Malgre kalomni,manti,yon kanpay salisan Pres GNB a fe kont li depi preske 20 tan,mas yo toujou rete soude ak Prezidan Aristide.Malgre li bay sen politik la do,li plis chita sou edikasyon,Titid rete yon pesonaj enkontounab.Rezidans privel tounen yon baobab jeyan kote tout moun vin pran konsiltasion.Jodia ,Lavalas souke beton an pou mande yon ipotetik retou ansyen kire Senjan Bosko a ki ta pran tet peyi lan yon tranzision.Anpil obsevate kwe demand sa rete lan estad chimerik e yo panse tou sa tap yon suisid politik san parey lan istwa politik peyi a.Anpil moun fe remake ke ansyen prezidan an pap janm mache nan yon kobin konsa ki plis sanble yon"piege a con".Tout sipestrikti 2004 yo toujou la.Titid tap tounen yon fantoch lan men Kore Gwoup la.Yo tap lonmenl pou youn demen,yo tap reyative rezo malfete yo a poul pa remet angnen.Yo tap fel filalang red chech e li patap ka delivre oken lan pwomes lan angajman li tap gen pou pran.Yo patap bal yon goud.Epi yo ta pral louvri vann ensekirite,kote krim ke peson patap ka imajine tap komet e lagel sou dol.Ou tap we GNB/PHTK/Jovnelis ,yon bon vale lan pres la tap monte yon kowalisyon ke menm Semichel akanj ak zanj li yo patap ka konbat.Yon fwa ke Titid paka delivre,li tap vin pi enpopile ke Jovolo.Yo tap tou fini ak Mit Aristide la.Li patap ka reyini 5 chen kwachioko anba yon poto elektrik.Sa tap abouti a lanmo politik li.Lanmo fizik la pa tap lwen.Le yo tap touyel,sa tap sanble ak menm endiferans kite akeyi koudeta yo te fe kont Leslie Manigat a,an jen 1988.Ki enpotans manifestasyon jodia?Eske se pou teste dlo a?Eske sa rantre lan kad yon mouvman ki inisye pou chavire Pouvwa PHTK/SDP/KADOA/Ariel Henry a?Ki pral reyaksion Etamajo politik yo sou teren an?Yon bann kesion ak lot ke petet pwochen jou yo ka pote yon ti losye repons.Yon sel bagay ki seten,pres koudeta 2004 la,avek Liliane Pierre Paul antet pral vomi tout bil li demen.
Yon lot kote,gen yon konsta penib pou yon moun fe.Peyi a pa pwodui politisyen serye kredib.Se yon ekip payaya ki ekziste lan mikwo Radio Caraibe ak lot media yo.Yo pot non chef pati,lide politik pou bel twal.Men se yon ekip tono vid.Peyi a pa pwodui moun tankou Rene Theodore,Gerard Pierre Charles a k yon seri de gwo tenor apre 86.Pou apre 20 tan,pou Prezidan Aristide fe moun ap pale deli toujou.Sanble si ta gen yon eleksion lib,onet,demokratik:li tap bat tout sa la yo.Se tris.Jenerasion Raboday la bay plis ke sote toujou..
Evens Dubois.
_________________
Solidarité et Unité pour sauver Haiti