Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot 6 Boosters Mascarade ...
Voir le deal

Restavek

4 participants

Aller en bas

Restavek Empty Restavek

Message  Rodlam Sans Malice Mer 27 Juin 2007 - 22:22

Mwen sot ap gade chow Ms. Oprah Winfrey se konsa li presante yon ayisyen ki rele Jean Robert Cadet ki ekri yon liv sou Restavek.Jean Robert di ke premye 15 lane vi li te pase kom restavek li pa konnen non li li di ke lè metress li tap vinn o Zeta Zuni li te prete li non Jean Robert Cadet saa pou yo te ka rantre ak li vinn servi yo toujou.Se lè yo rive o Zeta Zuni ke madanm lan aprann ke isit o Zeta Zuni ti moun pa ka fè restavek se konsa yo te blije voye l lekol ,se konsa se a 16 zan li premye genyen yon liv nan men li.Se yon Profesè ameriken ki montre li li.e jodya li genyen yon bachelor degree nan internatyonal relatyon.Li di apre ke li finn gradye li te ale jwen madanm saa ki te di li li pap janm anyen ke chany pase se sa yo te konn fè li fè,netoye soulye e li montre madanm lan diplom li ;li di eske ou sonje yon fwa ou te retire soulye nan pye w e ou te frape m nan figi ak soulye men jiska presan mwen genyen mak la nan figi mwen.e byen jodya se wou ki pou koute sa map di w.li montre madanm lan diplom li.

Jean Robert ekri yon liv ki rele restavek ke nou ka jwen sou Amazon.com mwen pral wè sim ka achete liv saa ,mwen ta renmen nou tout achte liv la pou nou komante li avek mwen lè nou finn li l E mwen ta renmen ke nou voye yon kopi liv saa ba Presidan Preval pou genyen yon lwa ki pase an ayiti pou pini moun ki aksepte ti moun travay lakay yo kom restavek .Fok bagay sa fini nan peyi Dessalines lan pou le tan e leternite.Wi pito ti moun yo mouri ka paran yo ke yo servi moun kom esklav,Mwen di kite yo mouri ka paran yo.Mwen ta swete ke yon sineas ,yon metè an senn fè yon film sou liv saa.pou tout ayisyen pran konsyans de sa ki ap pase an ayiti. yon peyi kote nwa ap toupizi nwa parey yo.

genyen de bagay ke w ap tande ki ap pase an afrik ou an ayiti kote w soti ya ki fè non selman ou wont men ki fè w mande tet ou tou eske li vo la penn ke peyi dayiti kontinye eksiste nan kondition saa kote yon seri moun ap manje biskwit la bou ,preske 1/2 milyon ti moun ap travay kom esklav toujou 2 syek apre nou di ke nou endepandan.Eske se pou saa ke Dessalines te goumen an?Eske se yon sosyete konsa ki ba nou fyerte.Mwen te ekri yon fwa ke si genyen yon moman nan listwa peyi dayiti yon moun te fyè pou di w se ayisyen e byen moman saa pase lontan.Yon moun met di m ke mwen pa ayisyen anko men an verite mwen pa genyen oken fyerte de kote mwen soti yan jounen jodya .An verite mwen pa wè oken vye elketyon radot pou mete yon paket manb initil ap ranse nan palman ak nan Palè ya ,se yon revolutyon ki pou fet an ayiti.Paske tou tan se vye metod saa yo nap itilise nap genyen yon paket ti boujwa ou byen arivis ki pant ko finn fè"Me vois-tu " ki ap mache visite peyi epi yo di se zafè peyi ya yap regle.Fok genyen yon moun tankou jean Robert Cadet ki pou pran tet peyi saa pou chanje vye sosyete pourri sa.sak pa kontan anbake.Genyen yon moun ki te ekri pito yon moun te mouri lè w te fet an ayiti e byen pou mwen ke viej pete je m pito jean Robert te mouri lè li te fet o lye ke li te pase tribilatyon saa ke li rakonte nan TV ameriken a swè ya .Mwen di ke genyen kondityon ki pi red pase lan mo e genyen dwa ki pi chè pase la vi.Live free or die. god damn it.Se sak fè anpil nan yo pito al fè esklav lakay dominiken o lye yo rete ap servi nou kom esklav 'bann boujwa malpwop .sak pa kontan anbake.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Restavek Empty Re: Restavek

Message  Mawon Rcfranc Jeu 28 Juin 2007 - 11:42

Se yon trè bon liv, ki pral touch WOU ANPIL. Lè mwen t-ap li liv sa, mwen té kriyé, pou jan mwen té wè jan yon seri de moun manké imanité lakay yo.

Se yon liv pou tout moun ayiti ta li, sitou jenn gason yo, k-ap mache fè pitit à dwat à gòch san yo pa okipe yo, é bann medam yo k-ap gwennen pitit kou lapen. Tout sa fè pati de pwoblem restavek sa.

Lè ou finn li liv sa, nou a va diskite li.
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Restavek Empty Re: Restavek

Message  Sasaye Jeu 28 Juin 2007 - 12:20

Semèn pase a, lan ribrik Aktyalite entènasyonal la, lè m te konpare sitiasyon Yon milie (mille) ti chinwa ki lan esklavaj avèk anpil milie ( petet 1 million) ti ayisyen ki lan restavèk, mwen te mande ki lè la polis ak otorite Ayiti pral pran mezi pou yo LIBERE RESTAVEK YO.

Yon sèl moun ki te reaji se te wou, men ou di se avèk Taiwan poum te fè konparezon an.

Zafè restavèk la se pi gwo pwoblèm sosyal an Ayiti.

Se la tout diskriminasyon, tout eksklisyon komanse.
Se sak fè moun san konsekans santi yo inpotan paske yo jwenn yon viktim pou yo pilonnen mem jan lavi a ap pilonnen yo.

Se yon sitiasyon ki rann Ayisyen avèg. Yo tout di yo trete restavèk yo byen.

Bagay saa se lan san Ayisyen tout klas, tout nivo ekonomik li chita.
An Ayiti, gen de moun ki pa mem kapab achte manje men ki gen restavèk ou byen bonn.

Lan Diaspora a gen restavèk: Etazini, Kanada, Lafrans, etc...
Sa ki pa gen restavèk gen bonn yo fè rantre ke yo peye yon ti kras lajen, yo konfiske paspo yo e yo konn bat yo.

Diferans ant restavèk e bonn pa anpil. Se sito laj ki diferansye yo. Yo pa peye restavèk la men yo bay bonn nan yo ti kraze.
Men yo malmennen e derespekte yo tout.

Oubyen yo fè yon vye fanmi, kouzinn, grann ou mem granpè vinn fè esklav pou veye timoun.

Le yon nèg finn pase 20 a 30 an lan lot peyi, li tounen al fè kantamwa, li bati yon gwo kay epi li mete yon latrin lan lakou a. Poukisa ou kwè li fè sa?

Mwen te deja di l, se sèl Ayisyen ki rive lwen konsa lan kontinye esklavaj. Mem yap di se pa vre.

Sak pirèd, gen restavèk ki vinn fè bonn le yo vin granmoun epi yo vin gen restavèk pa yo.

Li ta byen enteresan pou jwen liv saa. Men nou tout sanzeksepsyon, nou viv, nou wè, nou konnen sitiasyon malere sa yo, men nou fè kom si se nomal.
Tone boule m, se pou sa chanje mem pa la fos, si nesesè.
Se pou nou rekonèt moun sa yo kom ayisyen parèy nou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Restavek Empty Re: Restavek

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 28 Juin 2007 - 12:40

mon chè ou di yon bagay ki touche m jis nan kè mwen lè w di:" ke se nan tout klass ou jwen bagay saa genyen moun ki pa ka manje ki genyen restavek."Mwen sonje yo te ba manman mwen yon ti gason ki soti bo zonn wanaminthe ;se li ki te konn pote manje pou mwen lè rekreyatyon lè sa te bon lakay .e byen li vinn grandi epi li vinn pa ka pran kou anko li kite kay la li rantre Port-au=prince ;se konsa premye fwa mwen rantre Port-au-prince li vinn chache mwen pou li te mennnen mwen al wè madanm li la Salinn. se sa ki fè mwen konn la salinn mwen te telman etone wè kote ya mwen di li pou li kite kote saa. Men nou pat janm mete l lekol o komansman grann mwen te konn voye l lekol di swa men yo pat janm enterese montre li li.E byen lè mwen vinn viv Port-au-prince apre grann mwen mouri mwen mande pou li tout kote finalman yo dim li te ale St Doming ;mwen pa konn sa mwen ta bay pou mwen ta jwen li ;tan mwen te renmen li.se sel bagay vre ki ta fè mwen mete pye St Doming si yon moun te di m li la toujou.Se yon moun pou mwen ke mwen dwe yon det pou tou tan li te pase ap fè esklav lakay nou.Men pafwa sa ki pi dwol la moun sa ki pran ti moun sa yo li konprann se ti moun lan ki te dwe genyen l rekonesans.Mwen konn tande grann mwen ap di ke li engra.

lotrejou map pale ak yon manb nan fanmi mwen ki te genyen yon bonn lakay li depi li te piti lè bonn lan mouri kousen mwen ki ap rakonte mwen sa di li te vle ba li yon lanterman desan pase li sonje se bonn saa ki te konn okipe li lè manman li te ap fè komers ou konn sa yon frè li di poukisa tout bagay sa yo pou yon restavek.Pou frè ya menm yon lanterman desan lot frè ya pat dwe ba bonn sa ki fè tout vi li ap pran swen de yo.epi se moun sa yo ki ap pale w de etiket ki ap kritike moun ki rete nan yon pyes kay kom si yo te bati site ase pou tout moun te ka rete o mwen nan 3 pyes kay.

lè mwen te di w pou te konpare sak ki ap panse an chinn kominis ak sa ki ap pase Taiwan lan se pa paske mwen pa rekonet ke nan serten moman nan serten peyi fok genyen yon revolityon ki fet non, mwen te vle montre ke tou de genyen bon kote e move kote yo. wi fok Mao te fè revolityon men nanpren anyen ki statitk nan liniver fok bagay yo evolye apre .Si yon moun ta di pa dwe genyen yon revolityon ki pou fet an ayiti menm si se fos ki pou itilise ou se yon inkonsyan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Restavek Empty Re: Restavek

Message  Sasaye Jeu 28 Juin 2007 - 15:02

Lè m di w bagay saa touche m, se lan kè m pawol saa soti.

Mwen fèt revolisyonè. Mwen te konn bay fanmi m ak profesè lekol ak pè yo anpil pwoblèm paske mwen pat obeyi yo lan tou sa yo di e mwen te toujou ap mande poukisa.

Mwen te konn gen gwo diskisyon ak fanmi n lè m wè yo pa trete bonn ou restavèk yo byen.

Denye fwa mal an Ayiti, al wè manmam, mwen te gen yon gwo lobèy avè l paske yon ti gason ki te rete lakay li vin ap pale avè m lan salon an; mwen di l chita pou l pale avè m.
Manmam vin parèt li di: Oh Oh Tiason sa wat fè lan salon m nan. Ou chita tankou se ou ki te mèt kay la.

Mwen we touswit kisa pwoblèm nan ye. Mwen di manmam: Ou finn pase 25 an Ozetazini, ou wè jan blan trete nèg e ou paka di ou pat sibi diskriminasyon, kijan ou fè tounen an Ayiti pou w vin fè mem bagay anko?

Mwen te gen yon vwazinn mwen, li voye restavèk li al fè komisyon. Yon oto frape l, kase 2 janm li. Yo mennen l lopital, lè yo fini, janm yo pran mal e ti malere a pat ka mache anko. Yo pimpe l voye l tounen lan Trou du nord kote li te soti a.

Si pou nou ta raple sa nou wè ki pase restavèk lan peyi a, nou ta kapab plen forum yo.

Toutotan pwoblèm saa pa regle, nou paka di gen jistis sosyal an Ayiti.

Se pwoblèm konsa pou nou eseye regle lan peyi a, o lye se politik patizan nap fè.

Nou bewzen konsyentize tout peyi a; paske yo pa rekonèt ke yap komèt yon krim kont limanité:
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Restavek Empty Re: Restavek

Message  Sasaye Ven 29 Juin 2007 - 13:14

Bon SanMalis ou wè sa m tap di ya?

Tinèg rete bèbè lan pawol saa. Se komsi yo pa wè oubyen yo pa vle wè.

Eske se woumem ak mwen sèlman ki wè enjistis la?
Oubyen eske yo twouve sa nomal?

Sitiyasyon saa tèlman grav ke se toutmoun ki pou reflechi sou li paske se majorite ayisyen ki lan pawol saa: oubyen kom restavèk, oubyen kom moun ki gen restavèk.

Je kèk moun komanse ap louvri, pito nou chanje bagay saa kounyea avan Ayiti vin tonbe lan yon kriz ki ka rann malsite jodi a pi mal.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Restavek Empty Re: Restavek

Message  Rodlam Sans Malice Ven 29 Juin 2007 - 15:48

Si sete pou remete fos ki ap defann enterè moun sa yo ki ap maltrete restavek yo ou ta tande konbyen franseuu yo tap ekri.Men bagay sa yo pa rantre nan santiman yo di tou lè wap pale soufrans ti Saintaniz ak jean Robert Cadet.

Lè moun sa yo revolte wa tande rel ka makorel.Adye sam wè pou yo Antwann nan gomye pa wel.Yo konnen byen tout bet jennen mode;sa ki ap pase koulyè ya ka se troket la chaj la deyè.pita pi tris se pye kout pran devan wi.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Restavek Empty Re: Restavek

Message  Thunder Mer 4 Juil 2007 - 12:08

Nou pa bezwen di sa mesye, se pa jodi-a ke mwen ap di bagay sa yo, men genyen nan nou ki toujou di ke se fachis oubyen ekstremis dwat mwen ye. Pwoblèm peyi-a se pa boujwa men se "mantalite". Wou te mèt pran moun ki pòv nan peyi-a wou ba yo pouvwa, y'ap fè pi mal.

La plipa de moun k'ap konbat oligachi-a se reyaksyonè yo ye tou, se jis plas moun sa yo, ke yo vle pran. Y'ap kritike ke entèl ap peye moun 2 dola pa jou pandan ke yo genyen ti esklav k'ap travay gratis pou yo. "Mèt kay yo" genyen manje pa yo apa pou yo manje, epi yo bay bònn nan, jeran-an ak restavèk-la bouyi tèt mayi moulen, pafwa san epis, pou yo manje nan lakou-a.

Sans Malice, se wou menm ki t'ap di ke se elit ki bezwen reedike, mwen byen kontan wou rejwenn bon sans wou, se tout pèp-la ki bezwen reedike. Kit se boujwa-a, machann kann-lan, potè-a, militè-a, pè katolik-la, doktè-a, politisyen-an... laplipa nan yo se menm Ayisyen-an ki genyen menm mantalite-a : DEPI MWEN GENYEN PLIS LAJAN OUBYEN POUVWA PASE'W NAN KELKESWA NIVO-A, MWEN PA KANMARAD WOU, SA MWEN VLE-A, SE LI K'AP PASE.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Restavek Empty Re: Restavek

Message  Sasaye Jeu 5 Juil 2007 - 0:20

Thunder,

Se sa nèt !!!
Mantalite saa afekte tout Ayisyen a la ronnbadè.
Tout tan mantalite saa pa chanje,
nou pap fè yon pa kita, yon pa nago.
Men ki jan pou sa chanje?
se pi gwo pwoblèm nan.
Se pavini n ki pou sove n.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Restavek Empty Re: Restavek

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum