Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -30%
LEGO Icons 10318 – Le Concorde à ...
Voir le deal
139.99 €

Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL

2 participants

Aller en bas

Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL Empty Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL

Message  Joel Jeu 20 Jan 2022 - 9:12

ROBERT BERROUET ORIOL depi kek tan fin ANRAJE ap di ke AYITI gen 2 LANG FRANSE ak KREYOL.

RBO dwe konnen ke AYITI pa janm gen 2 LANG vre ;si w ale sou tan LA KOLONI e ak ekri ke BARON DE VASTEY-POMPEE VALENTIN te fe sou WOYOM DI NO an 1806 .

BARON DE VASTEY se te ACHITEK POLITIK PWOGRESIS WA ANRI KRISTOF lan.

Swa di an pasan,DESSALINES pa t vle  MOUN pale FRANSE an PREZANS li,bagay ki ka verifye lan liv NATIRALIS FRANSE RENE DESCOURTILZ ke nou ka jwenn sou
GALLICA.FR sit BIBLIOTEK NASYONAL FRANSE an.

Men youn lan repons ke PWOFESE DE GRAFF te bay ROBERT BERROUET ORIOL;se repons ki pi RESAN ,li te bali lot repons tou:


http://potomitan.info/ayiti/degraff/stem.php

Inisyativ MIT-Ayiti ap chache lengwis,
tèminològ ak tout kalte edikatè ak syantifik
ki gen jèvrin e ki kwè nan pouvwa lang kreyòl la
pou n bati lekòl tèt an wo

Michel DeGraff
Pwofesè Lengwistik, Massachusetts Institute of Technology
Fondatè e Direktè, Inisyativ MIT-Ayiti
Manm fondatè, Akademi Kreyòl Ayisyen

Se tout ekip Inisyativ MIT-Ayiti a k ap remèsye Lengwis-Tèminològ Robert Berrouët-Oriol (RBO) dèske atik li yo nan jounal Le National («Le traitement lexicographique dans le ‘Glossary of STEM terms from the MIT-Haiti Initiative’» 21 jiyè 2020 epi «Dictionnaires et lexiques créoles…» 28 jiyè 2020) ban nou yon lòt opòtinite pou n esplike filozofi ak objektif Platfòm MIT-Ayiti ki se yon konbit pou n amelyore edikasyon ann Ayiti. Wi, travay sa a se yon konbit pou n ede nan bati yon sistèm lekòl tèt an wo pou yon demen miyò ann Ayiti—e tou patou nan ansyen ak nouvo koloni yo.

Nan tout dokiman nou ekri sou Inisyativ la, kolèg mwen yo ak mwen toujou klè konsènan filozofi ak objektif MIT-Ayiti. Modèl pa nou se yon modèl ki entèraktif (egal: se travay ann ekip nan brase lide) e ki dinamik (egal: zouti nou yo se pa zouti ki janm definitif — nou toujou pare pou n pote amelyorasyon selon fidbak nou jwenn). Epi travay la entèratif e dinamik nan tout dimansyon Inisyativ la.

Nou ka wè pi plis detay sou sa nan atik sa a, pa egzanp: «Lang matènèl, pedagoji entèraktif, lojisyèl edikatif: ‘Twa wòch dife’ pou bon jan edikasyon ak inovasyon alawonnbadè ann Ayiti» nan Journal of Haitian Studies (2016).  Atik sa a se youn pami plizyè atik ke m ekri an kreyòl pou m esplike Inisyativ la. Sou sit mwen nan MIT (http://mit.edu/degraff), n ap jwenn atik sa a ansanm ak plizyè lòt atik an kreyòl, franse, angle ak espayòl ki esplike aklè twa wòch dife MIT-Ayiti yo:

pedagoji patisipatif ki pèmèt ti moun yo patisipe nan bati pwòp konesans yo;
lang nasyonal peyi d Ayiti (egal: kreyòl) ki se sèl lang ki ka ede tout aprenan antre fon nan pedagoji patisipatif la;
tout kalte teknoloji ki ka kore teknik aprantisaj patisipatif: objektif final la se kreye fondasyon ki solid pou lekòl tèt an wo—pou Ayiti cheri nou an ka tèt an wo.
Nan dosye leksik la, sa n te fè se kreye yon zouti enfòmèl ki entèraktif e ki dinamik e ki ka sèvi kòm glosè pou n fasilite jefò tradiksyon nan domenn syantifik kote, trè souvan, anseyan yo konn manke tèm teknik pou sèten konsèp: https://haiti.mit.edu/ht/glose/. Se pou sa nou te envite patisipan nan atelye MIT-Ayiti yo (plis pase 250 edikatè ayisyen ki pale kreyòl kòm lang natif natal yo) nan brase lide sou chwa mo pou konsèp nan matematik e nan divès domenn syantifik; epi nou te brase lide sou chwa sa yo pou n pwodui materyèl ki djanm pou ansèyman syans ak matematik. Se metòd sa a nou panse k ap bay lang kreyòl la pi plis jèvrin.

Sou plan sa a, RBO fè yon gwo erè nan analiz li: li genlè vle n pran «zannana pou sizàn» — se sa nou rele an franse «erreur de catégorie» (ann angle: «category mistake»). Se paske mwen kwè nan bon jan metòd syantifik ki fè fòk mwen ensiste sou konsekans erè fondamantal sa a nan analiz RBO sou Glosè MIT-Ayiti a. RBO analize Glosè MIT-Ayiti a kòm si se ta yon diksyonè fòmèl, alòs ke se pa sa menm Glosè MIT-Ayiti a ye — se pa sa ditou pyès. Glosè MIT-Ayiti a se yon zouti dinamik e entèraktif pou tradiksyon nan domenn syantifik kote, trè souvan, nou oblije ap envante nouvo tèm teknik pou n bay lang kreyòl la pi plis jèvrin pou n anseye lasyans. Se sa menm ki fè sa se yon travay ki dinamik, ki entèraktif e ki mande pou n toujou ap evalye epi revize rezilta travay la pou l ka vin pi djanm toujou.

Glosè sa a se pa yon zouti pou «estandadizasyon» lang kreyòl la. O kontrè, se yon resous ki «demokratik»: ki vle di se yon zouti patisipatif kote n toujou ap chache entegre fidbak edikatè k ap anseye matematik ak lasyans an kreyòl e k ap sèvi ak tèm teknik sa yo nan travay a yo tou lè jou. Sa se pa metòd pou travay diksyonè, non!

Malerezman, RBO pa konprann metòd sa a k ap sèvi ak done lengwistik sou teren pou n bay lang kreyòl la jèvrin nan domenn syantifik. Se la menm erè fondamantal RBO a chita. Genlè se paske RBO pa fin konprann lang kreyòl la oswa l gen yon lòt ajannda ki mande l fè atak pèsonèl sa yo ki genlè soti nan jalouzi ak rayisman (se sa nou ka wè nan dènye paragraf atik li a nan Le National 21 jiyè 2020 kote RBO ap plenyen de finansman Inisyativ la jwenn).

Gen yon lòt gwo diferans ant travay MIT-Ayiti (sou dosye syantifik, edikasyon, glosè, e latriye) ak travay sou diksyonè (ki nan atik RBO yo).  Sou yon bò, travay MIT-Ayiti a se yon travay sou teren an kolaborasyon ak edikatè k ap anseye nan sal klas e k ap sèvi ak lang kreyòl la pou anseye lasyans. Sa se pa yon travay nan biwo, non! Epi n ap ranmase pratik ak envansyon lengwistik ke edikatè ap pwopoze pou vokabilè syantifik kreyòl la. Sa se yon travay lengwistik deskriptif ki patisipatif kote nou akeyi chwa nan vokabilè anseyan yo epi se chwa sa yo n ap chache kataloge nan glosè MIT-Ayiti a. Sou yon lòt bò, kalte «leksikografi pwofesyonèl» RBO ap pwone a, sa se yon travay lengwistik ki gen yon aspè preskriptif ladan sitou lè n konsidere travay «estandadizasyon» leksikograf yo kote y ap chache tabli ki chwa leksikal ki pou sèvi kòm nòm (kòm «estanda») pou lang kreyòl la.

Malerezman, genlè RBO pa rive konprann diferans syantifik fondamantal sa a — ant travay lengwistik ki deskriptif e ki kreyatif ak travay lengwistik ki preskriptif («estandadizasyon»). Genlè se sa ki lakòz li di pawòl sa a ki pa gen sans ladan ditou pyès, konsènan glosè MIT-Ayiti a:

«La plupart du temps les équivalents créoles sont faux, inadéquats, erratiques, hasardeux, handicapants et non opérationnels. Ils ne peuvent être compris par les locuteurs créolophones, les élèves comme les enseignants dans une salle de classe. … Il est irréaliste et improductif qu’un nombre indéterminé d’enseignants anglophones, à partir d’ouvrages rédigés en anglais et qui ne sont pas identifiés dans une adéquate recherche documentaire, se croit compétent en lexicologie créole et forge de toutes pièces et hors méthode des équivalents créoles fantaisistes et incorrects, comme c’est le cas, nous l’avons établi par notre analyse, avec le ‘Glossary of STEM terms from the MIT–Haiti Initiative’…»  

Sa se yon lòt seri pawòl RBO ki pa gen sans lè n sonje se anseyan yo, yo menm menm (anseyan ki pale kreyòl fen e byen e k ap anseye matematik, fizik, biyoloji, chimi, e latriye), ki pwopoze tèm syantifik sa yo ki nan glosè MIT-Ayiti a. Ki donk, pawòl sa a pa kenbe lè RBO di tèm ki nan Glosè MIT-Ayiti a: «… ne peuvent être compris par les locuteurs créolophones». Epi mwen pa konn kote RBO jwenn pawòl ki ta di se «un nombre indéterminé d’enseignants anglophones» ki kreye glosè MIT-Ayiti a.  Paragraf ki entwodui glosè a esplike aklè gen plis pase 250 anseyan ayisyen ki patisipe nan atelye MIT-Ayiti yo epi se nan brase lide nan atelye sa yo nou prepare Glosè MIT-Ayiti a. Se yon pwofesè ayisyen natif-natal, Pwòf Paul Belony, ki kowòdone jefò sa a. Ki donk anseyan ayisyen sa yo byen konprann tèm sa yo ki nan glosè a san grate tèt paske se anseyan sa yo, yo menm menm, ki pwopoze tèm sa yo.  Epi potorik gason ki òganize glosè a, Doktè Paul Belony, se yon pwofesè fizik ki pale kreyòl fen e byen e ki se youn nan otè Gid Fizik MIT-Ayiti — yon liv an kreyòl sou aprantisaj aktif nan syans fizik: https://www.jebcaeditions.org/initiative-mit-haiti--inisyativ-mit-ayiti.html.

Men yon lòt egzanp «pale franse» nan atik RBO nan Le National. Li mete yon pakèt pawòl an franse kwochi nan bouch mwen epi genlè se li menm menm ki envante pawòl kwochi sa yo oswa li jwenn pawòl sa yo nan tradiksyon otomatik pawòl an kreyòl ke l pa konprann. Men youn nan pawòl an franse kwochi ki nan atik RBO nan Le National nan dat 28 jiyè 2020 («Dictionnaires et lexiques créole…»):

«Nous ne devrions pas laisser la langue française mettre le peuple dans la bouche d’un citoyen — ni à l’école, ni au bureau de l’État, ni au Parlement… Haïti ne peut se développer si nous continuons à mettre la folie sur notre langue nationale.»  

Lè m al gade atik mwen sa a ke RBO site a, pawòl sa a pa parèt okenn kote ni nan atik mwen an («Lang matènèl, pedagoji entèraktif, lojisyèl edikatif: ‘Twa wòch dife’ pou bon jan edikasyon ak inovasyon alawonnbadè ann Ayiti» nan Journal of Haitian Studies, 2016), ni nan afich sou Facebook kote m te pataje atik la nan dat 1e avril 2017. Si RBO gen entegrite, fòk li ta prezante eskiz konsènan manti sa yo…


An tou ka, metòd ak objektif travay syantifik MIT-Ayiti a diferan nèt de travay nan «leksikografi pwofesyonèl» ke RBO ap chache evalye a: travay pa nou nan MIT-Ayiti pa chita nan ekri diksyonè ditou pyès; youn nan objektif travay la se kreye materyèl lengwistik ki, pi devan, pral antre nan nouvo jenerasyon diksyonè pou lang kreyòl la. Ki fè, pandan travay MIT-Ayiti ap chache inovasyon lengwistik ann amon, travay leksikograf pwofesyonèl yo se travay k ap fèt ann aval lè leksikograf yo ap ranmase epi klasifye vokabilè pou yo mete nan diksyonè.

Nou menm lengwis ak syantifik nan Inisyativ MIT-Ayiti nou pa te janm gen objektif «leksikografi pwofesyonèl» pou n kreye diksyonè fòmèl pou lang kreyòl la. Pa gen okenn moun nan ekip MIT-Ayiti a ki travay nan leksikografi e sa se pa te janm objektif pa nou ditou pyès. Nou pa te gen okenn anbisyon pou n enpoze nouvo leksik pou lang kreyòl la. Nou ka wè objektif Platfòm lan la: http://MIT-Ayiti.NET/sa-n-ap-fe.

Apre nou fin analize kantite tèks RBO sa yo ki montre li pa konprann travay MIT-Ayiti a, fòk nou ensiste sou yon karakteristik fondamantal Inisyativ MIT-Ayiti: Travay pa nou se ankouraje epi akeyi inovasyon patisipan nan Inisyativ la; epi n ap ranfòse kreyativite pedagojik, syantifik e lengwistik anseyan ak aprenan ann Ayiti. Se sa modèl lekòl tèt an wo a ye selon prensip patisipatif ki deja ap bay bon jan rannman nan aktivite syantifik ak ansèyman lasyans nan inivèsite wot pòte tankou MIT.

Se aspè patisipatif sa a ki fè mwen ak Pwòf Paul Belony, ki te kowòdone travay sou glosè a, apresye fidbak RBO sou kontni glosè a. Paul avè m deja kòmanse sèvi ak fidbak RBO — pou glosè nou an ka vin pi djanm toujou.

Men, kanmenm, se regretan dèske Lengwis-Tèminològ RBO pa konprann lang nasyonal peyi d Ayiti (ki se kreyòl = «sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm» selon Atik 5 manman lwa peyi a). Epi tou se regretan RBO pa ko janm sispann «pale franse» nan jounal Le National («pale franse» nan sans pwovèb kreyòl la kote «pale franse» vle di «bay manti, fè demagoji»). Mezanmi, èske jounal la pa gen moun k ap verifye pawòl nan atik l ap pibliye yo? Genlè pa gen «fact-checking» nan Le National ... Woy!

Epi tou, genlè RBO (nan atik li piblye nan Le National nan dat 28 jiyè 2020 sou «Dictionnaires et lexiques créole») pa menm reyalize enpòtans pawòl kreyòl ki mande pou n «sispann pale franse!» nan yon sosyete kote, twò souvan, «pale franse» egal «bay manti, fè demagoji». Pawòl «sispann pale franse» sa a se pa pawòl mwen, non. Pawòl «sispann pale franse» sa a se sa lengwis tèminològ yo rele «pwovèb»—ki vle di sa se pawòl ki chita nan repètwa tradisyonèl popilasyon ki pale kreyòl la e se yon pawòl ki chaje ak pinga ladan selon esperyans popilasyon an. Se menm popilasyon sa a ki gen yon lòt bèl pwovèb ki di kon sa: «Kreyòl se lang rasin, franse se lang achte» ki montre aklè lang kreyòl la dwe prime sou lang franse a pou sèvis nasyon an.

Pwovèb sa yo soti nan bouch yon popilasyon kote pifò moun se sèl lang kreyòl la ki rele yo chè mèt chè mètrès epi, pami moun ki pale franse yo, gen twòp ladan yo ki konn pran lang franse a kòm zouti pou dominasyon.  Se moun k ap «pale franse» sa yo ki konn sèvi ak blòf an franse kòm estrateji politik. Pa gen «parite kreyòl-franse» nan pwovèb sa yo, non!

Gen yon lòt pwovèb kreyòl ki di «pale franse pa vle di lespri». Enben, vreman vre, fòk Lengwis-Tèminològ RBO ta fouye zo nan kalalou leksik kreyòl la pou l rive konprann pou ki sa fòk li «sispann pale franse» nan kad travay ki dwe fèt pou n bati lekòl tèt an wo pou yon demen miyò ann Ayiti— yon lekòl tèt an wo kote moun ki pale kreyòl gen lespri tou, kòm sa dwa. Sa se yon travay ki mande enèji pozitif nan kole zepòl ak tèt ansanm. Se pa chire pit nan jounal ki pral ede nan kreye liv ak lòt resous pou bon jan ansèyman ann Ayiti. Sa n bezwen se enèji pozitif ak kreyativite ki djanm pou n kreye bon jan materyèl an kreyòl nan tout disiplin e nan tout nivo. Sa se objektif ki nan nannan Inisyativ MIT-Ayiti.


Se tout rezon sa yo ki fè n oblije kenbe lespwa Lengwis-Tèminològ RBO ava mete kreyòl li djanm djanm pou li vin kontribye nan pwojè MIT-Ayiti a yon fason ki pozitif si l gen kapasite pou sa. Inisyativ sa a se yon konbit lajman laj kote n ap kole zepòl ak tout Ayisyen ak Ayisyèn — Grenadye ak Grenadyèz ki konsekan e k ap chache yon demen miyò sou bon jan fondasyon syantifik.

Epi m espere RBO ava sonje ki jan franse te vin ranplase laten kòm lang pou lasyans nan peyi Lafrans: lè René Descartes te deside ekri Discours sur la méthode an franse nan 17èm syèk pandan lòt syantifik nan epòk sa a t ap ekri an laten.  Descartes li menm pa te tann «amenajman lengwistik» pou lang franse a. Si Descartes te dwe chita tann «amenajman lengwistik» anvan pou l te ekri Discours sur la méthode an franse, enben, li t ap mouri san li pa janm ekri okenn liv syantifik an franse. Epòk sa a, yo te konn bat etidyan nan inivèsite Pari si yo te bare yo k ap pale franse nan plas laten! Enben, se modèl Descartes la nou menm nan MIT-Ayiti ap suiv, pou kreyòl la ka rive sèvi kòm sa dwa pou ansèyman tout matyè nan tout nivo.


Ki fè n ap tann kontribisyon pozitif RBO, wi, paske yon lengwis tèminològ ki ta vreman maton nan lang kreyòl la ta ka kontribye bon jan resous pou ede nan bati yon sistèm lekòl tèt an wo. Men, fòk lengwis tèminològ sa a ta byen konprann diferans ant lengwistik deskriptif (k ap akeyi inovasyon) ak lengwistik prekrisptif (k ap chache zouti «estandadizasyon» ki ka kreye limit sou kreyativite lang lan). Nou menm, nan MIT-Ayiti, se ankouraje n ap ankouraje kreyativite; nou pa mete baboukèt sou envansyon anseyan yo lè y ap kreye nouvo vokabilè ki pou ede yo nan ansèyman matematik ak syans nan sal klas a yo.

Petèt yon jou vyendra lè RBO ava rive jwenn jèvrin ak volonte politik pou l pote kontribisyon ki konkrè nan pwojè pyonye sa a—yon pwojè kote nou deja ap kreye materyèl ak resous an kreyòl pou n pataje konesans san baryè nan peyi d Ayiti.  Kòm RBO deja ekri yon bann ak yon pakèt paj kritik (nan jounal Le National, Potomitan, e latriye) sou glosè MIT-Ayiti a, petèt l ava jwenn tan ak enèji pou l vin pote kole nan devlope tèminoloji syantifik lang kreyòl la tou. Se sa menm ki pral ede anseyan ak etidyan k ap fè jefò pou yo sèvi ak lang kreyòl la nan ansèyman ak aprantisaj.

An final n ap dokimante senk lòt erè RBO fè nan atik li a nan dat 21 jiyè 2020. Genlè li fè erè sa yo paske l pa rive konprann tèks an kreyòl ki entwodui Glosè MIT-Ayiti a. (Nan dokimantasyon senk (5) erè sa yo, n ap jwenn tèks ki te entwodui Glosè MIT-Ayiti a. N ap jwenn foto ki dokimante erè RBO sa yo pi ba la a. Epi nou vin edite tèks entwodiksyon Glosè MIT-Ayiti a nan dat 7 out 2020 pou n klarifye objektif nou yo — apre n te wè tout erè sa yo nan atik RBO yo.) N ap prezante senk erè sa yo sou fòm senk leson ki petèt ava ede RBO konprann lang kreyòl la nan tèks k ap esplike travay MIT-Ayiti a:

LESON #1: RBO di kon sa se nan Lekòl Kominotè Matènwa, Haiti (LKM) Platfòm MIT-Ayiti ap travay.

MIT-Ayiti ak LKM ap travay ansanm nan kole zepòl depi byen lontan. Men, LKM se pa sèl patnè MIT-Ayiti. Genlè RBO pa rive konprann deskripsyon pwojè a ki ekri an kreyòl nan paj sa yo kote n esplike aklè fonksyonnman Platfòm MIT-Ayiti: Platfòm sa a se yon konbit lajman laj pou tout edikatè ki kwè nan mouvman kreyòl la kit se ann Ayiti, kit se lòt bò dlo:

http://MIT-Ayiti.NET/sa-n-ap-fe
https://mit-ayiti.net/apel-pou-kontribite/

LESON #2: RBO repete an plizyè fwa «il n’est pas non plus renseigné sur la méthodologie d’élaboration de ce lexique ni sur ses auteurs.»

E poutan, nan dat 21 jiyè 2020 lè RBO te ekri atik li a, men sa l te ka li nan paragraf ki entwodui Glosè MIT-Ayiti a:

«Glosè pou tèm teknik ki sèvi nan atelye S.T.En.M. MIT-Ayiti yo: Sa se yon dokiman ki dinamik: nou toujou ap edite glosè sa a selon fidbak ke n jwenn sou teren, nan atelye MIT-Ayiti yo. Se Pwof Paul Belony nan Inisyativ MIT-Ayiti ki dirije efò pou n òganize glosè sa a epi se plis pase 250 anseyan sa yo k ap patisipe nan atelye MIT-Ayiti depi 2012 k ap ede nan devlòpman glosè sa a. Mèsi anpil Paul ansanm ak tout lòt edikatè pyonye sa yo k ap ede nan bay lang kreyòl la jèvrin pou l kontinye laji wout konesans pou tout popilasyon an.»

LESON #3: RBO mande: «La nomenclature de ce «Glossary» comprend 859 entrées: pourquoi pas 2 500 ou 7 130? En quoi la nomenclature de ce document est-il représentatif des besoins langagiers réels et identifiés des apprenants unilingues créolophones dans l’apprentissage des sciences et des techniques dans l’Haïti de 2020?».

La tou, repons lan klè nan paragraf byen kout ki entwodui zouti a: «Sa se yon dokiman ki dinamik: nou toujou ap edite glosè sa a selon fidbak ke n jwenn sou teren, nan atelye MIT-Ayiti yo.» Epi fòk nou repete, ankò, ke glosè sa a matche pratik ak inovasyon lengwistik pami anseyan k ap patisipe nan Inisyativ MIT-Ayiti e k ap anseye syans ak matematik an kreyòl.

LESON #4: RBO ekri: «les auteurs des équivalents créoles du «Glossary of STEM terms from the MIT–Haïti Initiative» ne sont pas identifiés».

E poutan, pawòl sa klè kou dlo kòk nan entwodiksyon Glosè MIT-Ayiti a:

«Se Pwòf Paul Belony nan Inisyativ MIT-Ayiti ki dirije efò pou n òganize glosè sa a epi se plis pase 250 anseyan sa yo k ap patisipe nan atelye MIT-Ayiti depi 2012 k ap ede nan devlòpman glosè sa a.»

LESON #5: RBO plenyen dèske nou rele dokiman nou an «glosè» olye pou n ta rele l «leksik».

Genlè Lengwis Tèminològ RBO gentan bliye youn nan sans teknik mo «glosè» a nan lengwistik. Wi, nan kontèks sa a, n itilize mo «glosè» a nan sans teknik (lengwistik) kote yon glosè se yon lis paralèl mo nan 2 lang kote lis sa a tabli korespondans kif kif pou tradiksyon ant 2 lang sa yo (nan ka pa nou, 2 lang sa yo se kreyòl ak angle). Wi, nou konn sans teknik mo «leksik» la tou. Men, se pa sans sa a nou t ap chache. Kontèks ki nan entwodiksyon glosè a ta dwe rann sans teknik la klè pou lengwis parèy nou ki abitye wè itilizasyon glosè sa yo (egal: ekivalans ant mo oswa gwoup mo nan 2 lang — «interlinear gloss» ann angle) nan atik lengwistik ki pibliye nan jounal syantifik (tankou jounal Language ki se jounal syantifik Linguistic Society of America). Kòm lengwis-tèminològ, fòk RBO ta chache abònman nan jounal syantifik sa yo pou l ka jwenn bon jan konesans sou vokabilè teknik ki sèvi nan syans lengwistik.

Vreman vre, apre nou fin dokimante tout erè sa yo nan atik RBO yo (e nou wè menm kalte erè sa yo nan lòt atik RBO nan Le National), nou pa fouti sèten si Lengwis Tèminològ la gen konpetans wo nivo ni nan lengwistik ni nan lang kreyòl la. Men, nou p ap dekouraje, non. N espere RBO, kòm lengwis tèminològ, ava rive jwenn jèvrin lengwistik e syantifik ki nesesè pou l vin kontribye bon jan tèminoloji nan Inisyativ MIT-Ayiti. Jan n te esplike sa nan premye entwodiksyon Glosè MIT-Ayiti a: «Nou toujou ap edite glosè sa a selon fidbak ke n jwenn sou teren, nan atelye MIT-Ayiti yo». Nan dat 7 out 2020, pou n evite lòt move entèpretasyon, nou vin ajoute pi plis esplikasyon sou fonksyonnman Glosè MIT-Ayiti a: https://haiti.mit.edu/ht/glose/.

An tou ka, Platfòm nou an se yon gran konbit k ap kontinye akeyi kontribisyon fanm vanyan ak gason kanson tou patou. Ki fè n ap kontan jwenn kontribisyon lengwis tèminològ yo ansanm ak tout kalte edikatè ak syantifik, depi yo ka kontribye materyèl ki djanm djanm an kreyòl selon kad Inisyativ la.

Men anpil, chay pa lou! Grenadye, Alaso!!!

 

http://MIT-Ayiti.NET/apel-pou-kontribite

https://www.facebook.com/mithaiti/posts/1195346567483339

Epi tou, n ap jwenn pi plis detay sou dosye fondal natal sa a nan plizyè atik ak videyo ki esplike filozofi, metòd ak objektif MIT-Ayiti yo. Tanpri, ale vizite paj entènèt mwen nan MIT epi paj Facebook, Instagram ak Twitter Inisyativ MIT-Ayiti. Tanpri, suiv nou sou paj sa yo:

http://mit.edu/degraff
https://linguistics.mit.edu/linguistics_haiti/
http://MIT-Ayiti.NET
https://facebook.com/MITHaiti
htttp://instagram.com/MITHaiti
http://twitter.com/MITHaiti

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL Empty Re: Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL

Message  T-Kout Sam 29 Jan 2022 - 0:57

Joel, mesi anpil pou pos sa. Tanpri souple eske ou ka fem jwen kote nan gallica.fr mwen ka li de Dessalines, Ak Vastey an angle oubyen kreyol ?

Mwen esseye cheche mwen poko ka jwen.
T-Kout
T-Kout
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 255
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL Empty Re: Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL

Message  Joel Sam 29 Jan 2022 - 8:02

Ti KOUT;

Mwen byen kontan li w maten an.

Gen kek tan nou pa tande ,nou pa li w.

GALLICA.FR se SIT "BIBLIYOTEK NASYONAL FRANSE" an,kididonk TEKS BARON DE VASTEY yo,youn lan pi gwo ENTELEKTYEL ke AYITI janm pwodwi se an FRANSE yo ye.

Gen anpil bagay ki ekri sou BARON DE VASTEY -POMPEE VALENTIN ,anpil LIV ki ekri se ann ANGLE ,men ki pa lan domenn PIBLIK.

Se yon WONT ke AYISYEN pa konn plis de BARON DE VASTEY ;se yon NEG ki pa t vle we BLAN FRANSE ;li te rayi FRANSE lan "trefonds" de limenm.

Tankou m te deja di l ;misye se te GRANPAPA OSWALD DURAND .
BARON DE VASTEY se te youn lan MOUN apre 1804 ki te ka li ak ekri FRANSE lan PEYI an ;men menm LANG FRANSE an misye te rayi.
Anvan li te pase sou ZOD ANRI KRISTOF ,limenm,VERNET ak JUSTE CHANLATTE se te KONSEYE JEAN JACQUES DESSALINES li te ye.
Gen LIV ,anpil LIV ki ap ekri sou misye ann ANGLE.
Yo bliye GRAN ENTELEKTYEL sa a ,ann AYITI ,paske an 1820 ,apre lanmo KRISTOF menm kanpay ki te fet pou nwasi de MOUN tankou DESSALINES ;se menm kanpay ki te fet pou NWASI POMPEE VALENTIN-BARON DE VASTEY.

Tankou m ap redi l;w ap jwenn TEKS BARON DE VASTEY sou SIT GALLICA.FR men se an FRANSE.

Epitou DEREK WALCOTT ,defen,ki te PRI NOBEL LITERATI orijine de SENT LISI te ekri anpil sou BARON DE VASTEY.Se sou JSTOR men li konplike pou w antre sou sit sa a ,ki se SIT YALE UNIVERSITY LIBRARY:

http://www.jstor.org/stable/4149312

Epitou dr MARLENE DAUT (UNIVERSITY VIRGINIA) fet pibliye yon LIV sou BARON DE VASTEY.

dr MARLENE DAUT dorijin ayisyen:

https://link.springer.com/book/10.1057/978-1-137-47067-6

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL Empty Re: Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL

Message  T-Kout Sam 29 Jan 2022 - 14:17

mesi Joel
T-Kout
T-Kout
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 255
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL Empty Re: Yon repons MICHEL DE GRAFF pou ROBERT BERROUET ORIOL

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum