Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

 Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN

Aller en bas

 Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN Empty  Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN

Message  Marc-Henry Lun 21 Aoû 2006 - 5:07

 Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?
 

Aller à la page : 1, 2  

Auteur
Message

Antwàn
Junior




Inscrit le: 18 Juil 2006
Messages: 15


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Sam 5 Aoû - 12:40



Peyi dayiti twouve l' nan yon moman kote moun ki sen anko nan payi ya vin dekouraje,yo debousole.

Twop konfizyon, sa ki pi grav gen yon dikiyon lidè refomis pwogresis ki pwoklame tèt yo sektè demokratik kap touche lajan ONG chita nan biwo bwè kafe fimen, ekri yon bann vye tewori ki inaplikab. Ti boujwa reaksyonè sa yo, foute peyi ya nan twou, vye lide refomis yap devlope sa yo gen tandans pran rasin nan peyi ya, yo gen grand près la ak yo, yo gen lajan ONG yo gen tout mwayen kominikasyon modèn yo nan men yo.

Moun sa yo, ti boujwa sa yo nou jwenn yo tou patou nan peyi ya, se la travay pou fè yon peyi egal pou tout moun vin koplike.
anplis moun sa yo janti, yo senpa, yo gen bouche dous, e sak pi grav yo imen.

Nou pa pral lwen nap pran yon ekzanp, San malis se yon nèg ki imen lè ou tande jan lap pale, li ta renmen moun jwen manje nan peyi ya pou yo manje, Joel tou janti, Mak anri menm se pa pale, poum site sa yo sèlman sou forom nan. Men eske nou ka dako ak yon nom kom Mak anri, San malis Joel elatriye, ki konsidere moun kom yon machandiz, ki pou ekonomi mache.

Andedan peyi dayiti nou foul ak moun kom nèg sa yo, yo nan radyo, tele tou patou, se yo ki fomen avangad lit politik an ayiti, depi 7 fevriye 86 yo la, pa gen yon ti plas menm tou piti pou moun ki vle vrèman bati yon sosye, yon leta egal pou tout moun.

konbyen nan nou ki sou forom nan ki vle vrèman yon leta demokratik an ayiti, yon leta kote moun kap travay se yo ki pou gen tè. Yon leta kote ouvriye nan izin mèt pwodiksyon yo, sou fom travay pou nou tout.




 


observer keen
Senior




Inscrit le: 17 Aoû 2005
Messages: 877


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Sam 5 Aoû - 13:46



mwen pa gen pwoblem pou ouvriye ya met pwodiksyon an, men fok ouvriye ya ashete mashin nan tou, bati izin nan tou ak tout depans pouki mete izin nan sou pye avan pwodiksyon. si ouvriye paka fe sa, li paka mande pou li met pwodiksyon kote yon lot moun fe tout fre pwodiksyon pou li. dwa dinite pou travaye ak ouvriye pa inpatib ak dwa pou moun kreye biznis ak posede individyelman moyen pwodiksyon. sa pou batay se pa pou nou di ke apaid paka posede biznis, se pou nou di ke fok apaid gen yon plan medikal pou ouvriye yo, peye yon sale ki koresponn jisteman ak kontribisyon materyel ouvriye yo nan indistri ya. mwen pa kont pwofi met biznis la, mwen kont eksplwatasyon met biznis la vis-a-vis ouvriye yo.
nou paka ap pwone yon kolektivism ekstrem, mwen panse ke individyalite inpotan pou devlopman yon peyi paske se individi ki fe aksyon, group pa konn fe aksyon. ou pa toujou tande ke kabrit ki gen twop met mouri nan soley---- aparamman, sa vle di kolektivism eksesiv gen yon kokin shenn impak negatif ladan ni tou, ou sonje famin nan shin popile ya te kreye akoz ekstrem kolektivism agrikol.
tout moun asepte ke kominis paka devlope peyi--- se yon maryaj kapitalism ak sosyalism ki ka devlope peyi pov yo.mwen pa gen pwoblem ak propriyete prive, mwen gen pwoblem ak explwatasyon ki kreye yon sek visye kote pitit sak anba ranplase papa li, e pitit pa li pral renplase li demen.
objektif la dwe pou nou kreye yon atmosfe kote lot moun ka fe konpetisyon ak moun ki fe pati klas posedant tradisyonel la---- nou ka konsevwa lwa ak prinsip nan sek ekonomik la kote nou dekouraje intimidasyon, zak malonet elatriye kote yon moun ka yon biznis kote li peye ouvriye li byen enmanm tan lap fe pwofi.




 


Antwàn
Junior




Inscrit le: 18 Juil 2006
Messages: 15


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Sam 5 Aoû - 15:07



Kanmarad, eske ou dakò

pou ouvriye yo gen 50 pousan nan sa yap pwodwi yo?

Savledi moun gen lajan achte machin yo ak matyè premyè, men li pa gen konpetans ak fòs pou fè tounen machin yo, ki sa ou panse desa?
San machin yo ak matyè premyè, pa gen pwodiksyon men san ouvriye tou pa ka gen pwodiksyon, rezilta se yonn antre nan lot, antann pou nou antann nou pou nou pataje rezilta pwodiksyon an.

mètnan se chache pou nou chache koman nap pataje rezilta pwodiksyon an pou izin yo ka kontinye mache nan enterè tout moun. Yon sèl moun ki ka regle sa li rele leta.


Ki sa ou rele tout moun lè ou di tout mou asepte ke kominis pa ka devlope peyi. Pou ou blan no ameriken se tout moun, blan franse ak kanadyen se tout moun?
Pa bliye kanmarad ayiti peyi pa w' la se yon peyi systèm kapitalis depi plis pase 200 zan. alò sa ou panse de 200 zan kapitalis?

Pa bliye tou peyi kapitalis nou di ki devlope yo, ki gen wout, machin elektwonik elatriye gen anpil anpil moun ladan yo kap manje tè.
ekzanp etazini gen plis pase 60 milyon moun ki pa ka manje lè yo grangou, an frans itali kanada se parèy.

Ni ayè ni jodi ya lachin pat janm yon modèl politik, sosyal pou pèp ki vle yon lot sosyete egal.

Kanmarad mwen konstate ou se yon nonm ki janti e imen pa plis.




 


yosézi
Senior




Inscrit le: 11 Fév 2006
Messages: 137
Localisation: Haïti


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Sam 5 Aoû - 15:48



Gare aux expérimentations hasardeuses dans un secteur aussi fragile que l'économie!

Expérimentations courageuses et audacieuses, oui; expérimentations hasardeuses, non!
_________________
Haïti ne mourra pas!




 


observer keen
Senior




Inscrit le: 17 Aoû 2005
Messages: 877


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Sam 5 Aoû - 23:42



finland, swed, ak novej marye sosyalism ak kapitalism san pwoblem. kapitalism kote ke leta ap jwe rol byenfete kote moun pa pral fe eksplwate moun se yon bon bagay ke li ye.
gen yon motivasyon le moun rekonet ke yo pral bali reward pou aksyon ou dekouvet li.
apre revelasyon di li ofri 100 dola pou yon disetasyon, li motive mwen, kwake mwen pa nan bezwen 100 dola, men li gen vale sinbolik ki plis ke 100 dola--- se sak fe mwen te pedi tan mwen jodia pou ekri yon disetasyon ke mwen pedi par eksidan.
monshe, mwen pa pral mande yon met biznis pou separe pwofi--- mwen pral di met biznis la pou li peye ouvriye yo yon salari ki koresponn ak dinite zimen.
si ou paka fose ovriye yo pou pataje pet biznis lan, ou paka mande pou separe pwofi.
an nou di ke yon biznisman fet ouve yon biznis, tout ouvriye travay, men apre travay finn fet, met biznis la peye ouvriye yo--- nan transpotasyon materyel fini ya, tout bagay pedi.
eske met biznis la paret li di ouvriye yo, mwen pa fe okin pwofi, remet lajan mwen sot peyi ou wa?
li paka di sa!!! nan sans sa fok met biznis la fe yon gwo profi ki atire li pou ouvri yon biznis---yon biznis se yon gwo risk ke li ye, si pa gen gwo profi, moun tap neglije ouvri biznis nouvo.
fok ou gade bagay yo nan tout ang avan nou pran yon desizyon.
nan lavi, se yon middle ground ki toujou bon, tout extremite se male kom yosezi te vle di nan denye mesaj li ya.




 


observer keen
Senior
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

 Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN Empty Re:  Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN

Message  Marc-Henry Lun 21 Aoû 2006 - 5:08

observer keen
Senior




Inscrit le: 17 Aoû 2005
Messages: 877


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Dim 6 Aoû - 0:00



nou pagen kapitalis an ayiti paske yo pa jame engaje nan ekspansyon ekonomik ni nan konpetisyon ekonomik kote yap vinn metod inovatif pou minimize cout pwodiksyon an menm tan maximize pwofi.
nou poko gen yon klas kapitalis, nou gen manaje bransh yon bank ak ti kontrakte nan zafe fe rad, men nou poko gen kapitalis!!!!




 


Antwàn
Junior




Inscrit le: 18 Juil 2006
Messages: 15


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Dim 6 Aoû - 6:06



Observer keen,

Si ou pa dakò ke Ayiti se yon peyi sistèm kapitalis, la gen yon gwo problèm.

Kisa sistèm kapitalis la ye kisa li fabrike?

Alo pa gen parazit an ayiti kap souse san, pa gen yon minorite an ayiti kap viv nan lwil san travay, bourik travay bay chwal ponpe ya se pawol levnjil?

Observer keen,

pwopryete prive se sous tout mal an ayiti.
kapitalis, ekonmie de mache, ou fè pwofi se menm bagay la,
ou pa ka di non an ayiti se pa sa.

Ou konen kosekans pwopriete prive ya, povrete, ensekirite, elatriye.

Ale revize not ou pou wè sitiyasyon nap viv la se pa ekzatemen rezilta sistèm kapitalis la.




 


Joel
Senior




Inscrit le: 14 Aoû 2005
Messages: 620


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Dim 6 Aoû - 13:00



Alòs,se la ou te vle rive Antwàn,lè ou di ke yo pa ka chanje Ayiti ak lide refòmis?

Si ou se yon Maksis,ale reli Karl Marx ;lè gen de moun an Risi ki t ap fè mouvman pou kolektivizasyon nan fen 19yèm syèk lan,mesye te fè yo konnen ke pwogram sa a pa t ap reyisi nan yon peyi tankou La Risi;pou misye se nan peyi tankou Langletè ak Lalmay ke revolisyon sosyalis kolektivis lan te posib;paske senpman La Risi se te yon peyi feyodal.
Menm Lenin apre li te fin fè revolisyon l lan an 1917 apre dezas kolektivizasyon an te kòmanse ap repanse bagay sa a,malerezman misye te mouri an 1924,e yon sosyalo-fasis kou Stalin te vin ranplase l
Antwàn ,Ayiti se yon peyi feyodal,se ou ta vle kolektivize ,ki sa ou pral kolektivize la a menm?

mwen fin granmoun,men tach jenn moun tankou w,se refòm,yon bagay ki deja difisil nan yon peyi kou Ayiti.

Ann Ayiti,klas moun ki gen ti savwa ,ou byen ki gen mwayen ekonomik yo,ap voye pye jis nan bout ,pou pa ka gen chanjmam refòmis ou pa,nan sistèm lan.

ou wè ke moun sa yo,pandan 200 lanne se 20% popilasyon an,yo te kite aprann li ak ekri e mwen dakò ak ansyen direktris USAID (pandan peryòd anvan e apre premye koudeta kont Aristide lan);manmzèl ki te poutan ankouraje koudeta a (dapre sa yo di) te avanse nan revi ATLANTIC MONTHLY (1993) ke pa gen moun nan mond lan ki pi kont edkasyon ke elit ayisyen an (tout plim,tout plimay).
manmzèl te ajoute,ke elit sa a konsidere savwa tankou yon mache,toutotan,yo fè pati de yon ti mache kote yo se ra moun ki gen savwa a,li pi bon pou yo.

Ti krik ,ti krak,yo se entelektyèl,kisa sa vle di moun pa konnen.

Donk Antwàn,se pou w goumen pou tout popilasyon an ,gen aksè a edikasyon,pou gen yon sistèm jidisyè ki pa gen fòs kote ,pou popilasyon gen aksè a swen sante elatriye.

Se deja yon tach fòmidab,paske ti lelit savwa a ak ekonomik lan ap konbat ou jouk mayi mi ,pou sa pa fèt ;zafè pou pèp lan kontwole mwayen prodiksyon ,se bagay chimerik ,e mwen pa anplwaye mo chimerik lan,nan yon sans pejoratif!




 


observer keen
Senior




Inscrit le: 17 Aoû 2005
Messages: 877


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Dim 6 Aoû - 13:42



kapitalis ka enjandre inperyalis, men li pa nesese.
objektif mwen se pa ouvriye leve demen matin li mande pou met biznis. objektif seke si ouvriye gen yon bel ide, li ka kite travay pou moun, pou li travay pou tet li. si pitit li gen yon bel ide pou yon biznis, li ka ale aplike pou yon kredi kote ke yo bali li san pwoblem.
si yon moun ki pa fe pati de group tradisyonel posedan ouve biznis kote lap itilize inovasyon pou fe pwofi, yo pa voye vagabon vin tire li ou boule biznis li.
pran laswis, li pat jame yon peyi inperyalis, li pat jame gen koloni, li pat jame gen esklav lakay li, e se yon gwo peyi kapitalis ke li ye.
lefini tou, ouvriye pa vle yo elimine klas manaje ya, li vle jwenn klas manaje ya.
se sa marx pat remake, se sak pi fo biznis kolektivis pa mashe---- moun ki eleman kle biznis kolektivis la pat gentan metrize prinsip ekonmik yo.
an nou pran sak pase an ayiti nan zafe cooperatif--- tout moun ap di se vole yo vole kob, men moun ki konprann ekonomi ka rekonet ke pet lajan sa pat oblije yon vol.
investiman an bay yon high returns, ki sinifi ke li gen yon high risk ki koresponn ak li. tout invetisman ki bay yon paket returns jan cooperatif an ayiti tap bay la, se investiman ki instab kote ke li gen yon high frequency pou fluktuasyon--- setadi ou ka lajan tou, men ou ka pedi lajan tou.
si yon moun pa rekonet sa, li fe yon bon returns, li pa panse ke invetisman sa tre riske, li investi returns lan plis prinsipal, li ka pedi tout nan menm tan ke li te fe li ya.
se sak ki ka pase an ayiti, men nan pwen yonn nan ekonomis nou ki rekonet sa kom yon posibilite ki esplike sa ak pep, yo tou pran avantaj politik ke sityasyon sa bay la.




 


observer keen
Senior




Inscrit le: 17 Aoû 2005
Messages: 877


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Dim 6 Aoû - 14:20



objektif mwen se yon sosyete meritokratik, pa yon sosyete egaliteryenn.
depi yon sosyete kite tradisyon "hunter-gathering" la dapre diamond jared, li paka egaliteryenn, li ka meritokratik.
sosyete metokratik se yon sosyete ki inegal, men mobilite transklasik depann de talen ak merit.
setadi si yon moun fet anwo, li devan deye, lap desann anba, si moun ki fet anba'a li gen merit ak talen li, li monte anwo.
paske sosyete ki "hunter-gathering" pa gen divizyon travay ladan yo, yo ka egaliteryen paske tout moun ap fe menm bagay( peshe ak ranmase manje) men si yon sosyete gen divizyon travay ladann li, li pa ka egaliteryen, paske li pap jis pou moun ki travay pi byen an gen menm rezilta ak yon lot ki travaye medyok.
se pou tet sa gen sa yo rele vale fonksyonel nan yon sosyete.
yon sosyete pa ka bay yon bouretye , yon neurosurgeon menm reward.
pouki sa? paske preske tout moun ki gen demen de pye ka ekzekite fonksyon bouretye ya tandiske se pa tout moun ki ka vinn neurosurgeon, paske pou vinn neurosurgeon ou bezwen talen intelektyel au dela moyenn, le fini tou ou bezwen disiplin ak motivasyon tandis ou pa bezwen ni disiplin ak talen intektyel pou vinn bouretye.
si yon moun fe douz lane lekol pou vinn neurosurgeon tandiske yon moun leve demen matin li vinn bouretye, sosyete ya paka rewarde yo menm jan ak menm frekans.
yon sosyete ki pa meritokratik ap di ke si papa ou te bouretye, menmsi ou gen talen intelektyel, disiplin ak motivasyon, ou pap ka vinn neurosurgeon, fok ou rete pa two lwen papa ou.
mwen menm se sosyete meritokratik la mwen vle, kote tout individi gen opotinite pou devni tout sa li ka vini san fos obstriktif nan rout li.
sosyete meritokratik la diferan de sosyete egaliteryenn nan, tout atanta pou fe yon sosyete konplike finn egaliteryenn ap kreye pwoblem paske li baze sou fondasyon irasyonel ak injis.
menjan li injis pou peye yon moun ki fe yon travay( tankou yon esklav), li injis tou pou peye yon travaye efisyen menm lajan ak yon travaye medyok.
se nan sans sa, yon sosyete konplike ak dibizyon teritoryal, hierashi gouvenmantal, ak divizyon travay paka egaliteryenn.
sa pa vle di ke mwen sipote eksplwatasyon non, mwen pa ta swete ou mal inteprete sa mwen ekri ya, mwen vle yon elit ki meritokratik kote ke pwomosyon ak demosyon depann de talen ak merit.
mwen pa anti-elitis, mwen anti-aristokratik---- mwen pa kont ekzistans elit, mwen kont fason pseudo-elit yo fome nan peyi pov yo paske ekzistans pseudo-elit sa yo depann de mass-inyorans ak represyon tandiske vre elit depann de merit ak kontribisyon ak pwotiksyon sibstansyel.




 


observer keen
Senior




Inscrit le: 17 Aoû 2005
Messages: 877


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Dim 6 Aoû - 14:28



li pa rezilta kapitalis, li se rezilta kolonyalis, de bagay sa yo lye, men yo pa menm bagay.
kom mwen di ou, lalin lan lye ak soley, le ou gade, tou de eklere, men yonn pwodi pwop ekleraj li, lot la reflekte eklaraj yon lot.
nan menm sans sa, kolonyalism lan kreye pwop mize paske se sou mize ak soufrans lot moun li depann tandiske kapitalism ka reflekte mize, men refleksyon mize sa pa inherent nan li--- setadi ak modifikasyon, kapitalism lan ka vinn opoze efe kolonyalism.
menjan lalin lan reflekte limye soley la pou nou nan nwit, menm lalin sa ka pozisyone li ant soley la ak late pou kreye eklips ki opoze refleksyon li tap regilyeman nan nwit la.
eske ou konprann analoji ya?




 


Joel
Senior




Inscrit le: 14 Aoû 2005
Messages: 620


Sujet: Eske nou ka chanje
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

 Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN Empty Re:  Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN

Message  Marc-Henry Lun 21 Aoû 2006 - 5:09

Joel
Senior




Inscrit le: 14 Aoû 2005
Messages: 620


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Lun 7 Aoû - 7:50



Se pou m retounen sou kesyon sa a,paske mwen estime ke l enpòtan.
Se kesyon edikasyon an.

Pa gen sosyete nan 100 a 150 dènye ane yo,ki fè pwogrè ,san yo pa envesti loudeman nan edikasyon.
Si nou konn youn,bon mwen kòm egzanp.

Egzanp ki pi frapan ,ki pi espesyal se Japon ,ki te yon eta feyodal ,jiske an 1868.
Se te yon eta ke an 1858 ,yon peyi tankou Etazini te ka kraponnen ak 3 bato de gè sou kòmand Amiral PERRY.
Etazini te ka enpoze Japon Trete Kòmèsyal,e Japon pa t gen mwyayen di non.
An 1868 ,si yon peyi ki te gen yon lame kou Ayiti te an gè kont Japon ,se Ayiti ki t ap genyen.

An 1868,Lelit Japonè an (men Lelit) deside modènize Japon ak Anperè MEJII' e yo deside fè l premyèman avek edikasyon.
Premyèman yo deside ke tout pè de famiy yo dwe aprann li ak ekri (paske dapre yo papa ki konn li ,gen tandans a gen timoun ki konn li).
Dezyèman,yo deside nan lekòl pou tout ti moun,e tou envite espesyalis Ewopeyen pou vin etabli lekòl espesyalize pou yo.

Japonè yo ak pwogram sa a,fè yon mirak.Nan anviwon 30 an ,yo te deja avanse ase pou yo etabli yon flòt maritim ,ki te kapap defèt Ris yo,nan yon gè an 1904.
Se menm bagay pou sa nou rele Tig Azyatik yo.
An 1950 la a,Reveni pa tèt ann Ayiti,te konparab ak de peyi kou Tayiland,Kore elatriye.
E sa ki pase,se ke peyi sa yo envesti san vire gade dèyè nan edikasyon.
Rezilta ,Kore se youn nan peyi ki pi modèn sou tè an.

Pwoblèm nou ann Ayiti,nou gen yon elit ,ki kont edikasyon.Se debarase pou nou debarase nou de elit sa a.
Mwen pa di pou nou touye yo non,sa pou nou fè se chèche mwayen pou nou ekate yo de direksyon politik peyi an.

Gade eskandal mesyedam nan KEP .Nan konbyen peyi pòv tankou Ayiti,yo ta depanse anviwon 80 milyon dola pou fè eleksyon.

Konbyen lise teknik,80 milyon dola sa a ta ka konstwi.Eske 80 milyon dola a pa ta ka konstwi yon inivèsite solid nan yon vil tankou Okap ou byen Okay?
Sa k pi rèd ,pa menm gen twòp bri ki fèt sou bagay sa a.

Pwoblèm nou ankò,nou gen yon elit enkonsyan,anti-edikasyon.E elit sa a pami sa ki di yo pi edike yo.
Se elit sa a ,pou nou debarase nou de yo,pou sa gen pwogrè!




 


Joel
Senior




Inscrit le: 14 Aoû 2005
Messages: 620


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Lun 7 Aoû - 21:48



Non mesye se twòp.

Genlè ansyèn direktris USAID an gen rezon lè li di ke "elit" ayisyen an kont ledikasyon,e ke li rezève edikasyon an pou yon ti gwoup,pou pa janm gen twòp moun ki edike nan peyi an.

mwen sot tande vouvèl sou dènye rezilta "bakaloreya",nan peyi Dayiti.
Se sèlman 24% timoun ki reyisi.Pa menm yon ka (1/4) ?
Se ta sòt ti moun ayisyen yo ta sòt konsa?
An Frans,dènye rezilta bakaloreya yo,88% elèv yo reyisi,e yo espere ke nonm nan ap 96 ak 97%,apre ekzamen repechay yo.

An Frans ,yo di li preske vin enposib pou timoun yo pa pase nan bakaloreya.
Se pi entelijan ,timoun franse ta pi entelijan anpil ,anpil konsa ,ke timoun ayisyen yo?
Se pou moun nan Depatman Edikasyon Nasyonal,konpare konbye timoun ki fini lekòl sekondè nan Amerik lan konpare aK Ayiti.
Ki pousantay timoun ki rive nan klas tèminal yo ki gradye ,konpare ak ti ayisyen.

Timoun ki desann Bakaloreya ann Ayiti yo,eske yo pa t pase ekzamen 9yèm ane fondamantal?
Si se wi,sè ke timoun sa yo konn li e yo gen "skill";alòs se 24 % sèlman ladan yo ki ka pase nan ekzamen bakaloreya ?

Si se sa,genyen yon bagay ki pa kòdyòm ak ekzamen sa a.Franse yo te gen lide sispann pa yo an,paske pa t gen ase timoun ki t ap pase l e sa ta ka anpeche La Frans fè konpetisyon ak lòt gwo peyi yo ,tankou Etazini,Lalmay ak Langletè.
La Frans ,pou l remedye a sa ,fè baloreya yo an vin tèlman fasil ke dapre edikatè franse yo,li vin preske enposib pou yon ti franse pa reyisi nan ekzamen sa a.

mwen konnen noumenm ann Ayiti ;ti gwoup ki ap dirije peyi an,nou tèlman kont Ledikasyon,li ap enposib pou nou ,pou nou panse yon lòt jan.
Men fout reflechi,se gen nan nou ki yon ti bòn volonte.
Si nou ta vle modènize peyi an e nou ta vle prepare de dizèn milye de pwofesè lekòl ,pou edikasyon inivèsèl ,kote nou pral jwenn timoun pou nou prepare kòm pwofesè.

Genlè se pa modi Ayiti modi non;genlè se sòt moun ki ap dirije peyi an sòt,e genlè yo gen movèz fwa tou!




 


observer keen
Senior




Inscrit le: 17 Aoû 2005
Messages: 877


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Lun 7 Aoû - 23:48



joel ou we jan 24% piti, li 24% pousan se paske yo asepte elev ki pefome ak 50%. tankou si pi gwo score wa se 1400, moun ki fe 700 pwen pase.
men an europ ak ozetazini, minimum competency score wa se 65%.
gen yon paket bagay yap fe nan lekol segonde, se nan invesite yo te dwe ap fe sa. yap fe gwo aljeb lineye ak timoun tandisek timoun lan pa menm konprann aljeb regilye.
se twop bwase vide yo fe ak elev yo ki fe yo mal pou aprann lan.
si yo te adopte 65% kom minimun competency, ou gen dwa we se 10% ki tap pase.
se gwo pwoblem wi nou genyen an ayiti fre mwen!!!!




 


observer keen
Senior




Inscrit le: 17 Aoû 2005
Messages: 877


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Lun 7 Aoû - 23:53



tankou, par ekzanp, pwogram matematik la ta dwe baze sou precalculus ak algebra kote ti moun metrize konsep kle nan trigonometri e latriye. angis pou yo fe sa, yo fe ti moun lan aprann yon tikal nan tout bagay--- ti moun lan ka repete plizye bagay nan plizye sije, men pa jame metriz yonn nan yo paske edikasyon si telman fet bouyi vide, timoun lan pat gen tan ak resous pou devlope sa ke psycholog yo rele "konprehensyon konseptyel" la.




 



 Eske nou ka
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

 Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN Empty Re:  Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN

Message  Marc-Henry Lun 21 Aoû 2006 - 5:09

Thunder
Senior




Inscrit le: 15 Avr 2006
Messages: 143
Localisation: Planet earth


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Mar 8 Aoû - 0:09



Kanmarad Joel mwen panse wou ekzajere nan dènye pos wou-a. Pwoblèm bakaloreya-a se sistèm edikasyon nan li menm, pifò nan komedyen nou yo, eskize'm mwen te vle di "politisyen" nou yo konprann se monte 4 miray ak yon tablo kroke nan youn nan yo ki vle di lekòl. Pwofesè yo pa byen fome alevwa pou etidyan yo. Mwen pa konn si wou konn sa, men aktyèlman si wou pran yon elèv ki nan yon lekòl mwayen wou mete yon ti pwoblem lojik senp devan'l, si repons lan pat lan liv ke li te etidye ya li genyen 95% (pou'm pa ekzajere) shans pou li pa reyisi'l. Se pa di mwen di ke 95% nan nou sòt non, men plito yo pat prepare pou refleshi devan oken pwoblem.

Mwen pa kwè se ouvè baryè ki pwal pèmèt ke jenès nou an avanse, mwen plis kwè nan fomasyon byen fèt, e pou sa fèt fok nou prepare yo depi nan lekol primè.

Epi tou mwen pa kwè ke Lafrans te mete ekzamen fasil pou tout moun ka pase, mwen kwè pito li te fè preparasyon elèv yo mye, li te remanye sistèm edikasyon yo a. Si Lafrans ta fè erè mete ekzamen titato nan bakaloreya li yo mwen pa kwè ke li t'ap la-a jodya, paske li pa t'ap gen pèsonn pou fè reshèsh nan zafè nikleyè, ayeroespasyal, byo-shimi, elektronik, anfen la syans an jeneral.

Pa mal entèprete sa mwen ekri-ya non, mwen pa di ke 24% to reyisit lan akseptab, mwen mwen konsidere'l kom rezilta sistèm edikasyon nou an. Si nou vle genyen gwo shèshè nan kelkeswa disiplin nan a lavni pou retire Ayiti kote li ye la-a, se pa fè tout moun "filozòf" men se fè tèt tout moun "byen fèt".

Epi fok nou konbat konplèks sa nan milye Ayisyen, kote yo konprann si wou pa fè bakaloreya ou paka anyen, se doktè ak agronòm ki yon bagay. Sa pèmèt ke menm lè yon jeneratè an pann nan EDH si se pa yon teknisyen etranje ki pou vini nou shire e poutan tout "filozòf" nou yo la ap glase nan klimatizè shita nan biwo yo ala de saltenmbank papa wouyyyyyyy!
_________________
"SE NAN MANMèL ENPINITE KE ENSEKIRITE BWè TETE"

Thunder.




 


Joel
Senior




Inscrit le: 14 Aoû 2005
Messages: 620


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Mar 8 Aoû - 4:01



Thunder,

Reyaksyon w sou sa m ekri an twò prediktab.
W ap di ke filozòf (jan w rele l lan) ,se nan ofis yo vle travay?
Ki sa ki prepare yon moun ak Sèetifika Ekòl Sekondè ,pou se nan ofis sèlman yo ta vle travay?

an Frans,mwen kwè ,gen (si m sonje) 33 diferan ekzamen bakaloreya.
Eske ou konnen ke se 7% sèlman etidyan franse yo,ki chwazi Literati franse kòm sijè nan ekzamen bakaloreya?

Sa ki vle di ke gen plis ti ayisyen ki konpoze nan Literati franse ann Ayiti ,ke an Frans menm.
Lè m gen tan m ap remete atik Revi franse yo ,sou lekòl yo.Si ou pat ankò li yo,wa sezi.
nan youn nan atik yo,yo di ke etidyan franse yo,si tèlman fè fot franse nan ekzamen yo,ke yo pa menm pini yo ankò pou fot franse.

Yo di tou gen anpil etidyan nan fakilte franse yo ,ki pa ka ekri franse e yo bay ekzanp.
Epi Thunder,di mwen kilè ,te gen plis ke 50 pousan timoun ann Ayiti te konn reyisi nan ekzamen bakaloreya?
Sa gen 20 ak 25 an de sa,se yon tijan konsa wi,li te ye an Frans,kote anviwon 60 % kandida yo,te konn reyisi nan ekzamen Bakaloreya.
La Frans reyalize ke si bagay sa a te kontinye ,yo t ap pran nan mera,konpare ak konpetisyon li yo.

Kite m di w yon bagay,si ou bay ti franse yo ,ekzamen franse yo bay nan Bakaloreya ayisyen,pa menm mwatye (si se pa mwens) t ap pase ekzamen an.

Ou konnen nou se youn nan ra peyi,ki genyen toujou ekzamen estil Bakaloreya toujou?
An Frans,yo t ap diskite seryezman pou yo sispann ekzamen sa a.
Men yo deside kenbe l.
Noumenm menm ki se tout bagay ki te fèt ann Frans ,ke nou te vle imite;nou jwenn mwayen nou kenbe tou le de Bakaloreya :premye ak dezyèm pati.
An Frans ,yo gen kèk tan depi yo siprime 2zyèm pati an.

Li lè ,pou nou sispann imite La Frans tankou li te ye nan 19yèm syèk lan;li lè pou nou gen moun ki ka panse tankou moun nan 21yèm syèk.
Se pwoblèm nou sa ;sispann imite franse ,e nou menm imite yo malman ,paske sistèm edikasyon an ann Ayiti an ,pa tankou jan mwen di lan,tankou sa kigenyen jounen jodi an an Frans ,li ankò tankou sa ki te genyen nan 19yèm syèk lan!




 


gwotoro
Rang: Modérateur




Inscrit le: 23 Sep 2005
Messages: 629


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Mar 8 Aoû - 12:05



De nombreux projets de reforme de l'education en Haiti existent depuis la premiere presidence d'Aristide (premier-ministre Rene Preval).

Mais, vu l'instabilite constante dans le pays et la non-continuite de l'Etat, ces projets n'ont jamais pu depasser le stade du "tiroir de bureau du ministere de l'Education".




 


Joel
Senior




Inscrit le: 14 Aoû 2005
Messages: 620


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Mar 8 Aoû - 19:07



Gwotoro et Thunder,lisez ces deux articles.
Est ce que si les professeurs haitiens ètaient des correcteurs aux examens du Baccalaurèat français,ils ne "couleraient" pas au moins la moitié des candidats?

Lisez et dites moi ce que vous pensez!

http://www.lexpress.fr/info/france/dossier/educationnation/dossier.asp?ida=432649

et

http://www.lexpress.fr/info/france/dossier/educationnation/dossier.asp?ida=433729




 


Thunder
Senior




Inscrit le: 15 Avr 2006
Messages: 143
Localisation: Planet earth


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Mer 9 Aoû - 9:46



Joel, si sa ta pou fot gramatikal sèlman ke korektè te konn "koule" elèv an Ayiti, monchèèèè to-a elèv ki t'ap pase yo t'ap mwens ke 1%. Men an pati wou gen rezon paske nan tout nivo nan sistèm nan yo bay òtograf twop enpotans, sitou si se nan yon lang etranje (franse) ke yo ap fè egzamen-an.

Men fok wou gen konsyans ke sistèm edikasyon an Ayiti-a pa apopriye nan 21e syèk la. Pandan ke y'ap eseye modènize ekzamen yo, aprentisaj la rete menm jan, y'ap fòse ti moun yo refleshi sou fèy ekzamen pandan ke sou tout pakou edikasyon yo se "pa kè"-a yo te toujou konnen. Alò, rezilta yo ap toujou yon desas.

Eske wou konnen ke gen mwen ke 1% elèv k'ap etidye shimi men ki pa janm wè menm yon laboratwa tèt shat ?

Asosye, nou gen anpil tande pou nou fè nan zafè edikasyon lakay
_________________
"SE NAN MANMèL ENPINITE KE ENSEKIRITE BWè TETE"

Thunder.




 


gwotoro
Rang: Modérateur




Inscrit le: 23 Sep 2005
Messages: 629


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Mer 9 Aoû - 9:58



Messieurs,

Vous etes en train d'ouvrir un chapitre sur la reforme necessaire de l'education en Haiti qui est tres importante.

Deja, seulement pour l'education, vous pouvez imaginer les investissements tant en personnel, en materiel et en argent pour faire face aux nouvelles priorites et pour adapter notre systeme au 21e siecle.

D'ou l'importance de mettre nos differents politiques de cote afin de travailler ensemble au developpement du pays.

Merci de reflechir

Une petite note peut-etre egoiste de ma part: ce sujet concerne plus la societe haitienne et serait plus approprie dans le Forum HAITI: Education, Economie, Société




 


Joel
Senior




Inscrit le: 14 Aoû 2005
Messages: 620


Sujet: Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sa yo?   Mer 9 Aoû - 19:05



Thunder,

Yo ba moun ki konn grennen bon franse,twòp prestij nan peyi Dayiti.
Yonmoun tankou Leslie Manigat ,ki sa misye janm reyalize,men paske misye konn fè bon analiz ,anpil moun ap di se "lòm kil fo".

Se abitid,19zyèm syèk lan,ke nou dwe dabarase nou de yo,si nou vle gen pwogrè.
Mwen gen dwa ajoute ke nan yon peyi tankou Etazini,kote gen Pri NOBEL "en veux tu,en voila",mwen pa janm tande yo konsidere Pri Nobel sa yo prezidansyab.
Bon,se yon lòt koze!

An Frans,gen yon volonte manifest,pou yo diminye kesyon Lèt ak Literati ,nan vi franse yo.
Donk,se pa pa aza,gen yon pakèt franse gen pwoblèm ak lang franse;pou yo ekri l elatriye.
La Frans vle imite peyi anglo saxon yo kote Literati pa preske gen enpòtans ,tandis ke franse nan istwa yo te toujou ap bay twòp enpòtans ak Literati elatriye.

Epi ,sou kesyon Kreyòl lan,eske ti klas ki ap enfliyanse jan moun panse ann Ayiti,eske ou ta kwè yo ta reyaji otreman.

Se yon bann moun retwograd;li fè twòp sans pou yo ta fè Kreyòl lang edikasyon ann Ayiti,kòm de savan tankou Dr Yves Déjean ,ak Dr Michrel De Graff (elatriye) rekòmande l.
Sa fè twòp sans e bagey ki fè sans se yon bagay ki etranje a msyedam sa yo!
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

 Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN Empty Re:  Eske nou ka chanje peyi dayiti ak lide refomis sayo?/ANTWAN

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum