Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Où acheter la display japonaise One Piece Card Game PRB-01 One Piece ...
Voir le deal

Discours du président Aristide (30 septembre 2015 )

Aller en bas

Discours du président Aristide  (30 septembre 2015 ) Empty Discours du président Aristide (30 septembre 2015 )

Message  Marc H Mar 10 Nov 2015 - 20:55

Discours de Jean-Bertrand Aristide
Sè m, Frè m,
Ou menm ki bò isit ou k ap viv lòt bò
dlo,
M kontan salye w nan lespri Mèm
Amou
an.
Nan lonbraj Zansèt nou yo, pèmèt
mwen
Bay nou chak yon gwo akolad
fratènèl
e
Anbrase tout ti moun yo ak Jenès
Peyi
a
Ki gen yon plas espesyal nan fon kè
m.
Ak anpil respè, m bese byen ba pou
mwen
salye
Memwa tout viktim koudeta 30
Septanm 1991
la.
Kò yo tonbe men yap toujou rete
vivan nan lespri
n.
Swè ak san Ero nou yo pa dwe koule
pou granmesi.
Pou leve memwa tout Ayisyen ki
sakrifye lavi
yo
Pou delivrans Ayiti, ann manyen
rasin mo Ayiti
a.
Hai vle di non, pa. Tii vle di obeyi
nan lang
Swaili.
Haitii vle di pa obeyi. Haïti ou Haitii
vle di pa obeyi.
Lontan, esklav yo te toujou ap di: Pa
obeyi kolon
yo.
Jodia, nou di: pa obeyi moun ki pa
respekte dwa
moun.
Haitii! Pa obeyi esklav mantal ki nan
koudeta
elektoral.
Pa obeyi esklav mantal ki refize
respekte vòt Pèp
la.
Tout moun se moun. Vòt tout moun
dwe konte. Pwen.
Sè m, Frè m,
Pandan 3 zan silans sa yo, m toujou
koute vwa
n.
Lè tribilasyon lavi a ba nou lafyèv,
kò mwen
cho.
Lè nou swaf tande pozisyon m aklè,
m santi sa tou.
Menm si depi 19 Me 2015 Minouche
deja fè n

Ki kandida m pra l chwazi pou pòs
Prezidan Peyi
a,
Menm si nou foule beton an avè l,
bradsou
bradsa
Pou egzije anilasyon koudeta
elektoral 9 Out
la,
M santi nou ta renmen m di nou sa
ak vwa pa m.
Mèsi pou konfyans sa a; se pou sa
menm m
priye,
Mwen reflechi anpil anvan m pran
desizyon sa
a.
Desizyon sa a pa ka tranpe nan sòs
nayivte
paske
Menm ti sèvèl wòwòt ki poko janm
plonje
nan
Dekolonizasyon mantal, deja
konsate ke
anverite,
Responsab yo chwazi fè seleksyon e
non eleksyon.
Ak espwa verite sa a pap fwase ou
ofanse responsab
yo
Ki se frè ak sè nou tou, men ki sa
mwen obsève
toujou:
Radyografi koudeta elektoral 9 Out
2015 la pote
tras
Yon maladi ki rele: Négligence
spatiale
unilatérale.
Sa vle di, kategori malad sa yo wè
yon sèl bò realite a.
Egzanp: Lè malad sa yo ap abiye, yo
ka mete rad
la
Yon bò kò yo e yo pa wè si lòt bò a
rete san
abiye.
Lè y ap manje nan yon asyèt, yo
manje mwatye
e
Yo pa wè si yo kite lòt mwatye
manje a nan asyèt
la.
Maladi sa a parèt biza men se konsa
li manifeste
paske
Pwoblèm nan chita nan yon zòn
sèvo a ki rele lob parietal.
Responsab koudeta elektoral 9 Out
2015 la konpote
yo
Menm jan ak malad sa yo ki wè yon
sèl bò realite
a.
Yon bò yo wè bilten vòt gwo zam
fann fwa vle
enpoze,
Men yo pa wè ke lòt bò a, se
majorite Pèp Ayisyen
an
K ap egzije respè dwa li genyen pou l
vote nan eleksyon
lib.
Tout moun se moun. Donk, vòt tout
moun dwe konte. Pwen.
Radyografi koudeta elektoral 9 Out
2015 la
montre
Yon 2e tras: li montre tras malad ki
anozognozik.
Sa vle di: Malad ki refize aksepte ke
yo
malad.
Nan ka konsa, solisyon an se dabò
mobilizasyon.
Mobilizasyon nou tout ki pa vle Peyi
a
tonbe
Nan toubiyon goudougoudou politik
san parèy.
Ou menm ki depi 11 zan ap monte
lesyèl
pado,
Nou ki viktim ensekirite, abi,
grangou,
chomaj,
Jis nap file zegwi san tèt nan
blakawout
lamizè,
Nou menm kap soufri ak tout
Ayisyen ki
viktim
Rapatriman sitwayen ki soti Sen
Domeng
yo,
Ann met ansanm pou evite mal la vin
pi mal.
Nou menm pwofesyonèl nan tout
branch tankou
:
Avoka, enjenyè, agwonòm, enfimyè,
doktè,
Komèsan, peyizan, notab, pwofesè
lekòl
K ap mare lafimen dezespwa depi 11
lane,
Ann met ansanm pou evite mal la vin
pi mal.
Nou menm Jèn ki toupatou, nan
pwovens kòm
lavil,
Nan inivèsite kòm nan tout baz ak
tout katye popilè
yo
Ann mobilize pou fè chodyè a
sispann bouyi yon sèl
bò.
Nou pi plis. Nou se majorite a. Fòk
sa bon pou nou tout.
Jan mwen te di nou jou ki te 9 Me
2013
la,
Sonje! Yon sèl machwa pa moulen
vyann.
Nou youn bezwen lòt. Respè pou nou
tout:
Moun save kòm analfabèt. Analfabèt
pa
bèt.
Rich kou malere, se antann pou n
antann
nou.
Aprè 11 lane, fòk nou rekoud drapo
inite a.
Men nan men ak tout Ayisyen k ap
viv lòt bò
dlo
E ki swaf tounen lakay, ann kreye
kondisyon
pou
Patisipasyon tout moun debyen, tout
moun
serye,
Tout moun ki pa nan politik men ki
konprann
ke:
Si n pa sove Diyite n, Diyite n ap
sove kite n.
Sè m, Frè m,
Peyi nou an malad grav e pou pi ta
pa pi tris, Fò n mobilize kont koudeta a jis nou rantre Demokratikman nan Palè Nasyonal avèk Dr Maryse Narcisse kòm Prezidan Peyi a.
Vote Dr Maryse ak tout kandida
Fanmi Lavalas,Bò Tab la, nimewo 54, se leve yon kokenn defi Paske konplo a mare ak lajan ki pa rete ak lajan.
Sepandan ! Wi,
sepandan !
Bouch an bouch, youn di lòt:
Konplo ki mare ak fòs lajan
Ka demare ak fòs diyite nou.
Bouch an bouch, youn di
lòt: Se pa lajan, se diyite.
Si n pa sove diyite n,
Diyite n ap sove kite n.
Mèsi.
Dr Jean-Bertrand
Aristide
30 Septanm 2015, Taba
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum