Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-21%
Le deal à ne pas rater :
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, Collection Botanique
39.59 € 49.99 €
Voir le deal

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

+3
Sasaye
revelation
Rico
7 participants

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Aller en bas

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. - Page 3 Empty Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Rico Ven 24 Avr 2009 - 23:30

Rappel du premier message :

Mezanmi se bouch be lè dyasporyen ap jwe koken nan triche, debake kontenè nan mitan lanmè, mete sou ti kannot pou debake nan peyi dAyiti.

Depi lontan ayisyen dyasporyen a limaj politisyen nan peyi dAyiti ap fè vye trik sayo. Antouka kite imaj yo ki sou tou nèt la pote plis detay.

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. - Page 3 2005-12-19_163444_DSC006331

Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. - Page 3 2005-12-19_163459_DSC006352

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas


Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti. - Page 3 Empty Re: Wouyyyyyyyyyy eske se konsa dyasporyen vle envèsti ak ede peyi dAyiti.

Message  Thunder Mar 28 Avr 2009 - 2:47

AnaCreole a écrit:
Thunder a écrit:Kisa !!? ...te genyen diferans nan mantalite sektè ki genyen an Ayiti yo? Alò nou panse se "gang 11" ki refize peye taks sèlman ?

Foto ke Rico mete la a, ki t yo se Ayisyen ou pa, (Li te gen dwa mete yon desen tou)sa pap anpeche ke pwoblèm kontrebann, mounpayism ak evazion taks rete yon pwoblèm serye ke nou dwe derasine ak tout fòs.

Se pa yon kesyon de pa vle peye taks, aprètou si yon moun ap fè yon biznis, fò li fè yon ti profi. Si se pa sa akwa lapènn?

Leta konplis lan bagay sa, li mete yon biwokrasi konplike ak anpil antrav ki pa bay moun onèt yon chans.

Rico vle atire atansyon sou dyasporyen ki rantre lan konbinezon louch pou yo sa kontourne ladwann e pa peye frè dwanyè. Li mete foto pou montre kijan sa fèt, li pa di ke foto se eksakteman dyasporyen k’ap opere konsa, se jist pou ilistre sa l’ap di. Jan Thunder di a, foto yo irelevan, menmsi li pa't mete yo, tout sa li di yo t'ap toujou verite sou tanbou. Alò se pa sou foto yo ke deba sipoze fèt , ni sou kiyès ki kòmanse ak magrouy sa.

Dayè foto sa yo ap sikile sou wèb la depi an 2003, yo te lan yon atik pou te demontre kòman sèten kòmèsan ap fè kontraband antre lan peyi san ke ladwann pa konnen e pa touche sa yo dwe touche pou leta.

Se systèm dwanyè a, biwokrasi magrouyè yo mete anplas, ki pa bay dyasporyen yo ak komèsan ki sou plas yo, yon chans pou fè zafè yo dwat. Dyasporyen sètoblije antre lan magrouy la pou yo pa tounen pwa tann .

Tout tande nou tande gouvènman ap di li bezwen moun vini envesti lan peyi, se bobinn, radòt lan mache seradòt. Biwokrasi ladwann lan la pou fristre kòmèsan yo, dyasporyen yo, kelkeswa moun wou ye a, jiska ke yo bay legen e reziyen yo pou peye magrouyè yo.

Reyalite, sèke Ladwann se yon viris k’ap detwi tout envèsman onèt lan peyi ak taks irasyonèl, demach initil, bann papye ak vre wonn san sans. Tout bagay, wou bezwen yon parenn, yon moun pa, se pou bay poubwa depi sou sekirite gad rive jiska direktè. Se mal sa pou nou denonse e leta konplis ladan’l.



Pale mwa d sa, mwen dakò ak sa w ekri yo. Pou nou genyen yon peyi an degraba konsa epi pou li pi fasil pou yon moun monte yon biznis la a Sendomeng ke pou li monte l an Ayiti. Sistèm raketè fòmèl ak enfòmèl la se yon baryè kont epanouyisman biznis ki fè jefò pou genbe tèt yo dwat.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum