Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-28%
Le deal à ne pas rater :
Brandt LVE127J – Lave-vaisselle encastrable 12 couverts – L60cm
279.99 € 390.99 €
Voir le deal

Diplomasy ayisyen ou refij enkonpetan moun dwet long

2 participants

Aller en bas

Diplomasy ayisyen ou refij enkonpetan moun dwet long Empty Diplomasy ayisyen ou refij enkonpetan moun dwet long

Message  Rodlam Sans Malice Lun 9 Juil 2007 - 18:23

Genyen yon ayisyen Panama ki voye yon mesaj ba presidan Preval pou li di sa ke ayisyen ap pase nan Panam ak diplomat ki pa konnen wol yo e ki pa okipe defann ayisyen ki ap viv panam ou byen ki al achte Panama.

mwen pa di pou Preval fè oken chass a tout moun ki nan pos a letranje yo. men tou bagay sa yo fèk pou regle: se tout kote preske ou tande genyen yon dezod ou byen koriptyon nan misyon diplomatik yo ;nan yon ti peyi menm dlo moun pa ka jwen ;konstitutyon peyi ya di ke Presidan an responsab bon fonktyonman enstitutyon peyi ya.Se iresponsab si genyen moun nan peyi ya ki pa ka fè travay yo ou byen ki ap vole lajan leta bay pou etidyan ou byen pou peye diplomat epi La jsitis pa ranpli wol li pou li pouswiv moun sa yo ou byen Presidan an pa revoke moun sayo.Mwen ka konprann politik yon sel dwet pa manje kalalou a ke Preval ap mennen yan men sa pa vle di se pou li lesse grennen pou li fini manda li san li pa regle anyen nan peyi ya.

Mwen ta renmen ke Preval chache etabli plis lyen komersyal ak kiba ak Venezuela kote ayisyen ka ale achte nan peyi sa yo san yo pa maltrete yo.Paske si yon moun vinn achte lakay yon moun se bere pou moun sa bere kliyan sa .Mwen sonje lè mwen te ti moun te konn genyen bato ki te konn soti zil turk vinn achte o Kap men nou pat maltrete moun sa yo.Fok ayisyen ale venezuela ,Kiba ,Nicaragua. O zeta Zuni ,Jamayik al achte, jamayik pa a 2 zè de tan de ayiti. poukisa ayisyen beswen ale Panama al achte si yo pa respekte nou.Fok genyen plis echanj komersyal ki fet ant kiba ayiti e venezuela -ayiti.Na vale lakay moun ki respekte dwa nou.

poum retounnen nan zafè misyon diplomatik yo se pa koulyè ya tout moun ap mande pou chanjman fet nan depatman zafè etranje pou fèmen de twa misyion ki pa itl anyen konsa nou pap blije fenmen lopital jenreral lè week end anko na anploye medsen ayisyen ki soti etidye kiba yo pou yo ba malere swen nan peyi ya.Sise pou bagay yo rete menm jan lè se te Latorti ki tap gouvènen peyi ya e byen pep la pat beswen al vote pou Preval.Se plis ke yon lane ou ap dirije peyi ya ;fok moun wè resilta yo.Se pa plede di tann; ki lè nap finn tann ?peyi ya pa ka tann anko se yon bato ki ap koule a pik ;li lè pou pran responsabilite ke pep la ba w la.Si w pa kapab se bay demisyon w.


Dernière édition par le Mar 10 Juil 2007 - 0:51, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diplomasy ayisyen ou refij enkonpetan moun dwet long Empty Re: Diplomasy ayisyen ou refij enkonpetan moun dwet long

Message  Mon Ayiti Lun 9 Juil 2007 - 19:59

Mon she mwen te rele yon employe lan yon mission ayitienne e mwen te poze li yon kestion sou douane an ayiti. gade non , li pap kapab reponn mwen. employe sa te bèbè. mezanmi , yon sinple kestion li pap ka reponn alè wè pou yo ta defann ayisien à letrange. si m tap pale , mwen tap di anpil bagay. se la raj , yon paket moun ki pa konn kisa yo dwè fe lan mission yon . Yap kale wès e pi yap touche gwo lajan an dola us jiska 4000 dola us pa mwa.

Mon Ayiti
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 272
Localisation : Chibougamo
Opinion politique : pèlin tet
Loisirs : Boxe
Date d'inscription : 21/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Diplomasy ayisyen ou refij enkonpetan moun dwet long Empty Re: Diplomasy ayisyen ou refij enkonpetan moun dwet long

Message  Rodlam Sans Malice Lun 9 Juil 2007 - 20:10

Gen de lè moun lan pa menm pale lang kote yo voye l la.Men mezanmi fok bagay sa yo chanje li pat janm ale nan peyi ya epi li konseye ;li pat janm travay nan diplomati anvan. Tandiske genyen lot travay ki pi itl ki beswen fet nan peyi ya kote moun saa ta ka servi peyi ya pi byen.Men zafè fè wè ya anpeche ke yo okipe sa ki nesesè nan peyi ya.

ou met tande se si se la tou tan se pa yon moun ki pran konsyans de eta peyi ya ;de eta ayisyen ap viv ;yon moun ki konpran ke fok yon pep ka manje, ka jwen swen sante, ka jwen travay, edikatyon, lojman, sekitrite anvan ke li ka peye prim a la pares e byen zafè fè elektyon sa se lave men siye a tè.Pase genyen yon seri de moun yo manke kouraj pou yo fè refom ki merite fet yo. se sak fè map fout redil anko se regretan ke francois Duvalier pat wè peyi vre.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diplomasy ayisyen ou refij enkonpetan moun dwet long Empty Re: Diplomasy ayisyen ou refij enkonpetan moun dwet long

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum