Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -50%
-50% Baskets Nike Air Huarache Runner
Voir le deal
69.99 €

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

4 participants

Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  revelation Lun 15 Sep 2008 - 12:07

Cyclon Gustav, Hanna, e Ike finn passè e al fe rout yo e kite peyi d’Ayiti tet anba!! Anpil moun mouri e anpil kay kraze.
Pwoblem nan se dlo marekaj yo kap bessè ti gout pa ti gout e la bou envayi tout zon nan.


Grass a BonDye, peyi d’Ayiti resevwa anpil assistans e anpil moun ap fe efo pou ke assistans sa yo al jwen moun ki vreman nan bezwen.

Si se pasa tout efo ke nap fe la, se lave men answit sye’l a tè.
Se la penn e anpil travay ki pedi.

Pou moun kap voye spaghetti ak sauce tomat, diriz ak pwa, tout bagay mouye e li pa fasil pou monte chodye dife e kwit manje.
Se nan labou ke moun ap viv.

Donk, Li ta myo pou’n voye manje nan bwat feblan ki tou pare ke moun kap manje touswit.

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Cans

Sitou pa blye mete ouvrebwat nan provision manje ke nap voye ale yo!!

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Canopener1

Apa de bwat sadine e soup e detwa lot bwat ki fasil pou ouvri majorite bwat manje sa yo fok se ouvrebwat pou itilize.
Pa blye anpil assiet an katon e fouchett ak kouto an plastic. Bagay sa yo, le moun finn manje avek yo, se voye yo jete.
Pa gen dlo prop pou lave yo.

Nou menm nan Diaspora, nou fe travay nou!!
Nou telman voye ke gen bagay ke nou te voye pou cyclone Jeanne an 2004 ki chita la douane toujou.
Se se vre, se yon mank de gestion grav de byen pep la, e se dirijan yo ki pral nan problem avek pep la, paske yo pa fe travay yo.

Nap di Diaspora voye manje!! men le dirijan an dan peyi a, distribisyon pa fet kom sa dwa!!!

Grangou pakab tand!!

An nou swete ke yon myo travay fet fwa saa.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  negrita1 Lun 15 Sep 2008 - 12:40

Sa fê kêk jou map pozé têt mwen kestyon sa' paské se pa tonne ke mwen té komansé wê sak diri ap debaké an ayiti pou vinn sové popilasyon sinistré yo.

Té gain anpil mounn ki te komansé ap fê sak diri sa yo sêvi zoryé têlman yo pat gain moiyen monté chodiè sou difé lakay yo pou yo té ka kwite li.
Pi mal toujou mounn ki pat minm rété kay pou yo rété, alé vwa minm pou yo ta limen difé.

Li ta bon pou nou ta fê anpil mounn kap voyé mangé ayiti, konprann logik sa anvan pou yo chita ap voyé sak diri sêlman pou édé sinistré yo nan peyi a.
negrita1
negrita1
Star
Star

Féminin
Nombre de messages : 167
Localisation : Paris-Port au prince
Opinion politique : Gestion
Loisirs : Sorties ludiques et culturelles, cinéma, sport...
Date d'inscription : 05/08/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  Sasaye Lun 15 Sep 2008 - 13:57

Monchè, ou se yon moun pratik.
Aspè ke w soulve la gen anpil sans e lide w yo kapab sove anpil moun anba pwoblèm distribisyon ak konbat grangou.
\
Moun ki ap fè charite souvan pa panse ak kote pratik, kiltirèl e abitid alimante moun ke yo vle ede yo.

Gen de manje ki fè moun yo malad pito ke li ede yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  revelation Lun 15 Sep 2008 - 13:59

Negrita1 di:
Sa fê kêk jou map pozé têt mwen kestyon sa' paské se pa tonne ke mwen té komansé wê sak diri ap debaké an ayiti pou vinn sové popilasyon sinistré yo.

Té gain anpil mounn ki te komansé ap fê sak diri sa yo sêvi zoryé têlman yo pat gain moiyen monté chodiè sou difé lakay yo pou yo té ka kwite li.
Pi mal toujou mounn ki pat minm rété kay pou yo rété, alé vwa minm pou yo ta limen difé.

Li ta bon pou nou ta fê anpil mounn kap voyé mangé ayiti, konprann logik sa anvan pou yo chita ap voyé sak diri sêlman pou édé sinistré yo nan peyi a.
Negrita1, mwen byen kontan ke w ajoute ti anons sa bay dirijan nou yo kap mande la charite pou pep la.

Sak diriz, pwa, ble ak maiz moulin se kote ki sek pou yo depot-ze yo !!

Si yo jwen imiditè, ak la pli, e dlo mouye sak manje sa yo, yap gate e ap pouri!!
Le kontene'r manje sa yo rive la douane Poto prins, se debake yo touswit!!

Nou nan sezon cyclon toujou e la pli kap kontinye tombe jiska Novemb.

Mesi Negrita1 pou bel avetisman sa ke w voye ale la!!
Pa kite sak diriz ak pwa mouyè nan la pli, osiman yap gatè tounnen vê!!!

Sasaye di:
Monchè, ou se yon moun pratik.
Aspè ke w soulve la gen anpil sans e lide w yo kapab sove anpil moun anba pwoblèm distribisyon ak konbat grangou.
\
Moun ki ap fè charite souvan pa panse ak kote pratik, kiltirèl e abitid alimante moun ke yo vle ede yo. Gen de manje ki fè moun yo malad pito ke li ede yo.

Sasaye se W ki toujou vini ak bon dekouvet e ak Negrita1 ke mwen bay tout kredi sa..
Negrita1 se yon Femme ki klervwayan.

Femme toujou we bon bagay ke gason pa ye akoz de machosism nou.

Se sak fe ke nou bezwen plis femme sou forumhaiti sa pou ouvre je gason.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  Sasaye Lun 15 Sep 2008 - 15:01

Mèsi Revelasyon.

Ou gen rezon sou aspè fanm nan tou.
Mwen ta p sonje kijan pou nou ankouraje fanm ki deja manm fowom lan patisipe plis.

Mwen ta renman mande Negrita si l ta vle kontakte lôt medanm yo an prive e wè si yo ta fôme yon ti klib fanm pou yo kapab gen plis fôs pou entevni lan deba yo.

Genyen plizyè fanm ki oubyen kite fowom nan oubyen pa entevni.
Se petèt paske gen nèg sou fowom nan ki entimide yo ou ki manke respè pou lide yo oubyen pou yo.

Sepandan mwen wè Negrita pa kite okenn moun vinn entimide l.
Se sa nèt.

Negrita, tanpri di nou sa w panse de sa.

Mesye, galantri se yon bèl bagay, blag oze tou, men yo gen plas yo.
Yo pa bezwen rantre lan deba serye.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  Rodlam Sans Malice Lun 15 Sep 2008 - 17:17

bagay saa ap pran anpil tan anvan ke peyi saa ka retounen normal .nou pral blije kenbe youn permanans sou kestyon bay youn ti ed pandan o mwen 6 mwa.paske se pa paske pap genyen syklonn ankor a pati mwa novanmb lan pou nou konprann efè 4 syklonn sa yo pase.

Fok tout moun pran resolutyon yo pou yo voye o mwens 100 dola an ayiti chak mwa.ke se swa ou voyel ba fanmi,zanmi ou byen ba youn zev charite ou byen la kwa rouj fok nou kontinye ede.paske sa pral pran anpil tan anvan ke moun sa yo ka ba tet yo manje ,si se pa sa se pa biskwit labou selman ke yo pral manje.

Mwen ta renmen konnen ki sa ke gouvenman an ap fè ak ed ke li resevwa eske yo pral pran lajan sa yo pou yo achte bel machinn toujou?nap gade pou nou wè si ak madan Pierre Louis se chanje met chanje metye ou byen si se menman pareyman ki pral kontinye toujou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  revelation Lun 15 Sep 2008 - 21:03

Rod di:
Fok tout moun pran resolutyon yo pou yo voye o mwens 100 dola an ayiti chak mwa.ke se swa ou voyel ba fanmi,zanmi ou byen ba youn zev charite ou byen la kwa rouj fok nou kontinye ede.paske sa pral pran anpil tan anvan ke moun sa yo ka ba tet yo manje ,si se pa sa se pa biskwit labou selman ke yo pral manje.
Rod nou pa bezwen plen vant Ayiti yon gren kou!!

Ap gen lot cyclon deye kap vini chak annee, e nap toujou la pou’n repond a lapel..

Nou gen chans chape poul nou nan peyi d'Ayitise vre, men obligasyon pou’n soutni sak rete deye lakay yo pap jamb fini, se yon djob ke Bondye menm nan Diaspora banou pou’m fe, e nou pap kap kouri.
Rod di:
Mwen ta renmen konnen ki sa ke gouvenman an ap fè ak ed ke li resevwa eske yo pral pran lajan sa yo pou yo achte bel machinn toujou?nap gade pou nou wè si ak madan Pierre Louis se chanje met chanje metye ou byen si se menman pareyman ki pral kontinye toujou.

Rod le nou menm nan Diaspora fe zev, si dirijan nou yo depanse'l nan move kondisyon, shame on them!! wont la se pou yo!!
Paske nou menm nan Diaspora, gras a Bondye, nap toujou genyen plis pase yo.

Rod inkyetid pa’m se gerans e lojistik distribisyon manje sa yo pou yo sa pa gate, ni tombe nan la pli, ni nan imidite nan depot ki gen twati koule.

Acheminman e dekoulman manje sa yo bay vre moun ki nan bezwen paske si manje sa al tombe nan men malandren, ou byen manje sa yo gate sa ap yon lot desastre anko.

E si yo pran chans distribye manje sa tou gate tou kanni bay malere, maladi e vant femal pral vide sou yo plis anko.

An 2004 administrasyon la douane tap esseye fe yon ti lajan sou dedouanman manje sinistre jiskaske manje yo rete gate sou whaft la.

Sete yon wont pou administrasyon an e nou souete ke sa pa rive anko.

Tout manje sinistre e materyal sevis dijans fet pou antre nan peyi a duty-free e fok yo gen priyorite de dedouanaj sou tout lot machandiz.

Yo lot bagay ke nou menm nan Diaspora ta mande exekisyone e dirijan nan peyi d’Ayiti.

SVP distribye manje sa yo bay moun ki nan bezwen, dan lod e la disiplinn, pa voye’l anle, ni lague manje sa yo nan labou ate pou malere goumen kankou bet.

Paske gen kamera Diaspora e etranje kap filme nou.

Yo di ke le yon pep nan la mize, li pedi dignite’l.

Nou ta mande sevis sosyal e relijyez nan peyi a pou yo observe dispozition kadav e swenyaj noum malad nan peyi d’Ayiti.

Si nap ranmase cadav, pa voye’yo kankou fatra deye yon kamyon pickup nan figui tout moun pou we.

Fe li dan la dignite, le rekeyman e dan la prye’r, pa lague yo nan yon fos kominn konsa.

Bay fanmi yo yon ti chans pou yo idantifye pitit yo e fe yon denye a genou e bay respe yo a pitit yo.

Pawol pale e vante ale, men imaj ti zanj inosan sa yo rete nan memwa nou!!
Nou pakab retire pep la nan la mize, men nou kap soulaje mize yo!
fe'l paret mwen lou e mwen penib!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  Rodlam Sans Malice Lun 15 Sep 2008 - 21:23

Men pafwa map mande si Rene Preval li jounal paske mwen tande ke dlo yo toujou la nan vil gonayiv tandiske yo di ke genyen konbyen pomp ke kanadyen bay ki bloke la dwann.Mezanmi dim sa nou vle saa se pa enkopnpetans ankor li rele si sa rive jakmel imedyatman apre siklonn yo pase.e wout la koupe mwen ka konprann li .men gonayiv pa genyen oken rezon pou jodya gonayiv pat komanse ap seche pou traktè ap ranmase la bou sa pou yo metel youn kote pou apre yo tal lagel tout kote tè ya soti.Mwen ta renmen konnen konbyen kob gouvenman genyen poul peye sou det la ane saa e lè nou soustrè kob saa ke nou genyen pou nou peye kom enterè sou ed ke yo ba nou sa ki rete nan men gouvenman reyelman. eske li pa ta fè sans pou tankou ekonomis yo mande pou gouvenman an mande youn moratwa sou det saa ke se pa pep ayisyen ki te benefisye de li.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  revelation Mar 16 Sep 2008 - 10:16

Rod di:
Men pafwa map mande si Rene Preval li jounal paske mwen tande ke dlo yo toujou la nan vil gonayiv tandiske yo di ke genyen konbyen pomp ke kanadyen bay ki bloke la dwann.Mezanmi dim sa nou vle saa se pa enkopnpetans ankor li rele si sa rive jakmel imedyatman apre siklonn yo pase.e wout la koupe mwen ka konprann li .
Wi Prezidan li jounal e internet chak jou, e li gen konseye kap di li tout sak kap pase nan zonn sinistre yo.

Pou zafe pomp dlo kanadyen yo, administrasyon la douane nan fek passé yon konsign pou ke tout materials ki gen rapo avek cyclone yo gen priorite nan la douane pandan yon period de 3 mwa. Al li radyo Signal ki rapote sa.

Rod di:
Men gonayiv pa genyen oken rezon pou jodya gonayiv pat komanse ap seche pou traktè ap ranmase la bou sa pou yo metel youn kote pou apre yo tal lagel tout kote tè ya soti.
Pou zafe dlo ki poko seche a se drenaj ak kanalizasyon yo pou yo debouche.
E fok w pa blye ke la pli ap tombe preske chak jou paske se nan sezon la pli ak cyclone ke nou we la.

Rod di:
Mwen ta renmen konnen konbyen kob gouvenman genyen poul peye sou det la ane saa e lè nou soustrè kob saa ke nou genyen pou nou peye kom enterè sou ed ke yo ba nou sa ki rete nan men gouvenman reyelman. eske li pa ta fè sans pou tankou ekonomis yo mande pou gouvenman an mande youn moratwa sou det saa ke se pa pep ayisyen ki te benefisye de li.
Ed assistans ke etranje bay pandan dezast natirel pa forseman ranbousab. Le pli souvan se don ke ed sa yo ye.

Pou zafe intere ke Ayiti ap peye a, se sou pre ke leta Ayisyen te signen avek kominote finansye internasyonal yo.

Menm jan nou tout fet pou peye intere sou kredit kat visa ak mastercard, sou mortgage nou etc. Fok nou kontinye peye dette nou. Si nou deklare fayit, yap pran tout sa ke yo kap pran e nou pap kap jan prete 5 kob anko nan men okenn institition finansye pandan yon period de plis ke 7 ane.
E bagay sa ap graze kredi rekot nou.
Mortgage, machin, assiran medikal etc tout bagay kap fet se an cash pou peye’l. Se yon gwo indikap sa ye.
Se sak fe ke li toujou bon pou moun kontinye peye intere sou dette w, menm si w pakapab peye prinsipal la.

Pou le ka yon peyi kankou Ayiti, si nou deklare fayit, gwo institisyon finansye yo pral antre lakay nou e pran kontrol bank santral nou e tout institisyon finansye kap rapote lajan pou peyi e mete sa sou kontrol yo jiskaske yo mete lot nan dezod.

Intere ke w ap pale a, Ayiti symbolikman peye intere sa yo, e Ayiti gen bon rekot ke li peye intere’l san grate tet.

Se sak fe ke Ayiti gen bon kredi konsa e se sak fe ke institisyon finansye yo le pli souvan remet Ayiti kob sa yo sou fom de don ak grant pou Ayiti develop tet li.
Malarezman, developman sa yo pa toujou gen sixse.

Tout aktivist liberal sa yo kap mande pou anile det peyi pov yo pa konprand ke fok gouvenman peyi sa yo fe yon jefo ak tet yo tou!!
Institisyon finansye Yo retounen interet sa yo bak, men prinsipal la fok yo montre ki progre ke yo fe avan ke yo anile’l tou.

Cuba, la Chine, le Japon ki te pov menm jan ak nou pa nan mande prete anko.
O kontre, se yo ki gen lajan pou prete lot peyi ki nan bezwen.

Si vwazin’m mande’m prete $150,000 dolla pou bay pitit li manje, repare kay li e ouvri yon ti bizniss, map fe li avek anpil plezi.

Si 6 a 8 mwa passe, bizniss pa ouvri, kay pa repare, pitit li toujou rete grangou e al frite e vole kay vwazinaj e mesye a gen 2 gwo SUV 4x4 yon pou li ak yon pou madam li.

Intere sou lajan sa mwen kap anile'l pou li, paske mwen pa travay pou li.

Men pou principal $150K sa fok li remet li paske se pa kado, ni yon don, ni yon grant li te ye.
Kondisyon an se prete ke li te vinn mande'm prete e li te di'm egzakteman sa li te pral fe avek kob sa ke mwen te trouve ke se yon bel bagay.
Men se pa sa ke li fe.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  Rodlam Sans Malice Mar 16 Sep 2008 - 10:25

Revelatyonmwen pap tounen nan diskisyon saa avek w ankor.ou konfonn finans internatyonal avek finans prive.Yo anile det pou la bolivie, Honduras peyi ki pa genyen siklonn ki pase lakay yo e ki genyen plis resous ke ayiti.An verite mwen pa konprann ki enterè w genyen pou yo kenbe fado saa sou ayiti; se pa mwen ki dil kom profane se ekonomis ayisyen tankou Charlmers et Labossière ki mande youn moratwa sou det la.Yo pa menm mande pou yo anile det la non, yo mande pou nan difikilte peyi ya ye la pou yo sispann pran interè ke peyi ap peye sou det la.Mwen pa wè sa ki mal nan sa 2 ekonomist sa yo mande ya.


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Mer 17 Sep 2008 - 6:13, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  Sasaye Mar 16 Sep 2008 - 11:44

Hey Sanmalis,
Se pa avè m wa p pale.
Repons saa se pou Revelasyon.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  negrita1 Mar 16 Sep 2008 - 13:43

[quote="Sasaye"

Ou gen rezon sou aspè fanm nan tou.
Mwen ta p sonje kijan pou nou ankouraje fanm ki deja manm fowom lan patisipe plis.

Mwen ta renman mande Negrita si l ta vle kontakte lôt medanm yo an prive e wè si yo ta fôme yon ti klib fanm pou yo kapab gen plis fôs pou entevni lan deba yo.

Genyen plizyè fanm ki oubyen kite fowom nan oubyen pa entevni.
Se petèt paske gen nèg sou fowom nan ki entimide yo ou ki manke respè pou lide yo oubyen pou yo.

Sepandan mwen wè Negrita pa kite okenn moun vinn entimide l.
Se sa nèt.

Negrita, tanpri di nou sa w panse de sa.

Mesye, galantri se yon bèl bagay, blag oze tou, men yo gen plas yo.
Yo pa bezwen rantre lan deba serye.[/quote]

Je suis touut à fait d'accord avec vous le forum manque cruellement de voix féminine, j'ai eu un grand plaisir de voir aujord'hui même, l'intevention d'une participante féminine dans l'un des debats du forum. J'espère que cette nouvelle voix féminine ne s'éteindra pas, et que prochainement nous aurons l'agréable surprise d'en avoir bien plus encore sur le forum.
negrita1
negrita1
Star
Star

Féminin
Nombre de messages : 167
Localisation : Paris-Port au prince
Opinion politique : Gestion
Loisirs : Sorties ludiques et culturelles, cinéma, sport...
Date d'inscription : 05/08/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  revelation Mar 16 Sep 2008 - 16:38

Negrita1 a dit :
J’ai eu un grand plaisir de voir aujourd’hui même, l'intervention d'une participante féminine dans l'un des débats du forum. J'espère que cette nouvelle voix féminine ne s'éteindra pas, et que prochainement nous aurons l'agréable surprise d'en avoir bien plus encore sur le forum.
Negrita1, le nom de la mademoiselle est Ana Créole.

Rod di:
se pa mwen ki dil kom profane se ekonomis ayisyen tankou Charlmers et Labossière ki mande youn moratwa sou det la.Yo pa menm mande pou yo anile det la non, yo mande pou nan difikilte peyi ya ye la pou yo sispann pran interè ke peyi ap peye sou det la.Mwen pa wè sa ki mal nan sa 2 ekonomist sa yo mande ya.
Rod yon det se yon det!! se yon det!!, se yon det!!

Pa vinn pran ti poz aktivist liberal iniversite kap batay chak annee avek bank mondyal e lot institisyon finansye yo pou retire det sou do ti peyi malere!!

Ti peyi pov sa yo tout chef deta yo chaje ak lajan!!! Yo gen 10 a 20 metresss ak chato tout kote dan le mond. Se ayisyen nou ye e nou kap pale avek experyans lakay nou.
Nou pa ti novis, ni ti blan, se ti neg nou ye!! Se pa lot ti blan aktivist ki pou vinn di nou se blan kap toupi-zi nou. Se vol, koripsyon, malvesasyon, abi pouvwa. Se pa det selman!!

Le yon peyi dwe fok lip eye det li. Ayiti kap mande yon moratorium son det li yo, men se institisyon finansye yo ki pou dako sou sa si yo vle.

Le pli souvan, institisyon finansye sa yo pafwa konn chanje kondisyon term e agreman le yon ti peyi an difikilte, yo fe det la ou byen intere a tounin yon don, ou byen yon grant.
Fok kontisyon ki nan nouvo don ak grant sa yo fet pou respekte otreman det la ap toujou la.

Rod , gade Cuba ki sot pran 3 cyclone menm jan ak Haiti.
Ameriken ofri yo ed, yo di non, mesi bokou. Lot peyi ofri yo ed yo di non, yo kap debrouye yo poukont yo.

Nou menú Ayisyen nap resevwa des $ million dolla ed nan men kominote internasyonal la, ed ke nou pa menm gen kapasite administrativ pou nou jere.

answit nap passe pa anba e sou kote anko pou nou mande menm blan sa yo pou yo blye e fe’n kado lajan ke nou te mande yo prete.
Kote dignite nou!!! e nou vle pou blan sa yo banou respe??

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  Rodlam Sans Malice Mar 16 Sep 2008 - 20:04

sassaye

Ou gen rezon, repons la se pou revelatyon,youn gwo peyi tankou lajantinn sim pa twompe te deklare banqueroute kote yo di yo paka peye det la.e se pa sel Bolivie ak honduras ke yo anile det la pou yo. men Revaltyon vle youn peyi kote moun ap vale van fok nou peye det la kan menm.menm si nou pa ka menm peye enterè det la .dapre Revelatyon Labossière ak Charlmers ki ap anseye nan Universite an ayiti se ti liberal ki pa konn sa yap di.Mèsi Dok Revelatyon.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  negrita1 Mer 17 Sep 2008 - 2:52

"Negrita1, le nom de la mademoiselle est Ana Créole."

@ Revelation
La personne dont je parlais avait le pseudo "sassa."
Celle que vous nommez "Ana creole" vient donc s'ajouter à la liste, qui va continuer de s'agrandir bien plus encore je l'espère bien...
negrita1
negrita1
Star
Star

Féminin
Nombre de messages : 167
Localisation : Paris-Port au prince
Opinion politique : Gestion
Loisirs : Sorties ludiques et culturelles, cinéma, sport...
Date d'inscription : 05/08/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  Invité Ven 19 Sep 2008 - 11:50

revelation a écrit:

Donk, Li ta myo pou’n voye manje nan bwat feblan ki tou pare ke moun kap manje touswit.

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Cans Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Canopener1


Revelasyon

Revelation,

Mwen pa dako ak ou.

Non sèl man pwodui sa yo ka bay moun yo kansè, yap fè peyi a pi sinistre tou.

Gade kat sa a, zonn an blan yo pa victim, sa vle di fok nou proteje yo.

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Haitif11


Kouman?

Diaspora a dwe voye lajan liquid, benefisyè yo dwe achete produi local pou ka ankouraje agrikilti nan zonn an blan sa yo, epi kree travay nan peyi a. Si se pasa, moun nan zonn an blan sa yo, pral kouri dè èd la tou, sispann travay epi mete peyi a nan yon pozisyon pi mal.

Ak ide pa ou a, lè sinistre yo fini manje bwat konsèv sa yo, epi ale nan toilèt, peyi pap benefisie anyen.


Nous devrons opter pour des solutions durables afin de sauver ce pays.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi Empty Re: Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum