Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè

4 participants

Aller en bas

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè Empty Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè

Message  Marc-Henry Mar 31 Juil 2007 - 7:12

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè a nan okazyon 92 lane premye okipasyon meriken nan peyi Dayiti

MODEP, MORAP, SAJ/Veye yo, MOVE, Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen, Chandel


Noumenm ki se manm Mouvman Demokratik Popilè, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, òganizasyon popilè pou edikasyon popilè Chandèl, Mouvman Refleksyon ak Aksyon Popilè, Mouvman Oganize pou yon vi efikas ak Solidarite Ant Jèn/Veye yo, nou lanse ansanm yon apèl pou yon mobilizasyon jeneral nan tout peyi a kont prezans MINISTA sou teritwa a. Jounen 28 jiyè ane sa a, fè egzakteman 92 lane depi peyi Dayiti konnen yon premye okipasyon. Depi lè sa a, peyi a anba dominasyon total kapital enperyalis meriken.

Nan lane 1492 kolon panyòl te debake sou bout tè sa a pou vin ranmase richès nou yo. Yo touye premye ras moun ki t ap viv sou tè sa a. Apre masak endyen yo, kolon yo te al pran nèg dafrik pou fè yo tounen esklav. Men, apre plizyè syèk batay, esklav yo te rive mete blan franse deyò sou bout tè sa a. Malgre gwo viktwa sa a, otorite lafrans yo te mande otorite ayisyen yo pou peye swadizan dèt lendepandans lan. Piyaj kolon yo, dèt sa a, 92 lane dominasyon meriken sou peyi a ki pran tout kalite fòm, mete nan kalfou difisil, tout tantativ pou peyi a pran yon wout devlopman granmoun, li ralanti tou tout tantativ sektè popilè yo pou tabli yon lòt kalite sosyete kote dominasyon ak eksplwatasyon kaba.

Nan lane 1915, enperyalis meriken debake pou vin ankouraje gwo antripriz kapitalis yo vin fè richès pa yo. Yo rantre pran rezèv lò peyi a nan bank santral. Pi gwo rezistans ki te anfas okipasyon enperyalis meriken nan moman an, te soti nan sektè peyizan an. Anba direksyon Chalmay Peral ak Benwa Batravil, peyizan yo te òganize tèt yo nan lame kako a pou yo te ofri yon kokenn chenn rezistans ame kont okipasyon an. Militè meriken yo te masakre plizyè santèn peyizan ki te nan lame kako a. Nan lane 1994 militè meriken debake yon dezyèm fwa pou vin mennen Aristid aplike plan neyoliberal la. Apre manda Aristid la, Preval te pran pouvwa a nan yon ti pas kout. Se nan kad aplikasyon menm politik sa a epi anba zòd dezyèm okipasyon an, Prezidan Preval te kòmanse likide antrepriz leta yo. Pandan tan sa a gouvènman Ayisyen an te vann minotri Dayiti ak siman Dayiti. Jounen jodi a, plizyè lòt antrepriz Leta deja nan bak likidasyon gouvènman Prezidan Preval / Alexis a.

Nan lane 2004, nan moman 200 zan endepandans Ayiti, militè meriken, franse ak kanadyen debake, kèk mwa apre, MINISTA pran la relèv. Depi lè sa a otorite ak polisye ayisyen yo tounen pope twèl nan men fòs loni yo. MINISTA nan refòm lapolis, li nan refòm lajistis, li nan tout enstitisyon enpòtan nan leta a pou kore tout pwojè ki vize likide byen peyi a epi kenbe l anba dominasyon enperyalis la ak boujwazi kontrebandye a.

Nan kalfou istorik n ap viv jounen jodi a, noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou sonnen ansanm, lanbi rasanbleman nan mitan tout fòs pwogresis yo pou nou tanmen ansanm, batay pou defann dwa grandèt majè peyi a. Nan sans sa a, nou mande tout òganizasyon popilè ak militan pwogresis pou yo pote kole nan batay sa a. Nou pa vle yon peyi okipe kote se diplomat etranje ak ti sòlda LONI k ap pase nou lòd. Nou vle yon peyi granmoun ki egziste pou moun ki abite ladan l. Nou vle yon Leta granmoun k ap deside nan sans enterè mas pèp la.

Pou nou rive nan Leta granmoun sa a, nou mande pouvwa anplas la pou li :

1) Sispann renouvle manda MINISTA nan peyi a
2) Sispann angaje peyi a nan politik neyoliberal la ki gen anba vant li, mache lib, privatizasyon antrepriz piblik yo bay boujwa raketè, kontrebandye ki fin depafini ak peyi a. Kalite politik sa a, si li pa kanpe, l ap lage peyi a anba plis mizè, chomaj ak ensekirite.
3) Sispann peye dèt FMI ak Bank Mondyal yo epi sèvi ak lajan sa yo pou bay popilasyon an sèvis sante, edikasyon elatriye.
4) Redrese san pèdi tan jesyon antrepriz leta yo epi kenbe yo nan patrimwàn leta a.

Pou fòse pouvwa anplas la pran wout sa a, òganizasyon konsekan ak sitwayen konsekan, dwe rete mobilize epi makònen fòs nou pou nou batay ansanm kont okipasyon an, kont likidasyon antrepriz leta yo.

Aba okipasyon
Aba privatizasyon
Viv yon peyi granmoun, viv antrepriz leta yo


Moun ki siyen pou òganizasyon yo :



Pou MODEP: Guy Numa


Pou Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen: Rosnel Jean Baptiste


Pou CHANDEL : Rochemane Jean Milus


Pou MORAP : Dilogène Jean emmanuel


Pou MOVE : Jean Léon Santerre


Pou SAJ/Veye yo : Charles Lefèvre
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè Empty Re: Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè

Message  Rodlam Sans Malice Mar 31 Juil 2007 - 7:45

Meriken yo genyen yon pwoverb ki di:konnen sa wap mande paske ou ka jwen li wi. Nou mande pou minustah ale men ka genyen rel ni ka makorel ni ka so yet wi.Anvan nou mande minustah leve djakout li fok nou prepare yon fos polis ki ka koresponn ak beswen sekirite peyi ya dabo.

mezanmi zafè lor saa ke kek delenkan te pran nan bank lan ,meriken remet lajan sa plis pase 10 fwa deja.se chak ane plis pase 1 milya dola ap soti lakay li pou li fè nou viv.se chak ane yap ba nou lajan .yo eradike pyan lakay nou , yo te komanse eradike malarya. yo ba nou ed militè lè te genyen lame, lè sykolnn se yo ki vinn sekouri sinistre nou yo, yo voye manje nan peyi ya jis nou vann yo.yo bati lopital nan latibonit ,dispansè nan la gonav.Kote sa Russ yo fè pou nou?Mwen pa di yo se sen non ,men zafè anti ameriken primè saa fok nou sispann li wi paske nou paka ap mande moun yo charite epi pou nou ap derespekte yo.

Se kenbe karaktè nou ,pou gran moun fok ou respekte tet w dabo ;fok ou ka ba tet w manje;san w pa di tan pri souple lage yon ti bagay nan kwi pov la.An 1994 se yo ki depanse lajan yo pou mennen Tutud tounnen .se pa de gouden sa koute.si se pa sa michel francois, cedras ,Toto constant tap touye 3/4 nan nou deja . si se pa yo ki frenen Guy philippe ak Chanblain jodya nou pata ka vote pou Preval.Genyen Boulva harry truman an ayiti pa genyen Boulva lenine ,ni marx ni Putin.Mwen chanje chemiz pou moun ki swe pou mwen.Se sa yo te montre m.

Siyen yon manjè de poul mouri rekonesan(lol)


Dernière édition par le Mar 31 Juil 2007 - 12:37, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè Empty Re: Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè

Message  Sasaye Mar 31 Juil 2007 - 12:31

What was intended for Haiti's economy and education, health and social structures when the US coordinated an embargo on loans to Haiti by international financial institutions beginning in 2000 and not ending until Aristide's forced departure four years later? Who in the international press collaborated with the coup makers to demonize Aristide and criminalize his supporters by labeling them "chimeres?" How long before the coup did the US, France, and Canada map out the plan to destabilize Haiti politically by financing "opposition groups" and fake human rights organizations that fingered "chimeres" for summary executions by the Haitian National Police? How many thousands of guns did the US give to the Dominican Republic that went to Haitian "rebels" hiding out there to invade their own country and kill thousands of Aristide supporters and, for god’s sake, how many of those guns are still in their hands? What kinds of state repression tactics did the unelected Prime Minister of the illegal interim government of Haiti employ to "contain" the overwhelming majority of Haitians who demanded the return of their democratically-elected president? How long before the coup did the US-dominated UN Security Council develop its occupation plan for Haiti involving first, soldiers from the three countries that orchestrated the coup and then followed by a UN “peacekeeping” occupation? Why, for the first time in UN history was MINUSTAH the only peacekeeping mission deployed without a peace agreement to enforce? How many Haitians died because MINUSTAH ignored the assassination of unarmed demonstrators by Haitian National Police sharpshooters? Why does the present government of Haiti allow MINUSTAH to continue to label Haiti’s citizens as “bandits” for supporting the return of Aristide and resisting a cruel occupation? Finally, what monster, under the guise of pursuing “bandits,” authorized UN raids into Cite Soleil and other poor neighborhoods involving hundreds of UN soldiers, tanks, and assault helicopters resulting in the death and injury of hundreds of unarmed Haitians?
(see Manipulations avant, pendant et apres le coup de 2004)

Se pou Minista ale. Ayiti te viv anvan Minista vini.

Poukisa pou Ayisyen genyen Meriken rekonesans?
La Risi pa lan pawol la.

Tout sa nèg yo mande gen lejitimite yo.

Pou nou rive nan Leta granmoun sa a, nou mande pouvwa anplas la pou li :

1) Sispann renouvle manda MINISTA nan peyi a
2) Sispann angaje peyi a nan politik neyoliberal la ki gen anba vant li, mache lib, privatizasyon antrepriz piblik yo bay boujwa raketè, kontrebandye ki fin depafini ak peyi a. Kalite politik sa a, si li pa kanpe, l ap lage peyi a anba plis mizè, chomaj ak ensekirite.
3) Sispann peye dèt FMI ak Bank Mondyal yo epi sèvi ak lajan sa yo pou bay popilasyon an sèvis sante, edikasyon elatriye.
4) Redrese san pèdi tan jesyon antrepriz leta yo epi kenbe yo nan patrimwàn leta a.

Pou fòse pouvwa anplas la pran wout sa a, òganizasyon konsekan ak sitwayen konsekan, dwe rete mobilize epi makònen fòs nou pou nou batay ansanm kont okipasyon an, kont likidasyon antrepriz leta yo.

Aba okipasyon
Aba privatizasyon
Viv yon peyi granmoun, viv antrepriz leta yo
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè Empty Re: Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè

Message  Rodlam Sans Malice Mar 31 Juil 2007 - 13:03

Bon mwen pa di ke anbargo te dwe etabli ,mwen te kondane l paske se pa Aristide ni drug dilè,ni kaptenn ki ap pran lajan nan men ayisyen pou yo vinn lage yo sou plaj florida ki ap soufri ,se pep la men tou lè chaje dafè politik la te di li konnen ke kob poud blanch la ap peye polisye ki sa Aristide te fè pou li te revoke moun ki te nan sen l nan Palè ya.Mwen te di sa sou sit opl la ke bagay poud blanch ka bay peyi ya pwoblem.

wi nou ka repwoche meriken pase yo pa fè ase pou kontwole pwoblem lan lakay yo e nan peyi kote poud blanch lan soti men kom mwen di lè w beswen genyen rezon devan kras se benyen ou benyen byen.Sitou Aristide te pran anba Bush yo deja.

genyen yon paket moun ki kache deyè drapo aysiyen pou yo mande pou minustha kite peyi ya men mande yo ki jan yo pral fè kontwole peyi ya lè neg lame ki se yo ki dye de la gè yo pran masakre pep la tankou yo te fè nan ryel vayan ,si yon moun onet fok ou rekonet si se pat minutsah se tande preval ta tande genyen elektyon ki sot pase la .Genyen moun ki vle masak ki te fet ant 1991-1994 rekomanse anko ,mwen pa di ke minustah pa fè erè non men pou le moman jiska s ke nou mete polis lan nan yon pwen o mwen de 15000 polisye byen ekipe mwen kwè ke minustah se yon mal nesesè.minustah anpeche yo reprann pouvwa pa zam anko. se la pwoblem yo ye.Ke se kan Gnbis ke sa kan lavalas la fok genyen yon abit enpatyal ki pou mete ola.fok nou konnen ke yon ben san an ayiti tankou rwanda ka destabilize dominikani ak anpil lot ti peyi nan zonn lan. konnen sa nap mande.nou toujou genyen foli fou epi apre pou nou rele o sekou. se endisiplinn nou ,mank patriyotism nou ki fè lot moun ap toujou foure dyol yo nan zafè nou; dominiken pap kite ayisyen vinn anvayi lakay yo ki ap kouri pou dezod ,masak an ayiti. ;alo se konnen sa nap mande.

Nou di sispann peye det FMI ak Bank mondyal wi men yo pral anile en pe det men nou toujou ap mande prete toujou o lye nou kroke chapo nou kote men nou ka rive se 100,000 dola nap peye birokrat ki ap grate santi , se machinn Lexus ke premier minis nou ap mande pou leta achte pou li epi pou li genyen yon pansyon de 120000 dola U>S pou jis li mouri pou 2 zan li fè kom Premier minis ap touche gwo per diem nan fè touris men se politik neo liberal ki la kos tout malè nan peyi ya.Yon ti peyi de 8 milyon moun genyen minis plis pase nan gwo peyi ,fok nou peye yon presidan, yon premye minis ,senatè, depite, anbasadè pa si anbasadè pa la ,achte gwo kay nan peyi etranje pou nou mete konsila , men se FMI ki reponsab ,se politik neoliberal la ki fè lè yo prete nou lajan dirijan yo volè l pou yo voye l sere nan bank swiss.

eske se gouvenman ki renouvle manda MInustah mwen te kwè se yon desisyon ke konsye sekirite nasyon Zuni pran pou anpeche yon lot rwanda pa fet nan amerik la.Nou menm ap plenyen ke gwo komersan genyen zam fann fwa lakay yo ke yo pa remet ,nou konprann si minustah pat la nou te ka ale nanotel la al manifeste pou yo pa ba nou kout boul ,mezanmi mete dlo nan diven nou tande , di doktè ya sa nou genyen , nan gran moun yon jou vre lè nan va bouke ap di lage yon yti kichoy nan kwi pov la souple .

si meriken genyen dwa mete anbago pou bank mondyal pa prete nou lajan se pa yon bak mondyal li ye ;se yon bank meriken ki sa nap fè vinn washington vinn mande yo pou yo prete nou lajan toujou ,menm konferans pou rejyon se washington nou vinn fè l epi nap pale yo mal. fok nou fè tankou chavez ,tankou castro retire ko nou nan bank mondyal ,nan oEA, konsa moun a wè nou reyelman genyen nen nan fidi nou.Gran moun pa plenyen. ou pran rsponsabilite gran moun ou ak tout konsekans li.Yo pa bay liberte se pran ou pran li.castro an ba anbago depi 1959 eske nou tande li ap mande prete lajan eske se ambasadè meriken ki ap vay palman kiben materyel poul fonktyone?eske lè syklonn pase laky li se meriken ki ba li elikopte pou li al gade kote latorti ye?eske bidjè guvenman kiben yan depann de lajan meriken ?

Se ka se twop poul mouri ke mwen manje ki fè lespri m twouble.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè Empty Re: Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè

Message  Rodlam Sans Malice Mar 31 Juil 2007 - 16:28

Genyen yon bagay Profesè Manigat ekri nan liv istwa li ya kote li montre ke menm yon nonm tankou Firmin lè li te minis finans peyi ya li te mande prete yon kob epi minis yo separe kob la antre yo pou yo achte machinn .men lotrejou la Preval rete li pa wè ki sa poul fè ak lajan leta se achte machinn ba depite , ba diplomat bonus. Eske se politik neo liberal la , se FMI , se bank Mondyal ki fè nou sankoutya , nou genyen dwet long pou nou vole lajan peyi ya ;anvan nou blame lot moun chaje moyen koupe dwet moun ki konprann depi yo Presidan lajan peyi ya ou byen sa yo prete nou se lajan prive pa yo ke yo peye yo.

Pandan 2 zan ke Latorti fè ap dirije peyi konbyen lajan ke yo prete nou kisa nou regle ak lajan sayo?Pandan tout rey Duvalier yo konbyen lajan ke yo prete nou kote yo pase?menm Aristide tou anvan anbago kote lajansa yo pase pou ti moun pa jwen ban nan lekol pou yo chita ,pou moun ap aveg nan peyi a kos ke yo pa gen bon dlo pou yo servi.lopital jeneral pa genyen aparey pou detekte maladi jis presidan an se kiba li blije ale pou tretman. Anvan nou blame meriken fok nou rann nou kont ke se nou ki responsab eta nou ye. toutan nap blame lot moun e byen nap toujou rete ap di manman men inn mouch.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè Empty Re: Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè

Message  Jude Mer 1 Aoû 2007 - 13:13

point de vue intéressant et surtout si rare ! Merci Marc Henri de trouver ces infos pour nous !
Jude
Jude
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 1864
Localisation : Frans
Loisirs : Financial Exchanges - Geopolitic
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le progressiste !

Revenir en haut Aller en bas

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè Empty Re: Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum