Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF

4 participants

Aller en bas

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Empty Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF

Message  Joel Jeu 5 Avr 2012 - 12:31

Se premye fwa ou byen yon ra fwa yon SAVAN AYISYEN mete konesans li konsa o sèvis peyi an san w pa tande ke l ap chache PLAS LETA.
MICHEL DE GRAFF sòti pou l chanje pou kont li ,ki jan LEKÒL FONKSYONE ann AYITI;depi lan MATÈNÈL jiska INIVÈSITE.E li ap mete pi gwo INIVÈSITE sou planèt lan ,sou SYANS ak TEKNOLOJI ,pou l fè sa ;san w pa tande misye ap di ""kan ta mwa"".

MÈSI pou yon AYISYEN ki rele MICHEL DEGRAFF:

http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=103869&PubDate=2012-04-04

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Empty Re: Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF

Message  jafrikayiti Ven 6 Avr 2012 - 8:26

Se sa li ye wi! Michel se yon syantis ki pa gaspiye tan nan fè pedan, se travay l ap travay!

Sèl bemol mwen ta mete nan sa ou ekri a Joel, sè ke jisteman fos ak efikasite Michel DeGraff soti nan apwoch konbit li toujou adopte nan travay li. Misye ale Ayiti detanzan pou li bay kout men sa yo. Men, li toujou chwazi mete li aladispozisyon travayè ki ap feraye nan domèn edikasyon anndan peyi a. Kit se responsab fakilte nan potoprens, kit se pwofesè fizik ak biyoloji nan nivo segondè, kit se fondatè lekol Matenwa nan lagonav. Misye pa gen pretansyon chanje sistèm nan "pou kont li" - e se la a tout merit gouvènè lawouze tan modèn sa a.

Fos ak sante pou ou Michel! Ak pasyans, nou va jwenn sous dlo a!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Empty Re: Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF

Message  Le gros roseau Ven 6 Avr 2012 - 8:51

Men se yon verite eternel se tono vid ki toujou ap fè bwi ayisyen ki konnen yo vre pa pale de kanta mwa yo ni yo pa genyen vye prejije ridikil.Ou pap janm tande Michel Desgraff rele moun;moun sot ou byen di lavalassyen santi kk.wa tande sa soti nan bouch yon ti wouj vagabon sal.enbesil .Map gade Dr Oz nan televisyon nonm lan pa genyen yon ti kras prejije lakay li.e li se yon ansiklopedy nan domenn sante ya.Michel desgraff se yon moun pou gouvenman te dekore.ou pap janm tande yo metel minis edikatyon natyonal.se pa moun konsa yo beswen.Mwen voye yo gwo mèsi e mwen bese byen ba poum salye gwo mapou saa.Se pa ti pedan ki ap itilise gwo mo pou mystifye pov despri.Men moun ki renmen ayisyen tout bon vre.se bagay saa map toujou repete se pa nan sa yon moun di pou jije valèl se nan sa li fè ki bal valè pou lot moun parey li.Mwen respekte e apresye moun tankou Dr Desgraff yo.Men vrè intelektyel ayisyen an.Nou tande sa moun ki genyen valè ap fè nan peyi ya bann pretantye ridikil.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Empty Re: Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF

Message  Joel Ven 6 Avr 2012 - 9:31

WI JAF;

Petèt ke ""pou kont li"" an se pa t yon bon chwa mo.Tankou w di an se ann ekip li travay ,byen ke li oryante travay yo ak talan entelektyèl li ki konsiderab.
Mwen te ize ekspresyon ""pou kont li "" an ,pou diferansye l de misyon FRANKO-FOLI yo ke yo toujou ap fè bri ak yo ann AYITI.
Yon seri de moun ki pa konnen menm MWATYE sa l konnen.
Mwen pa konnen si l ta vle vin minis EDIKASYON NASYONAL ,pou l tonbe lan batay sektè.
Gade sa FRANKOFOU yo te fè BERNARD lè l te vle refòme SISTÈM EDIKASYON an e li te vle ize lang pèp lan pou edike popilasyon an?
Anvan l mouri ,BERNARD di ke l regrèt ke FRANKOFOU yo pa t kite l ale pi lwen.
Tankou w di an JAF ,nou swete LONG VI a KOURAJ ak POTOMITAN sa a ki fè nou fyè deske nou AYISYEN.
Li kòmanse seminè l yo ak 40,50 ,tout alè ya 400,500 .Se sa nou swete!
Nou di li BON KOURAJ!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Empty Re: Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF

Message  Joel Ven 6 Avr 2012 - 12:16

Lan yon entèvyou ke DEGRAFF bay yon revi espesyalize ,misye eksplike kouman, e jefò l ap fè pou ede SISTÈM EDIKASYON AYISYEN an sòti lan 19yèm syèk pou tonbe lan 21yèm syèk.
Nèg ki rele VIJAY KUMAR sa a sanble se yon espesyalis ENDYEN ki ap eseye fè sa tou pou plis ke 1 milya ENDYEN yo .Pa bliye tou ke LEND pale plis ke 200 lang.
Sanble ke se pi gwo espesyalis ""SPEECH RECOGNITION"" sou planèt lan ki ap travay sou pwojè sa a:

http://education-portal.com/articles/Expanding_Access_to_Education_Professor_Michel_DeGraff_Talks_About_His_Work_for_Haiti_at_MIT.html

Gen yon demonstrasyon tou kote yon moun ap pale ANGLE e LOJISYÈL lan ap tradwi otomatikman ann HINDI youn lan lang yo pale ann END ,yon bagay ki definitivman pi difisil ,pou tradiksyon ANGLE an KREYÒL:

http://spokenmedia.mit.edu/demo/iihs

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Empty Re: Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF

Message  jafrikayiti Ven 20 Juil 2012 - 18:22

Onè konpatriyot,

Mwen sot pase kèk jou inoubliyab nan mitan zanmi Michel De Graff yo, nan Matènwa. Ala kote gen moun lespri, moun djanm, moun ki viv ak diyite!

Men yon ti lougal, nan sa mwen te wè, tande, santi:

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Lkm10


Bèl chapant Lekol Kominote Matènwa (LKM) a, se pa achitèk alman, ni polonè ki te bati li pou yo, se Bos Holand Rivière, nèg Matènwa, natif-natal. Jounen jodi a, nan LKM, timoun aprann matematik an kreyol sou odinatè, yo aprann plante nan jaden. Yo aprann lang franse, lang angle ak espanyol.....konsa tou, yo aprann aplike teknik bos ebinis Holand Rivière te itilize pou li bati bèl lekol yo a. Men diyite! Men entèlijans, men Lasyans!


Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Ebenis10

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Empty Re: Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF

Message  Nickie Ven 20 Juil 2012 - 18:33

Bravo, chapo ba pou Bôs Holand. Mwen sweté timoun yo jwen menm entelijans sa pou yo aprann. Men moun kap travay pou édé moun, malgré sé ak bout zong yo yap travay.

Nou wè ki kantité travay 65 milyon goud ta fè? Yo pito al gaspiyel nan kanaval dè flè pou satisfè ou ti gwoup. Mpa konn ki travay konséyé tèt chat yo ap fè ak nonm ki dil sé prézidan
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF Empty Re: Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum