Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
Tefal Ingenio Emotion – Batterie de cuisine 10 ...
Voir le deal
59.99 €

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

+2
Joel
revelation
6 participants

Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  revelation Ven 27 Fév 2009 - 10:51

Gen moun ki di ke vwa pep la se vwa Bondye, Nou tout se Ayisyen, si nou pakab kwaze yo, an nou kolabore ak yo.
Le jeu force à couper.

Bet jennen mode, chien grangou pa kouri deye moso bwa, ni tiboul tennis, ni fribee, donk yo tou di nou ke chien grangou pa jwe.
Yo di nou avek move tan lapli sa ki a l'horizon an, Lavalas la pral desand. Donk avetisman pa touye kokobe.

Ekatman pati Lavalas la pa CEP a nan kous elektoral senatoryal la ale nan direksyon opoze a yon system demokratik.
Yo pa elimine yon pati politik abitrerman konsa sou yon baz administratif. De ti papye ki pa an reg etc..

Memm si papye patisipan yo pa an reg, se atrave vwa de vot pep la nan eleksyon pou yo elimine yo. Nou pakab pran avantaj exkiz maladress e dezoganizasyon pati sa pou nou fe la denye sou yo. Ti fô pa sa yo jistifyab nan sikonstans ke nou tout konnen.

Oganizasyon internasyonal la konnen tre byen ke patisipasyon pati Lavalas la tre inpotan nan eleksyon sa yo e $16 million dolla ke yo bay la pap jistifyab si prezans pati sa pa la.

Gouvenman Preval/Pierre Louis a ap jwe yon jwet ki pert gagne nan zafe sa.
Si yo pa kite pati sa patisipe nan eleksyon sa, se kankou yon lot koudeta ke yo bay la ki kab kweye anpil pwoblem bay peyi a non selman gouvenman sa men lot gouvenman kap vini apre yo.

Maiz moulin cho sa sou chodye dife e nou pa fouti layite’l nan assyet pou’l refwadi’l e manje’l sou le kote.
Fok met jwet yo pa marre kat la!!

The chicken came home to roost!! We have created a monster; it alive and kicking our butt, struggling our society and our economy!

Let practice what we preach, and let them participate in the elections; this is what democracy is all about.
And if we can’t beat them, ..... then join them!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Joel Ven 27 Fév 2009 - 11:07

Se sa nèg pa konprann wi.Gade sa k ap pase lan Antiy franse yo epitou moun yo pa grangou menm jan ak ayisyen yo non.

PREVAL pito koute atoufè GNBis yo lan Palè an ki vle tout pou yo.
Kès lan vid PREVAL ou pa p ka apeze kòlè Pèp lan.

Atansyon mesyedam ,nou sonje kijan EVO MORALES te rive prezidan.
Pèp souvren te okipe beton an ,yo te ranplase presidan pa prezidan ,pèp lan pa briding,jis tan yo fè eleksyon ke yo vle an e EVO MORALES vin genyen.

Pèp lan chita lakay li ,paske yo te bay PREVAL benefis dout;men yo vin wè sa yo te konprann lan se pa sa.

Epitou si PREVAL konprann li pral koute GNBis dezespwa yo e l al fè represyon;e limenm e yomenm ap chire

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Sasaye Ven 27 Fév 2009 - 11:50

Sesamenm.
Depi genyen yon move kou pou fè, ayisyen ladann.
Yo fò lan sa.

Gende bagay ki tèlman klè ke wap mande si tout moun yo pa avèg.
Kijan pou yo ta konprann pou mete pati ki pi gwo reprezantan popilasyon peyi deyò lan yon eleksyon?

Pèp ayisyen se yon pèp ki saj e pasyan men li pa zonbi.
Li bay politisyen tout chans avèk kredi, pou l wè si yo kosyan vre.
Men lè l wè yap pase l lan betiz, li leve kanpe e lanpwen anyen ki kapab kenbe l non.

Politisyen yo te dwe gade kijan pèp la te aji avèk Divalye yo jiskaske li tounen yon bèt jennen mòde.

Politisyen te dwe sonje dènye eleksyon kote pèp la pran nòt konbyen magouy yo te fè epi yo fèmen dyòl yo ak yon 2%.

Si KEP a reyelman yon enstitisyon endepandan, gouvènman pa dwe kapab enfliyanse yo. Kidponk, si KEP a konpose de GNBis sèlman, se pou yo dechouke l, paske sa lap fè a pa bon pou peyi a.

Si yo pa chanje politik saa, Lavalas pral desann toutbon vre.
E sèlman lè pli jis seron sove.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  revelation Ven 27 Fév 2009 - 12:37

Sasaye di: Si yo pa chanje politik saa, Lavalas pral desann toutbon vre.
E sèlman lè pli jis seron sove.

Apre tout bel bagay ke w sot di la, fok w fe yon menas kanmemm!!

Fok se lot pati politik yo ki pou montre solidarite yo avek pep Lavalas la pou yo pa patisipe nan eleksyon malatyon sa!!

Malerezman, politisyen sa yo ap profite de febless administrativ, jessyon e divizyon Lavalas la pou yo make poin.
Se konsa ke politik jwe. W frappe advese w kote ke'l feb la.
Achille te fet an fe, men talon pye'l te fet ak labou. Men pot ti frappe, lap tombe!!

An memm tan tou, Lavalas sanble ke ti karans administrativ sa yo pa fe yo pe, paske yo konte sou fos pep la pou al baignen nan piscine pou yo.
Se bagay sa ke anpil moun gen repinyans pou attitid leader Lavalasyen yo kap konte sou sipo pep la e inyore atitid legal prinsip elektoral yo.
Pep la avek w se vre! men fok w montre enpe de gentil homme tou fas a lot advese yo tou!

Itilize pep la kankou yon bulldog e lage yo nan grenn GNB yo e simen pagay pa fairplay ditou!!

Le la press e media lokal e internasyonal ap vinn pran foto pep la nan piscine, nan la rue, ap boule kawoutchou, kwaze vit magazin e kwaze ekonomi peyi a, se Lavalas kap vinn pote tout chaj la anko.

Fok nou pa bay GNBiste yo okenn okazyon pou lonje dwet sou nou anko!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Rico Ven 27 Fév 2009 - 12:58

Wouyyyyy e pi apre lavalas la finn desann se plis grangou klorox, biswit labou ak latriye. Eske w panse nou pral kontinye nan menm lobèy sa anko. Kisa tetennad sayo pral chanje nan egzistans bann loupim manipile sayo. Men fout tonas ki lè pou nou bouke ranse nan figi moun ak popilis tètshat sayo.

Duvalier kenbe yon pouvwa nan menm salopriti sayo. Depi ROULO KONPRESÈ zansèt tentennad lavalas yo soti manman pitit mare vant. Tout loupim sayo toujou nan grangou. Sof kèlke ti makout ak milisyen apiye pa yon lame sanginè pou kontrole bon pèp desi ki te mande anraje pou yo.

Nou retounen nan menm blof sa anko. Sof gen anpil nan nou ki vwayaje, veki nan sosyete ki entegre tout moun konfondi nan devlopman sosyal ,politik ak ekonomik yon peyi. Nou menm se premye benefisyè, poutan se endividi konsa ki pa tande rete kole nan dengwann yon betiz ki rele Lavalas.

Se fout yon ront mwen pa konprann koman sa rele. Koken ki rele lavalas sayo reprann menm kote makout popilis fini. Yon gen bon jan madigra tèt de pon pwoteje ak ti benifisyè rejim la ki gen mwayen ak lajan pou sakaje barak la. Alos se fasil pou fè desant de lye menm jan ak ROULO KONPRESÈ tan makout yo.

Men ti pèp sa se li menm anko apre tout manti ki pral dechoukè malendren sayo tankou zansèt yo makout ak ti milisyen . Yo pran manti lontan men pa toutan. Sa mwen wè pou lavalas Wouuuuuuccccchhh. ROULO KONPRESÈ OU BYEN LAVALAS DLO SAL KAP DESANN PARE TANN PI DOUVAN.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  revelation Ven 27 Fév 2009 - 13:46

Sasaye di : Si yo pa chanje politik saa, Lavalas pral desann toutbon vre.
E sèlman lè pli jis seron sove.
Rico di: Men ti pèp sa se li menm anko apre tout manti ki pral dechoukè malendren sayo tankou zansèt yo makout ak ti milisyen . Yo pran manti lontan men pa toutan. Sa mwen wè pou lavalas Wouuuuuuccccchhh. ROULO KONPRESÈ OU BYEN LAVALAS DOL SAL KAP DESANN PARE TANN PI DOUVAN.

Sasaye e Rico se 2 extremist kap joure e dechire yon ak lot. Youn pap kite pou lot!! Youn ap fe lot menas!!
Ke se Zanset, makout ak ti milisyen, ke se GNBiste ak Lavalas pep la nan mitan konkou yon ballon volley-ball kap passe a dwat a goch !!

Pou kisa pep la kite ke yo manipile’l fasil konsa ???

Se pousa ke pep la te chwazi Hitler, Missolini, Duvalier, Aristide, Chavez, Obama.
Sak gen pi bon bouch la, sak pi odasye a, sak pi metdam nan se li kap gennyen paske pep la pa chita sou annyen !!

Pep la livre a li memm, li livre a chalatan tou otan ke yopa gen yon edikasyon, sante, djob, e jistis sosyal !!
Pep Ameriken an te fatigue ak Bush, fatigue avek lague Irak, Afganistan, chomaj, kay kap pedi, yon oppozan de 71 zan ak yon fanm konsevate kipa chita sou annyen, se nomal pou Obama passe konkou yon lettre a la poste. Si ekonomi a te bon, si GW Bush te gennyen la gue Irak la e si Repibliken yo te gen yon jenn gason tou, Obama tap nan rete tand toujou.

Le yon pep fatigue batay e bezwen chanjman, se yon popilist ke yo chache.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  piporiko Ven 27 Fév 2009 - 19:10

revelation a écrit:

SISPAN FE AMALGAM

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Sasaye Ven 27 Fév 2009 - 21:05

Mwen te konprann wou tap korije.
Men tankou koulev yo mennen lekòl ou paka chita ou paka aprann.
Lè yon moun fèt sòt, ou rete sòt tout vi w.

Si m manti, montre ki kote mwen ak Rico konn ap joure ak dechire youn ak lòt e pa janm kite pou lòt.
Ekstremis lan kisa?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Joel Sam 28 Fév 2009 - 8:23

Rico ak Revelasyon,
Se nou menm ki lan tentennad,
N ap rele popilis,chimè mwen pa konn kisa ankò.
Kisa ki regle ak gouvènman GNBis Preval lan?
Se sa pou nou rele l wi;Premye minis ,minis ,konseye Preval,anbasadè,konsil tout se GNBis.

P èp lan kontinye ap wouke.Avanyè swa gen yon dlo ki desann lasalin 8 moun mouri pase yo pa netwaye kannal yo;e traktè yo la .
Se pa sa mesye yo ap okipe.
Epitou mesye pa vin ak bagay pisin lan ankò ;byen tout moun konnen se konplo ki t ap fèt pou gen dezyèm tou pou nou vòlò eleksyon an.
Pèp ayisyen poko reveye tankou tout pèp lan Amerik Latin lan ap fè sa jounen jodi an.

3/4 gouvènman ki ap eli jounen jodi an lan Amerik lan se gouvènman "popilis".
Se veye zo nou ,pa kite pèp sa reveye ;si li imite lòt pèp Amerik lan se RENE CIVIL l ap mete prezidan.
E zafè ke près entènasyonal lan ,pa gen sa pyès ankò,zafè pou yo wè bagay yo jan lelit ayisyen yo wè l.
Se près ayisyen an ki ap sonnen yon sèl son kloch;si te gen 2 son ,kafe anpil nèg te koule ak ma deja;pou jan bagay yo ye an

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 28 Fév 2009 - 8:23

Lavalas se menm jan ak Peronist la an arjantinn politisyen ki genyen bon jan kapasite rekonet ke li enkontounab.se pa paske yon politisyen ou 2 fè erè ki fè nou blije jete bebe ya ak dlo batem lan kondi moun save yo konn di.Fok GNBIS yo rann yo kont ke se yo ki pa ba pep la yon alternativ.Lè pep la sonje sa ki pase nan site ya. sou bel-air, la fosette, raboto, ste helene ant 2004 et 2006 ki jan pou yo vote pou GNBIST yo menm?Nou fè plis pase 2 zan ap maltrete pep la, volo lajan peyi ya epi nou vle se nou pou yo swiv?Ki sa frize te fè pou koukou konsa poul ta rele pitit li frizelya.Se neg ki destabilise peyi ya ki tap boule Pelig se yo pou pep la al vote?

Ala kote genyen moun odasye papa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  revelation Sam 28 Fév 2009 - 9:57

Gen anpil neg sou forum nan ki gen atitid extremist le yo ap bay opinion yo ou byen le ke yo ap develop yo sije. E sak pi mal la, yo pa rand yo kont de sa.

Yo toujou ap itilize de mô kankou:.
Veye zo nou, sa nou pran se pa nou, Lavalas al pral passé pran nou a penn si le just seron sove etc, etc, etc.
Youn se ri de mo prophetik malefik kap mete la perez nan kê pep la.

Pawol sa yo soti e nan kan GNBiste yo e nan kan Lavalasyen yo.
Se sak fe ke toutotan ke 2 kan sayo egziste, younn pap kite pou lot jiska la destriksyon final.
Yo chak rand lot responsab de mize peyi a. Yo pa jamb gen tô, kelkeswa sa yo fe mal yo toujou jwen yon bon dô pou lague chaj la.
2 fos extremist sayo pa repose sou annyen.
Yo tou le 2 ak sevi ak asistans kominote internasyonal la le pou yo regle zafe yo.

Yon group se pou yo rete o pouvwa otan ke yo kapab, e lot group la sevi ak li pou fe la jan e fe komess yo mache.

Se sak feke fok nou jwen yon lot alternative a 2 atitid extremist sayo kap divize e dechire peyi a konsa.

Opinyon pa'm se ke toutotan ke se blan yo kap bay million pou oganize eleksyon tout jounen tout nan nwit, se plis divisyon kap fet ant sitwayen ayisyen.
Eleksyon sa yo ap politize pep la e mande yo pou yo pran pozition ant 2 group extremist sa yo.
Se pozisyon ke blan yo ap mande nou pran poul sa divize nou e kenbe nou anchene nan yon mize fizik e spirityel.
Solisyon an pa fasil, men li pa inposib!!!
Il sifi ke nou pran yon priz de konsyans e di ke fok sa chanje.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Sasaye Sam 28 Fév 2009 - 12:06

Sa w di laa pa eksplike ekstremis.

Oubyen ou vle di Rico ak mwen reprezante 2 kan yo?
Rico se yon fanatik antilavalas ki gen yon pwoblèem pèsonel ak Aristid.
Tout moun e Rico konn sa.

Konbyen fwa pou m di w mwen pa lan oken kan?
Sa m ap chèche se solisyon pou peyi m sòti anba malsite.

Memsi li difisil pou w konprann, malgre ke pi souvan mwen pa dakò avèk opinyon Rico, men mwen aksepte sa l di. Gendelè li gen rezon tou.
Men ni limenm, ni mwenmem, youn respekte lòt.

Men sa mwwen paka tolere se le nèg ap vinn pran pòz yo konnen, lè yo pa konnen; vinnn fè analiz krochi epi vinn mete epitèt sou moun: aktivis, liberal e kounyea ekstremis.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Joel Sam 28 Fév 2009 - 12:06

Revelasyon,
Youn lan repons lan se sispann fè koudeta.Sa FREDERICK DOUGLASS te di an 1893 lan ,sa rete daktyalite.
Lan opinyon m PREVAL vini yon GNBIS andisi,radikal ,men mwen kont koudeta kont li.
Mwen ta renmen pou misye wè rezon e evite yon katastròf pou peyi an.
Petèt jan nou ap aji an ,se paske pa t gen yon gè sivil ann Ayiti tankou peyi Amerik Santral yo pa egzanp.
Lè tout gwoup wè pa genyen pèsonn a labri ,lè genyen hing-hang ;gwoup yo blije chache yon "juste -milieu"

Gade lan Nikaragwa,se DANIEL ORTEGA ki o pouvwa jounen jodi an;eske peyi an pa p mache pliz ou mwen?
Si nou sonje te genyen yon gè sivil grenn kraze lan Nikaragwa,kote te genyen 50 mil moun ki te mouri e Etazini te depanse plis ke 2 milya dola lan gè sa a.
Lan Salvador ,se fwon Farabundo Marti an (gòch radikal lan) ki ap mennen .Sot genyen yon eleksyon kote yo genyen pou premye fwa 40% lan Kongrè an e yo di yo favori pou prezidansyèl lan mwa Mas lan.
Gade an Dominikani ,peyi vwazen nou an se Pati JUAN BOSCH lan ki o pouvwa ,li kontwole Kongrè an ak prezidans lan.
Sonje se kont pati sa a ameriken yo te fè yon entèvansyon milité an 1965 ,nan mitan yon gè sivil.
Sispann bay koudeta .Si Pati Aristide lan genyen yon eleksyon e li genyen kontwòl Lejislati an ak prezidans lan;se moute ponyèt nou pou al lan mas yo e fè yo vote pou nou lan yon lòt eleksyon.
Sispann bay koudeta e lè na p fè eleksyon ,fè eleksyon lib.

Dernière édition par Joel le Sam 28 Fév 2009 - 19:16, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  revelation Sam 28 Fév 2009 - 17:16

Sasaye di : Sa w di laa pa eksplike ekstremis.

Oubyen ou vle di Rico ak mwen reprezante 2 kan yo?
Rico se yon fanatik antilavalas ki gen yon pwoblèem pèsonel ak Aristid.
Tout moun e Rico konn sa.

Pwoblem pesonel la mwen pat konn sa.
Donk bagay yo vinn pli konplike konnyen la e sa montre rezon tout atak sa yo.

Sasaye di :Konbyen fwa pou m di w mwen pa lan oken kan?
Sa m ap chèche se solisyon pou peyi m sòti anba malsite.

Moun ki malsite nan je w kap pa malsite nan je yon lot moun.
Se sak fe ke sa bay aparans ke se pa solisyon ke w ap chache, se konfrontasyon e akwochaj.

Sasaye di : Men sa mwwen paka tolere se le nèg ap vinn pran pòz yo konnen, lè yo pa konnen; vinnn fè analiz krochi epi vinn mete epitèt sou moun: aktivis, liberal e kounyea ekstremis.

M’rele w aktivist, liberal, extremist dapre pozition ke w pran e fason ke w analize realite peyi a.
Dapre w, pep la toujou gen rezon! Vox populi Vox Dei! Vwa pep la se vwa Bondye!!
Se pa vre di tou mon fre e se sa ke nou vle demontre la nan analiz sa.

Pafwa gen lot moun ki pale pou pep la e moun sa yo konprand ke se Bondye ki voye yo nan yon missyon.
E se la ke politik popilist la vinn antre nan jwet la.

Yo fe pep la konprand ke SI yo pala, annyen pap regle.
Peyi a bloke.
Coq la konprand ke si li pa chante le matin, soley la pap leve.
E moun telman abitye tande coq la chante ke yo vinn pa konprand ke se vre.
An realite ke coq la chante, ke li pa chante, soley la ap toujou leve le matin.
Al di pep la sa yo pap vle kwe se verite!

Sasaye, m’pa pran poz ke’m konnen !! Si’m di yon bagay ke w trouve kip a la verite se demanti sa’m di a pa a+ b avek bon sipo. Konesans se pa nan imajinasyon, ni nan derespektans ke nou jwen sa.
Joel di : Revelasyon,
Youn lan repons lan se sispann fè koudeta.Sa FREDERICK DOUGLASS te di an 1993 lan ,sa rete daktyalite.
Si Frederick Douglass ta tounen an 2009, li tap di memm bagay ke li te di an 1893 la.
Apre 200 zan indepandans, Lelite aristokrat la reprezante par Preval e ekip li yo la toujou ap mennen kot a kot avek lelite tradisyonel la.
Joel di : Lè tout gwoup wè pa genyen pèsonn a labri ,lè genyen hing-hang ;gwoup yo blije chache yon "juste -milieu"
Nou ta souwete ke anpil moun tande sa w di la !!

Fok nou soti nan extrem yo pou’n vinn rankontre nan mitan e jwen solisyon ki kap satisfe la majorite.
Se juste nan milieu jan w di a Joel ke nou ka jwen yon konpromi.

Joel di : Sispann bay koudeta .Si Pati Aristide lan genyen yon eleksyon e li genyen kontwòl Lejislati an ak prezidans lan;se moute ponyèt nou pou al lan mas yo e fè yo vote pou nou lan yon lòt eleksyon. Sispann bay koudeta e lè na p fè eleksyon ,fè eleksyon lib.

Le lelite la fe yon chanjman radikal, pep la rele ammwee koudeta nan bouda nou !!
Le se pep la kif e chanjman radikal pa li, lelite la rele amwee revolisyon sosyal nan bouda nou !!

Donk Joel, le w finn fe yon revolisyon sosyal, se dirijan revolisyone yo ki pou solidifye pozisyon yo e bay pep la bon jan edikasyon, sante, lojman, e andoktrine yo e cimente baz la avek instriksyon civik, e patriotik pou konseve yon kontinuite e perenite pou l’aveni peyi a.

Tro souvan, dirijan popilist nou yo sevi ak pep la pou pran pouvwa, answit lague yo a la deriv sou beton an. Si sa ap koutinye toujou, lelite la pral sevi avek memm pep sa ki san direksyon e san leadership pou’l ba nou « koudeta »anko.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Joel Sam 28 Fév 2009 - 19:15

Non Revelasyon,
Pa fè sa ,
Pa vin fè amalgam ant elit lan ak pèp lan.
Elit ann Ayiti an pa tankou yon seri lòt elit,yo pa fè chanjman lan enterè peyi an,lan enterè nasyonal.
Gen dwa se edikasyon elit sa a ki fè sa,kijan yo edike ;men se yon fè.

Si genyen eleman lan elit lan ki vle fè chanjman;lòt eleman lan elit lan ap manje yo.
Apa yon eleman lan elit sa a ki te vle fè kèk ti chanjman,tankou Dumarsais Estime ,di kilès lan elit sa a ki janm atante menm yon ti "modicum" chanjman.
E gade sa k te rive misye?

Se tankou anvan peryòd okipasyon an ,lè ameriken yo debake ,yo jwenn se 6% popilasyon an ki te konn li ak ekri e mesye yo pa t ka konprann bagay sa a.
An 1880 ,yon sosyete ki te fèt sòti lan esklavay;Ozetazini 70% popilasyon nwa te gen tan te omwens konn li e pliz ou mwen ekri.

Non elit sa a pa gen parèy,e tit "most repugnant elite" li merite l.

Wi gade kijan yon eleman kou PREVAL ki sòti lan elit tradisyonèl lan ap aji.
Misye genlè annik pa gen sipèvizyon ARISTIDE l ap aji tankou elit lan abitye aji depi apre lanmò DESSALINES lan

Dernière édition par Joel le Sam 28 Fév 2009 - 19:34, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 28 Fév 2009 - 19:20

Se yo ki manje jean dominique epi yo vle mete l sou do pep la pou yo toujou ap rele pitit so yet yo malfrendeng.koko rat epi se yo ki vrèman malfrendeng yo,Se pa repiyan selman yo repiyan.Mwen te pose yon kestyon sou sit le Nouveliiste la, lè yon moun ap gade sitiyatyon peyisan ayisyen eske w pa dwe mande eske Ogé e Chavannes tap lite pou menm koz;Liberté, egalité, fraternité.2 syek apre endepandans lan nou wè ke se pat vre. genyen yon sinkyem kolon an ayiti ki menm jan ak béké yo ki Martinik ak guadeloupe ki te vle selman ranplase esklavajis yo.Yo te mete yo ak esklav yo paske blan yo te konn meprise yo menm jan sa ap fet jodya,
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Joel Sam 28 Fév 2009 - 19:45

Malis,

Yo pa t mete yo ak esklav yo paske blan an t ap meprize yo non.
Yo te fè sa paske yo te tande sa k te rive lan Guadeloupe an 1802.

RICHEPANCE te masakre plis ke mwatye popilasyon an e li retabli lesklavay .
E pa t gen zafè milat,afranchi ankò ,lan sa ki te rete yo.Tout moun te vin esklav.
Mesyedam yo tande sak te pase an ;kididonk yo pa t gen chwa.
Sa pa t anpeche ke apre lanmò DESSALINES lan ,yo fè Ayiti vin tounen yon neyo-koloni la Frans;e kòm ou di ansyen afranchi ,nwa ak milat,lan atitid yo,yo pa t diferan de kolonyalis franse yo

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 28 Fév 2009 - 19:48

wi se vre men lè kolon an retabli eskalvaj kont tout milat, nwa, afranchi an Guadeloupe se te yon kalot li te fout milat la nan figi l poul te fel konprann li se neg.Jodya se yo ki ap maltrete moun ki te retire chenn nan kou yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste. Empty Re: Future d’Haïti: Vox populi, Vox Dei. Coexistence avec le Populiste.

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum