Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon EV6.5 : où trouver le ...
Voir le deal

Preval ki sa ki ap pase la a menm?

+5
Mawon Rcfranc
Nickie
Jude
revelation
Joel
9 participants

Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Joel Mar 13 Jan 2009 - 10:09

Ayè mwen te tande sou Radyo Melodi ke Gi Filip te al enskri l kòm kandida pou SENA Depatman La Grandans.
Sa ki pi rèd lan ,yo te wè misye ak eskòt polis,plis gad de kò pèsònèl misye.
Se pou PREVAL di moun,an ki kalite FILIP te gen eskòt polis sa a?
Eske se li ki te otorize eskòt sa a?
Y ap asasinen LOVINSKY PIERRE ANTOINE yon gwo tèt lan Lavalas lan epi y ap bay ,asasen ,koupè d gòj ,touyadò GI FILIP eskòt polis ?

Kounye an ,si yon plim sòti sou tèt mesye Lavalas yo ,se pou PREVAL rann kont
Se pou misye di lan ki kan li ye.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  revelation Mar 13 Jan 2009 - 11:41

Joel di : Ayè mwen te tande sou Radyo Melodi ke Gi Filip te al enskri l kòm kandida pou SENA Depatman La Grandans.
Sa ki pi rèd lan ,yo te wè misye ak eskòt polis,plis gad de kò pèsònèl misye.
Se pou PREVAL di moun,an ki kalite FILIP te gen eskòt polis sa a?
Eske se li ki te otorize eskòt sa a?

Se yon bel obsevasyon e yon bel kestion ke w poze la. Men sa Preval gen pou we nan sa ?
Pou kisa w pa adresse kestion sa a chef PNH la pito paske seli ki chef jandam??
Mande chef polis la si eskot sa yo si se pou proteje popilasyon kont ekip Phillip la ou vise vesa.

Joel di: Y ap asasinen LOVINSKY PIERRE ANTOINE yon gwo tèt lan Lavalas lan epi y ap bay ,asasen ,koupè d gòj ,touyadò GI FILIP eskòt polis ?
Guy Phillip se yon ayisyen natif natal ke li ye e etan ketel li gen dwa memm jan ak tout lot ayisyen patisipe nan zafe politik peyi’l.

Pou zafe di ke li se assasin koupe goj fok w vini ak prev pou apiye komante ke w fe la.
Si w genyen prev ak dokiman ki pou sipote akizasyon yo, pa cache yo, se al depoze yo devan tribinal.
Se sel fason ke w kap ede nan trennen misye devan la jistis.

Joel di : Kounye an ,si yon plim sòti sou tèt mesye Lavalas yo ,se pou PREVAL rann kont
Se pou misye di lan ki kan li ye.
Ki kote ke w konnen tande yon pawol konsa pou yon prezidan kap dirije tout yon pep tout yon peyi pou’l di nan ki kan ke li ye???

Ki zafe kan ke w ap pale la ??
Se dyalog e rekonsiliasyon ke prezidan ap chache pou pep li e wap mande pou’l di nan ki kan ke’l ye ?
Se yon batay gue sivil ke w vle chofe la Joel???

Nan ki kan ke w ye???

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Joel Mar 13 Jan 2009 - 12:09

Non Revelasyon,

Pa vin jwe jwèt timoun;pa vin lan zafè ke si yon moun ta gen prèv kont FILIOP pou moun lan ta bay li?

FILIP limenm te deklare li te dèyè atak kazèn Petyonvil ak Frè an ,kote te gen polisye ki te mouri.
Alòs?
Non ,se pou PREVAL bay pou ki rezon misye ap flannen lan peyi an ,kòm si ryen netè.

Moun ann Ayiti yo pè..Moun yo pa ka pale.Devwa PREVAL se pou l fè jistis reye lan peyi an.
Ki sa ki pou anpeche misye ,lè l pa dakò,lè l pa kontan ak yon lòt gouvènman pou l refè sa l te fè an?
Anpi tou ,gen plis prèv ,te genyen moun ki te mouri lan Latibonit lan ,polisye ak patizan Lavalas lan evènman 2003,2004 yo.Te gen foto FILIP alatèt ansyen militè ak yon mitrayèt lan men n.
Ki prèv ankò pou yo ta bezwen ,e ankò FILIP te di se limenm ki te chèf mesye sa yo.

Non,se pou PREVAL reponn ,kòm mwen di l ankò,genyen la perèz ann Ayiti,radyo yo pa p poze kesyon sa yo ;se pou PREVAL di dekilakyèl.
Epi i ou mande lan ki kan ke mwen ye ,mwen pa lan kan pèsonn ,mwen lan kan pèp ayisyen an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Jude Mar 13 Jan 2009 - 13:02

Tous les sénateurs sont des drogs dealers et si Philippe est élu ça n'aurait pas changé... Ils cherchent simplement à obtenir l'immunité...
Jude
Jude
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 1864
Localisation : Frans
Loisirs : Financial Exchanges - Geopolitic
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le progressiste !

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  revelation Mar 13 Jan 2009 - 13:25

Joel di : Non ,se pou PREVAL bay pou ki rezon misye ap flannen lan peyi an ,kòm si ryen netè.

Pa gen okenn deklaration offisyel ki di ke misye se yon moun ki recherche pa la polis pou zak ke w di ke misye komet yo.
Si w gen yon problem ak misye, ke w regle kare kare ak li.

Joel di : Moun ann Ayiti yo pè..Moun yo pa ka pale.Devwa PREVAL se pou l fè jistis reye lan peyi an.

Donk sanble ke w gen la perez tou Joel !! W se pale anpil mete la, aloske mesye sa yo se zamm ke yo gennyen !!

Joel di : Ki sa ki pou anpeche misye ,lè l pa dakò,lè l pa kontan ak yon lòt gouvènman pou l refè sa l te fè an?

Tout sitwayen gen dwa proteste e revolte kont yon gouvenman.

Gen moun ki fe’l le ya’l vote ke yo al vote pou jete yon politisyen, gen lot moun se pa le zamm ke yo fe sa.
Tou le de fason sa yo akseptab sa depan nan ki kan ke w ye.

Castro te fe’l pa le zamm e jiska prezan li la toujou e li pa bay moun dwa al vote. Donk pran chans Joel!

Pou nou retounen sou zafe Fevrye 2004 sa kap toupizi lespri w depi tout tan sa.

Preval e tout lot gwo chabrak politisyen nou yo kite patisipe nan elektion 2006 la konnen tre byen ke se avek konplisite yo ke peyi Nation Unies yo ki te legitimize, legalize, e poze sele, e finalize depa Prezidan Aristide.

Si politisyen nou yo te mete ansam ak pep la e yo te di ke yo pa dako ak koudeta sa, e te fe pep la pran la rue, 1,000 ti Guy Phillip patap fouti jete e ankazyone depa Prezidan Aristide.

Nou pa pale anpil sou zafe konplisite e aprobation politisyen nou yo e peyi nation zini yo, men nou gen tan pou’n pedi kouri deye Guy Phillip.
Jan ke w di a,

se YO wi ki mete epouvantail sa ki rele Guy Phillip e ekip li yo la pou kraponnen, farouche e fe ti aktivist ak revolisyone pê pou yopa vinn simen la pagay nan chan maiz.

Plis ke nap pale de retou Aristide se plis nap we aparition épouvantail sa yo ap mache san pwoblem nan peyi a.
Men pou ki rezon ke w te poze nan premye kestion w an.

Joel di : Epi i ou mande lan ki kan ke mwen ye ,mwen pa lan kan pèsonn ,mwen lan kan pèp ayisyen an.

Donk w panse ke se w selman ki nan kan pep la ??
Se pep la ki ba w dwa pou seleksyone e fe la tryaj de ki moun ki dwe nan kan pep la e pale pou yo ???

Se politik d'exklisyon sa yo ki fe ke nou nan pwoblem konsa.
Gen neg ki konpran ke yo pi neg ke lot neg.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Nickie Mar 13 Jan 2009 - 14:41

Premyé rézon ki fè Gi Filip bezwen sénatè, sé poul ka gen iminité, konsa, yo pap chachel pou yo aretel ankô, li pap nan kaché, lap jwen machinn léta ak ou ekip gad di kô. Epi li pansé ya bliyel.

Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Mawon Rcfranc Mar 13 Jan 2009 - 15:44

Nickie a écrit:Premyé rézon ki fè Gi Filip bezwen sénatè, sé poul ka gen iminité, konsa, yo pap chachel pou yo aretel ankô, li pap nan kaché, lap jwen machinn léta ak ou ekip gad di kô. Epi li pansé ya bliyel.

Nickie, sa'w pa konprann la? Sa te mache pou Youri Latortue, misye ap eseye menm bagay la. Wou gen pou wè wi lan ti peyi sa.
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  obsèvatè Mar 13 Jan 2009 - 17:29

Haïti : Guy Philippe recherché activement par les forces de l’ordre, où se cache-t-il ?

L’ancien
candidat à la présidence et ex-chef rebelle, Guy Philippe, se trouve
dans le collimateur des agents de la DEA et de la BLTS. Il activement
est recherché pour trafic illicite de stupéfiants.

Je ne comprend plus rien.Agen DEA et BLTS yo pap chache ti blofè sa encore.

obsèvatè
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 200
Localisation : la nature
Opinion politique : ....
Loisirs : ....
Date d'inscription : 18/06/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Joel Mar 13 Jan 2009 - 17:44

revelation a écrit:
Joel di : Non ,se pou PREVAL bay pou ki rezon misye ap flannen lan peyi an ,kòm si ryen netè.

Pa gen okenn deklaration offisyel ki di ke misye se yon moun ki recherche pa la polis pou zak ke w di ke misye komet yo.
Si w gen yon problem ak misye, ke w regle kare kare ak li.

Joel di : Moun ann Ayiti yo pè..Moun yo pa ka pale.Devwa PREVAL se pou l fè jistis reye lan peyi an.

Donk sanble ke w gen la perez tou Joel !! W se pale anpil mete la, aloske mesye sa yo se zamm ke yo gennyen !!

Joel di : Ki sa ki pou anpeche misye ,lè l pa dakò,lè l pa kontan ak yon lòt gouvènman pou l refè sa l te fè an?

Tout sitwayen gen dwa proteste e revolte kont yon gouvenman.

Gen moun ki fe’l le ya’l vote ke yo al vote pou jete yon politisyen, gen lot moun se pa le zamm ke yo fe sa.
Tou le de fason sa yo akseptab sa depan nan ki kan ke w ye.

Castro te fe’l pa le zamm e jiska prezan li la toujou e li pa bay moun dwa al vote. Donk pran chans Joel!

Pou nou retounen sou zafe Fevrye 2004 sa kap toupizi lespri w depi tout tan sa.

Preval e tout lot gwo chabrak politisyen nou yo kite patisipe nan elektion 2006 la konnen tre byen ke se avek konplisite yo ke peyi Nation Unies yo ki te legitimize, legalize, e poze sele, e finalize depa Prezidan Aristide.

Si politisyen nou yo te mete ansam ak pep la e yo te di ke yo pa dako ak koudeta sa, e te fe pep la pran la rue, 1,000 ti Guy Phillip patap fouti jete e ankazyone depa Prezidan Aristide.

Nou pa pale anpil sou zafe konplisite e aprobation politisyen nou yo e peyi nation zini yo, men nou gen tan pou’n pedi kouri deye Guy Phillip.
Jan ke w di a,

se YO wi ki mete epouvantail sa ki rele Guy Phillip e ekip li yo la pou kraponnen, farouche e fe ti aktivist ak revolisyone pê pou yopa vinn simen la pagay nan chan maiz.

Plis ke nap pale de retou Aristide se plis nap we aparition épouvantail sa yo ap mache san pwoblem nan peyi a.
Men pou ki rezon ke w te poze nan premye kestion w an.

Joel di : Epi i ou mande lan ki kan ke mwen ye ,mwen pa lan kan pèsonn ,mwen lan kan pèp ayisyen an.

Donk w panse ke se w selman ki nan kan pep la ??
Se pep la ki ba w dwa pou seleksyone e fe la tryaj de ki moun ki dwe nan kan pep la e pale pou yo ???

Se politik d'exklisyon sa yo ki fe ke nou nan pwoblem konsa.
Gen neg ki konpran ke yo pi neg ke lot neg.

Revelasyon

Gen de nè ki gen dwa pwoteste nan la ri,genyen ki gen dwa fè l ak zam?
Revelasyon,
Se an 1959 wi Castro te pran pouvwa a ;li ta ka p fè l an 2004?
Yon lòt bagay kounye an nenpòt moun ki pa kontan ak gouvènman PREVAL lan gen dwa pran zam pou yo pwoteste?

Kouman fè Lajantin ak Chili ak pouswiv jis jounen jodi an ,militè ki te fè koudeta yo lan ane 70s.
Se eksklizyon y ap fè tou?
Sa gen de ou 3 semèn de sa ,mwen t ap tande emisyon RANMASE mwen tande kèk gwo bwa lan mouvman GNBis lan ki ap di si "dapre yo" PREVAL fè eleksyon pike kole;yo kapab fè menm sa yo te fè sou Aristide lan.

Poukisa dapre wou mesye yo ap fè chantaj sa a se paske anyen pa rive Filip ak Chamblen apre sa yo te fè an 2004 lan.

Yon lòt bagay ,poukisa jwif yo toujou dèyè nazi ki genyen preske 90 zan yo.Si gen temwajaj ke de nèg te fiziye menm 2 zou 3 moun lan kan ,jwif yo pa p ba w souf.

Toutotan pa gen yon egzanp ki pran ak koudetayis yo ,sitou de moun tankou FILIP ak CHANBLEN ap genyen moun ki ap ranje kò yo pou yo fè koudeta.

Kounye an yo pa ka fè l ,ki sa ki di,pa malè, ke si JEB BUSH ta eli an 2012,yo pa p retounen ala tach?
E zafè ke mesye Nasyonzini(?) yo ta ize FILIP tankou yon epouvanyay ,mwen pa kwè se vre.
Absoliman de gouvènman tankou Brezil ou byen Chili ki gen majorite twoup lan MINISTA a ,se pa de gouvènman ki ta ka gen okenn pwoblèm ak Aristide.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  revelation Mar 13 Jan 2009 - 21:30

Joel di : Gen de nè ki gen dwa pwoteste nan la ri,genyen ki gen dwa fè l ak zam?

Retou Prezidan Aristide se pa la pwoblem nan ye Joel.

Di Aristide pou’l pa interfere nan gouvenans Preval ou byen yon lot chef deta o pouvwa pandans presans li nan peyi a pa gen peson ki kap garanti sa.

Aristide se lanme e li pa kenbe kwass. Si li we ke pep la ap soufri, l’ap interfere e pran pozition kareman e kweye yon anbarasman pou dirijan o pouvwa yo e e assistans international la.

E sa kap kweye yon 3zyemm depa’l anko pou peyi lot bo dlo.. si se pa touye ke yo touye’l fwa sa.

Prezans epouvantail de paille sa yo ki vinn tounnen pikan pinnga nan chan maiz a rand operation retou a pi konplike.

Sou pression ou pa, Preval exjije ke fok li fini term prezidantyel li a dabo avan ke tout tantativ de ne gosiyasyon a operation retou sa fet.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Joel Mer 14 Jan 2009 - 9:59

revelation a écrit:

Di Aristide pou’l pa interfere nan gouvenans Preval ou byen yon lot chef deta o pouvwa pandans presans li nan peyi a pa gen peson ki kap garanti sa.

Aristide se lanme e li pa kenbe kwass. Si li we ke pep la ap soufri, l’ap interfere e pran pozition kareman e kweye yon anbarasman pou dirijan o pouvwa yo e e assistans international la.

E sa kap kweye yon 3zyemm depa’l anko pou peyi lot bo dlo.. si se pa touye ke yo touye’l fwa sa.

Prezans epouvantail de paille sa yo ki vinn tounnen pikan pinnga nan chan maiz a rand operation retou a pi konplike.

Sou pression ou pa, Preval exjije ke fok li fini term prezidantyel li a dabo avan ke tout tantativ de ne gosiyasyon a operation retou sa fet.

Revelasyon[/size]

Se pa sa Revelasyon,se zanmi w yo sèlman ki genyen monopol vyolans?
Se depi apre depa Divalye an ,zòt ap fè chantaj sa a.Se pa lènmi an sèlman ki ka mouri non.
Se pa Aristide ki anpeche peyi an mache ,se MESYE EKSTREM DWAT,petèt se pou yo konfwonte yo ,pou peyi an ka fè yon pa ann avan.
Dezyèman ,ki lè Preval te di se pou l fini manda l anvan negosyasyon retou an kòmanse?
Mwen menm sa mwen tande se ke negosyasyon yo deja kòmanse.
Se yon bagay de sekirite ki ap pale.
Yon lòt bagay ,poukisa se Aristide ou mande pou pa fè entèferans ?
Se pou di mesye ansyen Lame Dayiti yo ak konpayèl yo pou yo pa entèfere tou.
Se pou w di mesye lan boujwazi yo sa tou.
Alòs lè pèsonnpa entèfere ,lè genyen yon eleksyon pwòp ,yon moun eli ,donk peyi an kapab kontinye chemen l ,menm jan Dominikani ap fè l kounye an

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Thunder Ven 16 Jan 2009 - 18:35

Se pa Aristide ki anpeche peyi an mache ,se MESYE EKSTREM DWAT,petèt se pou yo konfwonte yo ,pou peyi an ka fè yon pa ann avan.

Se sa ki fè ti nèg ap toujou genyen pwoblèm ak mwen, paske jan de konsonmen sa yo pap desann nan goj mwen.

Se plito MESYE EKSTREM DWAT YO ANSANM AK MESYE EKSTREM GOCH YO ak demagog Aristide ki anpeche peyi a mache. Fok nou konfwonte tout mesye sa yo, si yo pa vle al jwe domino. Pa genyen youn nan ekstrem yo ki bon pou peyi a, ...peryod!

Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  gwotoro Dim 18 Jan 2009 - 19:44

a

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Rico Dim 18 Jan 2009 - 20:04

Wi Preval se menm kat politik mouvans lavalas lap mennen. Sof ke li pap bay chans sayo rele pati Lavalas, pwopriyete Tutud . Se saliye li fome yon koalisyon neyo lavalas ak tout lot bizango pou kontinye kenbe pouvwa. Saki rele lavalas se premye fwa li pran yon koutba nan men frè syamwa l apre tout koutba li voye a goch ak dwat. Aristid an egzil Preval chwazi kavalye polka li pou mennen konba sa.

Kisa nou refize konprann li flanke lavalas yon mechan kou pou prezidans Sena. Se nan palè Nasyonal sa deside, Heriveau mande anraje. Sakap pase la koman lavalasyen dyaspora sayo pa kanpe sou anyen. Alos mesaj patron an nou pa retni anyen nan lekti l. Espwa tounnen dezespwa yo di nou. Saki difisil pou konprann Espwa ap regle ak lavalas ki vle fè koudeta, derapaj wouuyyyyy
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Rico Dim 18 Jan 2009 - 20:28

Joel a écrit:Ayè mwen te tande sou Radyo Melodi ke Gi Filip te al enskri l kòm kandida pou SENA Depatman La Grandans.
Sa ki pi rèd lan ,yo te wè misye ak eskòt polis,plis gad de kò pèsònèl misye.
Se pou PREVAL di moun,an ki kalite FILIP te gen eskòt polis sa a?
Eske se li ki te otorize eskòt sa a?
Y ap asasinen LOVINSKY PIERRE ANTOINE yon gwo tèt lan Lavalas lan epi y ap bay ,asasen ,koupè d gòj ,touyadò GI FILIP eskòt polis ?

Kounye an ,si yon plim sòti sou tèt mesye Lavalas yo ,se pou PREVAL rann kont
Se pou misye di lan ki kan li ye.

Alos se bizango lavalas selman ki konn rache plim sou do opozan l. Pa rete trankil nap konnen kone kona ak frè syamwa separe nou. Yo gen lotorite, yo gen lajan e yo byen aprann koman yo regle ak ti nèg. Apenn si lè plis jis seron sove.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Joel Lun 19 Jan 2009 - 9:04

Rico a écrit:Wi Preval se menm kat politik mouvans lavalas lap mennen. Sof ke li pap bay chans sayo rele pati Lavalas, pwopriyete Tutud . Se saliye li fome yon koalisyon neyo lavalas ak tout lot bizango pou kontinye kenbe pouvwa. Saki rele lavalas se premye fwa li pran yon koutba nan men frè syamwa l apre tout koutba li voye a goch ak dwat. Aristid an egzil Preval chwazi kavalye polka li pou mennen konba sa.

Kisa nou refize konprann li flanke lavalas yon mechan kou pou prezidans Sena. Se nan palè Nasyonal sa deside, Heriveau mande anraje. Sakap pase la koman lavalasyen dyaspora sayo pa kanpe sou anyen. Alos mesaj patron an nou pa retni anyen nan lekti l. Espwa tounnen dezespwa yo di nou. Saki difisil pou konprann Espwa ap regle ak lavalas ki vle fè koudeta, derapaj wouuyyyyy

Mesye sispann ak rans sa yo .Nou se sèlman peyi ki lan pakèt gògmagòg pou fè eleksyon.
Se noumenm sèlman .
Gade sa k pase ayè la a kote gòch radikal lan ranpòte eleksyon lejislatif yo san gwo pwoblèm.
Lè mwen di se goch radikal lan se pa plezantri non,se FMLN ki genyen eleksyon sa yo e ki favori pou prezidansyèl lan mwa Mas lan.
Tonnè fout sispann.
Gade sa k sot pase lan Ghana la a kote gen nèg sou sit sa a ki toujou ap kritike sa k ap pase ann Afrik.

Pati opozisyon an ranpòte eleksyon prezidansyèl lan ak -li byen wi-50,23% vwa yo.
Pati o pouvwa a pèdi e se prezidan sòtan an ki monte sou radyo plizyè fwa pou l mande respè vòt lan.
Sa k pi rèd lan kandida ki pèdi an se yon bon zanmi misye ,se pou len l.
Tonnè fout.Yo nonmen yon konsèy elektoral ,veye ke eleksyon ki pral fè yo ,fèt byen ;se sa sèlman.
Pa vin kòmanse di ke eleksyon ap gen koken anvan eleksyon fèt .
E menm si yo fèt ,gen ti iregilarite ,pa vin di ke se vòlò PREVAL ou nenpòt ki moun vòlò eleksyon.
Sispann bagay obskirantis nou an ,se noumenm sèlman lan Amerik lan aktyèlman ki refize aksepte rezilta eleksyon.
SISPANN FOUT!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Preval ki sa ki ap pase la a menm? Empty Re: Preval ki sa ki ap pase la a menm?

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum