Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-40%
Le deal à ne pas rater :
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + Casque filaire ...
29.99 € 49.99 €
Voir le deal

Prezidan Zelaya Dezonore, Demokrasi tounen komedi

Aller en bas

Prezidan Zelaya Dezonore, Demokrasi tounen komedi Empty Prezidan Zelaya Dezonore, Demokrasi tounen komedi

Message  Edpoete Jeu 2 Juil 2009 - 12:15

Prezidan Zelaya Dezonore

Demokrasi tounen komedi



Se sou kabann yon dimanch maten

Ak tout vye pidjama li sou li

Fòs lame dechouke Prezidan Zelaya

Pimpe misye nan leksil nan peyi Kostarika

Poutèt misye te òganize yon konsiltasyon popilè

Ke kou siprèm nan te jije ilegal.



Tande koze ya byen wi mezanmi

Ekzile yon prizidan demokratikman eli

Nan peyi etranje sèlman avèk pidjama.

Moun ta va pran koze sa a pou rèv fiksyon

Poutan sa rive fèt tout bon nan peyi Onndiras

Kote yo enstale yon demokrasi



Sa ki pi rèd, kou ki touye tout koukou

Yo bani misye deklare li pèsona nonn grata

Yo mete manda arestasyon dèyè misye

Si pa male lit a retounen pile tè sòl Onndiras

Yo bay misye tout vye grad dezonoran

Yo rele misye kòronpi izipatè trèt

Yo chaje misye ak krim rot trayizon kont Leta



Misye di li pa konprann ni ap janm konprann

Kouman nan yon peyi ki se demokrasi

Yo arete yon prezidan pou tèt yon referendòm

Fòse lip ran chemen lekzil nan peyi etanje.



Misye dechi tankou desi sou tout laliy

Men li di nou pa dwe deklare tèt nou venki

Ni lese nou enpresyone



Misye prone dezobeyisans sivil

Paske konstitisyon Onndiras la di klè

Pesonn pa dwe obeyisans devan gouvènman izipatè

Ni devan yon moun ki pran pouvwa ak fòs zam



Nan afrontman sivil ak militè lame

Yo chiffre genyen dizuit(18) sòlda ki blese nan kan lame

E genyen de san swasant zèz(276) moun ki blese nan kan sivil



Prezidan Meriken Obama deklare koudeta a ilegal

Tout lòt peyi repete menm bagay kouteda a illegal

Yo di Zelaya dwe retounen nan fonksyon prezidan li

Konsa tout peyi nan lemon deside izole peyi Onndiras

Òganizasyon Eta Ameriken ba li yon gwo iltimatòm

Ki se menas pou ekskli peyi Onndiras

Si Zelaya pa retabli nan fonksyon nan swasant douz è (72 )



Arete yon prezidan fè li pati pou leksil : se yon trajedi

arete prezidan an pidjama ekzile an pidjama : se yon komedi

Antouka an nou suiv aktyalite entènasyonal la

Pou enfòme plis sou deroulman kriz la

Ak sou soudenouman evantyel kriz sa a
[size=12]2 juillet 2009






[size=12] edpoete@yahoo.ca

Edner Saint Amour



Edner Saint Amour

Edpoete
Star
Star

Nombre de messages : 209
Date d'inscription : 24/10/2006

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum