Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
-20% Récupérateur à eau mural 300 ...
Voir le deal
79 €

Skandal nan kay la.

+3
Marc-Henry
Sasaye
Rodlam Sans Malice
7 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Skandal nan kay la.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 1 Juin 2007 - 21:07

Rappel du premier message :

Se pa genyen 2 gwo skandal an ayiti epi personn pa di anyen de sa.sak pase menm ki mirak Gnbis forum lan panko mete koze sa yo sou forum pou yo avili gouvènman an.

1) Se pa mwen tande Senatè Fortune denonse Minis zafè sosyal la pou yon kob ke li fè Direktè servis asirans vyeyes la bay nan karnaval ak yon lot kob li fè bay yon bank depay.Sa ki ap pase menm ;eske genyen minis nan gouvenman ki la pou sabote li.nan ki pati Germain soti?paske mwen pa ka konprann ke yon nonm nan yon gouvenman kote chef deta ap pale de la gè kont koruptyon pou wou se move zak wap fè pou yon Senatè ap denonse w.

Si se kanpay li ke Senatè Fortune ap fè e ke sa li di yo se manti ;fok genyen yon moun ki dil mete dlo nan diven li.Men si se vre sa ke li ap denonse yo se move zak ke li ka pwouve e byen fok pa genyen okenn kase fey kouvri sa ki fet ;paske kom pwoverb la di ya si pa genyen reselè pa ka genyen volè.Fok pa genyen entouchab an ayiti si pou nou fini ak pwoblem koriptyon sa ki fè ti moun pa ka jwen ban nan lekol pou yo chita.

2)lot skandal la : yo mete men nan pat kasav 7 polisye ki te sot resevwa plis pase 400 kg kokayinn.Yo di yo te nan yon machinn epi te genyen kek Kolonbyen nan yon lot machin.Mwen pa pwente dwet mwen sou personn non,men fok Presidan Preval pran prekotyon l pou sa ki rive Aristide la pa rive l nan sitire delenkan nan sen li.

Yo deja ap di ke moun ki an chaj sekerite piblik la se te yon moun deja ke yo te sispek nan zafè dug.Yon moun pa konnen pou ki rezon yo kouri ak Aristide.Alo fok Presidan Preval ak premye Minis la siveye byen pou delenkan pa pwofite plas yo nan gouvènman pou yo lage l nan traka .

Nou konnen byen ke PNH la pa genyen ase moyen pou l anpeche drug rantre an ayiti men lè se polisye menm ki ap pral resevwa drug e ki ap mache ak kolonbyen e byen genyen yon netoyaj tout bon ki merite fet nan PNH la.Pase pou genyen rezon devan kras fok ou benyen.si nou pa vle ke yo di ke ayiti se yon narko state fok nou fè respè nou.Bagay sa kreye twop pwoblem deja pou peyi ya. pou gouvenman kite neg la polis yo ap lese grennen.Dapre sa moun ki ap fè komantè sou zafè saa yo di se pa sel ti polisye ki pou anba kod ;yo di genyen gwo bwa nan gouvenman ki merite anba kod tou.

presidan Preval ou konnen byen jan ayisyen se moun ki pa pè foure nenpot palto sou do yon moun pou yo ka kritike w. ou konnen byen genyen moun ki pa renmen relatyon ke w genyen ak Chavez e ak Fidel alo pa kite san zave ki enfiltre gouvenman an pou yo ka rich ba yo preteks pou yo fout peyi ya nan tyouboum anko.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas


Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Marc-Henry Mar 5 Juin 2007 - 9:01

Se pa sèl ameriken ki te meprize Aristide, kote Chavèz ak Castro ak lòt ankò ki pa de "dwat" te ye ? Menm Mbeki se sou demagoji li te ye ak Aristide. Mbeki te an Ayiti 1 janvye 2004, se anba katouch li kouri, si'l te vle ede Aristide vre, nan 36 zè Aristide t'ap resevwa menm tank.

sa se vre si 3 moun sa te vle ede Aristide yo te ka fe'l sitou Mbeki te an ayiti. Li te ka kite bato marine lan rad potoprins pou kelke jou anko. konsa sa te kalmé neg tankou Guy Philippe. E mwen panse ke mem repiblik dominicaine pa tap kite neg sayo rantre an ayiti jan yo te fel ya.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Joel Mar 5 Juin 2007 - 10:52

Sa k pase w Marc.Ou genlè w ap kite nèg tankou Thunder ak Kakakòk abeti w.

Alòs,MBEKI ta ka entèvni nan yon konfli nan yon peyi ki anviwon 9 mil mil de teritwa l.
Wi ,MBEKI ta gen dwa kite bato an ,pou 2 zou 3 semèn nan rad pòtoprens lan,e apre?
Sèl bagay MBEKI te ka fè ,se te bay Aristide zam e li te deside fè l.
Mbeki ,te byen konnen kilès ki te dèyè bagay ki t ap pase Aristide yo.
E pa betize ,lè yon bagay ap pase nan lakou yon pwisans ;mwen te bay ekzanp Zimbabwe e ni langletè ,ni Etazini pa oze ame gwoup pou konbat Mugabe,paske otomatikman MBEKI t ap kraze yo.

An nou aprann sa Metternich te rele "Le grand jeu",kòman l fèt.
Pa bliye ,moun ki gan gwo problèm ak MBEKI se La frans ,paske misye deside pou l kraze enfliyans la frans ann Afrik;li kapab fè l;e se sèlman li ki kapab fè l.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Marc H Mar 5 Juin 2007 - 10:57

Ami Joel

C'est une belle question posée par notre ami Thunder qui merite une réponse claire. Votre réponse est acceptable mais ...
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Thunder Mar 5 Juin 2007 - 22:56

Moun tankou w yo,vin tèlman koronpi ,ke depi yon moun pran yon pozisyon ,se lajan ki motivasyon moun lan.
Oumenm vle manke yon moun kou THABO MBEKI dega ,yon nonm vètikal ,prezidan 23zèm pwisans ekonomik sou planèt lan.
Ki lajan Aristide ta genyen pou l bay Mbeki?
Si w pa p swiv sa ka p pase aktyèlman.Langletè ap voye monte tout la jounen sou ROBERT MUGABE ,prezidan Zimbabwe an,Condollezza Rice ap fè diskou pou apiye Langletè men Thabo Mbeki frape pye pou l di ke pa gen moun ki ap touche Mugabe.
E se fini,li di l ap negosye ap Mugabe pou l fè l kite pouvwa a lamyab ,men pa gen pwisans ki ap touche l.
Li sonje èd Mugabe te konn bay ANC pou yo konbat apartheid .

Se tankou tou ,apwi ke Black Caucus lan ,te konn bay Aristide se paske Aristide te peye yo.
Al aprann istwa,al aprann rapò ki toujou ekziste ant enteligentsia nwa Ameriken an ,ak Ayiti .
Senp politik ,depi Black Caucus lan te rann li kont se Repibliken yo ,ki te vle jete Aristide,e ke se de moun tankou Roger Noriega ak Otto Reich ki te dèyè bagay sa a ,otomatikman yo vin pro-Aristide.

Wou toujou ap voye moun al aprann listwa, pandan ke wou pa aprann menm le prezan wou menm. kòmsi se premye fwa wou tande ke Aristide depanse milyon pèp Ayisyen-an nan angrese gwo palto ameriken pou fè pwopagann pou li. Se jodi-a wou tande ke Waters & Co. te konn jwenn gwo avantaj bab e moustach nan apèl entènasyonal nan konpayi telekominikasyon ki te genyen kontra ak Teleco, se jodi-a wou konnen ke se Aristide nan tout Karayib-lan ki depanse plis lajan nan fè pwopagann pou imaj li ? se jodia wou premye tande ke moun tankou Danny Glover te konn jwenn kado ki evalye ak dizèn milye dola ameriken nan men Aristide, pandan Ti Mafi ap kòde ak grangou nan Site Solèy ?

Mwen pa di ke tout Aristidis te genyen chèk, men anpil nan yo te pran nan toubiyon pwopagann Aristide t'ap fè tou. Anplis jiska prezan, genyen liberal Ozetazini ki di ke se viktim 9/11 yo ankò ki lakòz yo mouri. Yo telman kite tandans ekstremis-lan domine yo, yo delala. yo pèdi bon sans yo.

Moun k'ap defann peyi Dayiti vre fok yo ta genyen kouraj pou mande Aristide :

_ Kote milyon dola ke Taiwan te bay Leta Ayisyen apre envestiti'w la an 19901 ke wou te fè yo fè sou non "La Fanmi se Lavi"-an ? apre sa w'ap bafwe moun di ke Prezidan touche twòp kòb, pandan wou gen tan milyonè an dola ameriken.

_ de ki prevyen de 60 milyon dola Teleco ki fè fon nan men'w pandan wou te nan ekzil dore nan Washintòn nan ?

_ Kote kòb "VOAM" nan pase ? ...dyaspora, ayisyen lokal, tout te kontribiye.

_ Kote kòb lopital Kafou-a pou malere wou "renmen" anpil yo ?

_ M'te kwè kapitalis se peche, kòman wou fè nan yon kay plizyè milyon dola, w'achete kay nan katye elit wou pa vle wè yo, epi pèp-lan wou "renmen-an" ap dòmi nan kay katon bò rigòl ?

_ elatriye..................

depi yon moun paka poze Aristide kesyon sa yo,...se pa Ayiti w'ap defann vre, se yon lòt bagay.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Thunder Mar 5 Juin 2007 - 23:11

Marc,

Joel pap ka reponn kesyon sa-a klè, fanatism li ap anpeche'l pale. li pap janm admèt ke Aristide te nan yon izolman politik san parèy, Kote Chavez yo, kote Castro yo te ye ? Eske yo pat vire do bay Aristide ? kòman yo fè toujou ap kritike ameriken pou mepri li pou diktatè-a, epi yo pa kritike Chavèz ak Castro ?

Joel pap janm admèt ke "zanmi" Aristide te kanpe lwen misye. Kapitalis ba'w do, Kominis ba'w do. La-a genyen yon pwoblèm ? eske se "cho" Aristide te vinn twò "cho" pou tout moun, yo oblije demake'l ? ...Joel ki pou reponn.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Joel Mar 5 Juin 2007 - 23:42

Kikote w tande ou byen w li,ke Aristide te konn bay Danny Glover ,kado estime ak dizèn de milye dola?
Se sou Ayiti Obsèvatè?
Epitou nou te nan kò li ,paske li te konn peye lobiyis.Se pa yon bagay mwen ankouraje non ,men an menm tan tou kite nou sispann konspire pou nou jete gouvènman w ap wè si moun ap bezwen peye lobiyis?

ki kote tou nou tande ke Maxine Waters te konn jwenn avantaj bab e moustach nan Teleco?
Kounye an se pa Kennedy yo ankò,se maxine Waters ?
Yo kenbe nou ,bann mantè,Eske nou pa t ap fè pwopagann pou nou di ke mesye Black caucus yo ,te sou pewòl Aristide?
Mwen menm mwen di ke se yon bagay ki enposib,nou manti tankou chen.
Eske ou pa wè ke gen yon kongrèsmann nwa ,ki pran 90000 dola payoff ,mwen kwè ou konnen misye ka kondane pou 200 zan prizon,gen yon lòt kongrèsmann ki te pran mwens ke 50 mil dola pou bay moun favè,misye te pran 8 an prizon e misye se yon repibliken .
Nou wè mesye ,nou pa menm konn ki jan pou nou bay manti.
Absoliman ,absoliman ,PA T GEN MOUN NAN BLACK CAUCUS ,KI TE SOU PEWOL ARISTIDE!
Si se ta vre ,t ap gen anpil nan yo ki t ap manje prizon,al bay moun ki pa konnen, boulok sa yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Thunder Mer 6 Juin 2007 - 11:23

Bon ! ...Joel, genlè se ayè wou kale ? ...oubyen petèt se bafwe wou dèyè bafwe ti nayif ki konprann Aristide se Toussaint Louverture ? Paske wou byen konnen wou paka bafwe'm mwen.

Ozetazini, li ilegal pou'w pran "pot de vin" antan ke kongrèsmann, men li legal pou'w "travay" pou yon "non-profit" òganizasyon ki gen dwa peye'w. Konbyen manb Black Caucus lan ki se "konseye" nan Fondasyon Aristide ? ...alò yo pa peye yo ? se gratis ti cheri yo toujou ap monte desann an Ayiti konsa ?

ki kote tou nou tande ke Maxine Waters te konn jwenn avantaj bab e moustach nan Teleco?

Men kisa mwen ekri : "Waters & Co. ... mwen te gen dwa di Kennedy & Co. , Danny Glover & Co..." se menm kabrit Tomazo yo ki di y'ap defann "pòv" nan peyi Dayiti, men ki ap aksepte gwo avantaj sou do pòv sa yo.

Mwen di'w sa deja pou yon moun montre ke se pòv w'ap defann vre an Ayiti, fòk wou genyen kouraj pou'w poze Aristide kesyon. Paske misye genyen anpil pè zanno kay òfèv.

_ Kote milyon dola ke Taiwan te bay Leta Ayisyen apre envestiti'w la an 1991 ke wou te fè yo fè sou non "La Fanmi se Lavi"-an ? apre sa w'ap bafwe moun di ke Prezidan touche twòp kòb, pandan wou gen tan milyonè an dola ameriken.

_ de ki prevyen de 60 milyon dola Teleco ki fè fon nan men'w pandan wou te nan ekzil dore nan Washintòn nan ?

_ Kote kòb "VOAM" nan pase ? ...dyaspora, ayisyen lokal, tout te kontribiye.

_ Kote kòb lopital Kafou-a pou malere wou "renmen" anpil yo ?

_ M'te kwè kapitalis se peche, kòman wou fè nan yon kay plizyè milyon dola, w'achete kay nan katye elit wou pa vle wè yo, epi pèp-lan wou "renmen-an" ap dòmi nan kay katon bò rigòl ?

_ elatriye..................
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  piporiko Mer 6 Juin 2007 - 11:41

joel

GEN YON SERI DEMOUN SOU FORUM NAN MWEN PA MENM PEDI TANM REPONN YO.YON SERI DE FACHIS,MOUN ARISTID PAT VLE VOLO ELATRYE.LEW ANTRE NAN DISKISYON AK moun SA YO OU DIMINYE.SE KOM SI WAP MANDE ESKE ZANJ YO SE GASON OU BYEN FANM.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Thunder Mer 6 Juin 2007 - 12:43

Ah ! ...yon lòt ensèkt ki mouri nan vit machinn mwen. Ti atak, fiyèt pap fè sa yo, pa rive sou mwen. Se ponyèt ak kout zam mwen konn mete lè yon gason parèy mwen pa ban'm lòt chwa. Si yon moun santi ke Thunder anpeche yo fimen dwòg aris-tidis nan pip-o-krak k'ap delala ti nayif. se pou yo twouse manch kòsaj yo, mwen te vle di chemiz yo epi defann pozisyon yo, si yo vle tou nou ka pran sa nan lari-a.

Epi se di koze-a byen, " genyen moun sou fowòm nan ki anpeche nou bay moun manti, anpeche nou pwopaje venen aris-tidis sa-a nan vèn tout moun."

Lavalas pa konn anpeche pèsonn vòlò, ni vann dwòg se ti pati pa yo pou'w ba yo senplemen. pote pousantaj ba yo Tabarre epi wou klè. sinon, y'ap fizye'w menm jan ak frè Jacques Ketant-an. Wou pa jwe ak mafya papa !
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Thunder Ven 8 Juin 2007 - 19:15

Joel ekri :

Absoliman ,absoliman ,PA T GEN MOUN NAN BLACK CAUCUS ,KI TE SOU PEWOL ARISTIDE!


Mwen kwè ke Joel pap janm ekri yon betiz konsa ankò ke menm Aristide an pèsònn pap ekri.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Skandal nan kay la. - Page 2 Empty Re: Skandal nan kay la.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum