Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
-20% sur le Lot de 2 écrans PC GIGABYTE ...
Voir le deal
429 €

kote moun yo?

+4
Sasaye
Rico
Marc-Henry
Rodlam Sans Malice
8 participants

Aller en bas

kote moun yo? Empty kote moun yo?

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Aoû 2008 - 21:25

Mwen remake absans gwo moralis ayisyen yo sou enternet la.eske se paske yo repanti de tor ke yo fè Premye Minis la ou byen yo dekouraje paske yo wè nanpren moun ki kwè nan ipokrisy yo?

mwen byen kontan ke Sena ratifye Premye Minis desiye yan paske konstitutyon pa di fok youn molun eteroseksyel pou ka Premye Minis;menm an ka ke premye Minis la ta sa yo akise li ya.Li lè li tan tankou Guy Durosier ak Nana Mouskouri chante li ya ke liberte se pa youn ven mo nan bouch moun.Fok nou rekonet dwa lot moun pou moun rekonet dwa nou tou.depi nou soti pou nou oprese lot moun fok nou atann ke youn jou nou ka oprese tou.Se pa pousa gran revolutyon yo te fet nou di nou se aman de liberte, egalite, fraternite, ki jan fè pou nou vle enpose mod de vi,kroyans nou sou lot moun.

mwen remake genyen youn akalmi menm sou forum saa. sak pase nou fatige ,nou pa ka lite ankor?nou pa ka dekouraje non paske peyi ya pa ka disparet.fok nou lite jis nou mouri pou nou kite youn peyi pou jeneratyon ki ap vini deyè .se sa na fè ki a determine ki vi yo pral genyen.batay saa se pa pou tet nou ke nap mennen li se pou youn eritaj ke gason total te fè anpil sakrifis poul kite li pou nou se pou nou lite jiska la mor pou nou kite li pi bon pou sa ki ap vinn deyè yo.

An nou wè pa dekouraje ,leve kanpe fok nou avanse pou nou fini ak fos fè nwa yo youn fwa pou tout.Mwen konnen li dekourajan paske nou panko ka wè fwi jefor ke nou fè men tou Rome pat bati nan youn sel jou, nou komanse krase anpil mi deja menm si se pa nou men mwen genyen espwa ke youn jou tout ayisyen a fyè de ti peyi saa ke Toussaint Louverture jean jacques dessalines,Henri christophe ak petion te mouri pou yo te kite li pou nou.Grenadye a laso.


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Sam 2 Aoû 2008 - 21:31, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Marc-Henry Sam 2 Aoû 2008 - 21:31

Wap pale de lot fowom lan. Mwen remake fowom yo fe yon baisse sauf le notre qui reste quand très actif sur la toile. Bravo à tous les intervenants du forumhaiti.

Sans malice

Neg wap pale ya , chak fwa misye vini sou fowom ayiti , tout moun rele . En fait , pa genyen anpil moun ki ta renmen misye vini isit la si non misye tap vini diskite ak nou sou fowomayiti wi...


Dernière édition par Marc-Henry le Sam 2 Aoû 2008 - 21:36, édité 1 fois

_________________
Solidarité et Unité pour sauver Haiti
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Aoû 2008 - 21:35

nanpren moun ki joure li isit la.men si li vle konprann lap vini epi tout moun ap aksepte tou sa li di kom levanjil e byen mwen regret sa pou li.Fok li aprann ke nou tout pa fè menm eksperyans ni nou tout pa soti nan menm moul.fok li respekte opinyon lot moun konsa ya respekte opinyon li.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Rico Sam 2 Aoû 2008 - 22:19

Nap konprann lè yon ti klik pran kontrol yon from se yon keksyon tan pou li pèdi souf. Zafè nominasyon premye mins se te kelke pesonaj ki te sevi ak forom sa pou te fè pase lide yo. Se moun ki abiytye voye monte sou Haitians Politics. Etan done sit sa se ant kontispe li fonksyonen. Alos yo te chwazi yon forom ki aksèpte denigreman, mansonj , vye betiz kont Madam Michele Pierre Louis pou vann salad yo.

Kisak rive yo lakoz anpil sektè reyaji an favè madanm lan. Pandan setan Rico ap enfomen patisipan sou tout replik kont moun entoleran, moun swadizan moralis ki gen tout vye mo sal vye jouman bazetaj pou sali yon fanm. Yo flanke Rico an karantenn, men yo pran yon mechan kou.

Paske prezans Rico te mete anpli animansyon, pwovoke deba. Menm si se bon betiz mwen resevwa, Rico pa sede yon pous sou teren yo. Men finalman yo mete BAYON SOU CHAK POS MWEN EKRI, YO MENM ITILIZE SEDOM FÈ LI DI SAYO VLE. BAGAY SÈVI MO PAS AK SEDO MWEN PAP JANM PADONE SA. ALOS MWEN SETOBLIJE KRAZE POUL . Se la platitid la komanse, se yon silans yon fwit an avan. Sè di jamè vi yon forom ki rete pafwa plis yon demi jounen san yon pos enskri.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Rodlam Sans Malice Dim 3 Aoû 2008 - 13:59

ou pa konen sa ki etonne m de moun sa yo kelke swa kote yo pase apre yo kite ayiti ou tande yo nan move zafè ke swa an frans ke se swa o Zeta Zuni poutan se yo ki vle fè moun moral "ces detrousseurs de cadavres" pour repeter le mot d'un jeremien.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Marc-Henry Lun 4 Aoû 2008 - 17:40

Ki moun wap pale la

Si c'est la même personne, kite'm di'w li gen dwa critike tout moun li vle si li ka asime responsabilite li.

Par ailleurs, en parlant de l'autre forum genyen yon intevenan mwen trouve interesan sou lot sit la. Se Dilibon. misye ne fait pas que parler sur le net , il investit en Haiti. Il investit dans la culture et dans l'éducation. Je pense que c'est bien.

Kite'm di misye chapo ba pou li. Il s'appelle DILIBON. Comme le nom l'indique fok nou di li bon .

Il lit notre forum mais il hésite à y prendre part...

_________________
Solidarité et Unité pour sauver Haiti
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Rico Lun 4 Aoû 2008 - 18:23

Adyero koken, bon magouyè devan letenèl kap mande mete bayon pou moun yo pa renmen. Sitou moun lang sal ki sèvi jouman ak denigreman kom mwayen pou fè politik. Mwen fout anvi l menm pa bo isit, wi sou teren kote l dwe respekte prensip ak etik pou pale ak mouche.

An pasan Marc-Henry mwen wè wap jwe yon ti jwèt pwovokasyon. Dantouleka si règ yo pa trike tankou menm kote moun wap pale se bon trafikè, move manipilatè ke w byen konnen pou ap voye monte o wi sesi sela.




Dernière édition par Rico le Lun 4 Aoû 2008 - 18:29, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Sasaye Lun 4 Aoû 2008 - 18:28

Ala kote nèg chèche traka bay tèt yo, papa !!!!!
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Rodlam Sans Malice Lun 4 Aoû 2008 - 18:30

nanpren mou ki di pou moun pa kritike men genyen kritike e denigre.Eske yo te konn wè madanm lan an aktyon ;eske youn genyen foto li .konbyen fanm ki ap viv ak zanmi yo ak fanmi yo nan youn kay san gason eske se pousa pou yo te denigre li konsa?Tout moun se moun toutmoun dwe respekte tout moun depi li respekte w.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Rico Lun 4 Aoû 2008 - 18:31

Sasaye a écrit:Ala kote nèg chèche traka bay tèt yo, papa !!!!!

Se saliye menm
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Marc H Lun 4 Aoû 2008 - 20:38

Sasaye a écrit:Ala kote nèg chèche traka bay tèt yo, papa !!!!!

Lol
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  ed428 Mar 5 Aoû 2008 - 7:08

Ti pap, poko rejwi twop tande!!! Bagay premye minis sa a poko fini pyes. Daye, nou we lan ki kondisyon ke madanm nan te jwenn ratifikasyon l lan Sena a. Se paske gen twop ti soufrisken k'ap goumen pou yon moso lan byen leta a, lan byen pep Ayisyen yan pou yo ka fouye lan bounda poch yo. Daye, gen yon bann ak yon paket moun serye ki pap janm dako ak ni pou masisi, ni pou madivinez, ni pou oken moun ki imoral, e gwoup imoral sa a enkli vole, asasen, dwog dile, e latriye, pou yo ta vinn chef gouvenman lakay. Mach sa a poko fini tandeeeee!!!

ed428
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 359
Localisation : USA
Loisirs : Reading
Date d'inscription : 30/01/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  pierre-alain Mar 5 Aoû 2008 - 7:53

ed428 a écrit:Ti pap, poko rejwi twop tande!!! Bagay premye minis sa a poko fini pyes. Daye, nou we lan ki kondisyon ke madanm nan te jwenn ratifikasyon l lan Sena a. Se paske gen twop ti soufrisken k'ap goumen pou yon moso lan byen leta a, lan byen pep Ayisyen yan pou yo ka fouye lan bounda poch yo. Daye, gen yon bann ak yon paket moun serye ki pap janm dako ak ni pou masisi, ni pou madivinez, ni pou oken moun ki imoral, e gwoup imoral sa a enkli vole, asasen, dwog dile, e latriye, pou yo ta vinn chef gouvenman lakay. Mach sa a poko fini tandeeeee!!!
.
La déclaration publique qu'elle a faite ne vous suffit pas?
pierre-alain
pierre-alain
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 325
Age : 53
Localisation : Lille (Nord de la France)
Loisirs : Acualités politiques
Date d'inscription : 14/01/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Rico Ven 8 Aoû 2008 - 16:10

pierre-alain a écrit:
ed428 a écrit:Ti pap, poko rejwi twop tande!!! Bagay premye minis sa a poko fini pyes. Daye, nou we lan ki kondisyon ke madanm nan te jwenn ratifikasyon l lan Sena a. Se paske gen twop ti soufrisken k'ap goumen pou yon moso lan byen leta a, lan byen pep Ayisyen yan pou yo ka fouye lan bounda poch yo. Daye, gen yon bann ak yon paket moun serye ki pap janm dako ak ni pou masisi, ni pou madivinez, ni pou oken moun ki imoral, e gwoup imoral sa a enkli vole, asasen, dwog dile, e latriye, pou yo ta vinn chef gouvenman lakay. Mach sa a poko fini tandeeeee!!!
.
La déclaration publique qu'elle a faite ne vous suffit pas?


Wouyyyyyyy Alain se pou fanm lan fè yon desen ak kreyon koulè pou ti jouda, move tripotye ki pa gen anyen pou fè. Se a limaj bon jouda iskaryot ki chita nan lopera tankou chante a di


Tripotay pi red pase wanga
Ala traka ooooo
yo di w di
yo di w fè
yo pote ale
yo pote vini
yon ka verite
twa ka jalouzi
a la traka ooooo
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Rodlam Sans Malice Ven 8 Aoû 2008 - 16:25

Ed

poukisa ou di ke madanm lan imoral,ou konn wè li ap koutise ti moun.ou byen ou konn wè li an aktyon deja?poukisa nou pa vle wè madanm lan konsa ,li se manman youn moun tou li se sè youn moun tou,li se pitit fi youn moun tou.eske ou ta renmen ke youn moun ap joure manman w , sè w ,pitit w konsa?men manyè genyen charite nan kè nou non tonnè.Ki les ki di w demen ou pap genyen youn pitit w ki genyen youn oryantatyon seksyel ke sosyete ya pa apwouve.eske w ta renmen ke yo diskrimine kont li sil al chache youn travay.o lye nou chanje nou vinn pi retrogad .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Joel Ven 8 Aoû 2008 - 20:39

[b]Malis ,

Gen yon seri denèg sou sit sa a,mwen pa fouti konnen kouman kè yo fè di konsa.
Yo pa dakò ak politik yon moun ,yo pa p satisfè tout otan yo pa detwi moun lan.

An palan de sa ,mwen pa vle louvri yon lòt pòs.
Silvouplè,li deklarasyon KOMISE RUSSEL te fè sou edikasyon ann Ayiti sa gen plis ke 80 an de sa ;misye di si pa gen yon bagay ki fèt ,si depi yon moun fini lekòl primè ann Ayiti ,li refize travay ak men li ,se djòb Biro Leta l vle ,peyi an ap peri.
Li pito,di sa w panse,paske tout sa misye di yo ,se sa k pase vre.
Koumanse lan chapit VIII:

http://www.webster.edu/~corbetre/haiti/history/occupation/occupied.htm

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Rodlam Sans Malice Sam 9 Aoû 2008 - 14:19

Nonm saa te wè lwen vre.nan mwens de youn syek popilatyon an kwadruple. e productivity peyi ya li menm regrese a koz de youn edikatyon pèpè ki pa teni kont de beswen peyi ya.Jodya nou etone ke peyi ya nan eta saa.Men se "elit"ki te dwe gid la ki responsab.Youn moun pa beswen ekonomist ni eksper an devlopman pou konprann ke agrikilti se fondatyon tout developman.men sa ki pi dwol sè ke yo tout ap repete ke ayiti se youn peyi agrikol men naNPREN OKEN ENVESTISMAN KI FET NAN AGRIKILTI YA POU MODERNISE LI.ki jan pou ayisyen konpran youn system ki te nouri 2 milyon moun si nou pa modernise li ka bay preske 9 milyon moun manje?Non selman nou pa modernise men tou nou pa pwoteje tè ya, deforestayon ,erosyon ak tout lot kalamite fè menm sa nou te konn pwodwi lontan nou pa ka pwodwi yo ankor.Poutan malgre konsta saa se lekol de la diplomatie e de la magistrati ke yap bati.mwen di nou ke te genyen youn agronom belj ki te la Gonav ki te dim youn fwa :"Votre pays est un pays à l'envers."Jou blan an di sa mwen te ofiske men lè mwen reflechi byen se li ki genyen rezon.

Jodya map tande machinn ke leta achte ki panko genyen menm 4 ane de servis blije remize paske pa genyen moun ki pou mentni yo ni repare yo.men ayisyen ki fini high school yo ap rele artisan :Ti mekanisyen ,ti elektrisyen youn ti boss mason.poutan lè ameriken te beswen ouvriye se ti boss sayo ke li te pran nan peyi ya plis pase filosof yo.Anpil nan neg kite zen telektyel yo se youn fanm ki delivre yo.mwen genyen youn kalite ayisyen nan katye kote mwen te rete se yo pou mwen ki te model mwen.mwen ka site youn nonm tankou Boss petro ki te genyen garaj li nan Rue 15 E, mwen ka site Boss Desmangles youn rud travayè kite genyen youn atelye tounè mekanik nan ri bor de mè o kap ant Rue 22 e 23.se te youn bagay mwen te renmen gade lè nomm saa pran youn moso fè epi li ap travay li poul fèl tounen youn pyes swa pou gildiv ou byen pou machinn.Ou byen Boss Moskova ki te youn eksper tounè tou ki te genyen atelye li nan ri 18 B. map mande si genyen moun sa yo o kap toujou. paske mwen tande si ayisyen beswen youn bon mekanisyen se an dominikani pou yo al chache l se sak fè mwen te kon kiritike minins edikatyon natyonal la paske mwen pa wè li revolutyone edikatyon an ayiti.

men fok mwen di tou nan Nor mwen pa konnen si se pase se henry Christophe ki te komande pati nor apre endepandans prejije ki genyen kont atizan nan lot kote nan peyi nou pat genyen li nman menm pwen nan nor.mwen sonje Goerges benjamin ki te youn kamonyeur men tout moun te respekte nonm saa. parenn mwen ak frè li ki te genyen kamyon tou men se moun tout moun te repspekte.Se lem vinn port-au-prince mwen tande prejije ki genyen ka ayisyen kont atisan

mwen sim ta minis edikatyon an ayiti sou chak lise klasik yo mwen tap bati fok mwen te bati 2 lise profesyonel.mwen tap kreye youn bakaloreya teknik.mwen pap pale de sektyon C non ,elev ki soti nan lekol profesyonel yo ki boukle sik detid teknik genyen bakaloreya yo tou dayè yo tap plis itil peyi ya ke ti mesye ki soti nan lise klasik yo.Fok ayisyen manyè al an chinn ,o japon ,an Australie pou nou bouke kopye system franse ya malman.paske kom Joel di menm ti franse pa pran ekzamen nan literati franse ankor.men ayisyen pap ekri de fraz pou yo pa site youn otè franse; men tankou meriken yan di ya menm youn fisib yo pa ka chanje lakay yo.,menm youn kaoutchouc yo pa ka chanje nan machinn yo si yo sou wout.menm manje edikatyon pèpè ya pa montre nou ki jan pou nou manje byen se pousa pou ayisyen moun ki konn manje se moun ki manje anpil.mwen fè 11 zan lekol an ayiti si se pa gras a Agronome economist la mwen pa tap janm konnen konbyen kalori youn moun beswen pou li viv byen.petet si elit la te edike pep la yo pa ta ka abise yo konsa. se petet pou sa ke Boyer te di moun pa beswen konn li ekri pou travay tè.Epi se obskirantis sa yo ke nou rele "elit".se konsa nou wè apre 2 syek endepandans nou genyen tout analfabet sa yo nan peyi ya ak tout alfabetise ayisyen sa yo pou m reprann mo karl X la ki rele zen telktyel yo konsa.(lol)


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Sam 9 Aoû 2008 - 17:37, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  ed428 Sam 9 Aoû 2008 - 16:16

Ou janm tande kote yon vole di wi sesa liye?

ed428
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 359
Localisation : USA
Loisirs : Reading
Date d'inscription : 30/01/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo? Empty Re: kote moun yo?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum