke pwospektif akademisyen yo anvan yo nonmen yo.

Mwen pa di w pa kesyone sa TONTONGI ap di ;li di a kle pouki sa li pa apresye DANY LAFERRIERE.
Se san mechanste ,li jis di ki sa LAFERRIERE KONN DI ou byen konn ekri e pouki sa li sipoze ke FRANSE yo nonmen l.

Ou two prese pou rele moun NON .Si w diskite bagay yo a "face value" ou pe pou w pa pedi.
E pa dwe gen pedan ou gayan se lide n ap echanje ou byen se sa nou dwe fe.

Se yon bagay ke MICHEL DE GRAFF etidye ;se admirasyon sa nou rele "ENTELEKTYEL AYISYEN" yo gen pou la FRANS ak lang FRANSE.
Se pa yon bagay ki rann u sevis si nou konsidere ke yo gade yon EKRIVEN AYISYEN ann AYITI tankou yon "figure heroique" tankouTONTONGI di l

Ann AYITI si yon MOUN ta pran yon PRI NOBEL lan SYANS y ap ba l mwens konsiderasyon ke si li ta pran youn lan PRI LITERE FRANSE yo.
Mwen di FRANSE ,paske EDWIDGE DANTICAT mwen konsidere ki pi AYISYEN ke DNNY LAFERRIERE pran de PRI tankou youn lan pi bon pami 20 jen EKRIVEN AMERIKEN ak MARC ARTHUR [b]GENIUS PRIZE.

Kanta noumenm AYISYEN ,jan kek lan nou we la FRANS ;se pa kon sa NEG tankou AIME CESAIRE te we l.CESAIRE te etidye lan youn lan lekol ki pi prestijye an FRANS yo"ECOLE NORMALE SUPERIEURE"

Pran yon ti tan pou wou ou nenpot lot li DISCOURS SUR LE COLONIALISME .Se an 1955 li te ekri l ,tou lot jou la a;mwen te gentan gen konprann:

www.larevuedesressources.org/IMG/pdf/CESAIRE.pdf

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Rico Mar 23 Déc 2014 - 12:56

Tout lobey sayo se move jalouzi ti nèg kap di sayo vle.Moun tankou Dany ap toujou make pwen sou yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV. Empty Re: Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum