Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon EV6.5 : où trouver le Bundle Lot 6 Boosters Fable ...
Voir le deal

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

4 participants

Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Invité Ven 22 Fév 2008 - 15:55


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Rodlam Sans Malice Ven 22 Fév 2008 - 20:24

Colo

Nou remersye w pou video sa yo ke w mete sou forum lan pou fè nou sonje ki jan frè ak sè nou yo ap viv apre 2 syek se kanadyen ak kiben ki ap ba pep la ti swayaj e pi genyen moun ki vle ke se flè pou nou bay boujwasi elit mal pouwont lan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Invité Ven 22 Fév 2008 - 21:10

Malice,

Je vous félicite aussi pour votre courage.

En effet, je réalise que, sous les autres rubriques, un groupe de gens nous attaquent sans cesse et nous traitent de tout: pèpis,...

Comme vous, je veux garder mon sang-froid et je me suis abstenu de réagir.

Pour éviter d'etre la cible de ces agresseurs, je compte rester sous cette rubrique et faire de la littérature. En effet, j'ai plutot envie sur ce forum de m'instruire que d'affronter sans cesse certains maniaques qui défendent un clan politique ou un groupe de contrebandiers.

Je vous invite à vous relaxer dans la littérature après toutes ces attaques gratuites dont certains persistent à vous assaillir :



Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Thunder Mar 26 Fév 2008 - 17:51

Mwen ranmase pwen an, paske se pa kounyea ke Colo ap akize m kom moun k'ap defann boujwa. ebyen fòk mwen di nou, ke kontrèman ak kèk moun mwen pa soufri de konplèks enferyorite ni siperyorite.

Moun ki toujou ap jeneralize tout moun nan yon klas kèlkonk se yon danje pou yon sosyete. Se nou menm k'ap mete plis zizani nan mitan pèp-la.

Politik "se pa mwen se yo a" ke moun ap itilize menm lè ke tout pouvwa nan men yo, se oubyen se movèz fwa oubyen se kretinism.

Se tanperaman m, menm yon elèv ki pa pase nan bakaloreya, ki akize blackout mwen pa tolere sa.

Se poutèt sa menm, ke mwen pa tolere Tipepis, fòk yo toujou jwenn yon do pou yo mete ikonpetans ak movèz fwa yo repoze, se toujou entèl se pa janm yo menm.

Pou record wou Colo, mwen pa yon agresè, men plito yon gadyen ki refize pran gòl ak men.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Invité Mer 27 Fév 2008 - 17:07

Thunder a écrit:Mwen ranmase pwen an, paske se pa kounyea ke Colo ap akize m kom moun k'ap defann boujwa. ebyen fòk mwen di nou, ke kontrèman ak kèk moun mwen pa soufri de konplèks enferyorite ni siperyorite.
...
Pou record wou Colo, mwen pa yon agresè, men plito yon gadyen ki refize pran gòl ak men.

Thunder,

Il n'y a pas lieu de parler de classe bourgeoise en Haiti. Il y a un groupe de contrebandiers qui méritent d'etre chatiés pour fraudes fiscales et commerce de produits expirés ou avariés. Préval avait commencé mais hélas la peur s'est emparée de lui et ces fraudeurs courent encore dans nos marchés et nos ports.

Etre bourgeois a des exigences. Non seulement, on doit payer ses taxes, on doit aussi s'impliquer dans la vie de la population. Mon université vient de recevoir 12 millions de dollars de dons de la part d'un homme riche, voici comment un bourgeois s'identifie dans un milieu. Ou encore l'équipe de foot de la Jamaique est supportée par la classe bourgeoise à hauteur de millions de dollars américains.

Bref, vous voyez! Etre bourgeois ne se réduit pas à vendre des produits expirés ou avariés.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Thunder Mar 11 Mar 2008 - 11:29

Colo ekri :

Il n'y a pas lieu de parler de classe bourgeoise en Haiti. Il y a un groupe de contrebandiers qui méritent d'etre chatiés pour fraudes fiscales et commerce de produits expirés ou avariés. Préval avait commencé mais hélas la peur s'est emparée de lui et ces fraudeurs courent encore dans nos marchés et nos ports.


Se sak fè nou pap janm dakò sou pwen sa a, wou paka vle pou m aksepte pou w jeneralize tout biznismann nan peyi a kòm gangstè ak mafya. Genyen moun ki fè tout vi yo ap travaye di, ki ap mache ak yon grenn kanson, ki fè anpil sakrifis ke anpil parazit pap fè anvan ke yo reyalize sa yo genyen.

Mwen renmen wè moun ki fè jèfò nan lavi yo, se sak fè lò yon moun pase kote w nan yon machinn $100.000 US mwen pa gade l ak yon rayisman nan kè m, paske mwen pa konnen ki sakrifis ke li fè, ki risk ke li pran anvan ke li genyen l.

Wi ! ...Chaje ak vanpi k'ap souse san pèp la, men mwen pap itilize ras ak klas ekonomik pou m karakterize pèsòn. Paske lè m gade byen, anpil fwa se menm pitit pèp lan ki vanpi a ankò.

Etre bourgeois a des exigences. Non seulement, on doit payer ses taxes, on doit aussi s'impliquer dans la vie de la population. Mon université vient de recevoir 12 millions de dollars de dons de la part d'un homme riche, voici comment un bourgeois s'identifie dans un milieu. Ou encore l'équipe de foot de la Jamaique est supportée par la classe bourgeoise à hauteur de millions de dollars américains


Mwen wè bagay yo diferan de wou.

Mwen wè se tout sitwayen ki genyen yon lajan k'ap rantre ki dwe peye tax, e non pa 1% sèlman.

Mwen panse li ap pli fasil epi efikas pou yo enplike nan lavi mas pèp-la, lò nou pap genyen politisyen Tipepis demagòg k'ap simen plis zizani pase sa ki genyen deja.

Menm jan pou yon moun boujwa, sa mande ekzijans. Se menm jan pou genyen boujwa nan yon sosyete, sa mande ekzijans tou nan bò pa soyete sa a.

12 milyon dola a, ap retounen nan men mèt li sou fòm "tax return". Biznis li pwoteje pa lwa peyi-a.

Se pa zizani k'ap voye pèp-lan al fè mache, se rekonsilyasyon, se inite rich ak pòv ki ka retire Ayiti kote li ye la a. Ni boujwa pa kabap pou kò l, ni pèp la nonplis. Yo kondane pou yo viv ansanm , alò se antann pou nou antann nou
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 11 Mar 2008 - 13:51

Nanpren moun ki rayi Rockeffeler,Canergie, Mellon, Bill Gates,Fanmi Walton yo, Ted Turner, Warren Buffet,Goeorges Soros ,Oprah Winfrey ak tout lot moun rich yo o Zeta Zuni paske moun sa yo pa vle tout pou yo epi anyen pou lot moun ki pov yo.

Yo ede pep la genyen edikatyon an kreyan universite prive , bon jan lopital prive.yo pa voye lajan yo sere nan bank etranje,se pa nan lot peyi yo bati bel otel, yo pa ranverse gouvenman ki ap mande yo pou ogmante salè minimum ni pou yo pemet fomatyon syndika.yo pa fè sote maison blanche ;yo konnen ke youn travayè dwe manje, li dwe voye pitit lekol , li dwe kapab we youn doktè si li malad ;wè youn dantist.li dwe genyen asirans maladi, asirans vyeyess.Si se an ayiti Franklin delano Roosevelt te presidan klass parasit ke nou rele boujwa tap fe konplo ak jandam pou yo te ranverse gouvenman li ya paske li te mande pou patron yo kotise nan fon sosyal sekirite travayè.nan ki konpayi an ayiti ou tande met bizniss la kreye 401 k plan ke li kotise selon sa anploye sere ki pou pemet li le li gran moun li viv an repo.ki konpayi ayisyen ki pemet ouvriye yo achte aktyon nan konpayi ak youn diskount konsa yo tou benefisye de benefis ke konpayi ya reyalise?

Ki jan w eksplike ke 200 zan apre endepandans genyen tout ayisyen sa yo ki pa konn li, ki pa ka jwen dlo pou yo bwè,manje pou yo manje ;lekol pou yo voye pitit yo lekol;lopital nan tou kwen peyi ya ki pou ba yo swen?Lè mwen tap grandi se anpil tan anvan ou te ka wè youn doktè nan lopital leta yo te genyen 2 lopital prive nan Port-au-Prince se te azil franse ak Saint Francois de Salles se apre te viinn genyen lopital Canape vert ya nan pwovens yo menm se bliye sa.se youn filantropist ameriken ki te kreye lopital Schwatzer nan latibonit.malpouwont yo te la ap gade malarya,pyan,tiberkiloz, tetanos ak tout lot maladi ki tap touye ayisyen.

nanpren moun ki rayi moun ki fè jefo nan la vi pou yo rive,men tou nanpren moun ki ka renmen moun ki mentni ti Santaniz yo nan esklavaj lakay yo;moun ki ap peye travayè 2 dola pa jou.moun ki menm o Zeta ZUni ap kalote bonn esklav lakay yo ak kout talon soulye.

Si bokit dlo a mouye w e byen se seché ko w epi chanje mantalite w konsa tout moun a renmen w tankou yo renmen Wyclef Jean ki se sel milyonè ayisyen ke nou wè ki mete lajan l kote bouch li ye.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Invité Mar 11 Mar 2008 - 16:17

"Mwen wè se tout sitwayen ki genyen yon lajan k'ap rantre ki dwe peye tax, e non pa 1% sèlman." Thunder

Connaissez-vous un pays ou les gens vivant dans le seuil de la pauvreté paient des taxes sur leurs revenus?

"Se pa zizani k'ap voye pèp-lan al fè mache, se rekonsilyasyon, se inite rich ak pòv ki ka retire Ayiti kote li ye la a. Ni boujwa pa kabap pou kò l, ni pèp la nonplis. Yo kondane pou yo viv ansanm , alò se antann pou nou antann nou" Thunder

Actuellement, en Haiti, il y a une crise de la vie chère et les ouvriers ne peuvent plus résister et continuer à travailler avec le salaire mimimal.

Que proposent les patrons, la classe bourgeoise, pour soutenir les ouvriers et faciliter cette entente que vous pronez?

Il y a un ensemble d'actions qu'ils pouvaient faire pour aider les ouvriers comme:

  1. Mettre en place une société de transport en commun, société à but non lucratif qui permettra aux ouvriers d'économiser de leur argent lors de leurs déplacements
  2. Batir des écoles pour les enfants de leurs ouvriers
  3. Offrir des prets préférentiels pour construire des habitats décents pour les familles des ouvriers
  4. Soins de santé à leurs ouvriers
  5. ...

Je ne leur demande pas d'augmenter le salaire minimal mais il y a un ensemble d'actions parallèles qu'ils pouvaient faire pour soulager la classe des ouvriers.

Il n'y aura jamais d'entente entre la classe bourgeoise et la classe des ouvriers si ces derniers se sentent trop exploités. La classe bourgeoise doit redistribuer dans la société une partie des profits gagnés afin de faciliter cette entente.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Thunder Mar 11 Mar 2008 - 17:36

Sans Malice,

W ap eseye konpare 2 bagay ki nan 2 ekstrèm diferan. Nou te rate tren endistriyalizasyon an nan 19e ak 20e syèk la. Se "low skilled" endistri asanblaj ke nou genyen an Ayiti. Menm Ozetazini, laplipa ouvriye san aptitid pa genyen 401k, yo pa genyen pansyon, yo paka achte oken aksyon.

Yo petèt touche yon tarif minimòm ki pi eleve, men konparativman yo nan menm pwoblèm ak tout malere nan mond lan. Yo paka manje 3 fwa pa jou, yo pa genyen asirans sante, ya paka peye lwaye yo. Genyen se biskwit labou a ke yo pa jwenn ki fè ke yo pa bali yon kout dan.

Bagay ke w'ap dekri ban mwen la yo, se bagay klas mwayèn. Genyen 12% travayè Ozetazini ki paka reponn ak bezwen minimal fanmi yo. An Ayiti to sa a plis elve paske nou pa genyen vrèman yon mache endistriyèl men plito yon mache asanblaj primitif. Pa genyen oken demand pou pwofesyonèl sou mache endistri Ayisyen an vre.

Yon lòt bò, se pou w poze tèt wou kesyon sa a e reponn li onètman : kòman fè ke lòt peyi reyisi revolisyon pa yo a, Ayiti li menm pa janm kapab ? ...paske se nan mond lan ke laplipa moun ta renmen ke tout pou yo.

Wa wè pou ki rezon ke menm apre 200 zan nou nan eta sa a.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Joel Mar 11 Mar 2008 - 17:52

Pou kisa apre 200 zan se noumenm ki nan sitiyasyon sa a?
Poukisa se pa noumenm?
Nou toujou refize edike popilasyon nou an.Devlopman yon popilasyon se nan edikasyon popilasyon an li ye.Gade Japon yon peyi san resous,gade kote li ye.
M ap pase an revi dosye edikasyon nan peyi tankou Jamayik ak Dominikani.Se tout abitan nan peyi sa yo ki ap met men.Boujwazi an envesti kòb li tèt kale nan dosye edikasyon an.
Ann Ayiti menm jouk jounen jodi an ,gouvènman ap fè jèfò pou l kanpe yon kanpay alfabetizasyon ,menm pale nou pa pale de sa,paske noumenm ann Ayiti nou kont edikasyon ,se tankou yon maladi ki lakay nou.

Se de sa n ap peye ,se pa de anyen ankò!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 11 Mar 2008 - 20:19

Tit atik la bon :wi se pou nou sispann divise se men anpil chaj pa lou ki pou retire nou nan malsite saa.men se nou tout ki pou mete men a la pat.fok pa genyen youn gwoup ki se pran selman yo vle pran ,souse san pep la san ke yo pa kontribye a rann chaj la mwen lou.

ou di map konpare 2 kantite diferan,se pa vre non fok ou pa bliye ke Eta Zuni nan komansman 19eme syek la se te youn peyi ki te nan mande prete tou.byen ke li genyen plis resous ke ti peyi nou an.men tankou Joel di ya genyen lot peyi kite nan menm pwen k nou nan ane 50 yo jodya se peyi sa yo ki ap vann tout kalite pwodwi elektronik o Zeta Zuni.poukisa nou menm nou vinn pi mal?fok ou admet ke sa nou rele elit an ayiti pa youn elit vre.

Lè youn peyi rive nan youn pwen kote li pa ka menm nouri popilatyon an e byen fok nou avwe ke se lelit la ki responsab.Ankò fok mwen di tou tan mwen pa fè oken diferans de koulè lè mwen pale de elit ;ke se Duvalier,ke se Aristide ,ke se Manigat, Bazin , Magloire ke se Apaid , Baker,Brandt ,madsen yo tout responsab.

Gade jis jounen jodya menm lè pep la vote pou moun li kwè ki ka bal youn souf ,manb sa nou rele elit yo pa fouti fè reform ki merite fet yo pou yo ba pep la manje,edikation, swen sante, jistis, sekirite, travay ,lojman etc.Alò ki moun ki responsab se pep san edikatyon an ki responsab?mwen pa ka di sa paske mwen wè ke se kiba ke se an Dominikani, ke se Martinique, ke se Nassau ,ke se an Floiride peyisan ayisyen se moun ki travay tankou bet de som.si nou genyen youn pep ki pa parese epi moun ap manje biskwit labou nan peyi ya wa dim ki moun ki responsab.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Joel Mar 11 Mar 2008 - 20:59

Malis,

Li ti dosye sa a sou Edikasyon nan Dominikani.Wa wè ke se depi 1988 ke sektè prive ap mete men nan sistèm lan,se tout sektè e yo di tou ane apre ane ke gouvènman an ap depanse plis lajan pou edikasyon.
Noumenm menm ,n ap depanse 80 milyon dola pou fè eleksyon ,sektè prive an pa di krik.Sektè sa a ta ka di ,depanse lajan an nan edikasyon pito;tonnè boule m se pa ann Ayiti:

http://education.stateuniversity.com/pages/388/Dominican-Republic-EDUCATIONAL-SYSTEM-OVERVIEW.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Thunder Mar 11 Mar 2008 - 21:47

Colo ekri :

Connaissez-vous un pays ou les gens vivant dans le seuil de la pauvreté paient des taxes sur leurs revenus?


Etazini tout moun k'ap travay peye tax, menm si kòb lan retounen nan men yo ankò pafwa ak benefis sa depan de sitiyasyon moun nan.

Actuellement, en Haiti, il y a une crise de la vie chère et les ouvriers ne peuvent plus résister et continuer à travailler avec le salaire mimimal.

Que proposent les patrons, la classe bourgeoise, pour soutenir les ouvriers et faciliter cette entente que vous pronez?



An nou pa bay tèt nou manti, biznizmann ki envesti an Ayiti se yon pakèt kripya ke yo ye vre ... Poukisa ?

Nan yon peyi kote pa genyen kouran, pa genyen dlo, pa genyen oken wout modèn pou falisite transpòtasyon, kote oken lwa pa respekte, enpinite fè kenken, kote to ladwann pi eleve ke tout ti peyi nan zònn nan...

Sèl biznis "appeal" ke peyi a genyen se mendèv bon mache, mwen regrèt mwen ekri sa konsa men se laverite. Mwen twouve ke fè konpetisyon nan moman sa a ak lòt peyi sou zafè mendèv pandan ke enfraktrikti ak lajistis nou fè zewo, se pa yon bon ide.

Poukisa pou yon moun envesti nan moman sa a an Ayiti si li ka envesti menm kòb sa a Sendomeng ak mwens traka ?

Pou w rale envestisman mande ekzijans, vrè koupab la se Leta.

Kòman pou yon biznis ap peye gallon gaz anviwon 5 dola ameriken, kamyon transpò ki paka dire plis ke 3 lane akòz eta wout yo, pyès dantretyen pou materyèl ak ekipman ki koute plis lajan akòz tax ladwann, plizyè gwo zotobre pou grese pat, plizyè ti raketè pou yo peye pou yo ka peye leta lajan ankò ...

Ebyen si se nan kondisyon sa yo, ebyen ti biznis ki rete yo ap mare pakèt yo pou yon lòt peyi.

Mwen konnen sitiyasyon mizerab ouvriye an Ayiti, men genyen anpil lòt faktè apa de lavi chè, pou nou pran an konsiderasyon nan avantaj ouvriye a ka jwenn nan kelkeswa biznis. Chanjman paka fèt yon sèl bò.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Thunder Mar 11 Mar 2008 - 21:59

ou di map konpare 2 kantite diferan,se pa vre non fok ou pa bliye ke Eta Zuni nan komansman 19eme syek la se te youn peyi ki te nan mande prete tou.byen ke li genyen plis resous ke ti peyi nou an.men tankou Joel di ya genyen lot peyi kite nan menm pwen k nou nan ane 50 yo jodya se peyi sa yo ki ap vann tout kalite pwodwi elektronik o Zeta Zuni.poukisa nou menm nou vinn pi mal?fok ou admet ke sa nou rele elit an ayiti pa youn elit vre.


Anvan mwen bay opinyon m fòk mwen mande w si boujwa ak elit se menm bagay ? ...si repons lan se non, eske se lelit la ki reprezante klas mwayèn an Ayiti.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Joel Mar 11 Mar 2008 - 22:43

Damn,fout tonnè.Malgre difikilte ke ti zile yo rele Jamayik lan genyen,gade pwogrè mesye sa yo ap fè nan domèn edikasyon.
Sa bay la penn lè w ap konpare mesye sa yo ak mesye nou gen ann Ayiti yo.

Mesye sa yo ,pa gen tan pou yo panse nan zafè koudeta.Ke se swa gouvènman ,ou byen opozisyon an ,y ap pwodwi,se sa sèlman y ap fè:

http://www.jis.gov.jm/education/html/20080307T160000-0500_14464_JIS_INTERACTIVE_WHITEBOARD_TECHNOLOGY_FOR_SCHOOLS.asp

Gade pou nou wè yon bagay ekstrawòdinè.Minis Edikasyon an ki vle entwodwi sistèm lan nan tout lekòl primè yo ,di pou yon demonstrasyon l ap finanse yon lekòl ap pwòp kòb nan pòch li.
Kilè ou ta ka tande yon minis ann Ayiti di yon bagay konsa.
Tonnè boule m mesya sa yo pa menm ak mesye pa nou yo.Mwen pa konn pou kisa ,men se yon konsta!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 11 Mar 2008 - 23:48

Joel

Ankò youn fwa ,wem di w mèsi pou reform ou montre ki fet an dominikani e reform ki ap fet nan Jamayik.An nou konpare pousantaj bidjè ya ke dominiken envesti nan ledikatyon e sa ke gouvenman nou yo envesti na konprann pouki sa nou an reta konsa.

Se pa jodya nap goumen pou yo anseye ti moun nan premye klass primè yo nan lang yo pale lakay yo,men ou twouve youn bann snob ki ba w tout kalite rezon ki fè nap isole si nou entwodi kreyol nan lekol .Komsi japonè,chinwa ,koreyen ki ap lage pwodwi nan tout peyi ;yo menm yo isole.

Thunder

mwen pa beswen reponn kestyon ou pose m lan paske ou konnen repons lan byen.Serten profesè lekol fè pati sa nou rele elit la men yo pa boujwa pou otan.genyen boujwa tou ki pa fè pati sa nou rele elit la.Youn elit se sa nou rele la crème de la crème de youn sosyete.se moun ki pi distengé nan youn peyi.men lè Sixto ap pale de met ki ap li nan gwo liv la men ki pa wè misè ti Santanyz ap pase lakay li eske nou ka rele nonm sa manb youn elit.

Lè wap gade ke apre 2 syek endepandans se enpote nap enpote liv lot moun ekri pou nou aprann eske nou ka rele moun ki swa disan edike yo elit.Yo ka enstwi men yo pa edike pou otan.

boujwa a yo menm genyen ki ka fè pati elit peyi ya wi men nonb lan si telman piti ou pa ka menm di ke li represante youn klass sosyal.Youn boujwa ki kontante li de enpote pwodwi ki fabrike lot kote epi li revann li pou li fè youn gwo benefis epi lajan saa li voye l sere nan lot peyi ,ou byen youn boujwa ki jwen youn kontra poul pwodwi kek pyes rad epi li peye ouvriye youn salè ki pa menm permet yo manje youn plat manje pa jou eske moun sayo kontribye nan devlopman peyi ya?

Wi se pa yo sel ke pou nou blame men pou leta bati lekol ak tout enfrastrikti ki pou pemet devlopman fet fok genyen youn stabilite politik epi tou fok koriptyon fini nan peyi ya ;fok chak moun peye taks ke yo ka peye epi fok lajan reset leta pa pase selman nan peye gwo manjè nan youn youn gouvenman ki mare tan kou krab.

Se pa divise youn moun ap chache divise lè wap montre movez fwa moun ki sanse edike an ayiti e moun ki sanse genyen lajan yo.Se gwoup moun sayo ki genyen avwa e savwa se yo ki pou kreye strikti ki pou fè pep la genyen youn ale mye si yo pa fè l se dwa tout moun onet e konsyan pou denonse yo pou sa ka chanje.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Joel Mer 12 Mar 2008 - 11:20

Pou nou kontinye ti kozman sou Edikasyon an.An nou pran zile yo rele Barbados lan,koye To alfabetizasyon an se 98%.
Se yon ti zile vre,men mesye wo,lè n ap konpare moun sa yo ki an chaj kote sa yo ak mesye pa nou yo,nou te dwe wont:

http://barbados.org/educate.htm#primary

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Rodlam Sans Malice Mer 12 Mar 2008 - 11:37

Ou pa konnen youn bagay depi lotrejou men te vle mande nou opinyon sou sa,Lotrejou map tande popilatyon Belize ki pa plis ke 300000 moun lè map gade popilatyon lot zile nan karayib sanble se ayiti ki genyen plis moun e se li ki pi pov ki lè gouvenman nou yo ap pran dimensyon kwasans demografik la nan devlopman peyi ya.Pouki sa ayisyen fè pitit konsa epi nan lot peyi nan karayib la pa genyen tout ti moun sa yo ki pa ka ale lekol.eske se paske ayisyen pa edike ase se sa ki fè yo fè anpil ti moun konsa.

Tande to moun ki konn li nan Barbados wi e konpare li a to pa ayiti na konprann poukisa nou an reta konsa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Sasaye Mer 12 Mar 2008 - 14:59

Babad mezire 166 mil kare.
Popilasyon l: 276,000 moun.
GDP l: 4 milya 900 milyon dola meriken,
Pèkapita: 17.610 dola meriken.

Lagonav mezire 287 mil kare.

La Babad gen pi gwo standa de vi lan Amerik la apre Etazini e Kanada.

Nou pa kapab konpare saa avèk Ayiti menm.
Men se pou nou gade e aprann kisa nèg lan zonn nan ap fè.
Petèt nou ka vinn pran zafè peyi nou pi oserye.

Si nou vle yon lot ekzanp, al fè yon ti lekti sou Bahamas.

Donk pou nou tounen sou sije ya:

Nou pakapab mande moun ki pa vle pou yo vinn fè inyon avèk nou.

Se noumenm ki pou leve tèt nou, edike tèt nou, travay pou tèt nou, avanse pou tèt nou.

Nou kapab paske nou se yon gwo majorite.
Gwo popilasyon Ayiti ya kapab vinn yon kapital ki ede tout lot peyi lan zonn nan,
lè n finn devlope edikasyon ak enfrastikti nou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Rodlam Sans Malice Mer 12 Mar 2008 - 15:26

Sassaye

Zafè gwo popilatyon ka vinn youn kapital pou nou mande anpil travay .Mwen byen kontan ou mete statistik babad yo pou nou wè ki jan nou an reta.Men tou li nesesè tou pou nou konnen ki sa ki fè youn ti peyi konsa genyen kalite GDP e Pèkapita 17.610 green back . ki pèkapita ayisyen ?Eske babad genyen lwil,ki sa yo eksporte .ki sa yo vann ?ki sa yo enpote?fok nou manyen gade ki jan moun sayo viv pou nou kopye sou yo paske se yo ki pi sanble nou.Konbyen gouvenman babad la koute pa rapor a GNP peyi ya.e konbyen gouvenman pa nou an koute nou?

mwen pa kwè nap ka fè youn pa an avan tou otan nou pa kontwole kwassans demografik la e sispann hing hang tout la sent jounnen pou youn pouvwa ki pa ka resoud oken pwoblem.Mwen dako ak ou nou pa dwe ini ak moun ki pa vle ini ak nou se nou ki majorite se nou ki pou mete tet nou ansanb pou nou fè yo respekte dwa nou.Fok nou pa kite ti politisyen anbisye monte tet nou pou nou chanje gouvenman tankou nou chanje chemiz.2 zan rejim interimè ya montre nou byen se pa chanje gouvenman chak mwa ki ap resoud pwoblem nou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Sasaye Mer 12 Mar 2008 - 16:08

Sanmalis,

Men yon ekstre dokiman sou Babad mwen jwenn lan Wikipedya:

"Historically, the economy of Barbados had been dependent on sugarcane cultivation and related activities, but in recent years it has diversified into the manufacturing and tourism sectors. Offshore finance and information services have become increasingly important foreign exchange earners, and there is a healthy light manufacturing sector. In recent years the Government has been seen as business-friendly and economically sound. Since the late 1990s the island has seen a construction boom, with the development and redevelopment of hotels, office complexes, and homes.

The government continues its efforts to reduce unemployment, encourage direct foreign investment, and privatize remaining state-owned enterprises. Unemployment has been reduced from around 14 percent in the past to under 10 percent currently.


Circulating coins 2006The economy contracted in 2001 and 2002 due to slowdowns in tourism, consumer spending and the impact of the September 11, 2001 attacks, but rebounded in 2003 and has shown growth since 2004. Traditional trading partners include Canada, the Caribbean Community (especially Trinidad and Tobago), the United Kingdom and the United States.

Business links and investment flows have become substantial: as of 2003 the island saw from Canada C$25 billion in investment holdings, placing it as one of Canada's top five destinations for Canadian Foreign Direct Investment (FDI). Businessman Eugene Melnyk of Toronto, Canada, is said to be Barbados' richest permanent resident.

It is thought[attribution needed] that the year 2006 will turn out to have been one of the busiest years for building construction ever in Barbados, as the building-boom on the island has entered a final stage for several multi-million dollar projects across the island. [2]."


[--------------------------------------------------------------------------------------------------

Pou sijè Kapital gwo popilasyon an. Mwen dako pou nou kontrole kwasans popilasyon an, men nou kapb itilize saki la deja yo, nou paka elimine yo.

Mwen byen di lè n finn devlope edikasyon ak infrastrikti nou.

Ayiti sèlman gen plis moun pase tou lot zile yo mete ansanm.

Donk, eleman Ayisyen an inkontounab lè nou finn entegre nèt lan Caricom ( Karikom).

Sak fè yo enterese lan ayiti, se paske tout Ayisyen sayo reprezante yon gwo mache pou common market yo a.

Sa plis ke double mache yo lè tout estrikti finn mete an plas.

An menm tan, lè entegrasyon an finn fèt Ayisyen kapab travay lan tout peyi lan zonn lan kom profesè, lan komès, lan piblisite, lan enfomatik: paske lan tout moun sayo, Ayisyen gen plis kapasite lengwistik.

Menm jan ak Diaspora amerik dino a, Ayisyen ap kapab fe prev yo lan milye pa yo, pi pre Ayiti.

Si yon nèg lan Karayib la kapab pale Kreyol, Franse, Angle, Pangnol, se Ayisyen liye.

Lan Digicel sèlman, Ayisyen kapab gaye lan tout peyi lan zonn nan akos de langaj yo.

Fwa saa se an tout legalite e konesans de koz; non pa kom boat people ki vinn degaje yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Joel Mer 12 Mar 2008 - 17:57

Rodlam Sans Malice a écrit:Sassaye

Zafè gwo popilatyon ka vinn youn kapital pou nou mande anpil travay .Mwen byen kontan ou mete statistik babad yo pou nou wè ki jan nou an reta.Men tou li nesesè tou pou nou konnen ki sa ki fè youn ti peyi konsa genyen kalite GDP e Pèkapita 17.610 green back . ki pèkapita ayisyen ?Eske babad genyen lwil,ki sa yo eksporte .ki sa yo vann ?ki sa yo enpote?fok nou manyen gade ki jan moun sayo viv pou nou kopye sou yo paske se yo ki pi sanble nou.Konbyen gouvenman babad la koute pa rapor a GNP peyi ya.e konbyen gouvenman pa nou an koute nou?

mwen pa kwè nap ka fè youn pa an avan tou otan nou pa kontwole kwassans demografik la e sispann hing hang tout la sent jounnen pou youn pouvwa ki pa ka resoud oken pwoblem.Mwen dako ak ou nou pa dwe ini ak moun ki pa vle ini ak nou se nou ki majorite se nou ki pou mete tet nou ansanb pou nou fè yo respekte dwa nou.Fok nou pa kite ti politisyen anbisye monte tet nou pou nou chanje gouvenman tankou nou chanje chemiz.2 zan rejim interimè ya montre nou byen se pa chanje gouvenman chak mwa ki ap resoud pwoblem nou.

Mon chè mwen byen kontan w ap pale de eksplozyon demografik Ayiti an.
Si pa gen yon bagay ki fèt ,menm si ekonomi an ta gen yon kwasans 5% pa lanne ,se t ap nad marinad.

Mwen te pou JanJis ,mwen pa pou misye ankò ,paske an tan ke pè katolik ,misye p ap konfwonte pwoblèm sa a,e si yo pa konfwonte bagay sa a peyi an ap disparèt.

Gade chinwa yo ;yo pa pran priyè ,yo wè si yo pa t manyen bagay sa a ,La Chine t ap disparèt.Yo kritike bagay yon sèl pitit pa fanmiy an,yo di kritik yo ale yon lan mèd .

Vwazen nou an Kiba ,fè menm bagay lan .Kiba ap fè plis ke yon fwa edmi tout lil Kiskeya a,men yo sèlman gen yon popilasyon 12 milyon moun.
Lan Kiba ,depi yon moun vle avòte ,se tèt kale ,gratis ti cheri ;kapòt menm se "en veux tu,en voila"

Men nonm ki rele Preval lan,a la yon lach.Misye ta gen dwa koumanse yon kanpay pou fè konnen ke "pitit pa byen pòv malere" vre,men misye depi li konnen gen moun ki pa p dakò ak li ,li pa p fè l.

Adye

Gade yon opinyon yon moun bay nan yon jounal tankou Idaho Press.
Se k ap yon moun ki pa menm konnen Ayiti,men li wè kote pwoblèm lan ye!

http://www.idahopress.com/opinion/?id=4291

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Rodlam Sans Malice Mer 12 Mar 2008 - 22:12

Tonnè boule m si w ta ka tounnen an ayiti. gen lè wou se sel moun ki ta ka fem tounnen an ayiti pou mwen al ede w .Se pa pou mwen flate w non ke mwen di sa men wou se youn moun ki wè pwoblem peyi ya e ki di li "Like it is"

map gade youn fanm nan site de Dieu ki ap manje biskwit labou li di li genyen 8 ti moun ,mwen pa kwè fanm saa nan 40 lane deja li tounnen youn gran moun san dan .Men nanpren youn nan san konsyans yo ki vle resoud pwoblem surpopulatyon peyi dayiti.Atik sa a di bagay la jan li ye: ayiti pa genyen resous ase pou li soutni la vi tout moun sa yo.Tou tan nap ba tet nou manti se nan trou nap rantre pi red.Depi se moun ki ap radote se mete yo youn kote pou yo preche yo pa ka resoud pwoblem peyi ya.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Thunder Sam 15 Mar 2008 - 10:32

Sans Malice,

Se de biznismann ke nou t'ap pale, si wou vle vire sou elit ebyen n'ap kontinye.

Ki sektè ki genyen plis avwa ak savwa ? ...Se dyaspora a, donk mwen espere lè w ap pale wou pa di "yo" men se pou w di "nou". Moun wou wè nan mirwa a chak maten an, se li ki elit la.

Nan kondisyon sa a, mwen dakò ak wou ke se "yo" ki kenbe peyi-a nan eta sa a.

Men si se akize biznismann pou tout mal peyi Dayiti, mwen pa janm dakò.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Thunder Sam 15 Mar 2008 - 10:57

"Historically, the economy of Barbados had been dependent on sugarcane cultivation and related activities, but in recent years it has diversified into the manufacturing and tourism sectors. Offshore finance and information services have become increasingly important foreign exchange earners, and there is a healthy light manufacturing sector. In recent years the Government has been seen as business-friendly and economically sound. Since the late 1990s the island has seen a construction boom, with the development and redevelopment of hotels, office complexes, and homes.

The government continues its efforts to reduce unemployment, encourage direct foreign investment, and privatize remaining state-owned enterprises. Unemployment has been reduced from around 14 percent in the past to under 10 percent currently


Se sa yo ke m'ap preche tou, men ti nèg ap di ke se ras mwen ke mwen trayi. Kominis pa alamòd ankò, tout tandans Tipepis ap anfonse peyi a pi fon nan tchouboum.

Sistèm nan mache pou tout peyi ki adapte'l byen, nou menm nou la toujou nan "wòch nan dlo pral konnen doulè wòch nan solèy".

Aba tout tandans kominis, sosyalis, tipepis oubyen kelekswa non nou vle ba li.

Viv mache lib, viv kapitalism...
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,... Empty Re: Sispan'n divisyon, Se pou nou rasemble: Lavalas, Espwa, OPL, 184,...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum