Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-55%
Le deal à ne pas rater :
Coffret d’outils – STANLEY – STMT0-74101 – 38 pièces – ...
21.99 € 49.04 €
Voir le deal

"lekol" La promesse - dezas ki enspire aksyon prevansyon IMEDYATMAN

3 participants

Aller en bas

"lekol" La promesse - dezas ki enspire aksyon prevansyon IMEDYATMAN Empty "lekol" La promesse - dezas ki enspire aksyon prevansyon IMEDYATMAN

Message  jafrikayiti Ven 7 Nov 2008 - 23:49

Sa gen kèk mwa de sa nou te ekri:

“Rèv pa mwen se pou, anvan lontan, nou ta kreye yon fòs 55500 Zanj-Lavi (27750 fanm, 27750 gason) pou garanti sekirite teritwa nasyonal la.

Depi sou non li, nou wè misyon fòs sa a pa ta menm ak misyon defen FAdH. ZANJ-LAVI se 55500 Z(outi) A(yisyen) pou N(asyon) an J(wenn) LAVI. Konsa, senbolikman, chak kilomèt kare peyi a, t ap gen yon fanm ak yon gason ki dedye lavi yo, an tou tan, pou garanti sekirite li kont tout menas posib. Kit se fòs lanati ki mande anraje, kit se fòs bandi ki mande bwè san malere. Misyon ZANJ yo se pou yo ede lavi pote laviktwa sou lanmò sou chak kilomèt kare ki rele li chèmèt chèmètrès”. POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON- Jafrikayiti, 30 mas 2008

- Jodi a, si nou te pran nan katafal lajan n ap depanse pou achte zam fann fwa. Lajan n ap depanse nan vwayaye al patisipe nan "wine and cheese" kote koze k ap diskite pa vrèman konsène bezwen pèp Ayisyen...

Si nou te pran oserye travay komisyon Patrick Elie ap dirije a.... ZANJ LAVI sa yo (keseswa non nou ta deside ba yo) t a non sèlman prezan - jan nou wè anpil fanm ak gason vanyan te mobilize pou yo fè sa yo kapab ak zong yo pou yo sove lavi kèk frè ak sè - men, yo ta gen tan ap aplike kèk teknik sekouris. Yo ta gen dezoutwa ZOUTI lavi nan men yo pou ede sove lavi plis moun.


SEKIRITE AYITI SE PA AK ZAM SA AP FET. NOU BEZWEN MOUN AK VIZYON KI KA PANSE "OUTSIDE OF THE BOX" POU ENVESTI RESOUS PEYI A NAN ZOUTI LAVI - NAN MOUN.

San ti moun sa yo pa dwe koule an ven. Annou aprann leson amè sa a pou yon dènye fwa.

Arete mèt lekol la Pastè Fortin - Fè li esplike ki jan li fè te kontinye bati, kont direktiv meri Petyonvil
Rele Meri petyonvil devan lachanm - pa pou fèe demagoj - men pou nou rive konprann ekzakteman ki jan trajedi sa a rive, ki lès, ki sa ki responsab, ki sa ki dwe fèt pou evite sa repwodui
Grèv Lopital Jeneral la sipoze kaba otomatikman - Mwen espere gen minimom desans sa a ki ekziste toujou!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

"lekol" La promesse - dezas ki enspire aksyon prevansyon IMEDYATMAN Empty Re: "lekol" La promesse - dezas ki enspire aksyon prevansyon IMEDYATMAN

Message  revelation Sam 8 Nov 2008 - 18:57

Jaf di:
Si nou te pran oserye travay komisyon Patrick Elie ap dirije a.... ZANJ LAVI sa yo (keseswa non nou ta deside ba yo) t a non sèlman prezan - jan nou wè anpil fanm ak gason vanyan te mobilize pou yo fè sa yo kapab ak zong yo pou yo sove lavi kèk frè ak sè - men, yo ta gen tan ap aplike kèk teknik sekouris. Yo ta gen dezoutwa ZOUTI lavi nan men yo pou ede sove lavi plis moun.
SEKIRITE AYITI SE PA AK ZAM SA AP FET. NOU BEZWEN MOUN AK VIZYON KI KA PANSE "OUTSIDE OF THE BOX" POU ENVESTI RESOUS PEYI A NAN ZOUTI LAVI - NAN MOUN.


Mwen dako avek mouvman nasyonalist progressist sa Jaf!!!


Fok nou fe travay sa sou tout teritwa peyi a !! Anpil etidyan e professionnel konsyan dwe ale nan provins pou endoktrine pep nou yo, passe film video nationalist pou yo.

Fe yo chante la Dessalinienne, matin midi e swa. Fe yo remen peyi yo pou yo pa sove kite peyi a.
Si yo tande yon moun ap pale peyi a mal ou byen gouvenman mal fok yo al denonse moun sa e fe fout li nan prizon pou mank de sivism e nationalism.

Malerezman mon fre Jaf, nou pa dan le zannee 50, 60 ou 70 anko.
Nou etan ayisyen te gen move souveni de ZANJ LAVI sa yo.

Men sependan, te gen yon Prezidan d’Ayiti kite gen memm l’idee saa Jaf.

Li pat rele fos sa ZANJ LAVI, paske li pat kwe nan ZANJ. Lite rele li VSN (Volontaire de la Sécurité National).Olye ke lite itilize fôs sa pou develope peyi a, li itilize’l konn yon fos de repression e kraze zô pou’l sa kenbe pouvwa net alkole.

Se yon tre bel zide mon fre, men sependan se yon projet ki mande anpil disiplinn e anpil sajess e konprehensyon pou fos sa pa tounnen yon pichon nan deye pep la.

Tout ZANJ gen yon reve’r meday ke yo rele DEMON e nou pa ta souwete ke move souveni sa yo tounnen anko.

Jaf di:
San ti moun sa yo pa dwe koule an ven. Annou aprann leson amè sa a pou yon dènye fwa.

Arete mèt lekol la Pastè Fortin - Fè li esplike ki jan li fè te kontinye bati, kont direktiv meri Petyonvil Rele Meri petyonvil devan lachanm - pa pou fèe demagoj - men pou nou rive konprann ekzakteman ki jan trajedi sa a rive, ki lès, ki sa ki responsab, ki sa ki dwe fèt pou evite sa repwodui. Grèv Lopital Jeneral la sipoze kaba otomatikman - Mwen espere gen minimom desans sa a ki ekziste toujou!

Se byen malere ke yon aksidan konsa rive akoz de neglijans e ignorans met kay yo.

Met kay yo ap ajoute chanmot sou chanmot sou kay ki pap fet pou te gennyen plis ke 2 etaj.
An plis de sa, chak chanmot chaje ak timoun lekol, donk se nomal pou yon katastrof konsa rive.

Nou pa bezwen pran Paste Fortin kom yon eskep-got, ni krisifye li pousa.

Yon aksidan se yon aksidan e fok leta travay sou sa seryezman pou sa pa rive anko.

E fok pep la proteje intere vi pitit li yo e denonse tout moun kap ajoute chanmot sou tet kay ki pat fet pou sa.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

"lekol" La promesse - dezas ki enspire aksyon prevansyon IMEDYATMAN Empty Re: "lekol" La promesse - dezas ki enspire aksyon prevansyon IMEDYATMAN

Message  Rodlam Sans Malice Sam 8 Nov 2008 - 19:23

bon genyen anpil moun ki pral rele deyèm pou yo di mwen se makout ;men se pa kreyatyon Kor VSN lan ki te move non paske mwen te dakor ak Presidan Duvalier paske san VSN yo li pa tap fini menm premye manda li .Se disiplinn ak bon jan fomatyon politik e sivik li te manke bayo.E se sa ke li fè ak yo.

Sigjestyon jaf la se youn nesesitè ke tout gopuvenman pwogresis ki vle chanje sitiyatyon 8 milyon malere ke grangou koloks la ap koupe trip yo ap blije konsidere.Paske minorite zwit la ki genyen pouvwa politik ak ekonomik la nan men l pap bay privilej li san goumen.Nou ka wè sak pase Aristide 2 fwa.E nou wè ki jan preval li menm fini manda li nan dous pase li pratike youn politik lese grenen.Ki mele l depi yo kite li fini manda li.

nan tout peyi leta genyen responsabilite pou li asire sekirite vi moun ki ap viv nan peyi ya.Mwen pa di ke Pastè ya fè eksprè, ni moun ki ap plede mete etaj sou kay ki pa genyen fondatyon pou sa.Men se devwa leta poul mete youn servis nan tout peyi ya ki pou kontwole konstriktyon ki ap fet .O Zeta Zuni anvan youn konpayi bati youn kay ou youn bilding li genyen poul respekte zoning lwa yo; ou pa ka bati youn biznis nan youn zonn residantyel.apre ke li finn jwen permi poul konstwi, fok li soumet plan bilding lan ba minisipalite ya pou yo konnen si plan an konform ak reglèman minisipalite e a kod elektrik nan peyi ya.Genyen enspektyon ki ap fet tou pandan konstriktyon e menm apre konstriktyon an fini fok minisipalite delivre youn certificate of Occupancy anvan ke moun ka okipe kay ou bilding lan.

menm youn trou ou pa ka fouye nan la ri san ke w pa averti minisipalite ke w genyen entantyon fouye youn trou tel kote tel jou .se konsa tout konpayi ki genyen tuyo gas.tuyo dlo, tuyo vapè. kab elektrik, televisyon, telefonn an ba tè nan andwa ka make kote tuyo e kab sa yo ye epi voye youn enspekte asiste moun ki ap fouye trou nan la ri pou aksidan pa fet.Si Lè pastè ya te genyen entantyon bati lekol la minisipalite Petion Vill la te genyen youn sektyon de genie sivil ki pou te evalye jan de konstriktyon yan e nonb ti moun ke lekol la te ka mete nan chak klass nan chak etaj jodya nou pa ta genyen trajedi saa.Lè youn moun rantre nan youn retoran ou byen nan youn elvatè ou toujou wè afiche konbyen moun ki ka genyen nan restoran saa ou byen nan elevatè la tou tan.kapasite restoran ou elevatè pa dwe depase. sa se kote yo respekte la vi moun e genyen moun serye ki ap dirije.

Sa ke nou konstate jodya gen lè ayisyen vinn pi sot ou byen plis endisipline . Tout ansyen lekol nou yo ki te bati depi pase 100 lane pat janm tonbe sou ti moun. depi ki lè Lyse petion te bati ;konbyen jeneratyon ki pase nan lekol saa ki jan fè li pat janm tonbe sou ti moun yo? poukisa youn lekol an ayiti dwe bati an beton armé?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

"lekol" La promesse - dezas ki enspire aksyon prevansyon IMEDYATMAN Empty Re: "lekol" La promesse - dezas ki enspire aksyon prevansyon IMEDYATMAN

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum