Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot 6 Boosters Mascarade ...
Voir le deal

Koudteyat anvan koudmèt!

2 participants

Aller en bas

Koudteyat anvan koudmèt! Empty Koudteyat anvan koudmèt!

Message  Sasaye Sam 7 Jan 2017 - 13:57


Lan arestasyon Gifilip, rapò yo demontre yon operasyon polisye trè pwofesyonèl.
Yon polisye ayisyen enfiltre konvwa Gifilip pran pòz yon nouvo depite pou l tande e rapòte tout konvèsasyon ak gran skèlbè nèg yo.
Kifè yo ranje yon pèlen devan estasyon radyo kote misye te deklare li pral pase pou l fè deklarasyon bèlmèvèy. Yo dapiyan lwijanboje an san li pa konpran kisa ki rive l.
Saa se koudmèt lan.

Men, koudteyat lan se rezon ki fè meriken chwazi moman saa pou fè sa li te kapab fè depi lontan?
Eske se pa pou distrè tout popilasyon an ki pa dijere koulèv Jovnèl yo vle koke lan gòj li?
Eske depi jou saa se sèl pawòl ki lan tout bouch?

Jisteman, yon ayisyen ki fè krim ann Ayiti dwe arete ann Ayiti, jije e kondane ann Ayiti.

A kote tout demagoji jiridik, gouvènman ayisyen gen dwa ak responsabilite pou jije e kondane koupab ki komèt krim anndan peyi an. Li dwe defann dwa ak responsabilite saa. E pa pran presyon lan men meriken.
Dotan plus ke tout mouvman sayo fèt pou 5 kilo kokayin ak yon depo 112 mil dola.
Ki komedi saa!
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Koudteyat anvan koudmèt! Empty Re: Koudteyat anvan koudmèt!

Message  Joel Sam 7 Jan 2017 - 14:27

Sel bagay SASAYE ,se lan tout ZON lan AMERIKEN ap fe sa.

Se pa pil e pa paket y ap mare NEG pou DWOG kay VWAZEN nou yo an DOMINIKANI.JENERAL LAME ,AMIRAL,KOLONEL ,KAPTENN elt..

Lan DOMINIKANI menm NEG ki te responsab LIT kont DWOG lan ,yo mete l anba KOD.
Lan KOLONBI ,NEG ki responsab PARAMILITE EKSTREM DWAT ,ki gen plis ke MIL NEG byen AME ,yo mete yo anba kod.

Nou gen DWA kesyone "TIMING" ARESTASYON GIFILIP lan ,men se pa yon bagay ke AMERIKEN yo pa fe lan lot PEYI lan AMERIK lan.
Kote yo paka fe sa se lan PEYI tankou VENEZUELA ak BOLIVI kote GOUVENMAN yo pa SIYE ak yo.

SEJOUSI ,pa gen okenn PREDIKSYON MOUN ka fe de jan AMERIKEN yo OPERE.

Yon bagay tou ,KONPAYEL GI FILIP yo ,se pou yo mete KO yo anba PAY;NEG ki te lan TRAFIK ak li yo,paske GIFILIP gen dwa "mete l a TAB" pou li jwenn yon SANTANS pi LEJE.

Mesye CIA yo ki anba "gwo kritik" lan men mesye TRUMP yo ki ap plede di yo ENKONPETAN ,gen dwa ap mare "loose ends"

MALPWOPTE nou yo ,ou pa konn ki le y ap APRANN ;anpil NEG ki te konn ap sevi AMERIKEN yo ;AMERIKEN yo LAGE yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum