Haiti :Kominike Ministè Agrikilti sou maladi kap frape misye yo
Page 1 sur 1

Kominike Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral
Sou konsekans ekonomik Maladi Ren kase (Maladi Techenn)
k ap frape misye yo.
Depi plizyè mwa, yo jwenn yon nouvo maladi an Ayiti k ap touye misye ki rele maladi Techenn (maladi « Ren kase »). Maladi sa a pa ka fè moun anyen, men li gen grav konsekans ekonomik nan peyi ya.
Sa ki lakòz maladi sa, se mikwòb, yon viris ansefalomyelit. Yo poko konnen ki kote li pase pou li ateri nan peyi a
Se yon maladi ki ekziste depi lontan, nan lòt peyi, men ki pa bay pwoblèm ankò nan lòt peyi sa yo (sof Madagaska). Selman, lè mikwòb la fenk antre nan yon nouvo peyi, li atake yon latriye misye, li koumanse pa touye yo pa pil e pa pakèt pandan yon tan.
Nou pa ka di pou konbyen tan, men apre sa misye yo koumanse devlope yon rezistans natirèl kont viris sa a, epi konsa fòs maladi a bese jiskaske l disparèt nèt.
Nou kapab sèvi ak yon vaksen pou anpeche misye yo trape maladi sa a. Lè misye yo vaksinen, rezistans natirèl la mal pou l fèt. Sa vle depi nou koumanse vaksinen misye yo, n ap blije vaksinen pandan plizyè lanne malgre sa ap koute anpil lajan. Men, si nou pa bay vaksen an epi nou rete ap tann rezistans natirèl la, gen twòp misye kap mouri, se ap yon gwo pèt ekonomik.
Apre anpil chita pale ant ekspè lòt peyi yo ak ekspè sèvis veterinè ministè lagrikilti peyi d’Ayiti sou keksyon sa a, Ministè Lagrikilti te pran desizyon pou chache vaksinen tout misye yo. Nan moman n ap pale a, pa gfen okenn peyi ki fè vaksen sa a paske maladi sa pa alamòd ankò nan lòt peyi. Pou yon peyi rekoumanse fabrike vaksen an, sa ap koute anpil kòb ak itilizasyon anpil gwo materyèl. Kòm Ayiti pa gen laboratwa pou fè vaksen, gouvènman an ak FAO mande konkou plis pase 40 peyi. Men youn nan yo pat dakò fè vaksen an.
Finalman se Sendomeng ki dakò pou fè vaksen an. Pou sa rive fèt li bezwen sipò lòt peyi ak FAO. Fabrikasyon vaksen an pwal pran plizyè mwa paske se yon travay ki mande tan.
Pou kounye a, maladi ya ap vale teren nan peyi a. Ministè lagrikilti òganize yon kanpay enfòmasyon pou wè si maladi a ta sispann pwopaje, men san vaksen an sa ap trè difisil.
Konsa, anpil lajan gen tan pèdi. Peyi ya gen nenpòt yon milyon misye, ki gaye kò yo sou twasanmil (300 000) eksplwatasyon peyizan. Tankou tout bèt, misye se kanè bank peyizan yo. Pou anpil elvè, se tout avwa yo ki an danje.
Ministè lagrikilti ap ankete sou valè dega maladi a fè. An menm tan an, l’ap pare yon pwogram pou repare dega sa yo, nan devlope zafè elvaj ak lòt bèt, nan zòn ki frape yo.
Damyen 16 Desanm 2009

Marc H- Super Star
-
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur
Sujets similaires
» KOMINIKE HAITI ACTION COMMITTEE CHAPIT OAKLAND-CALIFORNIA
» Peyi dAyiti kenbe espwa nan agrikilti ak atizana
» Kiko Saint Remy ki se bofrè Martelly ,wonfle minis Agrikilti an ...
» Diaspora: Apre Cyclone Se Grangou Ak Maladi
» Kolera pa Wanga - Se yon Maladi Pèpè (KNVA)

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum