Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
Voir le deal
399 €

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

+5
AnaCreole
grandzo di
Joel
Rodlam Sans Malice
Rico
9 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rico Sam 19 Juil 2008 - 11:45

Rappel du premier message :


Refleksyon sou Leta yon dokiman Michèle Duvivier Pierre-Louis

Yon refleksyon sou Leta

Tèks sa se yon refleksyon kote nou vle rive montre kouman Leta modèn se rezilta yon
konpwomi. Men, anvan pou nou esplike sa nou vle di lè nou di sa, gen 2 lide nan fraz sa
pou nou klarifye. Dabò, mo Leta sa, ki sa sa vle di ?

Evolisyon sosyete yo

Depi lezòm deside aprann viv an sosyete, gen yon seri pwoblèm ki kòmanse parèt.
Pwoblèm ki chita sou diferans ak plas moun oubyen gwoup moun genyen nan sosyete an.
San sa pa pran anpil tan, sosyete an vin « estratifye ». Sa vle di, pou li kapab repwodui
tèt li, gen diferans ki tabli ant moun k ap travay, ant diferan kalite travay ki ekziste, ant sa
ki jwenn avantaj ak privilèj, ant fanm ak gason, sa ki anwo ak sa ki anba, sa ki konn li ak
sa ki pa konn li, sa ki gen lakonesans ak sa ki pa two save, sa ki di yo se propriyetè ak sa
ki se travayè, elatriye. Estratifikasyon vle di gen yon lechèl ki tabli nan sosyete an kote
chak mach reprezante yon gwoup moun diferan selon sa y ap fè nan sosyete an, selon
richès ak konesans yo genyen, selon pouvwa yo genyen. Men sa ki klè, depi nan tan
lontan, toujou gen yon gwoup moun k ap travay pandan se yon lòt gwoup k ap pwofite
richès ki pwodui yo. An jeneral, premye gwoup lan gen plis moun pase dezyèm lan.
Gen yon seri konfli ki toujou eklate poutèt enterè moun ak gwoup moun nan sosyete an
pa menm. Sa konn mennen gwo batay, gwo lagè. Kidonk, pou evite youn manje lòt pou ti
krik ti krak, gen yon gwoup moun ki pran otorite sou lòt. Anpil fwa, yo pran otorite sa pa
fòs. Yo deklare yo gen pouvwa pou regle konfli yo ak otorite ki nan men yo an. Yo tabli
yon sistèm jistis kote se yo ki fè lalwa. Yo jije selon volonte yo, kòm se yo menm ki
gwoup dominan an, gwoup k ap dirije sosyete an. Yo pataje richès ak resous yo jan yo
vle, nan avantaj pa yo. Nan tan lontan, yo te rive di, se bondye menm ki bayo pouvwa
pou yo ekzèse otorite sa. Lòm pa bondye, lòm gen krentif pou bondye, si gen moun ki di
se bondye ki mete yo la pou dirije, sa vle di se kom si se bondye li menm k ap dirije.
Sitiyasyon sa te fè pi fò lòt moun nan sosyete an bese tèt yo pou yo asepte sa chèf yo di,
sa chèf yo deside pou yo.
Refleksyon sou Leta yon dokiman Michèle Duvivier Pierre-Louis
2

Premye fòm Leta yo

Se fason sosyete an òganize l ki kreye Leta. Kidonk, Leta se mòd òganizason sosyete an.
Nan fason nou sot pale la, nou ta kapab di premye sosyete yo te gen yon Leta primitif, sa
vle di yon otorite ki tabli nan yon sosyete kote pa gen anpil enstitisyon pou regle fason
pou moun yo viv ansanm. Tout pwoblèm regle selon bon voulwa chef yo. Men, Leta
kapab vin pote lòt non, selon fason sosyete an devlope. San nou pa antre nan twòp detay,
nou kapab di, nan istwa lezòm, gen plizye kalite Leta ki tabli, men youn nan makfabrik
Leta sa yo, se afè pouvwa ki soti nan bondye an. Se konsa tou gwo antèt Legliz yo toujou
gen gwo akwentans ak pouvwa Leta an. Nan tan lontan, gen pap ki te chèf Leta, gen chèf
Leta ki vin pap. Sa te vin genyen kòm konsekans, se te toujou menm fanmi yo ki te rete
nan pouvwa an. Pouvwa a te toujou gen yon eritye pou yo pase la men. Si w pat gen
chans fèt nan fanmi ki te gen tout pouvwa yo, ou pa t jamn ka rive pran direksyon sosyete
an oubyen peyi an. Se sou baz sa politik te fèt.

Chanjman k ap fèt nan sosyete yo

Men, lèzòm pa sou late pou yo manje, goumen ak repwodui tèt yo sèlman. Yo gen
kapasite pou yo panse, pou yo reflechi sou sitiyasyon yo, pou nan lespri yo yo imajine
lavi an yon lòt fason. Refleksyon sa yo enpòtan anpil nan lavi chak pèp, se yo menm ki
konn rive fè sitiyasyon yo chanje. Nan tan lontan, gen esperyans ki fèt nan kèk peyi
tankou LaGrès kote moun yo envante yon lòt fason pou yo fè politik. Menm mo politik
sa, tankou mo demokrasi ak mo sitwayen an se yo menm ki envante l. Yo te prevwa an
premye wòl pèp ka jwe nan kesyon politik ak demokrasi. Anpil gwo filozòf te reflechi
sou kesyon sa yo, malgre limit ak kontradiksyon yo te genyen sou kesyon dwa fanm ak
sou esklavaj ki te egziste nan sosyete sa. Malgre sa, se gras a lide sa yo, yon seri
evenman rive yon lè nan lemonn kote, gen yon ekip moun ki vin pa asepte ankò fason
pouvwa an rete nan men yon sèl fanmi. Yo pa asepte dominasyon sa ankò. Yo pa asepte
ankò komkwa kesyon pouvwa a se nan men bondye sa soti, pou se toujou menm fanmi an
k ap dirije yo paske se Bondye ki vle l konsa. Yo di afè bondye se afè bondye, sa gen
arevwa ak konsyans yon moun, ak lafwa li, kwayans li, sa regade sa k ap pase nan syèl la,
sa pa ka konsènen fason lezom ap dirije sou latè. Lè fini, si bondye ekziste vreman, li pa
kapab dakò ak tout soufrans, tout enjistis, tout prejije, tout paspouki dirijan sa yo ap fè
Refleksyon sou Leta yon dokiman Michèle Duvivier Pierre-Louis
3
nan non l. Gen peyi kote refleksyon ak pozisyon kritik sa yo te sitèlman fò, yo te
sitèlman travèse sosyete an, yo mennen yon revolisyon ki kapote sistèm Leta ki te la depi
dikdantan an. Se konsa yo di, sosyete sa yo soti nan yon Leta tradisyonèl pou li rive nan
yon Leta modèn.
Sèlman, pi fò nan moun ki te pran lidèchip revòt kont Leta tradisyonèl lan se moun ki te
nan negòs, nan kòmès. Leta tradisyonèl lan te sitèlman konsantre tout aktivite, tout richès
ak tout pouvwa nan men l, pa t gen anpil jwen pou lòt moun degaje yo nan sosyete an. Si
w te eseye mennen komès ou, oubyen travay atizana w, oubyen vann pwodui agrikilti sou
bò pa w, ou te riske anpil. Paske, sèl otorite yo te gen dwa deside sa w kapab fè ak ki jan
pou fè l.
Malgre tout kontrent sa yo, komèsan yo, negosyan yo kòmanse rasanble fòs yo. Yo
kòmanse kontounen sistèm la. Yo devlope tout mwayen pou yo pwodui, achte, vann, san
otorite yo pa toujou kapab kontwole yo. Yo rive vwayaje nan lòt peyi, òganize gwo fwa
(foires) ak gwo mache pou yo echanje machandiz. Yo tabli nan vil yo, nan bouk yo. Se
poutèt sa yo vin rele yo « boujwa ». Sa vin nan mo franse an : bourg = bouk ; negosyan ki
te vin tabli nan vil yo pou yo fè lajan yo vin rele yo boujwa, « bourgeois » an franse. Yo
vin gen lakonesans sou yon pakèt lide ki ba yo jarèt pou yo defann enterè yo. Yo devlope
la syans ak teknik ki pou sèvi travay yo ak enterè yo. Yo vin kalkile se pa bondye ki ede
yo nan sa y ap fè an, se volonte yo ak detèminasyon yo. Men, tout evolisyon sa fèt nan
anpil kontradiksyon, nan anpil konfli, tout kalite konfli. Chanjman yo pa fèt an dous, lè
fini yo pran anpil tan.

Kolonizasyon ak revolisyon

Nou konnen tou sa ki vin pase depi lane 1492, ane Kristof Kolon debake nan Karayib la.
Depi lè sa peyi Lewòp tankou Lespay, Pòtigal, Lafrans, Angletè, Lawolann, kote depi
kèk tan deja Leta yo t ap transfòme, yo kòmanse wè fason yo pral piye richès yo vin
jwenn nan peyi Amerik yo. Gen yon gwo sistèm konpetisyon ki tabli ant yo pou yo
drennen pi fò riches ki te genyen nan peyi sa yo ki pou yo menm te tou nèf, kwak te gen
lòt pèp ki te viv nan peyi sa yo. Ewopeyen yo piye, yo sakaje, yo detwi, yo masakre. Pou
Refleksyon sou Leta yon dokiman Michèle Duvivier Pierre-Louis
4
yo gen plis richès toujou, yo mennen plan kann, kafe ak yon seri lòt pwodui nan peyi sa
yo, yo kolonize yo. E pou yo kapab esplwate tout richès sa yo gratis, san yo pa depanse
lajan pou mendèv, y al pran nèg ak nègès nan peyi Lafrik, yo kaptire yo ak fòs, yo depòte
yo, yo fè yo tounen esklav nan plantasyon kann, kafe, digo, koton, taba, elatriye. Se nan
kad sa, tout istwa pa n, istwa peyi d Ayiti pral kòmanse. Lesklavaj se yon mayon nan yon
kokenn sistèm ekonomik ak politik ki fè twa kontinan rankontre pou premye fwa : Ewòp,
Amerik, Afrik.

Leta modèn

Tout richès ki te pwodui nan koloni an, gras ak fòs kouraj esklav yo, tal anrichi pouvwa
Leta peyi kolon yo ansanm ak tout alye li yo. Sa pat vle di tout moun nan peyi sa yo te
benefisye richès sa yo. Se konsa, nan peyi Lafrans pa egzanp, gen yon lè ki rive kote gen
yon bon pati nan popilasyon an ki te gen nan tèt li kèk negosyan ak kèk entelektyèl
tanmen yon kokenchenn revolisyon kote yo aboli tout privilèj moun ki te nan pouvwa an.
Yo fiziye wa an ak yon pakèt akolit li, yo deside bay Leta an yon lòt direksyon ki chita
sou dwa tout moun, dwa tout sitwayen. Yo kreye sa yo rele yon Leta modèn. Menm kant
vin gen yon seri lòt konfli ki eklate apre revolisyon an, sou tout kalite koze nan sosyete
an, menm sou koze esklavaj la ki mennen gwo kontradiksyon nan mitan revolisyon an,
espesyalman apre ensireksyon esklav yo nan SenDomeng, yo reyisi kreye yon Leta
modèn. Depi lè sa, malgre bak ki fèt tanzantan, malgre konbinezon moun ki te nan
ansyen rejim lan fè pou yo tounen tabli Leta tradisyonèl la ankò, sa pa janm reyisi pandan
twò lontan. Leta modèn nan reparèt chak fwa ak fòs. Kidonk, se nan batay Leta sa kreye,
se nan batay li kontinye egziste, nan anpil kontradiksyon.
Mo modèn lan li menm vle di, pouvwa dirijan yo pa soti nan bondye ankò, li pa soti nan
la relijyon, nan pap ak monseyè. Li sòti nan volonte sitwayen yo pou yo chwazi ki moun
ki pou dirije yo. Pou sa, yo konstwi yon seri enstitisyon, yo tabli lwa ak règleman ki pou
pèmet sosyete an fonksyonen. Se poutèt sa nou di li se pwodui yon konpwomi.

Leta modèn se rezilta yon konpwomi

Refleksyon sou Leta yon dokiman Michèle Duvivier Pierre-Louis
5
Mo konpwomi an se dezyèm mo nou te vle esplike nan kad refleksyon sa.
Nan langaj kouran, yon konpwomi se yon antant ant diferan moun oubyen gwoup moun
ki pa wè bagay yo menm jan, ki gen enterè ki pa menm, men ki rive chita ansanm,
diskite, negosye, lè fini antann yo sou yon seri pwen pou yo avanse ansanm. Chak gwoup
moun pèdi ti kras pou yo pa pèdi tout. Nan sans sa toulede ganyen. Men yon konpwomi
toujou rete frajil, toujou gen pwen ki pou rediskite ak renegosye ant divès gwoup ki
enplike nan konpwomi an. Gen lè tou, konpwomi an rive nan bout li, kesyon yo eklate,
batay fèt jislè diskisyon mennen negosyasyon sou yon lòt konpwomi ki chita sou lòt baz.
Lè nou di Leta modèn se pwodui yon konpwomi, ki sa nou vle di ?
Nou eseye montre nan refleksyon sa kouman yon sosyete se yon antite ki konpleks. Gen
yon seri gwoup moun k ap mennen yon kantite aktivite kote youn antre nan lòt san yo pa
gen menm enterè, san yo pa gen menm vizyon sou kouman pou sosyete an ta dwe mache.
Lè antèt Leta yo te deklare pouvwa yo an te soti nan bondye, pèson p at konteste sa.
Oudimwens, sa te pran tan anvan yo te vin pa asepte kondisyon sa yo ankò.
Men lè pouvwa an pa sot nan bondye ankò, lè se lèzòm ki pou tabli règleman sou fason
pou sosyete an dirije, sou ki moun ki pou dirije l, aloske gen tout kontradiksyon sa yo nan
sosyete an, kesyon an vin pi difisil pou regle. Se konsa kesyon eleksyon an vin parèt kòm
eleman enpòtan ki pou pèmet chwazi dirijan politik yo. Men afè eleksyon sa li menm vin
mennen gwo batay pou pouvwa. Istwa eleksyon nan tout peyi toujou mare ak korypsyon,
vyolans, paske gwo enje eleksyon se kontwòl pouvwa pou defann yon seri enterè
ekonomik ak politik ki divèjan ak enterè rès sosyete an espesyalman mas popilè yo.
Nan moman Leta modèn lan vin kreye nan peyi Ewòp yo, gwoup moun ki te gen plis
kapasite pou negosye fason pou sosyete an dirije se te gwo propriyetè yo, sa ki gen anpil
tè yo, avèk negosyan yo, sa ki te kontwole aktivite komès yo, boujwa yo. De aktivite sa
yo se te de gwo sous lajan nan sosyete an. Men yo te chaje ak kontradiksyon. Gwo
propriyetè yo te vle se latè ki baz richès yo, kidonk se pwodiksyon agrikilti ak rant sou
fonsye ki ta dwe priyorite an, aloske negosyan yo te vle se komès nasyonal ak
entènasyonal ki pou baz richès sosyete an. Se yon gwo kontradiksyon ant sa yo rele
Refleksyon sou Leta yon dokiman Michèle Duvivier Pierre-Louis
6
« richès imobilyè », (tankou tè, kay…), ak « richès mobilyè » ki se lajan ki fèt nan achte
vann, kredi, finans, enterè, tranzaksyon labank, asirans, labous, ak tout kalite kontra ak
traktasyon finansye ki rapote pi plis pase travay latè oubyen rant sou propriyete ak kay.
Boujwa yo rive entegre menm lasyans ak teknik nan kategori riches mobilyè an.
Apre dives lese frape, de kategori sosyal sa yo rive antann yo. Yo negosye yon fason pou
yo tabli yon Leta ki pou garanti enterè yo, menm lè yo asepte pèdi yon pati. Ki jan yo
pèdi? Pou Leta mache, fòk li gen lajan. Ki kote pou lajan sa soti sinon bò kote moun ki
gen lajan. De kategori moun ki gen plis lajan nan sosyete an se te sa nou sot pale yo.
Kòm yo reprezante nan Leta a, yo asepte peye taks ak enpo pou Leta jwenn lajan pou li
devlope sosyete an. An menm tan, Leta pwomèt pwoteje enterè yo, bay yo fasilite pou yo
kontinye fè lajan, pou yo kontinye mennen biznis yo. Se sou baz sa konpwomi an te fèt.
Sèlman, pou moun ki gen lajan yo kapab fè plis lajan toujou, yo oblije anplwaye ouvriye
nan izin yo, oubyen anplwaye travayè sou tè yo. Kategori sosyal sa yo pa toujou rete gade
gran nèg yo k ap fè lajan sou do yo aloske kondisyon lavi pa yo pa amelyore. Yo òganize
yo yon fason, yo mennen gwo batay pou revandikasyon yo entegre nan konpwomi an tou.
Sa rive fèt dives fason.

Nan peyi d Ayiti

Revolisyon Ayisyen an se te yon kokenn evenman nan fen 18èm syèk la. San nou pa
bezwen tounen sou ensireksyon esklav yo ki mennen yo nan batay pou lendependans peyi
an, nou kapab di pi gwo kesyon ki te poze pou premye dirijan peyi an se te : « ki otorite
lejitim pou yo mete kanpe, apre rejim esklavaj Lafrans te tabli nan koloni an depi plis
pase san (100) lane.” Sa vle di, ki Leta pou yo konstwi?









À SUIVRE


Dernière édition par Rico le Sam 19 Juil 2008 - 12:20, édité 2 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas


Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Doub-Sossis Dim 20 Juil 2008 - 13:42

Colo le parlement en tant que tel ne peut influencer la politique generale du gouvernement tel que concu actuellement. Elle peut seulement l'avaliser ou la sanctionner en renvoyant le premier ministre a ses penates.

De plus a cause de la faiblesse des partis au sein des 2 chambres, qui forment des alliances au gre du moment, il ne peut y avoir de politique (je veux ici parler de vision) coherente en son sein. C'est le meme probleme de manque de vision coherente qui se repercute au sein du gouvernement Lespwa, puisqu'il s'agit d'un gouvernement de coalition, sans base veritable ou ideologie propre. Elle a herite de plusieurs des defauts de toutes les tendances Lavalas et celles des tendances socialistes qui n'arrivent meme pas a s'entendre entre eux. La preuve la position de l'OPL et de Fusion face au CPP (tous deux membres du gouvernement l"espwa) durant le dernier vote a la chambre basse ou ils se sont abstenus pour passer un signal au gouvernement Lespwa.


Dernière édition par Doub-Sossis le Dim 20 Juil 2008 - 13:50, édité 1 fois
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Invité Dim 20 Juil 2008 - 13:46

Malice,

Je vais vous faire cet aveu.

A la fin du premier règne de Préval, j'étais dans le Nord'Est d'Haiti en train de construire des lacs colinaires à des fins d'irrigation et d'élévage. Au cours de l'exécution du projet, environ 3 mois après que Titid pris le controle du pays, nous avions recu un memo qui nous informait que ce genre de projet ne faisait pas partie de la politique d'Aristide-Chérestal.

On nous obligea à laisser le terrain avec un désastre écologique derrière nous parce que nous n'avions pas recu de financement pour achever ce que nous avions commencé.

A la rupture, nous devrons opter pour la continuité.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rico Dim 20 Juil 2008 - 13:54

Cocoloco se pèdi tan echanje ak ti jenonm sa. Se sayo rele yon ti toutou agasan.Li toujou kanpe souvan sou yon bit opozisyon san vreman oken fondman.Lè se pa Joel, se Sasaye ou anko Malice li tonbe nan chemen yo. Rico se youn nan kinan li pou deplwaye zèl li. Pafwa li tonbe menm nan kontradiksyon. Li bliye priz pozisyon ki chanje pou yon lot.

Men sa Colococo pa konprann konstitisyon 87 la ta vote pou bay prezidan peyi yon gad fou ki rele premye minis. Sa vle di yon premye minis ki plen pouvwa pou aplike politik gouvenman an. Konstitisyon an mete yon prezidan sou kote pou lese premye minis sa fonksyone an tout otonomi. Dayè sa rive fèt ak Latoti sou Bonifas menm si se te andeyo menm konstitisyon sa. Men nou te gen yon bon apèsi kisak rele yon premye minis.

Moun tankou Aristide kite domestike Preval kom premye minis pa janm vle swiv preskri konstitisyon sa. Mouche Preval monte sou pouvwa pral pran revanch li sou tout lot ti premye minis rizib yo tankou Neptune, Alexis ak lot lavalasyen. Nan tout premye minis sayo gen youn Smarth Michel ki soti nan OPL kite leve koken. Paske mouche se pa yon 2 pik ki vle lese yo kondwi l tankou ti toutous. Se sa wi pou politikayè kap voye monte, komanse byen konprann.

Konstitisyon an malgre enpèfeksyon l pa vle di li pa bon ditou. Okontrè koken poko gen matirite pou aplike l. Menm konstitisyon Prezidansyèl avan yo gen baliz tou. Men diktaktè, magouyè, blofè pa respèkte yo. Alos zafè di premye minis pa anyen se egzikitè, komanse pa respèkte rol li, atribisyon li pou nou fè yon meyè evalyasyon pos sa.Dayè se pa konsa yo vini ak pos premye minis la, se ezgakteman pou te envite koken tankou Duvalier, moun tankou Aristid ak PREVAL KONTINYE SOU MENM PENPENP YO. Men se domaj nou nan yon peyi kote enstitisyon yo fèb ou pa menm fonksyonèl se difisil pou gen ekilib nap chèche yo. Ki enstitisyon ki pral kanpe pou rele Preval nan zafè li pa respèke konstitisyon sa, menm rale l devan rot kou de jistis. Se sa wi Prezidan bannocho yo konnen. Nou poko senplemen la. Alos se fè analiz ki serye an pwofondè.


Dernière édition par Rico le Dim 20 Juil 2008 - 14:11, édité 2 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rodlam Sans Malice Dim 20 Juil 2008 - 13:57

Vous venez de demontrer l'incompatibilité de la pimature avec la culture politique des haitiens.Encore une fois ce n'est pas le manque de continuité dans les projets qu'il faut blamer,car on ne doit pas continuer ce qui ne fonctionne pas comme je l'ai deja dit.Tous les projets d'un gouvernment ne sont pas tous viables.Il faut choisir ceux qui meritent d'etre poursuivis.

Si on jauge les resultats du gouvernement Preval /Alexis on doit admettre qu'il n'a pas delivré la marchandise;alors pourquoi voulez-vous perpetuer ce modèle.Annacreole a parlé de l'abolition du poste de Premier Ministre, de la caducité du Senat, de la consolidation de certains ministères,de la fermeture de certaines ambassades;de l'elimination de certaines structures administratives du pays;je partage ses idées.Vive la revolution.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Invité Dim 20 Juil 2008 - 14:18

Malice,

C'est ce que j'essaie de vous faire comprendre. Le fait de renvoyer Alexis ne signifie pas que l'on doit stopper tous les projets que son équipe avait commencés.

On doit faire une évaluation projet par projet. Cette évaluation permettra de corriger certaines phases dans le projet et dans le cas extreme de le stopper en prenant les mesures qu'exige l'arret d'un projet.

La réalisation de Péligre ou de l'ODVA n'est pas l'oeuvre d'un seul gouvernement. Si Magloire avait décidé d'abandonner tous les projets démarrés par Estimé, son bilan ne serait pas si brillant dans certains secteurs.

Le destin d'une nation ne doit pas dépendre de l'intelligence ou la capacité d'un homme (président ou premier ministre). Ni Diaboliser Mme Pierre Louis d'un coté, ni la Canoniser de l'autre ne font pas partie de nos problèmes et solutions.

Personnellement, je pense que certains secteurs techniques ne devraient pas relever des caprices ou de la magrouille des politiciens. C'est pourquoi il est vital de monter des institutions autonomes et pérennes pour assurer la survie du peuple haitien.

Une Banque de Crédit Agricole, un Centre National d'Equipement, la Gestion des Fonds d'Urgence (pour intervenir en cas de cyclone ou d'une attaque de fourmis ravageuses), une stratégie de Politique Agricole,..., ne peuvent pas etre la politique d'un gouvernement. Ce sont des points qui méritent une continuité permanente.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Joel Dim 20 Juil 2008 - 14:58

Rico a écrit:Cocoloco se pèdi tan echanje ak ti jenonm sa. Se sayo rele yon ti toutou agasan.Li toujou kanpe souvan sou yon bit opozisyon san vreman oken fondman.Lè se pa Joel, se Sasaye ou anko Malice li tonbe nan chemen yo. Rico se youn nan kinan li pou deplwaye zèl li. Pafwa li tonbe menm nan kontradiksyon. Li bliye priz pozisyon ki chanje pou yon lot.

Men sa Colococo pa konprann konstitisyon 87 la ta vote pou bay prezidan peyi yon gad fou ki rele premye minis. Sa vle di yon premye minis ki plen pouvwa pou aplike politik gouvenman an. Konstitisyon an mete yon prezidan sou kote pou lese premye minis sa fonksyone an tout otonomi. Dayè sa rive fèt ak Latoti sou Bonifas menm si se te andeyo menm konstitisyon sa. Men nou te gen yon bon apèsi kisak rele yon premye minis.

Moun tankou Aristide kite domestike Preval kom premye minis pa janm vle swiv preskri konstitisyon sa. Mouche Preval monte sou pouvwa pral pran revanch li sou tout lot ti premye minis rizib yo tankou Neptune, Alexis ak lot lavalasyen. Nan tout premye minis sayo gen youn Smarth Michel ki soti nan OPL kite leve koken. Paske mouche se pa yon 2 pik ki vle lese yo kondwi l tankou ti toutous. Se sa wi pou politikayè kap voye monte, komanse byen konprann.

Konstitisyon an malgre enpèfeksyon l pa vle di li pa bon ditou. Okontrè koken poko gen matirite pou aplike l. Menm konstitisyon Prezidansyèl avan yo gen baliz tou. Men diktaktè, magouyè, blofè pa respèkte yo. Alos zafè di premye minis pa anyen se egzikitè, komanse pa respèkte rol li, atribisyon li pou nou fè yon meyè evalyasyon pos sa.Dayè se pa konsa yo vini ak pos premye minis la, se ezgakteman pou te envite koken tankou Duvalier, moun tankou Aristid ak PREVAL KONTINYE SOU MENM PENPENP YO. Men se domaj nou nan yon peyi kote enstitisyon yo fèb ou pa menm fonksyonèl se difisil pou gen ekilib nap chèche yo. Ki enstitisyon ki pral kanpe pou rele Preval nan zafè li pa respèke konstitisyon sa, menm rale l devan rot kou de jistis. Se sa wi Prezidan bannocho yo konnen. Nou poko senplemen la. Alos se fè analiz ki serye an pwofondè.

Konstitisyon 1987 lan ,se yon konstitisyon enpratikab.Ou mèt di sa w vle pèp ayisyen an pa p bay madan Pyè Lwi kat blanch pou li fè sa l vle.
Pou pèp lan se politik PREVAL pou madanm lan aplike ou byen yon politik ki an akò politik ak sa PREVAL vle, ke moun vle ou pa vle l se konsa pèp ayisyen an panse!
Alòs si madanm lan ta gen abilite espesyal e l ap fè de bagay ki lan enterè majorite an e si PREVAL TA OPOZE L mwen garanti w pèp lan t ap pran pati pou madanm lan.N ap tann si madanm lan gen sa lakay li.

Epitou konstitisyon sa a ke konstitisyonalis kroupyon yo imite pi fò ladan l nan konstitisyon franse an ,pa p aplikab ,pa p janm aplikap ann Ayiti.

  • An Frans prezidan an ki eli pa pèp lan gen dwa disoud Palman,si gen yon enpas e ann Ayiti pa menm gen pwoteksyon sa a ,se rezon ke a la premyè okazyon yo dwe mete Konstitisyon sa a lan poubèl!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rico Dim 20 Juil 2008 - 15:16

Nan pwen konstitisyon ki janm pratikab nan peyi dAyiti. Depi Toussen Louvèti jouk jounen jodyè a. Pa gen ekilib pouvwa yo. Pa gen enstitisyon kap fonksyonen komsadwa. Pa gen rapo de fos ekilibre, fonksyonèl. Se toujou yon politik koken, toujou gen yon entelijan ki pran kontrol. Preval pa pi enbesil li gen kontrol yon sitiyasyon nan kontèsk konsa lap pwofite.

Bon menmn si mwen pa dako ak Lame bidon. Men nan peyi serye kote la jistis kanpe sou bon bit se lontan yo fose Preval mete l sou pye. E menm trennen l devan lakou pou rot trayizon. Sitou Aristide ki pran yon rezolisyon kabinè l pou mete Lame sou kote. Alos sispann di li enpratikab. Saki enpratikab yo se lwa akonpayman sitou pa genyen. Dayè mouche Preval ou lot Prezidan pase se moun nenpot moman yo kap retounen sou yo pou bagay konsa nan yon demokrasi reyèl ak bon enstitisyon endepandan.

Yo di nou anko se move apranti sosye nou ye, se komanse atake fom amandman konplesk konstitisyon ki chita kote demokrasi byen janm, byen chita. Yon konstitisyon pa janm pafè se saki fè gen amandman nan tout peyi demokratik pou fè chanjman, korèksyon, ajisteman. Pa chita mande konstitisyon pafè sa pa egziste nan oken peyi sou latè.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rodlam Sans Malice Dim 20 Juil 2008 - 15:46

Colo

Je ne pouvais pas demander de suspendre tous les projets entamés par le gouvernement du Premier Ministre Alexis car je ne les connais pas. je constate le gouvernement Preval/Alexis n'avait pas accordé la priorité aux besoins de service de la population.Et ce n'est pas seulement ce gouvernement ,tous les precedents ont ete au service de l'oligarchie.C'est cette negligence et pratique que je condamne et demande la discontinuité.

Comment peut-on faire l'eloge d'un gouvernement ou l'insecurité empèche aux haitiens de visiter leur pays;Un gouvernement qui neglige l'agriculture pour depenser des millions de dollars pour payer les frais de séjour des politiciens à l'etranger.un gouvernement qui demande la charité pour boucler son budget de fonctionnement?Un gouvernment qui offre des augmentations de salaires aux fonctionnaires de l'etat et moins d'un an après réclame des coupures de salaires de ces memes fonctionnaires pour soulager la famine que confrontent les haitiens.Est-ce ce modèle qui merite la continuité.je ne parle pas des projets ;je parle de la politique génerale :politique fiscale,sociale et monétaire de ce gouvernement.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Invité Dim 20 Juil 2008 - 16:11

Malice,

En considérant Mme Pierre Louis comme une messie, nous l'envoyons à la boucherie.

Dans les conditions actuelles en haiti, les résultats ne pourront pas etre visibles en moins de 2 ans, il faudra attendre au moins 5 ans pour juger Alexis. Quant à l'émeute de la faim, c'est Yvon Neptune et Latortue qui doivent donner des explications.

Un exemple pour juger Alexis: le transport public?


Le gouvernement d'Alexis avait placé une commande d'autobus pour améliorer le transport public. Ces bus prendront au moins une année pour arriver en Haiti. Donc, il faut etre patient.

Réboiser nos bassins versants, réparer nos réseaux d'irrigation, produire des semences ne sont pas pour demain. Sans ces travaux, l'augmentation de la production agricole n'est que reve.

Espérer que magiquement Mme Pierre Louis va augmenter notre production agricole, c'est fou. C'est un travail de longue haleine qui nécessite du temps.

Le programme d'apaisement social, le plan d'austérité des dépenses publiques, le projet de distribution d'engrais et de semences, cette rigueur pour récupérer les taxes de l'Etat,..., étaient quand meme de bons plans sur Alexis. Il ne faut pas les abandonner mais les améliorer.

Il nous faut un changement en douceur afin de conserver la continuité et achever les travaux entamés.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Marc-Henry Dim 20 Juil 2008 - 16:13

Beau discours , n'est-ce pas !

Je vous rappelle que le premier ministre Alexis avait un bon programme d'apaisement social même les investisseurs étaient impressionnés ? Bien sûr, quelqu'un a tout fait pour que ce programme ne passe pas car ils savaient que ce programme rapprocherait Alexis plus près de 2011.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rodlam Sans Malice Dim 20 Juil 2008 - 16:52

"Je vous rappelle que le premier ministre Alexis avait un bon programme d'apaisement social même les investisseurs étaient impressionnés ? Bien sûr, quelqu'un a tout fait pour que ce programme ne passe pas car ils savaient que ce programme rapprocherait Alexis plus près de 2011."Marc


Comment expliquez-vous les emeutes de la faim qui occasionna sa chute?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Marc-Henry Dim 20 Juil 2008 - 17:06

Il n'a jamais eu d'emeutes de la faim mais un mouvement de destabilisation politique contre Alexis. Les emeutes de la faim c'est un pretexte pour arriver à un objectif; dechouker Alexis.

La preuve après le dechoukage Alexis, le peuple a -t-il mangé à sa faim ? Apres le dechoukage d'Alexis, parle-t-on de problème de grangou dans ce pays ?

Non mon ami, il n'a jamais eu d'émeutes de la faim en haiti, jamais...
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rodlam Sans Malice Dim 20 Juil 2008 - 17:18

Oui on en parle ;le peuple attend le nouveau Premier Ministre.Je n'ai pas approuvé le deboulonnement de Jacques Edouard Alexis,mais je ne peux pas non plus lui decerner un satisfecit.Oui Alexis n'est pas le seul responsable de l'etat piteux du pays,mais il faut vous rappeler aussi que ces deux compères ont dirigé le pays pendant cinq ans.

il y a des reformes qui auraient pu epargner sa chute.Il avait trop tergiversé pour renvoyer certains ministres incompetents et operer les changements dans l'administration publique.Nous ne devons pas tolerer nos incompetents.Ou pa ka chef si w pè chalè kwisinn lan.Vous aussi Marc,vous lui aviez reproché son laxisme pour operer les changements dans la diplomatie haitienne.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Invité Dim 20 Juil 2008 - 17:32

Le problème avec 90 % des haitiens est qu'ils ne sont pas patients et ils ne veulent pas prendre le recul nécessaire pour analyser et comprendre le fil des événements.

C'est ainsi que le 1er janvier 2004, près d'1 million, manipulés par la communauté internationale, manifestaient dans la rue.

C'est ainsi qu'ils ne réalisent pas qu'Alexis n'avait pas le pouvoir de renvoyer un ministre.

C'est ainsi qu'ils croient que cette émeute de la faim en Haiti était réelle.

C'est ainsi qu'ils pensent en 2 ans, Alexis pourrait changer Haiti.

C'est ainsi qu'ils commencent à se laisser amadouer par de beaux diagnostics de Mme Pierre Louis, la nouvelle messie.

...

Non, cette facon de voir les choses n'est pas la meilleure. Il faut avoir de la patience et surtout éviter d'etre manipulé par des gens qui ont d'autres intérets. Il faut faire confiance aux institutions et non aux hommes. Il faut penser Progrès qui exige la Stabilité en passant par la continuité et la persévérance d'un ensemble d'efforts rigoureux.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  kakakok Dim 20 Juil 2008 - 17:55

colocolo a écrit:Le problème avec 90 % des haitiens est qu'ils ne sont pas patients et ils ne veulent pas prendre le recul nécessaire pour analyser et comprendre le fil des événements.

C'est ainsi que le 1er janvier 2004, près d'1 million, manipulés par la communauté internationale, manifestaient dans la rue.

C'est ainsi qu'ils ne réalisent pas qu'Alexis n'avait pas le pouvoir de renvoyer un ministre.

C'est ainsi qu'ils croient que cette émeute de la faim en Haiti était réelle.

C'est ainsi qu'ils pensent en 2 ans, Alexis pourrait changer Haiti.

C'est ainsi qu'ils commencent à se laisser amadouer par de beaux diagnostics de Mme Pierre Louis, la nouvelle messie.

J'ai un petit peur de ce debat.....Parceque kakakok va et doit dire la verite ! La verite c'est que si Alexis etait tellement piege par Preval et son entourage et qu'il etait dans l impossibilite reel de gouverner pourqui et pourquoi li pa te fout demisyone !
Alors chers amis banm vant !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rodlam Sans Malice Dim 20 Juil 2008 - 17:57

"C'est ainsi qu'ils ne réalisent pas qu'Alexis n'avait pas le pouvoir de renvoyer un ministre."

"To be or not to be".Un homme de l'acabit d'Alexis ne devrait etre un pantin ou un fusible pour personne.S'il n'avait pas l'autorité nécéssaire pour diriger le pays il devrait demissionner.Alexis peut gagner sa vie en dehors de la politique.Si l'emeute de la faim n'etait pas réelle,mais un pretexte pour deboulonner le premier ministre pourquoi les haitiens mangent-ils de l'argile ?cela vous ne pouvez pas le nier.

Nous ne reclamons pas des miracles ,ni ne croyons pas a une nouvelle messie.nous croyons cependant en une politique austère ;une reforme de l'administration publique pour creer l'epargne nationale nécéssaire à l'augmentation de la production nationale.Preval et Alexis ne l'avaient pas fait durant le premier mandat; il est ridicule de vouloir perpertuer la meme gestion qui se base sur la charité internationale.


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Dim 20 Juil 2008 - 17:58, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Invité Dim 20 Juil 2008 - 17:58

kakakok a écrit:

J'ai un petit peur de ce debat.....Parceque kakakok va et doit dire la verite ! La verite c'est que si Alexis etait tellement piege par Preval et son entourage et qu'il etait dans l impossibilite reel de gouverner pourqui et pourquoi li pa te fout demisyone !
Alors chers amis banm vant !

KKKok,


La vous avez entièrement raison. Un homme ne doit pas etre tetu, surtout que c'est le destin d'un pays qui en jeu.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rodlam Sans Malice Dim 20 Juil 2008 - 18:01

Ki les ki ta di youn jou mwen ak kakakok ta panse menm jan?bravo kok se vre Alexis te dwe demisyone.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Rico Dim 20 Juil 2008 - 20:45

Mesye se yon move rejyonalis kap jwe la, Cocoloco se yon latibonisyen menm kabrit tomazo menm plim menm plimay ak ti komik ki rele Alexis. Se dènye moyikan kap defann yon premye minis konsa. Li difisil pou mouche lage kinan l. Map swiv agimantasyon mouche ki pa kanpe sou anyen. Mwen te di sou yon forom bay mouche 2 zan pou nou evalye l vreman. Finalman se fyasko sou fyasko.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis - Page 2 Empty Re: Refleksyon sou Leta, yon dokiman Michelle Duvivier Pierre-Louis

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum