Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
-20% sur le Lot de 2 écrans PC GIGABYTE 27″ LED M27Q
429 € 539 €
Voir le deal

Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan

2 participants

Aller en bas

Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan Empty Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan

Message  Joel Sam 28 Oct 2017 - 9:31

Sa a se yon LIV yon PWOFESE ANGLE pibliye an 2012.

Yon gran pati lan LIV lan se ki jan TOUSEN ak DESALIN te konsidere 2 LANG yo.
Se byen posib ,ke si DESALIN te siviv nou ta ka pa ap pale de FRANSE ak KREYOL ;ou byen ENBESIL ki ap kontinye di ke FRANSE se yon "BUTIN DE GUERRE" .
Ou paka pran pou BITEN yon bagay ki pa t EKZISTE.Gen plis MOUN ki pale ANGLE lan AYITI 2017 lan ke AYISYEN ki te pale FRANSE anvan LENDEPANDANS.
Moun ki te pale FRANSE lan SENDOMENG ,se te MOUN ki te soti an FRANS ,lan rejyon PARI an,lan 2zyem mwatye 18yem SYEK lan.

Lan LIV sa a:
http://books.google.com/books/about/Beyond_the_Slave_Narrative.html

"BEYOND THE SLAVE NARRATIVE ,POLITICS,SEX,AND MANUSCRIPTS IN THE HAITIAN REVOLUTION"
DEBORAH JENSON ap pale de ki jan TOUSEN ak DESALIN te konsidere LANG :FRANSE ak KREYOL.
Li site MICHEL ETIENNE DESCOURTILZ] yon blan FRANSE ki te rive lan KOLONI SENDOMENG lan ,an 1799 e li kite l an fen 1803.
DESCOURTILZ se te DOKTE TOUSEN e pi apre yo EKZILE TOUSEN ,li te vin DOKTE DESALIN.

Dr JENSON di ke TOUSEN ,anba bouch te pale yon FRANSE APROKSIMATIF (FRANSE MAWON) li te renmen ke MOUN ki soti an FRANS yo te pale FRANSE ak li ,men ak tout lot MOUN lan KOLONI an ,se KREYOL li te pale ak yo.

DESALIN limenm ,dapre DESCOURTILZ te rayi LANG FRANSE ,li pa t vle tande LANG sa a pale lan ZOREY li.
Men yon ti PASAJ lan LIV lan:

"Dessalines ideas of the politics of language,a contrast that reflects the individual dynamism of linguistic and rethorical strategies among HAIIAN  Revolutionnary leaders.
DESCOURTILZ recounts that DESSALINES foreswore the use of FRENCH after Napoleon's armies had landed in 1802 in a conscious appropriation of the local discourse and a rejection of COLONIAL SEMIOTICS.

Dessalines commencant a se prononcer ouvertement contre l'armee expeditionnaire,evitoit,detestoit jusqu'a leur idiome;c'est porquoi il reprit tres severement le fils d'un proprietaire des GONAIVES,qui CREOLE de SAINT DOMINGUE s'avisa de lui parler en FRANCOIS.
"Tiembe langue a vous" lui dit il en le toisant avec dedain "pourquoi chercher tiembe langue zotres"
DESCOURTILZ


Kididonk se byen posib ke DESALIN ta ka fe sa Vyetnamyen y te fe yon SYEK EDMI pi ta apre yo te defet KOLONYALIS FRANSE yo an 1954;rejte LANG FRANSE an e pete tou sa t ap kontribye pou nou gen yon lot AYITI

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan Empty Re: Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan

Message  T-Kout Mar 31 Oct 2017 - 1:32

Bon Joel wap pale de Toussaint ak Dessalines, e lot General yo nan mem epok ki santiman yo te genyen pou Kreyol ? Tankou Capois la mort, Chareron, Marcadieu.

Epi tou eske gen lot Prezidan ki te gen mem santiman pou Kreyol ak Toussaint e Dessalines ?
T-Kout
T-Kout
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 249
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan Empty Re: Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan

Message  Joel Mar 31 Oct 2017 - 7:39

T-KOUT;

Mwen byen kwe ke KAPWA LAMO te fet ESKLAV lan ABITASYON CAPPOUET lan REJYON PORT DE PAIX an.
Misye te fe premye ZAM li anba JENERAL MAUREPAS.

Mwen doute ke KAPWA te konnen si LANG FRANSE an te ekziste ,petet li te gen SEKRETE ki pou te enteprete FRANSE pou li ,apre li pran GRAD lan AME REVOLISYONE an.

Dapre kek istoryen ,NON "CAPOIS" a se yon APROKSIMASYON "CAPPOUET", non PLANTASYON kote l te fet lan.

T-KOUT,
Anpil lan NEG sa yo ,pa t gen KONPLEKS nou vin devlope kont LANG KREYOL lan .Se te LANG yo ,yo pa t janm tande FRANSE pale lan ZOREY yo.
Ou gen dwa ETONE ,paske BLAN KREYOL yo ,setadi BLAN ki te fet lan KOLONI an ,pa t gen KONPLEKS sou sa non pli,paske se sel LANG yo te konnen tou.

Gen yon NEG ,yon BLAN si w vle ,ki te pase 3 ZAN lan SENDOMENG ant 1782 ak 1785 ,li sezi ,preske tout BLAN KREYOL yo lan BITASYON yo ,se yon sel LANG yo te vle pale ,e MISYE ki te soti lan ZON PARI an ,byen ke li se te yon BLAN SWIS te ap goumen pou l konprann yo.
Misye t ap di pa egzanp pouki sa ,li ap di "la poule",blan KREYOL yo menm ap di "POULE LA"

Kanta de NEG tankou PETION ak BOYER ,Mesye sa yo te an FRANS.Yo te al aprann "ORFEVRE" lan rejyon PARIS an.

Se pou we diferans ant yo ak LOUIS BOISROND-TONNERRE ;byen ke BOISROND TONNERRE ki te pase 8 AN an FRANS te renmen pale KREYOL ,dapre ISTORYEN ,yon bagay ke DESSALINES te renman.

PREZIDAN ki te vin SIKSEDE BOYER yo ,mwen doute seryezman ke yo te konn pale FRANSE ou menm konprenn li ,de NEG tankou PIERROT, RICHE,SOULOUQUE elt...

Men tou,FRANSE te vin tankou LATEN anvan premye mwatye 17yem SYEK lan ,an FRANS .Se pou w aprann li ,si w vle montre ou EDIKE e sitou si w vle PLAS LAN LETA.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan Empty Re: Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan

Message  Joel Lun 6 Nov 2017 - 19:13

Yon diskisyon sou LANG KREYOL lan ki te fet sou RADYO KISKEYA aye DIMANCH 5 novanm lan.

Yo di bagay eteresan ,gen de bagay ki di ke mwen pa fin dako ak yo;tankou "attach" istorik nou ta genyen ak lang franse.

Ki atach istorik.

La FRANS kite TRINIDAD,SENT LISI,GRENAD elt..apre nou.
Peyi sa yo gen atach istorik ak FRANSE yo tou.

Mwen kontinye ap repete ke FRANSE pa t ple lan KOLONI n ,anvan 1804.

REFERANS:

VOYAGE D'UN SUISSE DANS DIFFERENTES COLONIES D'AMERIQUE PENDANT LA DERNIERE GUERRE:AVEC UNE TABLE D'OBSERVATIONS FAITES A SAINT DOMINGUE
1782-1785

JUSTIN GIROD-CHANTRANS
Antouka tande mesyedam yo ki ap pale, yo se MANM AKADEMI KREYOL AYISYEN an:

(Part 1)

Part 2


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan Empty Re: Ki RAPO TOUSEN ak DESALIN genyen ak LANG KREYOL lan

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum