Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-34%
Le deal à ne pas rater :
-34% LG OLED55B3 – TV OLED 4K 55″ 2023 – 100Hz HDR 10+, ...
919 € 1399 €
Voir le deal

Vyolans nan peyi Ayti

Aller en bas

Vyolans nan peyi Ayti Empty Vyolans nan peyi Ayti

Message  Edpoete Lun 11 Déc 2006 - 12:58

Vyolans nan peyi Ayiti


Vyolans kap vale teren nan peyi Ayiti, te koumanse depi lontan men nan diferan fòm ak conteks.

Manifestasyon ak ensidan
Nan ane 80 yo te gen kèk pè legliz katolik ki tonbe anba pèsekisyon gouvènman Jan Klod Divalye a. Nan Gonayiv te vin genyen yon ensidan. Elèv lekòl te tonbe anba bal. Kòlè lepèp te monte senkant wotè. Legliz bay mouvman pèp la jarèt. Konsa anpil manifestasyon tap fèt tribòbabò. Se mouvman michan manifestasyon san rete ki te voye gouvènman Jan Klod la ale, mare pakèt ale nan lekzil nan peyi letranje.

Pèdi baz
Se pat lè gouvènman te ale 7 fevriye 1986 a, li te tonbe. Gouvènman Janklod te tonbe deja depi anvan, sèlman li pat ankò mare pakèt. Franswa Divalye, Jan listwa rapòte sa, te mennen yon revolisyon politik ki te atake ti nèg koulè milat ki blayi preske nan tèt tout enstitisyon peyi a. Konsa ti nèg koulè po nwa tap viv arebò nan sosyete ya. Sa ki pi rèd te genyen kote ti nèg po nwa pa te ka rantre. Yon sitiyasyon ki te sanble avèk apated nan peyi afrid di sid sou Pitè Bota, apated la vle di segregasyon rasyal. Franswa Divalye te gouman jouktan li te kraze sa nèt. Divalye te mete politik li chita sou agrikilti nan ankadreman peyizan. Agwonòm te gaye nan mòn.

Toujou Jan listwa rapòte li, Lè Jan Klod te vin sou pouvwa, Misye tap mennen yon konba osinon yon revolisyon ekonomik. Men revolisyon sa a se te revolisyon pou gran nèg fè biznis. Li pat gen anyen pou wè avèk zafè agrikilti. Se konsa Jan Klod te lague lagrikilti avèk anpil peyizan ki tap travay nan fèm leta yo. Leta ayisyen te vin pèdi baz li ki se peyizànri ki konpoze majorite popilasyon an. Se te nèg gwo konesans nan biznis ki tap pale. Men bagay yo pat pi wòz pase sa. Se pou sa lè legliz te vin pouse bouton manifestasyon avèk pèp la, Jan Klod te blije mare pakèt ale vit kon bourik chaje.

Dechoukay
Apre gouvènman JanKlod te fin ale, te genyen yon mouvman dechoukay ki blayi nan peyi a. Kòm anpil moun te fatige ak sistèm makout la, se te makout yo te vize nan mouvman dechoukay sa a. Anpil makout te tonbe nan dechoukay, men yo pat bay legen pou touye yo. Se konsa makout te òganize pwòp mouvman rezistans pa yo pou lite kont dechoukay.

Zenglendo
Dechoukay ak mouvman rezistans makout, te vin fè genyen sa yo rele Zenglendo, moun kap mache antre andedan kay moun lannuit pou vòlè osinon touye moun. Se konsa mouvman zenglendo te vin genyen plizyè figi. Gen mou ki te fè zenglendo pou vanjans kont abi makout te fè sou rejim makout la. Gen lòt moun ki fè zenglendo yon fason pou yo jwenn senkòk pou yo manje. Zenglendo se pa sèlman moun kap antre andedan kay moun lannuit osinon frape moun nan lari lannuit aswè, moun ki peye moun pou fè zak zenglendo se zenglendo tou li ye.

Kidnaping osinon kenbe mare
Mouvman zenglendo vin pran yon lòt fòm. Avan zenglendo se te rantre andedan kay moun, fòse moun nan ba li tout sa li genyen kòm lanjan. Koulyeya se yon lòt koze. Zenglendo pase yon vitès siperyè. Yo kenbe moun epi yo mande lajan pou yo lage moun. Si yo bay lajan, yo pa touye moun nan. Si yo pa bay lajan, yo voye moun nan ale bwa chat.


Fòm Vyolans te pran nan peyi ayiti
Represyon_leta__________Manifestasyon_______Marepakètale dechoukay________Rezistans________Zenglendo______Kenbe mare

1) Represyon Leta
2) Manifestasyon
3) Mare pakèt ale
4) Dechoukay
5) Rezistans
6) Zenglendo
7) Kenbe mare


Brigad Vijilans
Dapre mwen menm nan peyi Ayiti se ekzistans leta menm ki menase. Paske gen monopòl lavyolans, men li pa ka lite konte ensekirite kap vale teren. De dejouanjou, vyolans ap ognmante nan kankite zak banditis asasinay ak nan kalite krim kap fèt nan peyi. Ayè se te dechoukay, jodiya se kinaping. Lapolis manke zouti pou lite kont zak ensekirite ki balyi nan peyi a. Lajistis tou pa mache kòm sa dwa pou lite kont ensekirite. Si nap tann sou leta ki deja enpisan devan sitiyasyon ensekirite sa, nap tann jouk nou tounen pwatann.

Se pèp ayisyen monte yon brigad vijilans ki gen pou wòl anpeche zak krìm zenglendo kidnaping et kenbe tout bandi zenglendo kidnapè, livre yo bay lapolis osinon lajistis. Mwen pa di brigid vijilans sa a dwe pase yo alenfinitif. Mwen brigad vijilans lan dwe sèlman anpeche zak krim, kenbe moun kap fè zak krim, livre yo bay lapolis ak lajistis. Fè gwo presyon sou chak zenglendo pou bay pou ki rezo kriminèl lap travay. Pèp lou dwe òganize gwo manifestasyon kont gwo chabwak ki gen men tranpe nan zenglendo ak kidnaping. Pèp la dwe presyon pou lajistis mete moun sa yo anba kòd byen di. Nou konnen byen si pèp bay pwòp le li jistis, sa regle kou pou kou mandye ri, rejim dan pou dan, rejim je pou je. Listwa montre nou byen klè se yon sistèm ki pa fonksyone byen paske li toujou mennen nan plis vyolans. Sa ki rjwenn lide lè yo di vyolans mennen nan vyolans. `Se pou brigad vijilans la veye sa tou.

Edner Saint-Amour

Edpoete
Star
Star

Nombre de messages : 209
Date d'inscription : 24/10/2006

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum