Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
-20% sur le Lot de 2 écrans PC GIGABYTE 27″ LED M27Q
429 € 539 €
Voir le deal

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

+3
Sasaye
revelation
Rico
7 participants

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rico Ven 24 Avr 2009 - 23:30

Mezanmi se bouch be lè dyasporyen ap jwe koken nan triche, debake kontenè nan mitan lanmè, mete sou ti kannot pou debake nan peyi dAyiti.

Depi lontan ayisyen dyasporyen a limaj politisyen nan peyi dAyiti ap fè vye trik sayo. Antouka kite imaj yo ki sou tou nèt la pote plis detay.

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. 2005-12-19_163444_DSC006331

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. 2005-12-19_163459_DSC006352

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Invité Ven 24 Avr 2009 - 23:52

Préval rand bagay yo difisil e li kos koripsion develope plis.

Pi gwo pèdan an rete Lete Ayisien.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  revelation Sam 25 Avr 2009 - 8:02

Rico di: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.
Mezanmi se bouch be lè dyasporyen ap jwe koken nan triche, debake kontenè nan mitan lanmè, mete sou ti kannot pou debake nan peyi dAyiti.
Depi lontan ayisyen dyasporyen a limaj politisyen nan peyi dAyiti ap fè vye trik sayo. Antouka kite imaj yo ki sou tou nèt la pote plis detay.


M'ta renmen fe yon komante sou sa yon di la!
Men fok w di nou ki prev e sous ke se dyaspora kab debake kontene machandiz sa yo nan mitan lanme?

Si w pa gen prev e bon sous pou moun sa al verifye sa w di la, webmaster a gen yon obligasyon pou'l fe w retire tit post sa jiskaske w vini ak bon prev pou backup li.

W konnen tre byen ke se pa diaspora selman ki fe komand kontene machandiz nan peyi a!
Kan w presize Diaspora, se tout moun kap viv an deyo peyi a e se sou dô yo ke akization sa chita.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rico Sam 25 Avr 2009 - 9:09

Revelasyon mwen gen sous, swiv pis bann ti amatè bato sitou an Florid kap debake vye matla sal, dechire, kontenè plen diri ak latriye patou nan tout rakwen peyi dAyiti.

Moun Okap te abitye bloke, kouri dèryè bato kap debake matla sal nan Po yo. E byen yo rantre pirèd ak pase nan rakwen .

Wouyyyyy e byen Revelasyon annou di se meriken, kanayen , etranje kap anvayi nou. annou retire tit dyasporyen pou ayisyen kinan nou yo kom move etranje.

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Sasaye Sam 25 Avr 2009 - 11:20

An reyalite pòtre sayo te kapab pran lan nenpòt lanmè.
Nèg yo te kapab nèg nenpòt peyi.
Lanpwen anyen ki idantifye ayisyen oubyen Ayiti lan pòtre sayo.

Bato sayo pa bato tipik ou konn we pan pò Ayiti.
E jan nèg yo abiye?

Rico, si w gen sous, se pou w mete yo.
Konsa pap gen kestyon.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Invité Sam 25 Avr 2009 - 11:38

revelation a écrit:

M'ta renmen fe yon komante sou sa yon di la!
Men fok w di nou ki prev e sous ke se dyaspora kab debake kontene machandiz sa yo nan mitan lanme?

Si w pa gen prev e bon sous pou moun sa al verifye sa w di la, webmaster a gen yon obligasyon pou'l fe w retire tit post sa jiskaske w vini ak bon prev pou backup li.

W konnen tre byen ke se pa diaspora selman ki fe komand kontene machandiz nan peyi a!
Kan w presize Diaspora, se tout moun kap viv an deyo peyi a e se sou dô yo ke akization sa chita.

Revelasyon

Revelation,

Ayiti se champion nan kontreband e diasporien yo pou bocou.

Se pa paske yo se volè men se paske leta ayisien mal oganize li avèk anpil vie tax pou favorize koripsion ak kontreband.

Mwen resevwa sa ak anpil doulè lè mwen wè wap mande sous olie ke ou propoze bon jan teknik pou nou konbatt mal sa a.


Ke foto sa a soti nan lanmè ayiti ou pa, yon bagay klè, jan de bagay sa yo toujou ap fèt an Ayiti e jodia nou gen yon chans pou nou komante mal sa a.


Kenbe di.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rico Sam 25 Avr 2009 - 11:42

Sasaye a écrit:An reyalite pòtre sayo te kapab pran lan nenpòt lanmè.
Nèg yo te kapab nèg nenpòt peyi.
Lanpwen anyen ki idantifye ayisyen oubyen Ayiti lan pòtre sayo.

Bato sayo pa bato tipik ou konn we pan pò Ayiti.
E jan nèg yo abiye?

Rico, si w gen sous, se pou w mete yo.
Konsa pap gen kestyon.

Sasaye jwèt ipokrizi sayo mwen pa mache ladann. Zafè mande sous mwen pa ladann. Komsi zafè evazyon fiskal, pase sou kote se manti .

Adyero konbyen bato mesye Miyami yo kap debake nan tout rakwen Senmak, Gonayiv, Miragwann ak rejyon Okap yo. E pwi mwen pa gen sous pou bay , pou mafya fann nan degwann yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Sasaye Sam 25 Avr 2009 - 11:57

Rico, se pa jwèt ipokrizi. Se mande presizyon.

Nou konnen ayisyen lan kontrebann, men ou pakab di sa w vle e mete pòtre w vle epi ou refize di kote nouvèl la soti.
Si se zen, se pa yon sous fiyab. Men si se lan jounal se yon sous.

Ou deja mete pòtre sou fowom nan ki pa pòtre ki an rapò ak Ayiti.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  piporiko Sam 25 Avr 2009 - 12:01

Rico a écrit:Revelasyon mwen gen sous, swiv pis bann ti amatè bato sitou an Florid kap debake vye matla sal, dechire, kontenè plen diri ak latriye patou nan tout rakwen peyi dAyiti.

Moun Okap te abitye bloke, kouri dèryè bato kap debake matla sal nan Po yo. E byen yo rantre pirèd ak pase nan rakwen .

Wouyyyyy e byen Revelasyon annou di se meriken, kanayen , etranje kap anvayi nou. annou retire tit dyasporyen pou ayisyen kinan nou yo kom move etranje.


SISPANN FE DILATWA,BAY SOUS OU.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Invité Sam 25 Avr 2009 - 12:05

Mwen panse Preval dwe revize frè sou douann yo e pèmèt li pi fasil pou yon moun debake machandiz nan peyi a.

Ant bay $20,000 pou dedouane yon kontenè, e bay $1,000 pou retire'l depi nan mitan lanmè, tantasion an ro anpil.

Kontrèman ak anpil nèg kap chache kraze sijè sa a depi nan zo, petèt yo gen enterè nan bagay sa a, mwen panse nou gen yon bon okazion pou nou voye yon mesaj klè bay dirijan nou yo.

Gen yon kantite tax ou chaje sitoyen yo, ou ankouraje koripsion. Se sa mwen vle nou menm kap dirije Ayiti konpran.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  revelation Sam 25 Avr 2009 - 12:27

Colocolo di: Ayiti se champion nan kontreband e diasporien yo pou bocou.

Se pa paske yo se volè men se paske leta ayisien mal oganize li avèk anpil vie tax pou favorize koripsion ak kontreband.
Mwen resevwa sa ak anpil doulè lè mwen wè wap mande sous olie ke ou propoze bon jan teknik pou nou konbatt mal sa a.
Ke foto sa a soti nan lanmè ayiti ou pa, yon bagay klè, jan de bagay sa yo toujou ap fèt an Ayiti e jodia nou gen yon chans pou nou komante mal sa a.

M'dako ak Sasaye, Piporiko e tout moun kap mande sous foto sa yo!!

Si nou denonse move aktivite kontreband sa yo, si nou voye foto sa yo bay direkte la dwann, gad kot, le Nouvelist, le Matin, Radyo Metropole, Ranmase etc, premye bagay yap di mesi bokou deske Forumhaiti ap voye je e proteje byennet pep ayisyen an, se pandan, yap mande nou ki kote e sous foto sa yo pou yo pa pran nan mera si yo deside mennen anket e fe arrestation??

Se la inpotans foto sa yo komm piyes a konviktion e pou yo komanse poze la pat sou kontrebandye

Sasaye gen bon je!!
Li gentan sispek ke foto sa yo pa sanble avek ayisyen!!

Wi gen kontreband an Ayiti, men se pa konsa pou nou denonse yo!!

Rico ap pale de vye matela, ak vye bagay izaje ke diaspora ap vinn lage nan zone provins yo

Se pitit pep la kap fe travay sa yo!! yo pa vle ke papa ak manman yo domi sou nat pinezz anko!!
Yo vle ke papa ak manman yo gen yon vye frijide pou byen dlo glase e fe ti ice cream pou ti moun yo.
Yo vle ke ti se ak ti fre yo gen yon vye bicyclet, ak ordinate pou yo fe devwa e etidye.

Nou remake ke Rico ap fe diskrimination an Diaspora intellektyel e Diaspora pep la kap fe ti degajet yo.

Moun sa yo mwen konnen yo nan Florida, mwen viv ak yo, mwen pap kache di w ke se moun sa yo kap kenbe trip vant pep provins nou yo!!

Kite moun sa yo viv boss papa.
Sak sanble fatra pou w, se trezo pou yon lot!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rico Sam 25 Avr 2009 - 13:02

piporiko a écrit:
Rico a écrit:Revelasyon mwen gen sous, swiv pis bann ti amatè bato sitou an Florid kap debake vye matla sal, dechire, kontenè plen diri ak latriye patou nan tout rakwen peyi dAyiti.

Moun Okap te abitye bloke, kouri dèryè bato kap debake matla sal nan Po yo. E byen yo rantre pirèd ak pase nan rakwen .

Wouyyyyy e byen Revelasyon annou di se meriken, kanayen , etranje kap anvayi nou. annou retire tit dyasporyen pou ayisyen kinan nou yo kom move etranje.


SISPANN FE DILATWA,BAY SOUS OU.


E byen komanse voye bann lavalasyen ak lavalasyenn zanmi w yo nan Monreyal kap jwe nasyonalis boulshit devan lakay mwen nan nimero 1431, avenue Van Horne , se yo ki pi renmen Ayiti ak dyasporyen yo. Di mwen si w bezwen telefonn tou.


Dernière édition par Rico le Sam 25 Avr 2009 - 13:39, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  piporiko Sam 25 Avr 2009 - 13:18

[quote="Rico"]
piporiko a écrit:
Rico a écrit:Revelasyon mwen gen sous, swiv pis bann ti amatè bato sitou an Florid kap debake vye matla sal, dechire, kontenè plen diri ak latriye patou nan tout rakwen peyi dAyiti.

Moun Okap te abitye bloke, kouri dèryè bato kap debake matla sal nan Po yo. E byen yo rantre pirèd ak pase nan rakwen .

Wouyyyyy e byen Revelasyon annou di se meriken, kanayen , etranje kap anvayi nou. annou retire tit dyasporyen pou ayisyen kinan nou yo kom move etranje.


VOYE LI NON...



SISPANN FE DILATWA,BAY SOUS OU.


[size=18]E byen komanse voye bann lavalasyen ak lavalasyenn zanmi w yo nan Monreyal kap jwe nasyonalis boulshit devan lakay mwen nan nimero 1431, avenue Van Horne , se yo ki pi renmen Ayiti ak dyasporyen yo. Di mwen si w bezwen telefonn mwen tou.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  piporiko Sam 25 Avr 2009 - 13:18

VOYE TELEFONE NAN NON.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rico Sam 25 Avr 2009 - 13:40

piporiko a écrit:VOYE TELEFONE NAN NON.

Men li ti yason voye monte 514 495-6241
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Invité Sam 25 Avr 2009 - 14:09

revelation a écrit:Wi gen kontreband an Ayiti, men se pa konsa pou nou denonse yo!!

Revelation,


Mwen pa dako ak ou.

An tanke sitwayen, Rico gen dwa denonse tout sa li jije pa bon nan sosiete a e pa gen moun ki gen dwa pou mande li sous si se pa dilatwa ak dezod ki dè tèt moun sa a.

Lè yon sitwayen denonse yon bagay, se devwa Ministè Piblik pou li ouvè yon ankèt pou verifie si enfomasion an bon ou pa.

Si ou rele 911 ou di men yon gwoup vakabon kap vann drogue nan yon kafou, yo pa prale mande ou tout detay tankou SOUS, elatriye. Yap mete anketè pou ale verifie enfomasion an.

Si Rico te bay non moun, nou te ka mande sous pou nou te evite difamasion ou pa, men se pa le ka.

Gen Ayisien ki gade silans lè pou yo pa gade, e ki tonbe fè bri lè pou yo pa fè bri. Sa vle di pou mwen, yo gen enterè nan zafè kontreband lan an Ayiti se pou tèt sa wap goumen pou maleng lan pa pete sou Entènèt la. Sa fè ront e mwen kwè Rico pa yon nounm kap pran presion eki pral fè bak devan moun sa yo.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Thunder Dim 26 Avr 2009 - 11:20

Kisa !!? ...te genyen diferans nan mantalite sektè ki genyen an Ayiti yo? Alò nou panse se "gang 11" ki refize peye taks sèlman ?

Foto ke Rico mete la a, ki t yo se Ayisyen ou pa, (Li te gen dwa mete yon desen tou)sa pap anpeche ke pwoblèm kontrebann, mounpayism ak evazion taks rete yon pwoblèm serye ke nou dwe derasine ak tout fòs.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Invité Dim 26 Avr 2009 - 12:03

Thunder a écrit:Kisa !!? ...te genyen diferans nan mantalite sektè ki genyen an Ayiti yo? Alò nou panse se "gang 11" ki refize peye taks sèlman ?

Foto ke Rico mete la a, ki t yo se Ayisyen ou pa, (Li te gen dwa mete yon desen tou)sa pap anpeche ke pwoblèm kontrebann, mounpayism ak evazion taks rete yon pwoblèm serye ke nou dwe derasine ak tout fòs.

Thunder,

Koman ou fè renmen Pirate ki te pran 3 zan kontreband legaleman nan peyi a sou Latortue?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rico Dim 26 Avr 2009 - 13:23

Thunder mwen pa vle pale, mwen mete pos sa pou fè moun reyaji. Men sanble yo vle pase sou kote pwoblem move kontrebann , evazyon fiskal mwen di anko se bon jan dyasporyen ki nan salopriti sayo tou.

Se byen pale gwo zouzounn ki nan magouy, men genyen anpil ti frodè nan dyaspora kap plimen poul la depi lontan.

Mwen pwente sitou moun ki gen kom pratik ranmase tout debri nan lari nan gwo vil yo, sitou nan Monreyal ki pa koute yo senkob e pi se bakoko yo fè ak poubèl sayo nan peyi dAyiti.

Fo souvan anpil nan yo rantre nan peyi dAyiti ak vye konbinn nan grese pat koken nan dwann ak ti lajan ou byen fè kado yon vwati izaje. Se moun ki pedan bon dyolerr laplipa kap pale move kou yo. Leta souvan pa retire anyen kom benefis nan taks.

Alos pa okipe dyasporyen ki santi yo ofiske. Se yon reyalite nou plen magouyè kap triche ni nan peyi blan ak lakay.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 26 Avr 2009 - 13:53

Rico

eske w konnen depi ki lè komes pèpè komanse an ayiti?Mon chè lè wap kritike dyasporyen ki ap ranmase fatra pou yo fè lajan an ayiti fok ou pa kritike tout non genyen se ak lajan sa yo ke yo bati lekol an ayiti bagay ke anpil nan nou ki te resevwa edikatyon nan peyi ya gratis ti cheri pa fè.Mwen genyen fanmi mwen ki nan bizniss saa fok ou pa pale yo tout mal non.Zafè taks an ayiti se yon mezi drastik pou gouvenman an pran pou fè tout ayisyen peye leta sa yo dwe.

Si mesye Goldenberg ap grese pat ti anploye la dwann poul pa peye facti ke li dwe ki jan w vle ke ti malerez la ki ap degaje l poul viv pa fè menm jan an tou?Zafè peye taks se depi sou Premye sitoyen peyi ya poul komanse.mwen sonje yon zanmim ki tap rakonte m ki jan komersan ayisyen fè evasyon fiskal . lè kontribityon ou byen DGI voye enspektè al fè odit nan bizniss yo depi enspektè yo paret se manje yo mande met bizniss la pou achete pou yo manje; apresa yo blije bouche je yo.si DGI te genyen detektiv ki tap swiv enspektè sa yo e ki tap menote koriptè yo ni anploye DGI ak la dwann e byen asyet fiscal la ta pi gwo .Konsa ti malerez yo ki ap bat dlo pou fè bè ta oblije konforme yo.Men si tet la pouri ou pa ka vle ke kor a fonktyoné byen.


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Dim 26 Avr 2009 - 14:12, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Invité Dim 26 Avr 2009 - 14:07

Men kijan courbe Fiscalité ak Tax sanble:
Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Lc-1


Sa vle di gen yon kantite Tax leta mete sou pie, courbe la fè bak e Leta olie li rantre plis kob, diminie revenu tax li pito e ankouraje sitiasion kontreband ak marché noir.

Se ekzakteman sa kap pase la a an Ayiti e se Leta, patikilèman Preval, ki responsab.

Kelkeswa peyi a, diasporien yo ou sitwayen yo tap toujou gen menm kopotman an: fè kontreband, debake machandiz nan fon lanmè.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 26 Avr 2009 - 14:21

Siw ta genyen yon gouvenman ki kite koub la rive nan pwen A" prime lan sè ke li enkonpetan.An ayiti koriptyon telman angrene nan mantalite ayisyen kelke swa otè ke taks la ta rive nan X axis la tap toujou genyen moun ki ap chache fason pou yo pa peye poutan se menm moun sa yo ki ap mande enfraktrikti:elektrisite, dlo ,wout.aeroport, wharf modern etc.

Kite pwochen gouvenman an ta desann taks la tou pre zero a pou wè si koriptyon ap desann e si leta ap ranmase plis lajan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rico Dim 26 Avr 2009 - 14:32

eske w konnen depi ki lè komes pèpè komanse an ayiti?Mon chè lè wap kritike dyasporyen ki ap ranmase fatra pou yo fè lajan an ayiti fok ou pa kritike tout non genyen se ak lajan sa yo ke yo bati lekol an ayiti bagay ke anpil nan nou ki te resevwa edikatyon nan peyi ya gratis ti cheri pa fè.

Mwen pa pwoblèm ak moun ki fè zèv ak pèpè. Men byen moun ki pa ditou travay ni an Ayiti, ni pa bo isit ki nan welfare ou asirans chomaj.

Poutan se amatè bato,ou anko gwo komesan ki gen kontenè. Se moun konsa ki fè nou ront. Gen anpil tou nan mitan ispanofonn yo. Depi yon moun nan chomaj li vwayaje, dwann kanada voye dosye nan asirans anplwa kite asirans chomaj.

Rico se yon ansyen anplwaye ASIRANS ANPLWA kap pale avè w. Lè yo kenbe koken ki pran poz pa pale byen franse pafwa se mwen yo mande tradwi kreyol-franse, mezanmiro se te laront.


Dernière édition par Rico le Dim 26 Avr 2009 - 14:39, édité 2 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Invité Dim 26 Avr 2009 - 14:36

Rodlam Sans Malice a écrit:Kite pwochen gouvenman an ta desann taks la tou pre zero a pou wè si koriptyon ap desann e si leta ap ranmase plis lajan.

Men sa kap pase.

Gen yon kantite Tax yon gouvènman mande, ni Consommateur, ni Entrepreneur pa vle fè bizniz e se sa kree sa yo rele deadweight loss la nan ekonomi nasional la.


Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. DeadweightlossWouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Deadweight-loss-price-ceilingsvg1

Nan graph yo, se sa pati yo rele gone ou deadweight loss la.

Sa vle di ke avan gouvènman an konnen ki kantite Tax pou li chaje sou yon pwodwi, fok li ka evalie pèt tax sa a pral kreye nan ekonomi an e konkli si sa vo la penn.

Nan ka pa nou an, pèt la tèlman moute ro, non sèlman li kreye kontreband, leta rantre mwens kob, e ti kob leta antre a pa ka parèt devan kob ki pèdi a a kos de desizion sa a. Sa vle di bizniz ki fenmen pot yo a koz de vie desizion sa a.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 26 Avr 2009 - 14:44

Mwen pa ekonomist ni mwen pa konnen sitiyatyon ayisyen an byen men tou sa ta dwol anpil pou tout ekonomis ki ap travay nan gouvenman pa ta ka wè sa w di ya.Aloske presidan Preval di ke li pa posib ke bidjè yon peyi depann de 60% de ed kominote enternatyonal.ki sa Premye Minis lan ak minis ekonomi ap fè?eske w fè yon konparezon ant taks ke yo preleve an ayiti ak sa yo preleve nan lot ti peyi yo?

moun ki genyen lajan pa janm vle tande pale de taks nan tout peyi ,men yo toujou ap plenyen pou servis ke leta pa bay ase ;avek ki sa pou leta bay servis yo si tout moun pa vle peye taks?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum