Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
Voir le deal
399 €

NOMINASYON YON PREMYE MINIS POLITIK TANKOU K PLIM PA GEN SOTI DE LA

Aller en bas

NOMINASYON YON PREMYE MINIS POLITIK TANKOU K PLIM PA GEN SOTI DE LA Empty NOMINASYON YON PREMYE MINIS POLITIK TANKOU K PLIM PA GEN SOTI DE LA

Message  Rico Ven 26 Déc 2014 - 15:17

Depwi kèlke tan revandikasyon yon sètenn opozisyon ZO BLOD , bout durr kanpe sou beton an pou voye Prezidan Martelly ak tout gouvenman l ale. Nan opozisyon sa genyen yon  gwoupiskil lavalas melanje ak politisyen tradisyonèl kom Tuneb Delpe madan Manigat nan sayo rele MOPOD.



Nou pa vle bliye non plis KID ki twouve l nan regroupman sa. E se la nou pral konprann politisyen ki rele KPlim kap  ki toujou  di li nan negosiyasyon pendan ke Mopod se raza tabula. Men kom politisyen maton, politisyen akonpli KPlim di koman Mopod vle negosye  pou mande an menm tan Martely  ale, se kontradiksyon . Kidonk toutan gen chire pit nan mitan politik la KPlim toujou nan kan MOPOD men lese enpresyon se yon modere.



Nou gen lavalas bo kote l ki gen yon pozisyon flou, direktwa mande gouvenman ale. Pandan baz la nan rache manyok , bay tè a blanch.



Nan yon konjonkti politik osi konplèks yon teknisyenn tankou ansyenn minis finans Marie Carmelle pa gen plas li kom premye minis. Se mande l lenposib  ak tout konpleksite politik yon peyi dechire.

Antouka Martelly te byen konseye pou evite retounen ak yon ansyen minis kè klamè piblik mande voye ale ak tout  yon gouvenman.

Eske madan sa kap itil peyi sa anko, se wi, Men sajès politik mande l pou fè yon ti kanpo.

Koulyè se tann vot ak machandaj 2 chanm yo pou ratifikasyon KPlim , se pap fasil. Men se an menm tan yon kouto tranchan pou 2 chanm yo, refize KPlim konnen pou souplès li, ki pa vreman gen lennemi andisi se chans pou tout pati konfondi.

Menm lavalas ki gen yon grenn politisyen ki genyen tout kontrol pati sa mouche Aristide , ki pa nan kè Kplim. Men kontrèman sakap di pa bo isit se pa ditou Lavalas ki pwoblèm la se sitou Aristide kap manipile,telegide yon ti madanm tankou Narcisse pandan ke baz pati sa ap dispèse.

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum