Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-28%
Le deal à ne pas rater :
Brandt LVE127J – Lave-vaisselle encastrable 12 couverts – L60cm
279.99 € 390.99 €
Voir le deal

Skandal nan kay la.

+3
Marc-Henry
Sasaye
Rodlam Sans Malice
7 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 1 Juin 2007 - 21:07

Se pa genyen 2 gwo skandal an ayiti epi personn pa di anyen de sa.sak pase menm ki mirak Gnbis forum lan panko mete koze sa yo sou forum pou yo avili gouvènman an.

1) Se pa mwen tande Senatè Fortune denonse Minis zafè sosyal la pou yon kob ke li fè Direktè servis asirans vyeyes la bay nan karnaval ak yon lot kob li fè bay yon bank depay.Sa ki ap pase menm ;eske genyen minis nan gouvenman ki la pou sabote li.nan ki pati Germain soti?paske mwen pa ka konprann ke yon nonm nan yon gouvenman kote chef deta ap pale de la gè kont koruptyon pou wou se move zak wap fè pou yon Senatè ap denonse w.

Si se kanpay li ke Senatè Fortune ap fè e ke sa li di yo se manti ;fok genyen yon moun ki dil mete dlo nan diven li.Men si se vre sa ke li ap denonse yo se move zak ke li ka pwouve e byen fok pa genyen okenn kase fey kouvri sa ki fet ;paske kom pwoverb la di ya si pa genyen reselè pa ka genyen volè.Fok pa genyen entouchab an ayiti si pou nou fini ak pwoblem koriptyon sa ki fè ti moun pa ka jwen ban nan lekol pou yo chita.

2)lot skandal la : yo mete men nan pat kasav 7 polisye ki te sot resevwa plis pase 400 kg kokayinn.Yo di yo te nan yon machinn epi te genyen kek Kolonbyen nan yon lot machin.Mwen pa pwente dwet mwen sou personn non,men fok Presidan Preval pran prekotyon l pou sa ki rive Aristide la pa rive l nan sitire delenkan nan sen li.

Yo deja ap di ke moun ki an chaj sekerite piblik la se te yon moun deja ke yo te sispek nan zafè dug.Yon moun pa konnen pou ki rezon yo kouri ak Aristide.Alo fok Presidan Preval ak premye Minis la siveye byen pou delenkan pa pwofite plas yo nan gouvènman pou yo lage l nan traka .

Nou konnen byen ke PNH la pa genyen ase moyen pou l anpeche drug rantre an ayiti men lè se polisye menm ki ap pral resevwa drug e ki ap mache ak kolonbyen e byen genyen yon netoyaj tout bon ki merite fet nan PNH la.Pase pou genyen rezon devan kras fok ou benyen.si nou pa vle ke yo di ke ayiti se yon narko state fok nou fè respè nou.Bagay sa kreye twop pwoblem deja pou peyi ya. pou gouvenman kite neg la polis yo ap lese grennen.Dapre sa moun ki ap fè komantè sou zafè saa yo di se pa sel ti polisye ki pou anba kod ;yo di genyen gwo bwa nan gouvenman ki merite anba kod tou.

presidan Preval ou konnen byen jan ayisyen se moun ki pa pè foure nenpot palto sou do yon moun pou yo ka kritike w. ou konnen byen genyen moun ki pa renmen relatyon ke w genyen ak Chavez e ak Fidel alo pa kite san zave ki enfiltre gouvenman an pou yo ka rich ba yo preteks pou yo fout peyi ya nan tyouboum anko.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Juin 2007 - 8:51

Men ayisyen parey mwen yo genyen nan nou ki pa bon vre. Menm tande ke yon lot gwo skandal nan PNH la kote yon chek pou achte pyes pou kamyon ponpye ki an pann disparet san ke machinn ponpye yo pa repare.Epi se an disponibilite selman yo dwe mete gwo chef nan la polis la ki pa ka bay kont kote lajan an pase. machinn ponpye pa ka pote moun sekou epi gwo manjè yo ap foure lajan nan poch yo.An fen de kont fok nou rann nou kont se pa blan ki la koz nou nan eta nou ye ya vre ;se nou menm ki san koutya, mal pou wont.Tonnè sa fè wont.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Sasaye Sam 2 Juin 2007 - 11:45

Sanmalis,

Pa fatige w. Bagay pral rantre lan plas yo.

Depi ki lè nou te konn wè yo mete pat lan kasav 7 polisye an Ayiti?

Jaska prèv di kontrè, senatè Fotine pa gen oken kredibilite.

Bon, kite pawol, pran koze.
Mwen ri jis mwen pa kapab anko.

Gen bagay ou konnen kom moderatè ke lot moun pa ka konnen. Mwen pat konnen te gen GNBIS ofisyèl sou sit la.

Kilès yo ye?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Juin 2007 - 12:16

Sassaye

Ou vle mete m nan pwoblem ak gwo chabrak sou forum lan.Neg a gwo linet, neg a non demeplè.Talè konsa ya retire atik mwen sou forum lan;ya fè konpitè m fè move aktyon.Mwen pap chache genyen lenmi ak ansyen zanmi ki pa vle wè m .mwen pat manje pwa men yo vle fè m rann li.Lè yo tap separe ajantri ak Aristide nan gwo peyi mwen se nan New York mwen tap travay di anba fredi koulyè ya se mwen yo vle rann responsab.Se Aristide yo di m ki fè yo goute pi bon moman nan vi yo men non se San Malis ki aristidis ,kote m konnen Aristide mwen pa konnen.

Non zafè gwo skandal saa fèm sezi mwen te kwè genyen yon atik ki pibliye sou forum lan ki di chanje met chanje metye.se pam tande drug ap monte desann nan peyi ya.Alo se pa Aristide ki te fè drug ap sikile an ayiti ,neg yo kouri ak Aristide paskeli trayi la mafya.Tankou lenmi m lan di se 3 bagay ou pa rantre an konfli ak yo.:leglis katolik, CIA, ak mafia.Se sak fè Guy philippe pa gen yon kout fisi ki te tire bo tet li lè li rantre Port-au-prince.Mesye la POlis yo te beswen fè komers yo e Aristide te Fè Arete patron yo.Yon nonm pa konnen nan ki sa w pran la.Sa ki pi red la drug dilè sa yo san konsyans paske lè w tande sa pablo te fè an kolonby ou wè se pa menm bagay ak ayisyen ,non selman yap fè lajan nan drug men yo pa fè anyen pou peyi ya yo pito ap volè lajan ki pou repare machinn ponpye ki pou pote moun sekou.Alo ke le dyab dira poukwa tankou gran moun lontan te konn di fok genyen yon netoyaj konplet ki pou fet nan la Polis anvan ke krim a sispann nan peyi dayiti.Gwo chef nan la polis la akise de tout move bagay epi ou pa tande anyen ki rive yo.yo menm fout di yo pap presante devan jij ,o mwen nan FADH la yo te konn ba jandam ak ofisye delenkan kou matyal yon lè, lè genyen ki fè twop gwo Francois te konn mete yo nan poto epi li voye yo nan peyi san chapo menm si se paske li te vinn fou.men koulyè se yon lese grennen kote neg la Polis pi chef pase Marcaisse prosperki o mwen ou pat janm tande non l nan malpwoprete.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Sasaye Sam 2 Juin 2007 - 12:36

Mwenmenm papa? M pa tap janm mete w lan pwoblèm.

Pa janm cheche pwoblèm, paske pwoblèm cheche w e yo jwenn ou.

Monchè, map ri toujou. M sonje Makés Pwospé.

Mache chèche pa janm domi san soupe:
Mwen wè e map gade GNBIS yo.
Pito w konnen pase w pa konnen.
Bonn fin d semèn.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Marc-Henry Sam 2 Juin 2007 - 12:55

Talè konsa ya retire atik mwen sou forum lan;ya fè konpitè m fè move aktyon.

Sans Malice

Vous n'êtes pas drôle. Je vous dis et le redis qu'il n'y a personne qui censure vos textes au forum. fe sa rantré lan teta wou ami Rodlam.

Si vous voulez , je vous jure que personne retire vos papiers au forum ni moi ni gwotoro.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Juin 2007 - 13:06

Marc

En tou cas au cours de la semaine j'ai ecrit un texte qui a été effacé; immediatement aprés j'ai recu un message privé de kok la pour me signaler l'origine de cette censure. Peut-etre vous n'etes pas au courant de la malveillance ou de l'expertise de certains participants du forum.Se ka yon zonbi li voye fè sa pou li (lol)Kanta pou fè mal se nan sa yo pi for.(lol)
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Marc-Henry Sam 2 Juin 2007 - 13:09

Quel mystère, allons consulter notre ami Joel...ou sasaye voire même bentalay....

Mwen genlè bray bat yon kat pou wou sans malice. fok nou trouve mauvais espri sa kap censiré'w sou fowom la...lol


Dernière édition par le Sam 2 Juin 2007 - 13:11, édité 1 fois
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Juin 2007 - 13:11

Il ne faut pas oublier qu'il y a des invisibles sur ce forum(lol)
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Juin 2007 - 13:16

Non ou pa beswen fè sa mwen pral mete yon chandel nwa pou li nan ogatwa mwen; tann wap tande lè fredi ya rantre fen ane a ; ou genyen pou tande l pran yon sel so kabrit nan montreal se va rel ka makorel.(lol) Li dwe konprann mwen se pitimi san gado se bo pon parwa mwen soti wi ;ou konn tande chante yo te fè pou paul magloire a ki te soti preske menm kote ak mwen.

Kite l kontinye ap retire teks mwen yo lap jwen ak zo grann li wi.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Joel Sam 2 Juin 2007 - 13:40

Wi San Malis,

Ti nèg fè dè lanne ap rele nan dengonn Aristide ;nèg yo di DEA ap vin pran Aristide menm jan ak Manuel Noriega.

Bon ,apa Aristide ale ,e se kounye an Dwòg ap fè monte desann nan peyi an.
Dwòg lan te kòmase ogmante depi sou gouvènman enterimè an.
Ki sa ki ap pase nan lòj menm?,nou konnen ke Preval pa nan trafik dwòg.
De kisa ti Guy ap viv menm?mwen tande se yon veritab Lame ki ap bay misye proteksyon.
Kouman li peye gad de kò sa yo?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Juin 2007 - 14:58

Koulyè ya papa yo paka di se ti Pè ya ki parenn drug la anko.Se pou yo di ki moun ki te pral benefisye 450 kilo saa.?mwen pa kwè se 7 polisye yo selamn ki nan bagay sila.

Se pou yo mete goumet nan ponyet neg ki pran lajan ki pou te achte pyes de rechanj pou machinn ponpye yo tou.Si preval ap lite kont koriptyon vre fok pa genyen oken entouchab nan peyi dayiti; se pou tout delankan anba kod. mare volè ak palto yo, ak zepolet yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Thunder Sam 2 Juin 2007 - 16:33

Sans Malice ekri :

Se pa genyen 2 gwo skandal an ayiti epi personn pa di anyen de sa.sak pase menm ki mirak Gnbis forum lan panko mete koze sa yo sou forum pou yo avili gouvènman an.

Mwen ranmase pwen-an ak 2 men. Men wou bat tanbou'w epi wou danse'l ankò. Wou vle fè konprann ke se GNBis ki konn avili gouvènman. Epi voup ! men wou denonse yo. Sa sa vle di ?

Mwen pa la pou'm avili oken gouvènman, paske chak moun responsab zak pa yo, delenkans se yon bagay pèsonèl. Mwen t'ap avili gouvènman-an si e sèlman si yo te fè menm jan ak sa lavalas konn fè :

_ Yo pat arete mesye sa yo, men yo te ba yo pwomosyon.

_ Si lè yo te sezi dwòg-lan, se dilè pa yo ke yo te bay li pou al vann

_ Si nan plas, ap veye mesye sa yo sou wout-lan pou arete yo, se ofri yo te ofri kolonbyen yo Wout 9 lan pou ateri ti avyon ki sòti dirèkteman kolonbi. Epi itilize SWAT TEAM pou bloke wout lan pou machinn pa pase.

_ Si yo te konn woule ak dilè yo byen pwòp, epi se lè dilè yo pa vle peye 80% pou kanaval la yo te fizye yo.


_ Pou ti polisye "frekan" ta arete mesye sa yo, epi pou DG PNH la Andresol, ta rantre jis nan prizon-an al lage nèg yo ak men pa li san oken fòm de pwosè.

_ Si se presyon pou ameriken fè sou yo pou yo arete dilè sa yo, apre yon tantativ asasina sou dilè sa-a pou'l pat pale. elatriye....

Men si yo arete yo, yo pa teni kont ke se "chèf" yo ye, yo pase yo devan laprès, yo pral jije yo, ki avilisman yon moun ka fè posib la-a ?

Se pwoblèm la plipa nan nou, nou konprann "denonse" se "denigre". Fòk wou pa pale pou'w pa tounen yon "fachis" yon "GNBis". Ala traka papa !
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Thunder Sam 2 Juin 2007 - 16:38

Joel ekri :

Bon ,apa Aristide ale ,e se kounye an Dwòg ap fè monte desann nan peyi an.

Sa-a se yon remak timoun piti, se kòm si wou ta di ke : " Jan yo te akize Michèl Francois & Co. pou dwòg, epi vwala li pa nan peyi-a, epi se kounyea ke dwòg ap fè monte desann"
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Juin 2007 - 17:54

Non, Mwen pa kritike gouvenman Preval/Alexis ya nan ka saa paske mwen konnen byen anpil fwa genyen moun nan alantou yon Presidan ki ap fè krim ,vol ke li pa konnen.Mwen toujou respekte yon chef deta depi li respekte tet li.Men si anket enpatyal ta releve ke se yonn nan yo swa Alexis ou byen Preval ki nan zafè fè kokayinn pase an ayiti pou yo rich e byen se mwen premye ki ta kondane yo.

Mwen pa janm di pou moun pa pale non ,Ou paka di mwen kwè ke denonse se denigre.se mwen sou sit la ki konn di fok verite blayi pou tout moun konnen sa ki ap pase.fok yo pa mete babouket nan bouch personn ki respekte lwa forum lan depi se pa vi prive moun yap atake.Mwen di pafwa nou fè zak nou epi nou servi ak yo pou nou kritike gouvenman an e pafwa nou itilize zak yon delenkan ki enfiltre yon gouvenman pou nou kritike tout gouvenman an pou nou deboulonnnen li.Se sak fè mwen di ki mirak gwosè skandal saa ki pase nan semen lan nou pa kouri sezi okasyon an pou nou di se swa se Preval ou byen se Alexis ki parenn drug lan koulyè ya tankou nou te toujou di ke se Aristide.

Kom mwen toujou di e map redil anko pou konprann pwen de vi mwen: si se vre Aristide se te yon drug dilè se pou li jije paske yon moun ki Presidan yon peyi pa ka foure ko w nan vye malpwoprete pou ka rich.Si w fè sa kelke swa bi ke w genyen e byen ou pa merite konpasyon moun paske ou te dwe fè respè w.Menm jan mwen pa ka apwouve sa francois Duvalier te fè pou l mete delenkan nan kasino enternatyonal pou yo separe lajan ak li mwen ta ipokrit si m ta vle sitire Aristide pou delenkans li.Kom mwen di tout moun mwen pa moun yon moun mwen fanatik yon ideyal, serten prensip:onètete ,probite, konpasyon, respè dwa tout moun. e menm si sete papa m depi li devye de prensip sa yo map vire do ba li.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Thunder Sam 2 Juin 2007 - 18:28

Se menm ja-an Sans Mlaice, mwen pap kritike yon gouvenman paske yon moun ki nan sen yo komèt yon zak malonèt. Men se reyaksyon Gouvènman-an ki pral pèmèt mwen aplodi yo oubyen kritike yo. Aristide pat responsab zak Ronald Kadav, Ketant elatriye...men genyen yon ti pwovèb ki di "di'm ki moun ki zanmi'w, m'ap di'w ki moun wou ye". Se pa konnen Aristide pa't konnen zak nèg sa yo, ni se pa toleran ke misye toleran konsa. Alò...kisa w panse ?

Lè figi'w sal, se pa mirwa pou'w kraze, se figi'w pou lave.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Juin 2007 - 22:18

Mon chè

Sou pwen saa mwen dako ak ou paske menm mwen menm ki pat an ayiti mwen te ekri yon teks sou opl la lè mwen te tande atache anbasad ameriken yan te di ke kob drug la ap peye polisye ,mwen te dil fè atantyon zafè poud blanch sa ka ba li anpil pwoblem.Li te konnen byen depi Bush te genyen elektyon li se te yon kat make ,o lye li te pran mezi ki nesesè yo li rete ap di se yon ti minorite zwit .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Joel Dim 3 Juin 2007 - 8:20

Non,fè respè nou mesye.
Wi,moun te kont Michel françois,se pa paske sèlman li te nan trafik dwòg,se pou zak li poze pou l sa fè milyon ven nan trafik lan.
Se pou tout pòv malere li masakre ,moun ki pa fè l anyen.E gen prèv ,paske te gen yon anrejistreman ki t ap sikile apre premye koudeta a nan radyo nan dyaspora a.
Ou tande klèman ,misye k ap di nan yon radyo,radyo son frekans la Polis lan, "Mete mayèt pou yo".
Bagay sa a te fè yon gwo bri nan dyaspora a a lepòk.Ou te ka tande klèman tou bal fizi otomatik ,ki t ap jete pòv malere yo.
E se te sou yon radyo ki te genyen anpilrespè nan kominote an ,se te sou "L'Heure Haitienne",emisyon Etidyan Ayisyen nan Columbia University yo.

Wi ,nou fè dè zane ak dè zane ap rele peyi an sou Aristide tankou narko-repiblik.
Nou t ap di sa paske nou te vle ke menm bagay ki te rive NORIEGA A ,rive Aristide tou.

Al enfòme tèt nou,Ameriken pa jete moun pou trafik dwòg.Peyi ki gen petèt 5 fwa plis dwòg sèjousi ki ap tranzite lakay yo ,se Gwatemal.Yo di ke moun nan gouvènman,Lame ,ak boujwazi an nan trafik lan.
Eske nou tande gen pwojè pou jete gouvènman Gwatemala a pou sa?
Rezon an ,sè ke gouvènman Gwatemala a ,se yon gouvènman de dwat,pro-ameriken.
mwen ta gen dwa pale de Meksik ak Kolonbi limenm,elatriye,e pou kou ki pou touye koukou an,CIA te mele nan yon trafik dwòg nan ane 80s yo;se te pou ranmase lajan pou Kontra yo nan Nikaragwa.Al aprann istwa,bann sanwont san santiman;al aprann istwa.
Mwen pa konn si mwen te di sa deja;yo pa t ranvèse Noriega poutèt li te nan trafik dwòg,se te jis yon pretèks ;se paske misye t ap rapwoche twòp de Kiba a lepòk e mi Berlin an pot ko tonbe!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 3 Juin 2007 - 8:56

Mwen di ke aristide te konnen depi Bush monte li se te yon kat make , se li ki te pou pran prekotyon li poul pat ba yo preteks.se pou li te ekate l de tout delenkan ki te avek li ki te nan drug la.Ayisyen genyen yon pwoverb ki di lè w an devenn let kaye kase tet w.Wi nou konnen ke peyi kote poud blanch lan soti se pa ranverse yo ranverse gouvenman la se ed militè yo bay pou konbat plantè yo,men yo di malgre presans ameriken afganistan opium lan plante pi red.Alo tout moun konnen zafè ke atache politik anbasad ameriken nan Portoprens tap di se lajan drug ki ap peye polis la se te yon preteks li te ye.Lè ti Buish te dereaspekte Aristide devan kamera lè li te dil ou genyen dernye chans fok Aristide te konprann poul te pran mezi ki nesesè pase li te dwe konnen ke yo te pral kouri ak li anko.Tou moun konnen sou la tè la jsitis genyen yon sel bo pou pini pov men gran neg mete tet yo ansanb pou yo pwoteje bywen yo , Nou pa wè castro li menm li fisye malandren ki pa fè respè yo ;li pa tolere oken malandren bo kote l.Genyen mouvman anvan ou fè yo fok ou pwoteje dèryè w anvan.Sak fè yo pat kouri ak Preval nan premye manda li ya ;li tou li te fè rapwochman ak kiba.Manley te fè rapwochman ak kiba tou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Joel Dim 3 Juin 2007 - 10:33

San Malis,

Se ak Thunder ,mwen te vle pale.Mwen panse ke menm si Aristide te arete tout moun ki te nan trafik dwòg yo,pa t gen trafik ann Ayiti ankò ,mesye yo t ap jete misye kanmèm.
Aristide se te yon Chavez pou nèg tankou Roger Noriega ak Otto Reich e ou wè an 2002 ,se gwo chans wi ,ki fè yo pa t jete Chavez.
Kanta Manuel Noriega menm ,mwen byen spesifye ke misye ta p fè rapwochman ak Kiba a ,se te anvan mi Bèlen an te tonbe ;kagezon zam t ap tranzite de Kiba ak Nikaragwa ,pa vwa Panama e se nan epòk sa a Etazini ta p depanse anviwon 4 milya dola pou yo ame kontra yo.
Se nan kontèks sa a yo te anvayi Panama,dwòg lan se te yon pretèks.
Kanta Préval limenm,mwen pa kwè Etazini ap enkyete pou rapwochman l ak Kiba;paske tou senpman de peyi tankou Gwatemala ak Perou ,gen doktè Kiben ak espesyalis alfabetizasyon lakay yo ,e peyi sa yo sètènman se pa de peyi ki a gòch

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 3 Juin 2007 - 11:34

Si menm koz ou site ki fè yo kouri ak Aristide pa pwodwi menm efè ni pou Preval ni pou presidan peyi tankou Perou ak Guatemal e byen fok ou avwe ke ti emperè ya genyen yon lot bagay ak Aristide.Men li sot konplimante Preval paske Preval pran gwo responsabilite pou li ba pep li manje ,soulaje soufrans yo. ;kisa li genyen mwenm ak Aristide ;se kestyon saa pou nou reponn.Eske se vre se Etra Zuni , frans ,ak Kanada ki kouri ak Aristide ou byen se okipe yo pat okipe Aristide ki fè yon gwoup neg tankou Noriega Reich.Powell,Fernandez kite ti Guy fè Aristide kouri?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Joel Dim 3 Juin 2007 - 11:52

San Malis,

Ti Guy pa t ap kapab .Eske a nenpòt kèl moman,aristide pa t ap kapab mobilize moun nan katye popilè yo,pou al kontre kòn ak ti Guy.
Pa bliye tou te gen yon kagezon zam ke Thabo Mbeki t ap voye bay Aristide ,ki te bloke nan Jamayik.
Nou konnen ke bagay sitou politik ,pa genyen yon sèl eksplikasyon.men mesye Repibliken pa t wè ak yon bon je ,ke yo te fin jete Aristide e ke Clinton te rechouke l;menm si se sou presyon kominote nwa ameriken an ,ke Clinton te fè l.
Se tankou mesye sa yo,Repibliken yo ,te gen yon bagay pèsònèl ak Aristide!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 3 Juin 2007 - 12:02

Men poukisa se pa sa li te fè o lye li pase tout lan nwit la ap pale ak anbasadè meriken yan.Fok ou avwe ke Aristide pat nan pals li.Ou pa ka vle fè revolutyon si w pè san koule.yo aprann nou nan pren omlet san kase ze.Mwen pa kwè si Aristide te mennen bak li byen mesye repibliken yo te ka fè ti guy kouri ak li.se sa ki fè mwen di genyen mouvman anvan ou fè yo fok ou panse konsekans yo pou ka pwoteje flan w anvan.Aristide te manke moun solid ak li a koz de megalomanie li.Fok nou pa kite bel pawol fè nou gaga tankou kanmarad la di ke mwen gaga. san ke li pa janm li tou sa ke mwen ekri.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Thunder Mar 5 Juin 2007 - 0:31

Non Joel,

Mwen te kòmante sou remak banal wou te fè-a, men mwen pat pale'w de ameriken ki pat vini pote Aristide sekou. Pablo Escobar te mouri dwòg lan pa sispann Kolonbi nonpli. Donk ti jilbrèt sa yo, mwen pap pran yo nan men'w.

Se pa sèl ameriken ki te meprize Aristide, kote Chavèz ak Castro ak lòt ankò ki pa de "dwat" te ye ? Menm Mbeki se sou demagoji li te ye ak Aristide. Mbeki te an Ayiti 1 janvye 2004, se anba katouch li kouri, si'l te vle ede Aristide vre, nan 36 zè Aristide t'ap resevwa menm tank.

Menm lè Ministah pa ta la, mwen pini yon moun al imite Ti Guy, pou'w wè nan moman sa-a. le mond antye t'ap kanpe anfas wou, menm Thunder gran GNBis tap manche fizi'l pou defann gouvenman Preval-la. eske se paske Preval pap travay pou pèp-li ? ...oubyen se paske li de "dwat" ? m'ap kite'w reponn kesyon sa-yo.

Jiska prezan Aristide izole politikman, pa genyen moun ki vle twò "friendly" tankou yo di an angle ak misye ankò, menm Black Caucus bay misye vag, le mond antye bliye mouche sou konn premye kazak. Sanble ke chèk-yo pa vini twò dri ankò Very Happy
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Joel Mar 5 Juin 2007 - 7:03

Thunder a écrit:Non Joel,

Mwen te kòmante sou remak banal wou te fè-a, men mwen pat pale'w de ameriken ki pat vini pote Aristide sekou. Pablo Escobar te mouri dwòg lan pa sispann Kolonbi nonpli. Donk ti jilbrèt sa yo, mwen pap pran yo nan men'w.

Se pa sèl ameriken ki te meprize Aristide, kote Chavèz ak Castro ak lòt ankò ki pa de "dwat" te ye ? Menm Mbeki se sou demagoji li te ye ak Aristide. Mbeki te an Ayiti 1 janvye 2004, se anba katouch li kouri, si'l te vle ede Aristide vre, nan 36 zè Aristide t'ap resevwa menm tank.

Menm lè Ministah pa ta la, mwen pini yon moun al imite Ti Guy, pou'w wè nan moman sa-a. le mond antye t'ap kanpe anfas wou, menm Thunder gran GNBis tap manche fizi'l pou defann gouvenman Preval-la. eske se paske Preval pap travay pou pèp-li ? ...oubyen se paske li de "dwat" ? m'ap kite'w reponn kesyon sa-yo.

Jiska prezan Aristide izole politikman, pa genyen moun ki vle twò "friendly" tankou yo di an angle ak misye ankò, menm Black Caucus bay misye vag, le mond antye bliye mouche sou konn premye kazak. Sanble ke chèk-yo pa vini twò dri ankò Very Happy

Moun tankou w yo,vin tèlman koronpi ,ke depi yon moun pran yon pozisyon ,se lajan ki motivasyon moun lan.
Oumenm vle manke yon moun kou THABO MBEKI dega ,yon nonm vètikal ,prezidan 23zèm pwisans ekonomik sou planèt lan.
Ki lajan Aristide ta genyen pou l bay Mbeki?
Si w pa p swiv sa ka p pase aktyèlman.Langletè ap voye monte tout la jounen sou ROBERT MUGABE ,prezidan Zimbabwe an,Condollezza Rice ap fè diskou pou apiye Langletè men Thabo Mbeki frape pye pou l di ke pa gen moun ki ap touche Mugabe.
E se fini,li di l ap negosye ap Mugabe pou l fè l kite pouvwa a lamyab ,men pa gen pwisans ki ap touche l.
Li sonje èd Mugabe te konn bay ANC pou yo konbat apartheid .

Se tankou tou ,apwi ke Black Caucus lan ,te konn bay Aristide se paske Aristide te peye yo.
Al aprann istwa,al aprann rapò ki toujou ekziste ant enteligentsia nwa Ameriken an ,ak Ayiti .
Senp politik ,depi Black Caucus lan te rann li kont se Repibliken yo ,ki te vle jete Aristide,e ke se de moun tankou Roger Noriega ak Otto Reich ki te dèyè bagay sa a ,otomatikman yo vin pro-Aristide.

Entelektyèl nwa ameriken yo te,anti-Divalye,anti Mobutu e pro Aristide.
Eske mobutu ki te gen yon fòtin ki evalye ak 5 milya dola ,pa t gen lajan pou l te bay mesye sayo?
Epitou w ap di ke moun ki te apiye Aristide yo,pa apiye l ankò.Alòs se Aristide ki ap fè monn lan tounen?
Kite noumenm GNBis ki te vle vòlò eleksyon prezidansyèl lan ,kite nou te fè l,nou ta wè sa k ta pase ?
Se pa Aristide limenm moun kou Rangel ,Maxine Waters elatriye te vle apiye ,se te Ayiti .
Ou konn kote opozisyon kont premye okipasyon ameriken an te pi entans ,se pami entelektyèl "Harlem Renaissance" yo.
Nou tèlman rayi Aristide ,ke se pye bwa a nou wè,nou pa wè forè an.
Mwenmenm m ap repete l ,se pa renmen mwen renmen Aristide,sa jis jounen jodi an ,mwen pa p padonnen nou ,se fason nou ranvèse l lan ;nou alye nou ak de moun ki pa gen okenn enterè peyi Dayiti nan kè yo.
Bagay sa a enpadonab!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum