Yon sèl bagay mwen ka di:Mèsi Kiba
4 participants
Page 1 sur 1
Yon sèl bagay mwen ka di:Mèsi Kiba
Mwen sot tande sekretè deta pou alfabetizasyon an CAROL JOSEPH ap pale de kanpay alfabetizasyon ki ap kòmanse an Septanm.
Misye di ke Kiba bay Ayiti 10000 reseptè televizyon ak pano solè ki pou "power" reseptè yo ,kote ki pa gen kouran.
Kiba bay tou 3 milyon pakèt,materyèl pou moun ki ap patisipe nan kanpay lan.
Li di tout bagay deja sou plas,pou pwogram lan kòmanse an Septanm ak gran lijyèn.
San nou pa bezwen ale nan okenn konsiderasyon ideyolojik,se yon bagay ekstraòdinè ke Kiba ap fè pou ti peyi nou an.
Epitou Préval nou konn kritike w ,men tou si ou reyisi pari sa a ,m ap konsidere w tankou youn ou de pi gran prezidan peyi an janm konnen.
N ap mande sekretè Deta a ,poukisa li pa mete yon Paj Wèb pou mete noumenm ki ap viv aletranje okoran e di nou kouman nou ka ede.
Ou menm tou karol Joseph ,si ou reyisi bagay sa a ,ou gen yon pi gwo wòl pou w jwe nan istwa peyi an!

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Yon sèl bagay mwen ka di:Mèsi Kiba
Se bèl bagay vre. Men sa ki nesesè pou fè peyi a vanse.
Kelkeswa konsiderasyon an, se pou nou bay Kiba kredi.
Yon sel bagay: Poukisa Ayisyen tikoulout konsa?
De pwojè konsa te dwe anonse depi anvan.
Li ta yon bon kanpay infomasyon ki ta fè reklam pou gouvenman an tou.
Alos moun ta konprann gen demach ki ap fèt epi anpil akizasyon pa ta fèt kont gouvenman an.
Men lè wap fè bagay anba chal nanpwen moun ki konnen sak ap regle, wap fè yo pale anpil.
Sa pa lan avantaj nou paske si nou infome moun plis, la pè avèk lespwa a vinn instale lan tèt moun.
Antouka se yon gwo pwojè pou fè peyi a mache.
Map tann nou vini avèk plisyè anonsman konsa, men bay yon ti jof anvan.
Konpliman.

Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Yon sèl bagay mwen ka di:Mèsi Kiba
:elephant:
Dernière édition par benlatay le Dim 6 Sep 2009 - 19:47, édité 1 fois
Invité- Invité
Re: Yon sèl bagay mwen ka di:Mèsi Kiba
Castro ak Chavez reyalise genyen twop gran manjè ki beswen roule nan machinn Lexus yo pito bay materyel ki pou edike pov yo, anbilans pito ,machinn ponpye pou pote moun sekou.men nou pa ka blame lot moun ki bay lajan se tet nou pou nou blame si nou te konn prefere volè lajan yo pou nou sere nan bank swiss.
mwen remersye Pep kiben ak tout Presidan Castro tou.gen lè se sa ki merite fet ak tout lot peyi soudevlope yo: o lye yo bay lajan ke pou aloufa volè ,se ale nan peyi yo gade sa pep la beswen epi di gouvenman an men nan sa nou vle ede, ke se swa edikation ,sante, sekirite, alimentatyon, rebwasman ,devlopman agrikol, enerji etc.

Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Yon sèl bagay mwen ka di:Mèsi Kiba
Mwen pa telman kwè nan zafè alfabetizasyon sa nan kad byen antandi ti peyi kinan m lan. Selon mwen objektif alfabetizsyon ki se mete yon endividi fonksyonèl nan aviwonman li.Pou mwen se patou nan anviwonman l alfabetize sa ta dwe twouve bon ankourajman ak ankadreman sosyal. Sepandan yon peyi tankou Kiba diferan ak bon mezi sosyal, edikasyon sitwayen l, plis eskolarizasyon pozitif, ki avanse pou ede entegrasyon yon nouvo alfabetize. Wi moun ke sistèm lan vle rann fonksyonèl , men ti peyi a lanvè sa pa vreman ouvè ni ankourajan pou akonpaye moun konsa byen antandi pou le moman.
Dayè nan kilti maronaj, jwèt koken se bon pwofitè ti nèg toujou byen alignen pou sove patat yo. Pou mwen entegrasyon alfabetize kit se rann yon endividi fonksyonèl, apreyande fason pou gagne lavi yo, itilize sèvis leta, byen kominike ak entegrasyon l nan sosyete l ap toujou frape yon ne ak jwèt koken, blokaj, diskriminasyon ti nèg. Pou mwen ta dwe genyen yon komansman de travay a lanvè. Kote ta genyen plis konpreyasyon, ouvèti, lamou , konpasyon. Paske ti minorite konplèske kenbe analfabèt la nan kanton li. Li nan sistèm la otreman di nan leta, nan mantalite ti eleman boujwa ak latriye. Sonje byen wi, nou pa nan pwosesis revolisyonè, ki vle rejte yon pase. Ni non plis nan yon sosyete menm pwogresis ki panse a moun defavorize l.
Deja valorizasyon lang kreyol se yon rezistans lakay ti nèg, kap jwe fo pou pwomosyon l .Alfabetizasyon sitou nan lang matènèl nou sa, se rezistans depi dik dantan se sabotaj, baryè toujou drese pou anpeche entegrasyon alfabetize yo.
Toutfwa mouvman alfabetizasyon sa, dwe sèvi de yon zouti politik plis ke sosyo-edikatif ak ekonomik. Li ta dwe yon ranpa pou livre batay politik pou entegrasyon kreyolofonn yo, moun demini, san mwayen ki dwe viv, eksprimen, genyen vi yo nan prop lang yo. Paske se plis 200 zan se yon bann parya kap viv san patisipasyon serye nan ekonomi peyi yo, pa pale de politik peyi yo. Paske se zot ki fè tout bagay konsa pou yo.
Mwen panse ke sosyete sa dwe plis sansib pou chanje, bouskile vye prejije, valorize lang mantènèl . Wi aji vreman an ayisyen, panse an ayisyen, eksprimen an ayisyen. Se konsa nou va rive bouskile prejije, entegre anafalbèt, pran yo pou moun. Paske si nou vle kwè m, nou pale kreyol, nou se Ayisyen, men nou pa vreman onèt, lib , fyè, kwè nan Aysyennete , nan sitwayennete nou. Alos koman nou dwe panse alfabetizasyon sa potab.
Non nou dwe rekonèt ke nou bo, bon pèp ak yon bèl lang, yon pase glorye. Tout vye chemen krochi, vye magouy move lidè, divizyon chire pit dirijan ki rann nou konplèske, se pa ditou sa vrè Ayisyen. Mwen panse prèv yo la, ni mwen ak lot se pitit sayo rele madan sara, peyizan, moun odinè, yon papa travayè manyèl nan di, men yon vanyan gason onèt fyè. Se jenralman moun konsa nou ye souvan ak fanmy analfabèt. Si vreman nou vle fè pwomosyon alfabetizasyon sa, pouswiv chemen anpil jenerasyon moun ki voye pitit malgre tou lekol pafwa jouk nan inivèsite.Se pa te politisyen popetwèl, men moun travay nan di, onèt ki te bati peyi sa, trankilman pandan aloufa ap fè tenten.
Eske gen moun ase onèt pou pouswiv nan yon dimansyon plis ro travay saki te komanse deja. Li pa selman politik, se la wi mwen panse ke pwomosyon alfabetizasyon, revalorisayon Ayisyennete, nou komanse. Se la pou komanse fè konprann se pa yon bann sovaj, dezevre, yon tèl travay de mas. Paske objetif 4000 milyon alfabetize sayo, sa ta vle di plis gro reyisit, se ta va segonn batay apre 1804 pou soti peyi sa nan eta li twouve l jodyè a. Espere objektif ta yon reyisit ak patisipasyon sitou pitit moun anafabèt ki te sakrifye yo, fè prèv de kouraj yo.
WI LI TA BON LOUVRI, JE ENTEGRE, TI NÈG YO OLYE BAY KANPE LWEN NAN TOUT BAGAY. YO VA SISPANN SÈVI AK TI NÈG JAN YO VLE . METE LIMYÈ AK KONESANS VO PLIS KE KREYASYON DJOB. PASKE LI PREFERAB MONTRE YON PÈCHÈ PECHE PWASON, YON MASON BATI YON KAY KAY AK LA KONESANS AK LIMYÈ KE LI GENYEN.

Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: Yon sèl bagay mwen ka di:Mèsi Kiba
nanpwen moun ki ka konpran ke alfabetizatyon se yon remed pou tout bagay ki pa bon nan peyi ya.men tou pou edike pep la fok li ka li e ekri lang li fok li ka konprann yon teks lwa ki ekri nan lang li yon direktyon ki ekri nan lang li.Se pa dernye pa se komansman an. Mwen di sa deja se pa selman li ak ekri pou yo montre pep la. fok yo ba yo bon jan fomatyon ki pou pemet yo aprann viv san yo pa beswen led eksterye tou tan.
Nou fè yon premye pa nou rekonet kreyol kom lang ofisyel peyi ya koulyè ya nou pral apran tout moun nan peyi ya ekri nan lang pa yo nou pral komnse edikatyon Primè nan lang pa nou.nou pral reforme edikatyon pèpè ki fè nou tout se bon dizè san nou pa ka fè anyen pou nou servi.Mwen kwè apre yon bon 5 lane ap ba pep la bon jan edikatyon ayisyen genyen pou fè yon avans.Si lame dayiti ke bann neg ak yon grenn je yo ap mande pou retounnen sou moun te kite Francois Duvalier itilise manb lame pou fè alfabetizatyon e byen jodya se pa nan malsite saa ke peyi ya ta ye.Nou ta fini ak pwoblem saa lontan deja.
pou aprann yon moun pou li yon bon kiltivatè ak yon bon pechè ou yon bon artisan men fok li ka li enstriktyon fok li ka jwen solityon yon ti pwoblem aritmetik.Se sak fè mwen di ke alfabetisatyon pa dwe selman fet pou montre moun yo li ak ekri .mwen kwè si depatman edikatyon genyen yon gwoup moun konpetan ki ka bati yon bon pwogram alfabetisatyon e byen mwen kwè ke nan 5 lane nou ka fè tout ayisyen genyen yon nivo sertifika detid primè.
Nou fè yon premye pa nou rekonet kreyol kom lang ofisyel peyi ya koulyè ya nou pral apran tout moun nan peyi ya ekri nan lang pa yo nou pral komnse edikatyon Primè nan lang pa nou.nou pral reforme edikatyon pèpè ki fè nou tout se bon dizè san nou pa ka fè anyen pou nou servi.Mwen kwè apre yon bon 5 lane ap ba pep la bon jan edikatyon ayisyen genyen pou fè yon avans.Si lame dayiti ke bann neg ak yon grenn je yo ap mande pou retounnen sou moun te kite Francois Duvalier itilise manb lame pou fè alfabetizatyon e byen jodya se pa nan malsite saa ke peyi ya ta ye.Nou ta fini ak pwoblem saa lontan deja.
pou aprann yon moun pou li yon bon kiltivatè ak yon bon pechè ou yon bon artisan men fok li ka li enstriktyon fok li ka jwen solityon yon ti pwoblem aritmetik.Se sak fè mwen di ke alfabetisatyon pa dwe selman fet pou montre moun yo li ak ekri .mwen kwè si depatman edikatyon genyen yon gwoup moun konpetan ki ka bati yon bon pwogram alfabetisatyon e byen mwen kwè ke nan 5 lane nou ka fè tout ayisyen genyen yon nivo sertifika detid primè.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Sujets similaires
» Chapo Ba Kiba. Mèsi pou kowoperasyon saa.
» TOUT JWET SE JWET KROK AN JANMB LADAN ! MESI PREVAL ! MESI LAVALAS !
» mezanmi, gen yon bagay mwen pa konprann:
» Bagay yo pwal gate ! Se mwen Kenge !
» Manigat ale mwen pap detounen w nan chemen w, mwen pap lese lavalasyen demoli w

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum