Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
5 participants
Page 1 sur 3
Page 1 sur 3 • 1, 2, 3
Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Dapre yon seri de rapô ofisyèl oubyen enfômèl, nou konprann ke Ayiti gen resous minyè tankou Lô, Ajan, Mab, Liyite epi lôt anko.
Nou konnen sitiyasyon debwasman, erozyon, drenaj ki lakôz tout inondasyon ak katastrof natirèl.
Nou konnen tou agrikilti pa kapab devlope pou menm rezon sayo epi mank irigasyon ak engrè.
Sa dekouraje peyizan yo ki pakab soutni fanmi yo e yo al tabli lan bidonvil.
------------------------------------------------------------------------------------------------------------
Si gouvenman an te fè yon envantè tout resous e ki konpetans ak konesans ki ta pèmèt resous sayo devlope: Yo ta kapab voye etidyan nou genyen kounyea al pèfeksyone lan disiplyn sayo epi nou ta kapab komanse devlope resous minyè yo lan senk an (5 an) avèk pwofesyonèl ayisyen.
Menm planifikasyon an ta kapab fèt pou lôt sektè yo tou ak menm rezilta a.

Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Sasaye di:
Sa tap pran plis tan pou professionel nou yo profesyonalize nan peyi blan.
Paske si se nan lang kreyol selman ke yo resevwa sciens sa, yo tap oblije pedi 2 a 3 zan nan aprand sciens e sije yo nan lang peyi blan avan ke yo te kapab komanse danble nan matye'r scientifik la.
E kom mesye Rod San Malis pa remen depanse lajan pep la pou gran mesi memm si se pou edikasyon, pou voye professyonel nou yo al etidye ou byen vouyaje, nou tap mande blan yo vini an Ayiti vinn profesyonalize emplye leta e etidyantinn yo, fok se nan lang blan pou yo aprand e resevwa diplom yo.
Lap trop pou blan pou delivre matye'r la avek yon interprete ou byen aprand lang kreyol la limemm.
Menm jan ke gen universite ki mande etidyan imigrant yo pou yo pran e passe test TOFL, ASL, etc.. avan ke yo komanse klass yo.
Pafwa nap kouri pran devan fe yon bagay o nom du nationalism, e pi pi devan nap oblije rekomanse a zero.
Revelasyon
Si nou pran plan Joel la ki mande pou edikasyon pep la fet a tou le nivo an kreyol, " si nou voye etidyan nou yo, nou genyen kounyea al pèfeksyone lan disiplyn sayo epi nou ta kapab komanse devlope resous minyè yo lan senk an (5 an) avèk pwofesyonèl ayisyen."jan Sasaye di a.Si gouvenman an te fè yon envantè tout resous e ki konpetans ak konesans ki ta pèmèt resous sayo devlope: Yo ta kapab voye [nan peyi blan] etidyan nou genyen kounyea al pèfeksyone lan disiplyn sayo epi nou ta kapab komanse devlope resous minyè yo lan senk an (5 an) avèk pwofesyonèl ayisyen.
Menm planifikasyon an ta kapab fèt pou lôt sektè yo tou ak menm rezilta a.
Sa tap pran plis tan pou professionel nou yo profesyonalize nan peyi blan.
Paske si se nan lang kreyol selman ke yo resevwa sciens sa, yo tap oblije pedi 2 a 3 zan nan aprand sciens e sije yo nan lang peyi blan avan ke yo te kapab komanse danble nan matye'r scientifik la.
E kom mesye Rod San Malis pa remen depanse lajan pep la pou gran mesi memm si se pou edikasyon, pou voye professyonel nou yo al etidye ou byen vouyaje, nou tap mande blan yo vini an Ayiti vinn profesyonalize emplye leta e etidyantinn yo, fok se nan lang blan pou yo aprand e resevwa diplom yo.
Lap trop pou blan pou delivre matye'r la avek yon interprete ou byen aprand lang kreyol la limemm.
Menm jan ke gen universite ki mande etidyan imigrant yo pou yo pran e passe test TOFL, ASL, etc.. avan ke yo komanse klass yo.
Pafwa nap kouri pran devan fe yon bagay o nom du nationalism, e pi pi devan nap oblije rekomanse a zero.
Revelasyon
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Si youn etidyan edike lan lang pa l, li kapab aprann yon lôt lang fasil.
Annou gade kisa ki kapab fèt pou avanse Ayiti, se pa voye monte sèlman.
Epi se pa nesesèman lan peyi blan. Ou korije tèks mwen an pou w ajoute
(peyi blan).
Ala nèg renmen blan, papa!
Nou gen anpil etidyan ayisyen ki al etidye lan plisye disiplinn Kiba, o Meksik, an Espay, Ozetazini, an Risi, an Almay. Mwen aprann ke menm gen ayisyen ki ap etidye an Chinn.
Revelasyon, se pou w di m lan ka sayo ki diferans ki genyen ant lang ti mesye yo edike kounyea: an Franse; e sak ta fè menm etid yo an Kreyôl?
An pasan, map di w ke mwen te rankontre yon etidyan chinwa lan NYU kite lan menm klass ave m. Li pa t ka di yon fraz an angle e se li ki te gen pi gwo nôt lan Aeronautics. Nou ta p sèvi avèk ti konpite manyel aviasyon pou nou kalkile altitid ak vitès, li te sèvi ak abakis li.
Annou gade kisa ki kapab fèt pou avanse Ayiti, se pa voye monte sèlman.
Epi se pa nesesèman lan peyi blan. Ou korije tèks mwen an pou w ajoute
(peyi blan).
Ala nèg renmen blan, papa!
Nou gen anpil etidyan ayisyen ki al etidye lan plisye disiplinn Kiba, o Meksik, an Espay, Ozetazini, an Risi, an Almay. Mwen aprann ke menm gen ayisyen ki ap etidye an Chinn.
Revelasyon, se pou w di m lan ka sayo ki diferans ki genyen ant lang ti mesye yo edike kounyea: an Franse; e sak ta fè menm etid yo an Kreyôl?
An pasan, map di w ke mwen te rankontre yon etidyan chinwa lan NYU kite lan menm klass ave m. Li pa t ka di yon fraz an angle e se li ki te gen pi gwo nôt lan Aeronautics. Nou ta p sèvi avèk ti konpite manyel aviasyon pou nou kalkile altitid ak vitès, li te sèvi ak abakis li.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Et aprè nou fome yo, sa nou tap fè avèk yo???
Voye yo bay Kanada???
Kisa nou tap mete an plas pou ankouraje yo rete viv nan peyi yo???
Nou pa apran ke tout profesyonèl ayisyen ak chache rezidans pou Kanada???
Nou pa nan mond lan???
Voye yo bay Kanada???
Kisa nou tap mete an plas pou ankouraje yo rete viv nan peyi yo???
Nou pa apran ke tout profesyonèl ayisyen ak chache rezidans pou Kanada???
Nou pa nan mond lan???
Invité- Invité
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Se pa sijè a sa.
Nap diskite posibilite pou leta ta komanse prepare etidyan ayisyen depi kounyea: pou yo kapab gen konpetans pou eksplwate resous minyè nou ak sektè spesyalize pou nou pa bezwen rele ekspè etranje vinn fè travay nou pa kapab fè.
Nap diskite posibilite pou leta ta komanse prepare etidyan ayisyen depi kounyea: pou yo kapab gen konpetans pou eksplwate resous minyè nou ak sektè spesyalize pou nou pa bezwen rele ekspè etranje vinn fè travay nou pa kapab fè.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Sasaye a écrit:Se pa sijè a sa.
Nap diskite posibilite pou leta ta komanse prepare etidyan ayisyen depi kounyea: pou yo kapab gen konpetans pou eksplwate resous minyè nou ak sektè spesyalize pou nou pa bezwen rele ekspè etranje vinn fè travay nou pa kapab fè.
Sa ou di fèt deja!
Yon ekzanp.
Leta ayisyen depanse plis ke US $5 millions pou voye jenn etidian ale pran fomasyon nan pi gwo inivèsite ameriken ak kondisyon pou yo retounen vini travay nan administration piblik la, systèm bankè a e fè peyi a mache bien. Pwogram nan te oblije kanpe an lane 2000.
Yon nan etidian sa yo pa retounen an AYiti e lajan leta a gaspiye.
Nou paka refè e propoze menn erè ki te fèt deja.
Nou dwe gade sak te fèt, poukisa li pat mache, e vini ak yon bagay nouvo.
Invité- Invité
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Alo, kisa w pwopoze:
-pa fè anyen e kite bagay yo jan yo ye?
-Oubyen kijan w ta wè pou nou eseye devlope resous peyi a san se pa konpetans etranje nou voye chèche?
-pa fè anyen e kite bagay yo jan yo ye?
-Oubyen kijan w ta wè pou nou eseye devlope resous peyi a san se pa konpetans etranje nou voye chèche?
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Sasaye di :
W konnen tre byen ke se kreyol ke ne gap pale.
Le ayisyen di « peyi blan » sa vle di peyi etranje, peyi lot bo dlo.
kreyol ekri, kreyol konprand!!
Sasaye di :
Yon moun pa bezwen pale, chinwa, angle, ou kreyol pou konnen ke 2 + 2 = 4.
Men si w mande zanmi chinwa la poul fe yon expose sou sciens politik ou byen himanite’r lap pli difisil pouli.
Sasaye di :
Fok mwen ta gen data statistik popilasyon, varians, deviasyon standa, median etc.. de Ayisyen kif e etid sekonde e iniversite strikteman an kreyol pou’l ta jwen diferans lan.
Pou’n sa we pert e benefis nan edikation nan lang sa yo fok ta gen yon group de Ayisyen ki fe tout etid yo an franse e materyel an franse nan yon system franse de prime a inivesite.
E yon lot group de Ayisyen ki fe tout etid yo an kreyol e materyel an kreyol liv, audio, visio etc nan yon system kreyol de prime a inivesite.
Le yo diploma nan lang sa yo e ap evolye dan le mond profesyonel, li tap pi fasil pou moun we diferans lan.
Pran 2 ti ayisyen ki soti nan provins. Voye yon al etidye an Frans e lot la voye lekol barriere boutey, o Cap.
Apre 20 an, le yo rankontre, w kap ye diferans lan.
Pou safe edikasyon ankreyol la mwen ta dako avek li si wi, men si lap fet san ipokrizi !!!
Sa vle di ke okenn materyel edikatif, anyen pa soti kay blan [te etranje ou lot bo dlo].
Fok tout materyel scientifik e himanite’r nou yo tradwi en bon kreyol !!
Mesye si nou vle fe bak akoz de ideoloji liberal e natyonal nou se bagay ki gade’n.
Men pep la se devan ke li vle avanse.
Zye’l se sou lang blan e kay blan ke’l fixe, paske se la ke opotinite a ye pou le moman
.
Se tre malonet sa, ke mem avek tout konesans ke nou finn ranmase kay blan, nou pakab tounnen lakay nou pou’n al ede pep Ayisyen.
Nou prefere mouri kokobe nan la neige e fredi jiskaske konesans nou vini absolit jist pou nou sa benefisye ti assistans sosyal ke Kanada ap banou.
Kool-aid sa fok nou di ke nou pavle’l anko !!
Chain ki nan kou nou an fok nou kasse’l e sove retounen nan peyi nou !!
Gouvenman ameriken mete $100,000.00 e assistans administrativ e lojistik a la dispozition de tout ayisyen-ameriken ki ta vle retounen lakay yo pou yo al ouvri yon bizniss ki kap develope peyi a e bay pep la djob, pou yo pa al pran rout lanme e mouri an ba dent requin pou vinn Florida.
Program sa ap komanse an annee 2009.
Pou kisa nou pa mande Kanada pou bati yon program konsa pou fasilite’n tounen la kay nou?????
Revelasyon
Epi se pa nesesèman lan peyi blan. Ou korije tèks mwen an pou w ajoute
(peyi blan).
Ala nèg renmen blan, papa!
W konnen tre byen ke se kreyol ke ne gap pale.
Le ayisyen di « peyi blan » sa vle di peyi etranje, peyi lot bo dlo.
kreyol ekri, kreyol konprand!!
Sasaye di :
Disiplinn ke w ap pale la se disiplinn scientifik ki gen plisoumwen formil, theori e pratik iniversel.Nou gen anpil etidyan ayisyen ki al etidye lan plisye disiplinn Kiba, o Meksik, an Espay, Ozetazini, an Risi, an Almay. Mwen aprann ke menm gen ayisyen ki ap etidye an Chinn. An pasan, map di w ke mwen te rankontre yon etidyan chinwa lan NYU kite lan menm klass ave m. Li pa t ka di yon fraz an angle e se li ki te gen pi gwo nôt lan Aeronautics. Nou ta p sèvi avèk ti konpite manyel aviasyon pou nou kalkile altitid ak vitès, li te sèvi ak abakis li.
Yon moun pa bezwen pale, chinwa, angle, ou kreyol pou konnen ke 2 + 2 = 4.
Men si w mande zanmi chinwa la poul fe yon expose sou sciens politik ou byen himanite’r lap pli difisil pouli.
Sasaye di :
Revelasyon, se pou w di m lan ka sayo ki diferans ki genyen ant lang ti mesye yo edike kounyea: an Franse; e sak ta fè menm etid yo an Kreyôl?
Fok mwen ta gen data statistik popilasyon, varians, deviasyon standa, median etc.. de Ayisyen kif e etid sekonde e iniversite strikteman an kreyol pou’l ta jwen diferans lan.
Pou’n sa we pert e benefis nan edikation nan lang sa yo fok ta gen yon group de Ayisyen ki fe tout etid yo an franse e materyel an franse nan yon system franse de prime a inivesite.
E yon lot group de Ayisyen ki fe tout etid yo an kreyol e materyel an kreyol liv, audio, visio etc nan yon system kreyol de prime a inivesite.
Le yo diploma nan lang sa yo e ap evolye dan le mond profesyonel, li tap pi fasil pou moun we diferans lan.
Pran 2 ti ayisyen ki soti nan provins. Voye yon al etidye an Frans e lot la voye lekol barriere boutey, o Cap.
Apre 20 an, le yo rankontre, w kap ye diferans lan.
Pou safe edikasyon ankreyol la mwen ta dako avek li si wi, men si lap fet san ipokrizi !!!
Sa vle di ke okenn materyel edikatif, anyen pa soti kay blan [te etranje ou lot bo dlo].
Fok tout materyel scientifik e himanite’r nou yo tradwi en bon kreyol !!
Mesye si nou vle fe bak akoz de ideoloji liberal e natyonal nou se bagay ki gade’n.
Men pep la se devan ke li vle avanse.
Zye’l se sou lang blan e kay blan ke’l fixe, paske se la ke opotinite a ye pou le moman
.
Se tre malonet sa, ke mem avek tout konesans ke nou finn ranmase kay blan, nou pakab tounnen lakay nou pou’n al ede pep Ayisyen.
Nou prefere mouri kokobe nan la neige e fredi jiskaske konesans nou vini absolit jist pou nou sa benefisye ti assistans sosyal ke Kanada ap banou.
Kool-aid sa fok nou di ke nou pavle’l anko !!
Chain ki nan kou nou an fok nou kasse’l e sove retounen nan peyi nou !!
Gouvenman ameriken mete $100,000.00 e assistans administrativ e lojistik a la dispozition de tout ayisyen-ameriken ki ta vle retounen lakay yo pou yo al ouvri yon bizniss ki kap develope peyi a e bay pep la djob, pou yo pa al pran rout lanme e mouri an ba dent requin pou vinn Florida.
Program sa ap komanse an annee 2009.
Pou kisa nou pa mande Kanada pou bati yon program konsa pou fasilite’n tounen la kay nou?????
Revelasyon
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Bon, ou te komanse trebyen ap fe yon diskisyon serye sou sije a.
Mesi pou sa.
Epi w vinn gaye lan Zafe liberal, Kanada sosyalis elatriye.
Lan pwen saa, ou pa konn kisa wap pale.
Mwen pap okipe w paske mwen te deja reponn w sou tout bagay Kanada, mouri lan fredi et lot bagay.
Mwen menm voye zouti ou te mande pou w konnen kisa ideoloji liberal la ye.
Men w refize konnen e ou ap repete menm bagay yo.
Mesi pou sa.
Epi w vinn gaye lan Zafe liberal, Kanada sosyalis elatriye.
Lan pwen saa, ou pa konn kisa wap pale.
Mwen pap okipe w paske mwen te deja reponn w sou tout bagay Kanada, mouri lan fredi et lot bagay.
Mwen menm voye zouti ou te mande pou w konnen kisa ideoloji liberal la ye.
Men w refize konnen e ou ap repete menm bagay yo.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Wouyyyyyy ti nèg melanjan, san vreman swit nan lide yo. Se la wi pa gen echanj serye pou konprann anyen.
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Mwen ta renmen mesye ki damou pou lang franse yo di nou poukisa nou pa ka itilise kreyol la nan iniversite tou?Mwen pa wè nan interview ke Carol joseph te bay sou radio metropole la li tap mamote non.li pale san esite alez kom Blaise.
Se la raj mwen pa konprann sa anpil moun genyen kont lang yo non?An verite pafwa lè map li sa anpil moun ekri mwen genyen enpresyon se youn blan ki ap ekri sou forum lan pou dekouraje nou nan sa ki ka fè nou soti nan esklavaj mantal la.

Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Malice,
Kisa ki nan tèt ou???
Kilès ki di ou yo pa itilize kréol nan Inivèsite an Ayiti???
Nan UEH, kou yo fèt an 2 lang: kréol, fransè.
Sepandan, atansyon!
Gen yon fakilte an Ayiti, yon rele CTPEA, li gen yon maitriz, se Profesè kanadien ki vini chak 2 semèn pou fè kou yo. Ou pral apran kanadien sa yo pale kréol?
Gen yon lot fakilte yo rele FDS, li gen yon pwogram maitriz tou, se blan fransè ki vini chak semènm pou vini fè kou yo, ou pral aprann blan fransè sa yo pale kréol tou???
Fakilte agronomi, FAMV, gen anpil cooperan etrange, yo pale anglè oubien fransè, wap oblije yo apran kreol tou.
Keksyon sa a se yon distraksion e nou pa dwe pran ladan li.
Vrè keksyon an se kijan pou technicien nap fome yo pratik pou ka resoud pwoblem peyi a, epi mete pwogram sou plas pou ankouraje yo rete an Ayiti.

Bon poukisa se blan franse ,ak kanadyen ki pou vinn ba nou edikatyon tou tan?nou pa genyen servo menm jan ak yo?nou paka etidye sa yo etidye yo tou?nanpren moun ki di se pou nou bani lang franse ya imedyatman nan universite.se youn bagay ki pou fet a lavni.lè na ekri liv syans yo an kreyol ,se pou dim poukisa Vietnamyen yo ka anseye nan iniversite nan lang pa yo epi nou nou pa ka fè li?
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Rodlam Sans Malice a écrit:Bon poukisa se blan franse ,ak kanadyen ki pou vinn ba nou edikatyon tou tan?nou pa genyen servo menm jan ak yo?nou paka etidye sa yo etidye yo tou?nanpren moun ki di se pou nou bani lang franse ya imedyatman nan universite.se youn bagay ki pou fet a lavni.lè na ekri liv syans yo an kreyol ,se pou dim poukisa Vietnamyen yo ka anseye nan iniversite nan lang pa yo epi nou nou pa ka fè li?
Malice,
Atansyon!
Nan nivo metriz, fok profesè a gen yon doktora epi bon jan eksperians. Moun sa yo pa egziste an Ayiti.
Mwen pral ba ou yon ekzanp.
Mwen rapele lè mwen te nan FDS, yon nan profesè Blan Fransè sa yo, chak ane avan li rantre an Ayiti, li te pase Ozetazini pou li dine e bay Bill Gates rapo.
Imagine eksperians yon profesè konsa?
ki bon bagay li ka enseigne? Tout vi li se gwo eksperians.
An Ayiti, nou pa gen anviwonman pou gwo kalib entèlektièl sa yo. Nou oblije rete anba pi gwo yo pou nou ka souse yon ti zo.
Invité- Invité
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Pa genyen ayisyen ki genyen doktora nan ekonomi, nan medsinn,nan dwa, nan syans imenn yo? nan lot syans yo .epi menm si nou pa genyen koulyè ya sa pa vle di ke tou tan se blan ki pou vinn fè kou pou nou. Japonè yo tou nan youn moman se te youn pep soudevlope. sa gouvenman an te blije fè voye jenn japonè entelijan al etidye nan lot peyi pou yo vinn fome kad lakay yo.Nou pa ka fè sa tou?Nanpren lot peyi ki pale japonè.
pwoblem nou sè ke nou rete ak mantalite ak karkan kolonise ya.nou pito ap imitye sa lot moun fè o lye nou depanse lajan nou nan sa ki itil.Genyen ayisyen ki genyen doktora an matematik , an fizik etc poukisa yo pa ka rete laky yo pou yo anseye?se kestyon saa ki enpotan pou nou reponn.
pwoblem nou sè ke nou rete ak mantalite ak karkan kolonise ya.nou pito ap imitye sa lot moun fè o lye nou depanse lajan nou nan sa ki itil.Genyen ayisyen ki genyen doktora an matematik , an fizik etc poukisa yo pa ka rete laky yo pou yo anseye?se kestyon saa ki enpotan pou nou reponn.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Malice,
Si yo gen doktora, yo pa gen eksperians solid sa yo.
Ayiti pa gen gwo enterpriz, donk pwofesionèl nou yo gende esperians yo pap janm genyen.
Se pa fot yo.

Wi mwen dakor men genyen ayisyen ki ap anseye nan iniversite o Zeta Zuni , o kanada.genyen ki ap travay nan Nasa.genyen youn paket jenn gason ak jenn fanm ki pale kreyol byen e ki genyen doktora o Zeta Zuni. e ki travay nan gwo korporatyon tankou IBM, nan gwo bank, nan gwo konpayi tankou Chrysler.Apre dezyem gè mondyal sa alman yo te fè yo te peye syantis alman yo pou yo te tounnen lakay yo.tandis ke nou se meprise nou ap meprise dysaporyen nou yo ki te ka itil peyi ya.Menm dwa politik yo nou pa ba yo.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Rodlam Sans Malice a écrit:Wi mwen dakor men genyen ayisyen ki ap anseye nan iniversite o Zeta Zuni , o kanada.genyen ki ap travay nan Nasa.genyen youn paket jenn gason ak jenn fanm ki pale kreyol byen e ki genyen doktora o Zeta Zuni. e ki travay nan gwo korporatyon tankou IBM, nan gwo bank, nan gwo konpayi tankou Chrysler.Apre sekonn gè mondyal sa alman yo te fè yo te peye syantis alman yo pou yo te tounnen laky yo.tandis ke nou se meprise nou ap meprise dysaporyen nou yo ki te iitil peyi ya.
Ah, Malice, pa fè sa !
Ou konnen Ayisyen, gwo Ayisyen sa yo pa vle ale fè kou pou timoun nou nan Inivèsite an Ayiti.
Pa blie, se gouvènman kanadien ak gouvènman fransè ki peye gwo blan sa yo pou vini ba nou kout men.
Gen afriken fransè ki konn vini tou.
Invité- Invité
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Se pa vre pa di sa.ki jan fè doktè Theodore retounnen an ayiti?Fok ou di pou yo tounnen fok hing hang pou pouvwa la sispann ;fok genyen sekirite.Fok gouvenman an depanse pou yo mete bon laboratwa nan universite deta yo, o lye nap achte machinn gwo pri pou politisyen.lè politisyen a sispann destabilize peyi ya pou pouvwa wa wè si pap genyen anpil ayisyen ki vinn mete konesans yo pou ba jeness la bon jan edikatyon.nanpren oken moun ki ap kite konfor yo pou yo al viv ak youn salè ki pa pemet yo menm manje mwen pa beswen di w pou yo ta rete nan youn kay desan.Men jou na valorise edikatyon ak profesè wa wè konbyen ayisyen ki ap dakor pou yo tounnen.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Sasaye a écrit:Alo, kisa w pwopoze:
-pa fè anyen e kite bagay yo jan yo ye?
-Oubyen kijan w ta wè pou nou eseye devlope resous peyi a san se pa konpetans etranje nou voye chèche?
Malis,
Pèmet ke mwen itilize repons ou a, pou reponn ak yon keksyon Sasaye tepoze nan komansman sijè sa a.
Malice a écrit:Se pa vre pa di sa.ki jan fè doktè Theodore retounnen an ayiti?Fok ou di pou yo tounnen fok hing hang pou pouvwa la sispann ;fok genyen sekirite.Fok gouvenman an depanse pou yo mete bon laboratwa nan universite deta yo, o lye nap achte machionn gwo pri pou politisyen.lè politicyen a sispann desatabilize peyi ya pou pouvwea wa wè si pap genyen anpil ayisyen ki vinn mete konesans yo pou yo jeness la.nanpren oken moun ki ap kite konfor yo pou yo al viv kak youn salè ki pa pemet yo menm manje mwen pa beswen di w pou yo ta rete nan youn kay desan.Men jou nan valorise edikatyon ak profesè wa wè konbyen ayisyen ki ap dakor pou yo tounnen.
Kenbe di, gran frè!
Mwen pral gade mesie dam mwen yo nan MNSBC, na pale pita.
Invité- Invité
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Rodlam Sans Malice a écrit:Mwen ta renmen mesye ki damou pou lang franse yo di nou poukisa nou pa ka itilise kreyol la nan iniversite tou?Mwen pa wè nan interview ke Carol joseph te bay sou radio metropole la li tap mamote non.li pale san esite alez kom Blaise.
Se la raj mwen pa konprann sa anpil moun genyen kont lang yo non?An verite pafwa lè map li sa anpil moun ekri mwen genyen enpresyon se youn blan ki ap ekri sou forum lan pou dekouraje nou nan sa ki ka fè nou soti nan esklavaj mantal la.
Malice nan pwen anyen ki etone m pou seten frè nou yo. Zafè kreyol la se zafè moun yo pran pou aryere peyi profon . Ou peyizan ki vinn domèsitke lakay pretandi gwo zouzounn. Souvan se menm ti nèg ak fanm nan peyi pwofon ki tabli nan Potoprens. Saki gen chans ale lekol ki kap eksprimen nan lang blan franse se yo sitou yo ki bay yon bwa kanpe long, diskrimenen sayo pran pou analfabèt.
Mwen gen chans gen yon manman peyizann ki soti nan Plato Santral ki pran mari nan Okap. Li te telman twouble pou mwen lè mwen rive nan peyi l pou enterese travay latè, admire bèf Bifalo ki te gen anpil nan epok sa.Plezi me se sitou ale nan Gildiv familyal pou travay nan tout operasyon fabrikasyon paradou, siro, kleren.Se la tou mwen konnen jwe tanbou ak ti peyizan kouzen m. Mwen konn sayo rele lit greko-romenn depi lontan ak menm ti peyizan sayo pratike anpil. Poutan Malice se moun an gwo analfabèt. Men tonas boule m ki pi syantifik pase nèg lavil.
Malice yo plenyen anpil kont prop pitit yo ki chita la nan vil Hinch ou nan Gonayiv ki diskriminen yo, pase yo nan rizib. Malice lè mwen ale se souvan mwen tradiktè, ekriven konseye moun sayo.Ki pafwa peye 2 fwa task kontribisyon se mwen ki di yo sa. Volo resevwa lajan kan menm. Mwen konprann anpil sè ak frè nou yo ront rasinn yo, Yo poko vreman dispoze pou ede toutan pris konsyans la pa pran yo. Se yon kèksyon ignore tout saki lèd, pa pwodiktif pou yo. Poutan se manti Ayisyen manke reflechi, retounen sou yo menm.
Bann analfabèt sayo peye dèt lendepandans san ti nèg konnen pa depanse yon klou nan pwodiksyon sitou kafe. Pèp analfabèt sa toujou nouri bay lamou a fanmy li , pwochen li. Se solidarite saki mennen nou la malgre bann diktakti volo. Pèp analfabèt batay anpil pou bay savwa, konesans a ti nèg ki pale bon franse ak angle. Poutan yo meprize tout frè ak sè yo pou tout rezon nou konnen ki pa rive nan pedigri yo.
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
colocolo a écrit:Rodlam Sans Malice a écrit:Wi mwen dakor men genyen ayisyen ki ap anseye nan iniversite o Zeta Zuni , o kanada.genyen ki ap travay nan Nasa.genyen youn paket jenn gason ak jenn fanm ki pale kreyol byen e ki genyen doktora o Zeta Zuni. e ki travay nan gwo korporatyon tankou IBM, nan gwo bank, nan gwo konpayi tankou Chrysler.Apre sekonn gè mondyal sa alman yo te fè yo te peye syantis alman yo pou yo te tounnen laky yo.tandis ke nou se meprise nou ap meprise dysaporyen nou yo ki te iitil peyi ya.
Ah, Malice, pa fè sa !
Ou konnen Ayisyen, gwo Ayisyen sa yo pa vle ale fè kou pou timoun nou nan Inivèsite an Ayiti.
Pa blie, se gouvènman kanadien ak gouvènman fransè ki peye gwo blan sa yo pou vini ba nou kout men.
Gen afriken fransè ki konn vini tou.
Colo,
Mwen konn tande ameriken natif natal ki pale Kreyòl pi byen paske moun ki ap viv ann Ayiti.
Ou genyen FREEMAN (Inivèsite KANSAS),ou genyen nèg ki pwofesè Dwa lan Inivèsite Lwizyàn lan.
Mesye sa yo ,si w tande yo,yo pale kreyòl pi byen paske de moun kou Victor Benoit ak Micha Gaillard.
Bon palan de liv ,gen yon Ayisyen ki ap viv an Swis ,ka deja tradwi yon pakèt liv an Kreyòl,gen yon nèg ki pa twò lontan la a sot fè yon tradiksyon liv MACCHIAVELLI an "Prens La".
Bon men yon trete an estatistik ke yon nèg fè lan Kreyòl Matinikè an.
Byen ke mwen pa fin twò fò lan Kreyòl matinikè an ,se fasil pou m ta ka tradwi l an kreyòl ayisyen ,paske mwen te pran estatistik lan kolèj:
http://kapeskreyol.potomitan.info/guides/estatistik.html
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Rodlam Sans Malice a écrit:Wi mwen dakor men genyen ayisyen ki ap anseye nan iniversite o Zeta Zuni , o kanada.genyen ki ap travay nan Nasa.genyen youn paket jenn gason ak jenn fanm ki pale kreyol byen e ki genyen doktora o Zeta Zuni. e ki travay nan gwo korporatyon tankou IBM, nan gwo bank, nan gwo konpayi tankou Chrysler.Apre dezyem gè mondyal sa alman yo te fè yo te peye syantis alman yo pou yo te tounnen lakay yo.tandis ke nou se meprise nou ap meprise dysaporyen nou yo ki te ka itil peyi ya.Menm dwa politik yo nou pa ba yo.
Malice mwen vle entèvni sou pos kontrèman komantè zot ki di Ayisyen kapab nan dyaspora pa vle entèvni pou dote Inivèsite nou yo bon zouti syantifik. Malice wap sonje byen anpil Ayisyen kraze pou l yo an jeneral pou rezon politik e ekonomik. Zafè mande espeyalis blan sitou inivèsite ede san vreman bon sekirite ak yon anbyans relaks se kèksyon pou poze. Nou genyen yon peyi jiskaprezan gen anpil koken kap jwe. Sakap pale la gen dyaspora kap ede , ki abitye fèt kote bagay yo pi klè.
Olye tounnen an ron map di se resposablite dabo yon leta responsab ki gen volonte pou reyalize objektif konsa. Alos li dwe reyini tout kondisyon yo. Komanse mete konfyans lakay sitwayen nan peyi l avan menm envite yon dyaspora frile, ou etranje ki poko vreman kwè nan bonn fwa dirijan yo Se moun ki reyisi, ki nan yon anbyans de rot sekirite. MOUN KONSA BEZWEN BON JAN PRÈV SOU BONN FWA DIRIJAN YO.
Sou Janklod Duvalier zafè voye kreyol monte se te yon veritab fas. Ki te deplwaye san vreman mwayen , ni objèktif klè. Bagay sa plis nwi ke vreman ede. Sa konsa refom ki pote non REFOM BERNAD minis edikasyon an 1982 te yon verita fyasko. Lajan kite disponib pou fè refom senplis sa Madanm ki rele Michelle Bennet mande pi fo ladann. Dapre mwen minis Bernard te vinn konprann pagenyen reyisit nan kontèk pa sèten. E lot espesyalis ki an dyaspora boude mouche pou rezon nou kap konprann.
Koulyè a annou chita pou konprann eske kondisyon vreman reyini, e sitou eske se yon priyorite nan kou tèm pou peyi a. Eske se pa lave men siye à tè ak anpil preyalab nou bezwen avan menm rantre danble nan kreyolizasyon Inivèsite yo. Eske anseyman primè ak segondè pwofesyonèl, pa ta dwe etap enpotan pou entegarasyon kreyol la pa etap. Pou rive ak menm kliyantèl sa nan nivo plis siperyè. Deja se yon komand lou.
Dernière édition par Rico le Mar 28 Oct 2008 - 20:52, édité 4 fois
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Riko,
Mèsi pou komantè w yo.
Malgre se pa nanm sijè a, sa w di sou atitid moun ki konn li kont analfabèt se youn lan rezon kreyôl gen pwoblèm devlopman kom lang nasyonal Ayiti.
Ou fè m sonje yon istwa ki ilistre pwoblèm sosyete ayisyen.
Grann mwen te genyen yon ti fanm domestik, lè m te timoun piti.
Ti madmwazèl la vinn ansent pou yon negosyan arab sou granri a.
(Moun nou tout konnen omwen non l). Grann mwen al lan magazen nèg la pou mande l pran responsabilite l, misye aksepte ou li kache fèy kouvri sa.
Ti bebe a, yon ti grimo, grandi lan kay la e li vinn tankou yon ti fanmi.
Manman ti nonm lan kite lakay apre kèlke zane, li ouvri yon ti komes kote li tap vann kenkay sou yon galri sou granri. Ti gason an te toujou vinn pase lajounen le dimanch jistan mwen pati.
Fanmi m te peye lekôl pou li, li vinn yon gason brodè.
Apre kèk tan, misye ekri pou mande pou m ede l vin Kanada.
Misye vin rete lakay mwen ak madan e pitit mwen pandan kèk mwa.
Misye degaje l lan Monreyal, li jwen travay, li lwe kay li e li pran yon ti fanm kebekwaz.
Nèg saa pa janm pran kontak avèk nou, paske rwa pa kouzen l anko, li pran fil e li pa vle wè moun ki te konnen kote l soti.
Pandan yon vwayaj an Ayiti, mwen wè manman l ap vann toujou sou granri. Madanm nan koke m li kontan wè m epi li mande m kouman pitit li ye oKanada, paske li pa janm pran nouvèl pitit la.
Le m rankontre nèg saa sou Sent Katrinn, se sam te bliye mwen pa di l.
Nèg lan di m kareman li pa pran kontak ak moun konsa.
Men dram ayisyen.
Mèsi pou komantè w yo.
Malgre se pa nanm sijè a, sa w di sou atitid moun ki konn li kont analfabèt se youn lan rezon kreyôl gen pwoblèm devlopman kom lang nasyonal Ayiti.
Ou fè m sonje yon istwa ki ilistre pwoblèm sosyete ayisyen.
Grann mwen te genyen yon ti fanm domestik, lè m te timoun piti.
Ti madmwazèl la vinn ansent pou yon negosyan arab sou granri a.
(Moun nou tout konnen omwen non l). Grann mwen al lan magazen nèg la pou mande l pran responsabilite l, misye aksepte ou li kache fèy kouvri sa.
Ti bebe a, yon ti grimo, grandi lan kay la e li vinn tankou yon ti fanmi.
Manman ti nonm lan kite lakay apre kèlke zane, li ouvri yon ti komes kote li tap vann kenkay sou yon galri sou granri. Ti gason an te toujou vinn pase lajounen le dimanch jistan mwen pati.
Fanmi m te peye lekôl pou li, li vinn yon gason brodè.
Apre kèk tan, misye ekri pou mande pou m ede l vin Kanada.
Misye vin rete lakay mwen ak madan e pitit mwen pandan kèk mwa.
Misye degaje l lan Monreyal, li jwen travay, li lwe kay li e li pran yon ti fanm kebekwaz.
Nèg saa pa janm pran kontak avèk nou, paske rwa pa kouzen l anko, li pran fil e li pa vle wè moun ki te konnen kote l soti.
Pandan yon vwayaj an Ayiti, mwen wè manman l ap vann toujou sou granri. Madanm nan koke m li kontan wè m epi li mande m kouman pitit li ye oKanada, paske li pa janm pran nouvèl pitit la.
Le m rankontre nèg saa sou Sent Katrinn, se sam te bliye mwen pa di l.
Nèg lan di m kareman li pa pran kontak ak moun konsa.
Men dram ayisyen.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Alfabetizasyon WI, men se pou n pouse Edikasyon Inivesitè an Kreyôl tou.
Youn moun konsa se meprise ou te dwe meprise l paske li pap janm youn nonm vre.Si youn moun ou pa renmen moun ki fè w byen e ki te ede w lè w te ti moun ou byen lè w te nan beswen e byen daprè mwen kelke swa edikatyon ou nivo richess ou ta genyen wap toujou rete youn miserab.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Page 1 sur 3 • 1, 2, 3
Sujets similaires
» Franketienne ap pouse Kreyol piro.
» Aprann Kreyol lan Inivèsite lan Florid
» Wifout-Kantite inivesite ameriken ki ap ofri KREYOL AYISYEN ap ogmante
» Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik
» Gwo nouvèl! Moman istorik. Kreyòl ofisyèlman lang edikasyon ann Ayiti.

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum