Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

HAITI: Donations Diaspora Pou Viktim Cyclone!!!!

Aller en bas

HAITI: Donations Diaspora Pou Viktim Cyclone!!!! Empty HAITI: Donations Diaspora Pou Viktim Cyclone!!!!

Message  revelation Dim 7 Sep 2008 - 15:28


Post sa se jist pou’m di nou si nou ta vle voye donasyon nou by peyi d’Ayiti nou kap fe sa de plisye fason :

Nou kap voye lajan ak lot materyel direkteman by fanmi nou ki nan bezwen se jou si.

Fanmi nou ap toujou jwen yon lot mamb fanmi malere pou pataje donasyon sa.

Si nou pa gen fanmi di tou di tou nan peyi d’Ayiti e ke nou ta vle fe yon jes la charite, gen anpil oganizasyon de repitasyon mondial kap fe bel travay an Ayiti.

Pami yo La Croix Rouge, e Feed the Children. Nap jwen address yo sou internet la.

Si nap voye yon check ou byen cash bayo, pa blye mete sou check la ke lajan sa se pou Ayiti.

Pa konte dirijan leta kap vinn di nou pou nou voye lajan bayo.

Sou okenn kondisyon, pakoute consul, ambassade, Senate, depite etc.. kap vinn di nou voye lajan bayo.

Dirijan nou yo se assistans etranje kap okipe yo, kap peye sale’r yo e entretyen yo. Y opa gen okenn mwayen lojistik pou ede peson !!
Yo pa gen enyen de serye ke yap regle nan peyi a.

Se MINUSTAH ki bay sevis sekirite, se yo ki bay proteksyon pou distribisyon manje, se yo ki ap siveye depot manje ak materyel yo. Menm employe leta, la polis, ak depite ap mete yo nan ligne pou yo resevwa manje.

2 jeep leta manke disparet anba dlo avek tout premye minist yo akoz de neglijans, ignorans de gravite foz dlo a e yon mank de defayans e respe pou vi kretyen vivan.


Depi kelke tan, nap viv anba gouvenman ki pa gen dignite, ni karakte, ni rekonesans ak moun kap fe byen pou yo.

Nou menm nan peyi blan, ekonomi an pa finn tro bon pa bo isit, men malgre sa, nou pakab lage peyi nou e fok nou kontinye fe efo a pou ede yo se lon mezi mwayen nou.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

HAITI: Donations Diaspora Pou Viktim Cyclone!!!! Empty Re: HAITI: Donations Diaspora Pou Viktim Cyclone!!!!

Message  revelation Lun 8 Sep 2008 - 11:20

Nou tout nan Diaspora ap gade nan TV e tande nan Radyo koman cyclone yo ap ravaje peyi nou, Haiti yon apre lot e nou tout Ayisyen kou etranje ap mande kisa nou kap fe pou’n ede!

La croix Rouge, UNICEF, USAID, ACDI volunteer etc.. di ke se apre 2 e 3 jou yon cyclone finn passé se le sa ke danje a komanse.

Tout moun nan peyi d’Haiti di ke manke dlo pou moun bwe, dlo pou moun bennyen, dlo pou’m kwit manje.
Moun kap trete dlo kontanine de plizye fason :
Bouwi dlo a !!

Lague chlorox ladan !! 16 a 30 gout klorox kap pirifye 1 gallon dlo.
Ansuit kite dlo a pose pandan 30 minit avan ke nou sevi ak li.

Sevis ijans volonteer yo bezwen lajan pou peye moun ranmase kadav bet ak moun mouri nan dlo yo e nan la ri.
Dlo sal bay timoun diarrhee, cholera, typhoid etc.

Anpil nan nou gen organizasyon ke yo fe pati e chita la dan yo kom “Board member ». kómanse ranmase lajan pou nou voye Haiti.

Anpil oganizasyon an Haiti pa abituye e pa gen lojistik pou patisipe nan desast,
myo bagay pou yo fe se kole kô yo avek sevis ijans ki gen experyans nan domen sa yo.
Voye kontribisyon nou bayo, e si nou pa fe yo konfyans, voye lajan oganizasyon nou direkteman bay USAID si nou nan Diaspora Ameriken,
ou byen voye’l bay ACDI si nou nan Diaspora Kanada.

Oganizasyon sa yo pi byen ekipe avek manpower e teknoloji pou fe travay sa yo.

Fok nou menm nan Diaspora montre Oganizasyon etranje sa yo ke gen oganizasyon Ayisyen nan Diaspora kap kolabore avek yo.
Yo pap blye bel jest ke nou fe yo le yo bezwen nou paske kwe'm si nou vle yo gen nom e koordone tout oganizasyon, profesyonel e moun serye nan Diaspora.

Nou voye kontribisyon pa’n ale e nap ranmase nan men lot moun pou’n voye ale.

Fe devwa nou etan et himen!

$200.00 a $300.00 dola pap retire yon plim sou do nou, men sa kap sove anpil moun.

Si nou pa kapab voye tout kob sa yon grenn kou, nou kap fe yon komitman de $20.00 ou $30.00 pa mwa.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum