Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Nike : Jusqu’à 50% sur les articles de fin de saison
Voir le deal

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

4 participants

Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Rico Ven 21 Aoû 2015 - 13:45

Mwen fenk debake  nan dyaspora. Rico te rantre nan peyi a
pou konstate ak 2 nawè li koman zafè poiltik ak elèksyon ap mache. Se vre gen anpil koken, anpil zam fannfwa, anpil gwo ponyèt pouvwa ak alye li yo  tankou PHTK, BOUKLIYE.


Se te a prevwa tout rejim ki sou pouvwa gen monopol lajan, zam e latriye. Se te menm senaryo ak lavalas sou pouvwa.

Men nou dwe rekonèt tou feblès yon lopozisyon ki fini an
Answit Prévalus, Prevalon kite rwa, lanperè ak bann zway INITE yo nan vle pran tout pou yo.
miyèt moso tankou Lavalas. Pati sa an total dekonfiti.
 
Fizyon selon mwen ki preske disparèt,pa kanpe sou anyen, li an agoni. 

Pitit Desalinn se yon blof, vreman yon veritab katastrof , lidè pati sa  dwe rejwenn yon fomasyon pi pèfoman.

OPL ta sanble pi oganize e pèfoman  nan rejyon li gen kontrol yo. Men se poko sa.

Mopod  ki te gen kontrol pouvwa nan manif ki manke pote Martely. Selon mwen pa menm asiste tiraj, se yon blof.

Bon nou kap di KEP ak tout gouvenman volo eleksyon yo, nou kap di bann dezod, zam fannfwa entimide lopozisyon, gouvenmam ratise laj.
  

Men rico konstate ke tout lopoziyon konfondi jan yap mennen bak yo pa an mezi flanke pouvwa Martell atè. Yon pouvwa, raketè, an bandisyon mande yon regwoupman tout fos lopozisyon .

Nan pwen zafè tel pati tankou lavalas, Mopod, Opl, Fizyon e latriye kapab fè fas kont koken  ki gen zam ak monopol lajan.

SE YON VERITAB BLOK, NON PLIS VINI AK  TI MARYSE NARCISSE E LOT TI CHÈF PATI SITOU POU PREZIDANSYÈL YO.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Joel Sam 22 Aoû 2015 - 8:28

Byen ke mwen pa renmen reponn sa seten NEG ekri ,paske anvan lontan se KONT ,sa tounen lan yon bagay pesonel.
Antouka kite m eseye ,esperan ke n ap rete lan SIVILITE.

Si bagay sa a pase ;se posib nou ka genyen yon SENA ak YOURI LATOTI ,FRE LAMBERT yo ,san bliye GUY PHILIPPE ak ZOT.
NEG sa yo se yon bann FASIS,mete ak PRES ANMH lan.
AK PRES sa a ,ak yon SENA konsa ,pou met ABSE SOU KLOU ,n ap gen de neg tankou STANLEY LUCAS ki ap lan RADYO yo.Yon STANLEY LUCAS ke PRES AMERIKEN an trake.

Ak NEG sa yo ,se pa lan 19yem syek n ap tounen anko non ,paske lan 19 yem SYEK lan pa t menm gen 2 MILYON MOUN lan peyi an e pa t gen GRANGOU.
Yo di ke anpil kote lan peyi an se pa GRANGOU ke MOUN yo GRANGOU selma ,MOUN yo ap mouri SWAF ,paske pa menm gen DLO pou yo BWE!.

Antouka si mesyedam sa yo ta tounen anko ;mwen pa p KOMANTE anko paske ou tou met mete SIY ke NAZI yo te konn mete lan KAN KONSANTRASYON yo "ABANDON ALL HOPE" "PA KONPRANN GEN ESPWA TOUJOU"!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Marc H Sam 22 Aoû 2015 - 10:38

Joel

Ondirè moun an ayiti  sitou politisyen yo bouke . Yo pa genyen enèji anko pou lite . Zot febli pep la . Mouveman ane 80 an tonbe .Les USA ont gagné . Les putschistes  ont finalement gagné. C'est triste !  Je me réveille ce matin avec une telle tristesse qui dévore mon cœur d'haïtien.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Marc H Sam 22 Aoû 2015 - 10:39

Bon retou Rico , mwen swete ak laj wou vini saj!
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Joel Sam 22 Aoû 2015 - 11:02

Marc H a écrit:Joel

Ondirè moun an ayiti  sitou politisyen yo bouke . Yo pa genyen enèji anko pou lite . Zot febli pep la . Mouveman ane 80 an tonbe .Les USA ont gagné . Les putschistes  ont finalement gagné. C'est triste !  Je me réveille ce matin avec une telle tristesse qui dévore mon cœur d'haïtien.

Wi se TRIS MAK.
Si gen MOUN ki ap tann ED ETRANJE yo chire.Mwen t ap li yon ATIK kote menm LONI ap mete 2 MEN lan TET .Ed ETRANJE seche ,paske ETAZINI ak EWOP gen pwop PWOBLEM pa yo;pa espere ED lan men yo anko.

MAK.

Si mesye sa yo tounen anko ;stipandye ,resele,volo sa yo tounen anko ,se pa CHIRE peyi sa a ap chire anko ;peyi sa a ap telman chire ,pa p gen FIL ki ap kapab KOUD li.

Sa k pi red se tankou gen yon gwo NOMANKLATURA POUTCHIS.
Mwen t ap tande ke MARIE LUCIE BONHOMME ,ki chef de fil anti-LAVALAS lan pres POUTCHIS GNBis lan se MADANM PIERRE LOUIS OPONT.

Mwen preske DEZESPERE menm jan ak ou!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Marc H Sam 22 Aoû 2015 - 13:08

Joel

Anpil pwoblem . Mwen genyen lenpresyon ke genyen yon deal ki fett nan peyi an . Yo ka bay lavalas prezidan an pou rasire Aristide . Men tout lot bagay yo ap lan men poutis ak gnbis et leurs complices internationaux .
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Sasaye Sam 22 Aoû 2015 - 13:13

Pa gen lontan. Sèlman kèk jou, lè m te deklare lanpwen anyen ki pou fè yon moun fyè ke l se ayisyen.
Depi Divalye finn plante endiyite, iyorans, obskirantis, restavekis avèk britalite, grenn kraze epi divizyon. Lanpwen anyen ki rete de fyète ki te konn fè nou gonfle lestomak.
Ekzanp frè Lanbè, Youri Latòti ak Gi Filip epi Stanle Lika ase pou bay moun respektab degoutans. Nou pa bezwen swiv konsèy Maniga pou nou retounen lan vomi.

Alò! Kisa k pral pase laa?

Eske travay Tètkale yo pral tounen yon reyalite ki akseptab?
Trayizon Preval ki mete ak Mateli pou kraze aspirasyon pèp lan! Eske ayisyen pral
chita kòmsi deryen netè.
Si nèg yo kapab rale zam lan biwo votasyon pou anpeche moun vote, kote zam pèp lan, pou reponn takantak?

Dapre mwen, yon sèl repons ki genyen, se yon mobilizasyon jeneral, granadye aloso ki kapab chanje konplo saa.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Sasaye Sam 22 Aoû 2015 - 13:18


Annou retire espwa ke Lavalas ka pran pouvwa.
Se sa ki lakòz konplo saa.
Lanpwen chans pou lepouvwa pa eleksyon ankò.
Se Revolisyon nap pale.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Rico Sam 22 Aoû 2015 - 15:02

Marc H a écrit:Bon retou Rico , mwen swete ak laj  wou vini saj!
Non mwen pa retounen, sitou pou wou ki san krediblite, delwayal, enjis.

Ti politisyen san konviksyon kap fè flik flak, yon moman w ak Preval, pou ateri nan lavalas.

Olye  w montre karaktè kom yon responsab yon forom ki ta dwe piblik  pou gade endepandans, genyen tolerans.

Pa vinn fè  leson.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Marc H Dim 23 Aoû 2015 - 0:17

Riko
Neg okap akaryak. Sispann fe move sang . Sispann fe vye granmou .Lol
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Marc H Dim 23 Aoû 2015 - 0:18

Riko
Si wou pa vinn pou rete , al fe wout w .
Sans rancune !
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Joel Dim 23 Aoû 2015 - 7:05

Sasaye a écrit:Pa gen lontan. Sèlman kèk jou, lè m te deklare lanpwen anyen ki pou fè yon moun fyè ke l se ayisyen.
Depi Divalye finn plante endiyite, iyorans, obskirantis, restavekis avèk britalite, grenn kraze epi divizyon. Lanpwen anyen ki rete de fyète ki te konn fè nou gonfle lestomak.
Ekzanp frè Lanbè, Youri Latòti ak Gi Filip epi Stanle Lika ase pou bay moun respektab degoutans. Nou pa bezwen swiv konsèy Maniga pou nou retounen lan vomi.

Alò! Kisa k pral pase laa?

Eske travay Tètkale yo pral tounen yon reyalite ki akseptab?
Trayizon Preval ki mete ak Mateli pou kraze aspirasyon pèp lan! Eske ayisyen pral
chita kòmsi deryen netè.
Si nèg yo kapab rale zam lan biwo votasyon pou anpeche moun vote, kote zam pèp lan, pou reponn takantak?

Dapre mwen, yon sèl repons ki genyen, se yon mobilizasyon jeneral, granadye aloso ki kapab chanje konplo saa.

SASAYE an pasan se pou gen yon diskisyon sou MANIGAT.Se yon bagay m ap di an pasan.Bagay "le savwa" ke se selman ann AYITI yo kontinye ap pale de sa ,e se youn lan move ERITAJ MANIGAT yo ,se pou gen diskisyon sou sa.

Si MANIGAT ,menm pou yon FWA te kanpe kont KOUDETA yo ,petet bagay yo ta ka pase diferaman.
Eske se sot MANIGAT te sot ou byen pi ENTELIJAN pou l pa t we ke ENPERYALIS yo te deye KOUDETA yo.

BAZIN se pou bali sa ,malgre li te pou KOUDETA 1991 lan ,misye te vin SAJ ,li te kont KOUDETA 2004 lan ,paske li te we men ENPERYALIS yo deye KOUDETA sa a ,ak OBSKIRANTIS tout PLIM tout PLIMAJ AYISYEN yo.

Kanta pou ELEKSYON sa yo ;peyi an pa p ka pran 5 AN NEG sa yo anko ;keseswa NEG ki konekte ak PREVAL ,ki vin youn lan pi gwo REYAKSYONE ki genyen ,ou byen DWAT ZONGKOLOWOCH ,BOUT DI ,ki konekte ak MATELI yo.

Gen de fwa mwen konn al fe kek ti diskisyon sou DOMINICAN TODAY ;le y ap fe ti pawol anti-AYISYEN mwen konn pran yo ap grap ;men tou le y ap retounen pou yo di se fot NOU pou nou tolere MOUN sa yo lan TET PEYI an,mwen pa ka reponn yo non.

SASAYE;

Lan 3 ZAN ke MEDINA gen sou pouvwa a ;misye konstwi 18000 SAL de KLAS ;MATELI limem konbyen li konstwi lan 4 AN li genyen an ,ak bagay PSUGO sa a ,ki pa fe okenn sans.
http://www.dominicantoday.com/dr/economy/2015/8/13/56089/Medina-leaves-old-models-of-governing-behind-official


Se jis ti kesyon sa a pami MIL pou nou poze ;paske kelkelanswa peyi an ,si w pa avanse EDIKASYON ,bliye sa.

Si mesye sa yo tounen ,yon jan yon mannye ,bliye sa ,se pa BISWIT LABOU MOUN yo pral manje anko ,paske pou w menm fe BISWIT LABOU an se pou gen yon ti DLO ;yo di lan plizye ZON lan peyi an ,aktyelman ,menm DLO pa genyen pou MOUN yo BWE!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO Empty Re: RICO PA VINI POU RETE, JIS YON TI KOMANTÈ SOU ELÈKSYON YO

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum