Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le ...
Voir le deal

Pou jenn jan yo ki fek paret nan la vi ya.

Aller en bas

Pou jenn jan yo ki fek paret nan la vi ya. Empty Pou jenn jan yo ki fek paret nan la vi ya.

Message  Rodlam Sans Malice Lun 13 Avr 2009 - 16:36

Mwen konnen depi mwen pale de lajan ou byen de ki jan nou ka envesti lajan nou anpil moun repwoche m de sa di se fè wè map fè wè.mwen pa beswen fè wè ankor ;se lè yon moun nan manti li beswen fè wè.sak fè mwen ekri sou bagay lajan se paske mwen ta vle evite sa ki vinn aprem yo erè ke mwen te fè lè mwen te fet vini nan peyi Etat Zuni.Sim te genyen konesans mwen genyen jodya e byen mwen pa kache di yon moun mwen ta pi lwen.se nan sans saa ke mwen pap janm sispann raple nou ke se yon peyi ki ofri anpil oportinite si w konn sa w vle malgre tou sa detraktè li yo ap di.

epok nap viv la se yon epok spesyal kote genyen anpil transformatyon ki pral fet ;yon moun ka li Popular Science pou konprann ke genyen yon lot revolityon endistriyel ki pral fet alor se mete tet nou sou zepol nou pou nou pran avantaj ke peyi saa ofri nou.li bon jan magazine ki pale nou de sa ki nan pipe line yo pou nou konen nan ki konpayi pou nou envesti lajan nou ,sonje ke mwen di nou se nan epok resesyon ke anpil moun konn fè fotinn yo.sonje mwen di nou ke se lajan ki fè lajan.se konsa map li nan Popular Science ki pa yon revi syans fiktyon non ke pral genyen tren ki ap fè 225 MPH ;Hypersonic Jetliners.alor achtè tè kote yo bon mache mete la.menmsi se pa nou ki a fè pwofi sou yo pitit nou ou byen pitit pitit nou a reyalise benefis yo.map gade nan ti vil kote map viv te genyen yon bann tè ke yon nonm tap gade bef sou li ,jodya se yon shoping center modern ki la ;nonm saa sot fè anpil lajan ak kek karo tè li te genyen. se konsa yon dokte nan South Florida te dim ke li te achte yon ti ferm pou kek dizenn milye dola tou pre Orlando li di ke yo te ofri li 5 milyon dola pou li pou yo te ka bati yon bann kay li pat ko vle vann yo.

ouvri je nou mwen pa di nou pou nou obsede pa lajan non ,men li bon anpil wi lè w pap viv nan kè sote ;kote ou ka reponn a nenpot kek emerjensy.mwen konnen bous la desann anpil men se lè sa pou nou pwofite ;se menm bagay ak kay tou pri yo ba e to denterè sou ipotek yo ba anpil .Trump ki yon nonm ki konnen ki jan poul fè lajan nan real estate di se moman sa yo ke yon moun dwe pwofite achte kay paske non selman pri yo ba men mansyalite ypotek la pa anpil .alor se konsey saa ke mwen te genyen pou nou jodya.

Yo met di se fè wè map fè wè.map toujou ba nou konsey saa paske mwen regret mwen pat genyen yon moun ki te pou banm konsey konsa lè mwen te fek vini.Byen ke mwen genyen yon moun kite soupriyem pou mwen te achte yon kay nan laurelton men mwen pat konprann bagay sa yo byen lè sa.a leopk ou te ka achte yon 2 famiy ak 60 mil dola nan Zonn lan o debi ane 70 yo.anvan mwen kite new York kay sa yo tap vann a 350 mil dola.e se pa achte mwen pat ka achte l non.Men kom mwen di non pafwa se espri sou devlope yo menm ki mete limitayon nan tet yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum