Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
Pack Gigabyte Ecran PC Gamer 27″ LED M27Q ...
Voir le deal
749 €

diskou TITID

+2
revelation
piporiko
6 participants

Aller en bas

diskou TITID Empty diskou TITID

Message  piporiko Dim 21 Déc 2008 - 19:44

Son Ekselans,
Dr Jean-Bertrand Aristide,

swete youn
Bòn Ane 2009!






Télécharger Audio

Sè m, Frè m,

Nan lespri Mèm Amou an,
Minouche avè m kontan
Vin anbrase w fratènèlman
E swete w yon Bòn Ane 2009.


Jan Jezi ta di w nan lang ebre a : שָׁנָה טוֹבָה
Ki vle di : Bòn Ane ! שָׁנָה טוֹבָה Bòn Ane !

Anpil afeksyon pou ti moun yo !
Yon gwo akolad espesyal pou
Tout viktim lekòl ki efondre yo
Ak tout viktim dènye siklòn yo,
Pandan n swete solèy 2009 la
Va klere nan yon pi bèl Ayiti.

Limyè ak chalè solèy la pran
8 minit 18 segonn pou rive sou tè a.
Pèmèt mwen pran kèk segonn
Pou m fè chalè salitasyon an rive
Nan tout seksyon kominal
Kòm nan tout katye popilè :

Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv,
Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav,
Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan,
Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma,
Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens
Enfen, nan kè Ayisyen lakay kòm lòt bò dlo,
San bliye frè nou Lovenski Pierre-Antoine.

Chak premye janvye toujou sanble
Ak yon paj blanch nan kaye listwa.
Nan paj premye janvye 1804 la,
Gran Gran Paran nou yo te ekri
Yon kokenn Testaman Diyite
Pou tout Ayisyen te ka viv nan
Libète – Egalite – Fratènite.

Testaman an vin blaze men li pa efase.
Testaman an chifonnen men li pa dechire.

Pandan nou youn ap swete lòt
שָׁנָה טוֹבָה שָׁנָה טוֹבָה Bòn Ane,
Nou salye memwa tout moun
Ki sakrifye lavi yo nan defann
Dwa ak Diyite Pèp Ayisyen.

Onè pou Papa Jan Jak Desalin le Gran !
Respè pou Jeni ras la, Tousen Louvèti !

An 1802, kignapig Tousen Louvèti
Te reprezante nan listwa d Ayiti
Yon pwen alaliy e non yon pwen final.
Jodia plis ke jamè, Tousen Louvèti
Rete yon gid pou save nan syans sosyal.
Jeni sa a se yon Ewo entènasyonal
Pou tout Pèp vanyan ki swaf jistis :
Jistis sosyal kòm jistis ekonomik.

Anvan kignapig ane 1802 a,
Tousen tap fè louvèti pou Ayiti.
Youn nan pi gwo tonton zam
Tousen te itilize, se te sèvo l.
Sèvo pa l te toujou branche
Sou sèvo Pèp vanyan an.

Pèsonn pat reyisi jwe nan may Tousen
Pou dekonekte sèvo l ak sèvo Pèp la.

Sontonaks eseye, nad marinad.
Edouvil eseye, anyen menm.
Prejije Napoleyon Bonapat
Te anpeche l konprann kijan
Tousen te gen yon sèvo lòt nivo.

Sèvo Tousen kòm sèvo tout moun
Peze 2 pou san pwa kò a, men
Li konsome 20 pou san oksijèn
Ak san k ap sikile nan kò a.
Si yon moun pase 3 a 5 minit
San l pa respire oksijèn,
Moun sa a deja tou pre lanmò.

Pou Tousen Louvèti, libète se tankou oksijèn.
Kote ki gen lesklavaj, Tousen pat ka respire.
Soufrans mas Pèp la se te soufrans pa l.
Lè flèch tribilasyon an pike youn nan yo,
Tousen te santi doulè a nan pwòp kè pa l.

Jiskaprezan, se menm bonte sa a
Ki ret tache sou Pèp Ayisyen an
Tankou yon pafen ki santi bon.

Kit se bonte sa a, kit se zantray Peyi a
Ou rasin kilti a, tout gen pafen santi bon.
Dayè, pou jan Peyi nou an nan mìzè,
Si se vre zo a pat gen ni vyann ni mwèl,
Ou kwè ta gen tout koudeta sa yo ?

Dènye koudeta kidnapig 29 fevriye 2004 la
Kase tout kolonn vètebral Peyi a bout pa bout
San poutchis yo pa janm jwenn bout ki gen sèvo a.

Mennen koulèv la lekòl se youn, fèl chita se de.
Pèp la granmoun depi nan zòtey rive nan tèt.
An bon kreyòl : Pòch li vid men tèt li pa vid.

Ann gade byen ! Jodia atravè lemonn,
Chak 40 segonn, yon moun swiside tèt li.
Pi fò swisid sa yo fèt nan peyi moun rich.
Erezman bò lakay, sèvo moun pa tonbe
Nan tantasyon sa a pou ti krik ti krak.
Solidarite moun ak moun bay anpil vitamin
Pou fòtifye 100 milya selil ki nan sèvo a.

Gen yon gwoup nan selil sa yo ki rele neronn.
Selil neronn yo espesyalize nan kominike youn ak lòt.
Kominikasyon sa a pèmèt sèvo a kòmande tout rès kò a.

Bò dwat sèvo a kòmande tout bò goch kò a.
Bò goch sèvo a kòmande tout bò dwat kò a.

E 2 bò sèvo a kominike antre yo
Gras a yon matyè ki kole yo ansanm.
Matyè sa se tankou yon lakòl blanch
Ke save yo rele “kòpous kalosoum.”

Lè koudeta fann yon peyi 2 bò,
Fòk minorite a rekole ak majorite a
Tankou 2 bò yon sèvo ki kole
Ak “kòpous kalosoum.”

Wi, lè koudeta fann yon peyi 2 bò,
Fòk minorite a rekole ak majorite a
Tankou 2 bò yon sèvo ki kole
Ak “kòpous kalosoum.”

Inite sa a endispansab paske sèvo a bezwen
Ni vitamin ki soti nan manje moun manje,
Ni vitamin ki soti nan solidarite moun ak moun.

Souwè Bòn Ane ki pataje ak senserite,
Pa egzanp, ka bay bon vitamin solidarite.
Kanta pou tout bon souwè ki soti nan
Bèl solidarite 15 jiyè a menm, se pa pale !


Pèmèt mwen pwofite di n 15 mil mèsi
Pou kokenn temwayaj solidarite sa a.
Jan Tousen Louvèti te aprann nou an,
Sèvo nou ap toujou branche youn nan lòt.

Pami 100 milya selil ki nan sèvo moun,
Gen yon lòt gwoup yo rele selil gliyal.
Selil gliyal yo espesyalize nan pran swen
Lòt gwoup selil ke yo rele neronn yo.

Chak gwoup selil sa yo gen espesyalite pa yo.
Men, youn bezwen lòt pou gen bon fonksyonman.
La a toujou, nou obsève yon bèl sous enspirasyon
Pou ranfòse solidarite ant Ayisyen ak Ayisyen.
Trè souvan, absans amoni lage latwoublay
Andan sosyete a kòm anndan sèvo moun.

Atravè lemonn, sou chak 4 moun,
Gen youn ki soufri twoub mantal.
Nan lane 2020, pral gen plis moun
Kap fè depresyon sou depresyon,
Plis moun kap soufri strès ou vin fou.

Dayè, 75 pou 100 nan moun
Ki soufri twoub mantal pa gen kòb
Pou chèche bon jan tretman kay doktè.
Konsa, yon senp twoub mantal
Konn transfòme an maladi mantal.

Soti nan twoub mantal ou nevroz,
Tonbe nan maladi mantal ou psikoz,
Se soti nan ti depans tonbe nan gwo depans.
Lè sa a, pa gen ni lapè nan tèt ni lapè nan vant.

Pou gen lapè nan tèt ak lapè nan vant,
Fòk pa gen asid batri nan trip moun.
Boulvès trajik mwa avril 2008 yo
Reveye chofè tèt mato k ap dòmi
Sou volan kamyon bwat mizè a,
Men, nou toujou panche 2 wou anlè
Bò falèz malè pandye - pi ta pi tris la.

Pèsonn pa bezwen linèt gwo loup pou wè
Pèp la pa rantre tout bon, se sou twotwa a
Li kanpe ak menm asid batri a nan vant li.

Lavichè sa a fè yon lòt seri dega ki pa twò vizib
Men, viktim yo la e y ap ogmante nan divès peyi :
Chak ane 18 milyon ti moun fèt tou andikape mantal.
Pouki sa ? Paske yo manke yon vitamin ki rele yòd.

An jeneral, ti bebe ki gen ant 6 a 24 mwa
Toujou bezwen bon jan vitamin yo rele fè a.
Absans vitamin sa a, malerezman, ralanti
Devlopman mantal 60% nan ti bebe sa yo.

Tank kalamite sa yo fè dega nan sèvo moun,
Se tank yo fouye twou lanmò toupatou sou tè a.

Konsa,

· Chak jou, 25 mil moun mouri grangou nan lemonn.

· Chak 5 segonn, m di byen, chak 5 segonn,

yon ti moun mouri grangou.

· Chak ane, 9 milyon moun mouri grangou.
Pou tablo trajik sa a parèt pi klè toujou pou nou,
Ann imajine n yon peyi ki menm gwosè ak Ayiti
E ki genyen menm kantite popilasyon moun ladann.
Nan lespas yon sèl ane, tout moun nan peyi sa a disparèt.
Se egzakteman malè sa a k rive chak ane atravè lemonn.


piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  piporiko Dim 21 Déc 2008 - 19:45

Sè m, Frè m,

Ou kwè Tousen ta ret bra kwaze, bouch be
Devan konsekans esklavaj modèn sa a ? Jamè.
Tousen tap fè sèvo l mache pou mobilize
Tout moun ki vle tout moun viv kòm moun.

Nan sans sa a, fòk Fanmi Lavalas toujou loreya
Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.
Pasifikman ! Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya
Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.

Ak rezon, paske toupatou se mèt kò ki veye kò.
Anvan kidnapig 29 fevriye 2004 la, lespwa te fè viv.
Jodia, boujon lespwa a pa fleri anba wòch trayizon.
Li klè, boujon lespwa a pa fleri anba wòch trayizon.

Aletranje lè yo pa montre Ayisyen kap manje tè,
Kamera a fikse sou bòl ble lacharite silvouplè a.



Soufrans sa a pou nou tout,
Sof pou sèvo ki nan koma.
Pandan tout ane 2009 sa a,
Fòk n ede sèvo ki nan koma yo
Reveye pou n met men ansanm.

An 2007, sèvo yon Polonè ke yo rele
Jan Grzebski te reveye byen vivan
Aprè msye te fin pase 19 lane nan koma.


Wi, lè a rive pou yon revèy san parèy, paske
Imilyasyon Ayiti se imilyasyon tout Ayisyen.

Se pa pou lawont sa a Tousen te sakrifye lavi l.
Paske imilyasyon Ayiti se imilyasyon tout Ayisyen,
Fòk nou tout pote kole pou nou chanje sa
Nan mobilize ni matyè griz, ni matyè blanch.

Anndan sèvo tout moun ki nòmal,
Pa gen matyè griz san matyè blanch.

Plis selil sa yo ponpe enèji nan sèvo a,
Plis n ap jwenn kouraj pou nou refè

L’Union fait la Force.

Konsa, Testaman an pap ni blaze ni dechire.
E nou tout, na santi nou pi fyè pou nou viv

Nan yon lòt Ayiti, kidonk yon Ayiti ki pi bèl.

Se nan lòt Ayiti sa a menm
Nou kase yon randevou istorik :
Randevou MEM AMOU AN !

Nan lang Swahili,
Upendo huo huo
!

Sa vle di :

MEM AMOU !

An natandan Minouche avè m
Vin kanpe bradsou bradsa avè w

Nan randevou Mèm Amou an,
Nou anbrase w fratènèlman e di w
An Swahili : Tutaonana Ayiti !

Sa vle di : Na wè an Ayiti !
Ana kwa ana ! Sa vle di : Fasafas !

Tutaonana Ayiti ! Na wè an Ayiti !
Ana kwa ana ! Fasafas !
Upendo huo huo !
Mèm Amou !


Pretoria, Desanm 2008

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  revelation Lun 22 Déc 2008 - 10:02

diskou TITID Jba2009

M’ li e tande messaj la an plizye fwa. Messaj "kode" sa kle kou dlo kokoye.
Li montre kle ke Aristide pa finn mete retou l nan peyi l nan men Preval.

Li finn pa rekonet ke : Boujon lespwa retou l pa donnen anba roch trahizon.
Sa vle di pou retou’l a sa fet se pa diplomasi ni blan etranje fok se ayisyen ki pou debarase’l de tout tret sa yo ki anpeche’l retounnen nan peyi a.

Fok nou sonje ke sete pep Iranyen ki te fe Allatoya Komeini tounnen an Iran!! Se pat ni la Frans, ni le ZetaZini.
Sè m, Frè m,
Ou kwè n ta ret bra kwaze, bouch be
Devan konsekans esklavaj modèn sa a ? Jamè.
Fok n fè sèvo n mache pou mobilize
Tout moun ki vle tout moun viv kòm moun.


Chofe kamion tet mato Lespwa yo kap kondwi kamion mize peyi d’Ayiti se yon band tet mato!!
Si se pa klorox grangou se feblan assyet la charite devan legliz kominote intenasyonal.
Se pa pou la wont sa ke lte sakrifye la vi l

Fok nou itilize zam griz ak zam blanch. Fok tout patizan swiv e pran lod nan men sevo a ki li mem pase lod bay tout lot branch pati lavalas la. Network sa e kominikation sa yo inpotan pou ke lod yo sa passé de tet a zotey pati a.
Chak group nan pati a gen spesialization yo.
Absans hamoni dekonsantre pati a.

Randevou men amou !!

kòpous kalosoum!!

Annee 2009 sa sanble pral chofe!
Anpil pression diplomatik, e aktivist pral fet sou dirijan Ayisyen yo e sou pep la tou pou yo pran la ri.

Aristide we ke se sel chans ke li gennyen pou'l tounnen nan peyi'l.

Anpil pression komanse pral fet sou nouvo gouvenman demokrat Obama!!
Eske vyolans pral komanse fet nan peyi a??
Pete wi, pete non, Sa depand de fason ke problem nan abode.

Eske madam Clinton marraine pitit fi Aristide la e nouvo sekrete deta ki vinn ranplase Condie Rice pral jwe pye e men poul fe monkompe l tounnen???
Definitivman WI! Pa gen manti nan sa. Lap oblije fe sa indirekteman pou media pa we e pou KK chat pa soti.
Sa kap koze yon konfli d'intere e fe manzel chanje lide.

2009 sa pap yon annee fasil pou pep ayisyen!!
An n ret swiv sanble pral gen lot messaj pi kle toujou ki pral soti!!

Revelasyon


http://www.hayti.net/tribune/audio/telecharger.php?Fichier_a_telecharger=message09.mp3&chemin=
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  piporiko Lun 22 Déc 2008 - 12:03

"BAGAY LA MELANJE,GINEN YO TET ANBA,SANPWEL AP MANJE YO DI NOU SE VODOU.YO BOUCHE JE TOUT LWA POU YO FE PLIS LAJAN.ZENGLENSOU SOU LAKWA,VESE SAN ,VESE SAN..."

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  revelation Lun 22 Déc 2008 - 13:53

Rod San Malice di: Fok nou denonse demagoji ka tout moun menm ka Aristide tou.

Konbyen fwa sou sit saa mwen di mwen pa kwè ke se kidnape yo te kidnape Aristide ,yo ka te ankouraje li pou li te kite peyi ya ,men mwen pa kwè ke se kidnape yo te kidnape li.

Paske yo te ba li chwa sil pat vle monte nan avyon yo tap kite li kote li te ye ya
.


Rod bay opinion li e chak moun, chak Ayisyen andan kou deho ki interese a avni peyi l gen dwa e gen yon devwa bay opinyon li sou avni peyi a.
Fok nou di kareman sa ke nou ta remen ke annee 2009 la pote pou peyi a!!


Anpil nan dirijan nou yo kolabore anba chal avek swadizan zanmi yo e le konplo sa yo mal passe, le kat la mal bat, yo rele koken e yap vinn mande sipo pep la.
Yo rele kidnaping!!

Wi se yon form de kidnaping!!
Men pafwa avek konsantman e patisipation viktim nan!!
Sa fet tout tan!!

Nou pa bezwen pedi tan nou chache kote verite a ye pake bagay sa yo absolit e pap sevi nou pou anyen.

Ni moun ki fe kidnaping yo e ni moun ke yo kidnaping a pap di la verite ni kijan bagay yo te passe.

Eske Madam Clinton komm sekrete Deta pral mete job li an danje pou satisfe ambition Aristide????
Question sa se pa nou ki pou repond li!
Kite moun sa yo degaje yo!

Nou memm etan pep fok nou mete bagay sa yo deye nou e avanse pou pi devan avek sa ke nou genyen san redevans a pesonn! Sa mannigans ak magouy sa yo deye dô pep la ki vinn kweye pwoblem sa yo pi devan.

Gen moun ki mande la charite avek assiet nan men yo pou yo satisfe ambition personel yo pou pep sa di ke se yo ki te bati sesi se yo ki te bati sela.
Men le gen moun kap mande la charite pou pep li san ambition pesonel ni fe shelbe, se pi bel satisfaktion.

Aristide gen toupet ak kwitike ke nou gen assiet nap mande la charite!!
Se normal, apre 4 cyclon back to back yon deye lot, lekol ap tombe etc, se normal pou le monn gen kompation pou pep Ayisyen!!
Aristide te gen assiet pa'l tou devan blan Taiwan, South Afrika e Ameriken pou mete etranje bodygad protektion de $9 million dolla pa annee malgre sa dyab etranje yo manje l kanmemm.

Preval/Pierre Louis mache lib nan tout provins nan tout peyi a san $9 million dolla bodigad etranje.
Yo fe ti solda Ayisyen yo konfians e ti solda sa yo ap bay vi yo pou yo e pou peyi yo.

Christmas/Noel la ap vini se vre!!
Men matirite politik pep Ayisyen montre ke yo pa kwe nan Tonton Noel anko!!

Mesi, non mesi pou messaj la!!

Pep Ayisyen fatigue avek parabol.

Pale kle pou nou boss papa!!


Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  Me. Fortunat Lun 22 Déc 2008 - 14:56

Frem ak Sem yo, tout kalite, tout plimaj,
Jodi a, mwen kontan tande Diskou Prezidan Kidnape 29 fevriye ya,Diskou siwo myel melanje ak asosi, lalwa ak fey lila.Mwen espere chak grenn Ayisyen pral analize diskou sa a,Pou yo ka jistifye pwofonde pawol ki ladan yo. Diskou sila a, fe nou panse kantite jefo zanset nou yo te fe pou kase chenn lesklavaj. Eske nou dwe toujou kontinye rete nan lit destriktif kap kraze peyi a. Mwen espere Prezidan kidnape depi 29 fevriye an, pran anpil leson nan kanpe lwen an Afrik. Mwen kwe li we reyalizasyon Nelson Mandela apre 27 tan prizon. Mwen swete tout Ayisyen tout kalite, tout plimaj pral mete tet yo ansanm nan lanmou Tousen, Desalin, Chalmagn ak tout lot vanyan ki te tonbe nan wout pou chanjman peyi a.

Mwen pwofite swete tout moun ki gen chans branche sou forum sa a, yon lavalas jwaye Nwel 2008 ak yon kontene bonn ane 2009!

Yon sel nou feb, ansanm nou fo, ansanm, ansanm nou se lavalas!
Me. Fortunat
Me. Fortunat
Senior

Masculin
Nombre de messages : 32
Localisation : Haiti
Loisirs : Documentations
Date d'inscription : 27/11/2008

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  Bon Paulo Lun 22 Déc 2008 - 17:25

.

Bon Paulo
Star
Star

Nombre de messages : 175
Date d'inscription : 09/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  revelation Mar 23 Déc 2008 - 11:23

Kamarad Bon Paulo te bay komante l sou sije sa.
Komante sa disparet.

Eske se li memm ki volonterman pran desition retire l, ou byen se ordinate a ki fe yon erre??


Eklesi nou sou sa SVP!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  revelation Mar 23 Déc 2008 - 15:37

Rod di: Men mwen pa kwè ke se kidnape yo te kidnape li [Aristide].
Paske yo te ba li chwa sil pat vle monte nan avyon yo tap kite li kote li te ye ya
.



Observation ke Rod fe la tre important pou nou sa sitye evenman nan yon kontex de desissyon personnel ke viktim nan kap pran fas a predater yo.
Bay yon viktim yon chwa poul pran yon desisyon vinn dinimye arguiman kidnapping nan ki se "kenbe yon moun pa la fos e kont volontel."

Mesye diplomat etranje sa yo bluffe Prezidan Aristide le yo di l ke mesye rebel yo ak tout Guy Phillip te a depa de Tabarre e ke body gad etranje yo pa garanti sekiritel.


Dayer se pat Tabarre ke mesye rebel yo te prale, se direktion palais ke neg sa yo te prale.
Paske si Aristide te nan palais a, yo tap tou kenbe l.

Si le te deho, li patap fouti antre.
Donk Tabarre pat nan destination mesye sa yo.

Aristide te gen kont tan l poul te ralye tout militant Lavalas li yo o zalantou palais National,

o zalantou Tabarre, o zalantou airport national la mobilize tout popilation an mete sirenn e deklare yon etat de sierge sou tout teritwa peyi a.

Di Diplomat e mesye bodygad etranje yo « you are fired, dismissed of your services and persona non grata in Haiti starting immediately!!! »

Mesye blan sayo patap gen lot chwa ke bat deye yo e kite peyi a.

Prezans yo te klandestinn e illegal nan peyi a.
Yo pat gen dwa tire yon kout zam nan peyi a san provoke yon evenman diplomatik.

Si Aristide ta gen chans reviv moman sayo anko, sa tap passé yon lot jan.

Koudeta se memm jan ak cyclon!! Ayiti sitye sou rout cyclon,


donk fok nou toujou mete nou an alert e fe preparation e fe drill de tan zan tan paske wè pa wè cyclon kom koudeta yap vinn sou nou kanmemm.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  Bon Paulo Mar 23 Déc 2008 - 18:34

revelation a écrit:Kamarad Bon Paulo te bay komante l sou sije sa.
Komante sa disparet.

Eske se li memm ki volonterman pran desition retire l, ou byen se ordinate a ki fe yon erre??


Eklesi nou sou sa SVP!

Revelasyon

Revelasyon,

C'est bien moi qui l'ai enlevé. Merci pour la remarque.

Bon Paulo
Star
Star

Nombre de messages : 175
Date d'inscription : 09/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  Thunder Mer 24 Déc 2008 - 11:56

Aristide sa a pa janm pa ekri fab, lò w ap li sa li ekri w ap konprann se yon gran pwogresis, Yon gran patriyòt. Mwen ta renmen pou Aristide ta di kouman li panse ke Toussaint ak Dessalines te santi yo, nan tonbo yo, nan dat 19 Septanm 1994 ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  Marc-Henry Mar 30 Déc 2008 - 10:22

An natandan Minouche avè m
Vin kanpe bradsou bradsa avè w
Nan randevou Mèm Amou an,
Nou anbrase w fratènèlman e di
w
An Swahili : Tutaonana Ayiti !

Sa vle di : Na wè an Ayiti !
Ana kwa ana ! Sa vle di : Fasafas !

Tutaonana Ayiti ! Na wè an Ayiti !
Ana kwa ana ! Fasafas !
Upendo huo huo !
Mèm Amou !


Map redi'l anko , mwen pa dako ak mèm amou politik ke Jean Bertrand Aristide ap pale la . Je souhaite vivement un retour comme simple citoyen et ancien président de la république mais je suis contre tout retour comme leader politique en Haiti.

A la fin de son discours , il a dit clairement qu'il fera de la politique active(mèm amou) cela veut même pimpim la , même politique la et ça je suis contre.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  piporiko Jeu 1 Jan 2009 - 0:47

Thunder a écrit:Aristide sa a pa janm pa ekri fab, lò w ap li sa li ekri w ap konprann se yon gran pwogresis, Yon gran patriyòt. Mwen ta renmen pou Aristide ta di kouman li panse ke Toussaint ak Dessalines te santi yo, nan tonbo yo, nan dat 19 Septanm 1994 ?


Menm jan w te ye a :ou te sou wout airport la ou tap bat bravo

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  Marc-Henry Jeu 1 Jan 2009 - 12:18

piporiko a écrit:
Thunder a écrit:Aristide sa a pa janm pa ekri fab, lò w ap li sa li ekri w ap konprann se yon gran pwogresis, Yon gran patriyòt. Mwen ta renmen pou Aristide ta di kouman li panse ke Toussaint ak Dessalines te santi yo, nan tonbo yo, nan dat 19 Septanm 1994 ?


Menm jan w te ye a :ou te sou wout airport la ou tap bat bravo

Bonjour et bonne année à vous Pipo, Je suis vraiment content de vous lire . Merci de votre participation. Leu wou sou fowom lan , j'ai l'impression que mon président (TiTid)est aussi présent au forum.

Transmettez mes voeux de retour sans Politique à son Excellence Jean Bertrand Aristide.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  Thunder Ven 2 Jan 2009 - 10:44

piporiko a écrit:
Thunder a écrit:Aristide sa a pa janm pa ekri fab, lò w ap li sa li ekri w ap konprann se yon gran pwogresis, Yon gran patriyòt. Mwen ta renmen pou Aristide ta di kouman li panse ke Toussaint ak Dessalines te santi yo, nan tonbo yo, nan dat 19 Septanm 1994 ?


Menm jan w te ye a :ou te sou wout airport la ou tap bat bravo

m pa konprann ni pye, ni tèt nan sa w di a.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

diskou TITID Empty Re: diskou TITID

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum