Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : où l’acheter ?
Voir le deal

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

5 participants

Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  Rico Sam 20 Fév 2010 - 19:48

Fè yon sondaj se ak 90% ayisyen ap vote pou flanke prop peyi yo sou titel. Se sa wi mwen vle evite, se tandans sayo ki mande nou dwe vijilan. Se rezon sayo moun tankou Marc-Henry ap kriye pou yo pa ranvèse Preval, eske se pa jwèt etranje kap lese sitiyasyon degrenngole pou flanke l nan premye avyon pou lese peyi dAyiti.

Talè defansè Preval pral rele, kriye, fè kolè pou yo retounen ti prezidan yo. Mwen di tonas gouvenman sa dwe lonje men bay tout resous peyi a. Antoure ak moun konpetan pou prezante yon pwogram korèk bay donatè yo pou sove nachon an.

Se tout saki rete mouche pou fini prezidans li. E pwi rashe manyok li kite pouvwa pou yon gouvenmanm dinyon nasyonal ke li menm kap patisipe ladann. O mwen annou travay pou se pwopozisyon Ayisyen blan pral egzekite. KITE PREVAL POU KONT LI, SE YON DIKTA, AK YON REMÈD CHEVAL YO PRAL FLANKE PEYI DAYITI.

Kisa nou refize konprann blan meriken pa kwè nan ekip sa pou jere bann milya yon rekonstriksyon. Kisak difisil pou konprann. Antouka swiv pou wè gen anpil desizyon ki pral pran nan mwa prochen. Tout radot zanmi ak sipotè ,sipotèz Preval ap voye monte etranje yo pap mashe ladann. Yo bezwen konpetans, onetete, transparans.

Dayè anpil poupale, konsiltasyon, monte vini kap fèt pou devlope meyè estrateji pou ede konstriksyon peyi dAyiti. Ti pwoblèm ki genyen se yon mete dako ant tout peyi donatè sayo ki poko finalize. Li ta sanble tout moun ap tire fisèl yo pou enfliyans yo nan rekonstriksyon sa. Rezon premye minis Bellerive vag chanm depite yo pou tann vrè jesyonè ak responsab peyi dAyiti bay direksyon yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  Invité Sam 20 Fév 2010 - 21:39

Rico a écrit:Fè yon sondaj se ak 90% ayisyen ap vote pou flanke prop peyi yo sou titel. Se sa wi mwen vle evite, se tandans sayo ki mande nou dwe vijilan. Se rezon sayo moun tankou Marc-Henry ap kriye pou yo pa ranvèse Preval, eske se pa jwèt etranje kap lese sitiyasyon degrenngole pou flanke l nan premye avyon pou lese peyi dAyiti.

Talè defansè Preval pral rele, kriye, fè kolè pou yo retounen ti prezidan yo. Mwen di tonas gouvenman sa dwe lonje men bay tout resous peyi a. Antoure ak moun konpetan pou prezante yon pwogram korèk bay donatè yo pou sove nachon an.

Se tout saki rete mouche pou fini prezidans li. E pwi rashe manyok li kite pouvwa pou yon gouvenmanm dinyon nasyonal ke li menm kap patisipe ladann. O mwen annou travay pou se pwopozisyon Ayisyen blan pral egzekite. KITE PREVAL POU KONT LI, SE YON DIKTA, AK YON REMÈD CHEVAL YO PRAL FLANKE PEYI DAYITI.

Kisa nou refize konprann blan meriken pa kwè nan ekip sa pou jere bann milya yon rekonstriksyon. Kisak difisil pou konprann. Antouka swiv pou wè gen anpil desizyon ki pral pran nan mwa prochen. Tout radot zanmi ak sipotè ,sipotèz Preval ap voye monte etranje yo pap mashe ladann. Yo bezwen konpetans, onetete, transparans.

Dayè anpil poupale, konsiltasyon, monte vini kap fèt pou devlope meyè estrateji pou ede konstriksyon peyi dAyiti. Ti pwoblèm ki genyen se yon mete dako ant tout peyi donatè sayo ki poko finalize. Li ta sanble tout moun ap tire fisèl yo pou enfliyans yo nan rekonstriksyon sa. Rezon premye minis Bellerive vag chanm depite yo pou tann vrè jesyonè ak responsab peyi dAyiti bay direksyon yo.

C'est normal dans un pays où 80% de la population est pauvre,après avoir subit tous les désatres naturelles possibles. Les Haïtiens d'Haïti ne sont pas duppes lorsqu'ils voient Puerto Rico,une île plus petite qu'Haïti, avoir un PIB par habitant de 18 000$ par habitant et bien tant qu'à subir la misère ils préfèrent la tutelle.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  Rico Sam 20 Fév 2010 - 22:22

E byen se sa mwen te vle tande, alos saki vle kanpe ak Preval yo se bon jan REZIGNE. SE KOMSI BON PÈP PA KWÈ NAN REZIGNASYON.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  drno Lun 22 Fév 2010 - 13:35

Mr Rico,
Avek tout respe mwen ta rinmen ou esplike position ou sou Haiti ki ta sou tutel youn lot peyi si tout fwa ke lot peyi tap ap pratike youn policy ki juste pou Haitiens. Mwen pa vle ou panse ke se chalanje map chalanje position ou non, o kontre le mwen te kon paticipe e monte sou sit la lontan mwen te kon toujou rinmen li komante ou yo. Souple esplike mwen ou bien nimpot lot moun sou sit la ki probelm ki genyen si nou ta anba youn tutel ki ta mete nou nan situation Puerto-Rico a ou pi bon ke sa.( ke apre plis passe 200 lane ke peyi a echwe kote tout sa nap fe se kominote intenasional pou nou tan pou aprouve yo, menm yon decizion politik nou paka pwan pou kont nou.)

Lot kestion mwen genyen pou se eske ou ka di mwen depi kile ke Haiti pat janm sou tutel oken lot peyi?

Messi pou repons lan.

drno
Star
Star

Nombre de messages : 402
Date d'inscription : 22/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  Joel Lun 22 Fév 2010 - 14:41

Nèg plede ap repete rans de titèl.Alòs ki peyi ki ta bezwen aktyèlman mete Ayiti sou titèl,pou yo ta vin responsab yon popilasyon kote popilasyon an nan pwen sa a?

E nèg ki ap pale de Porto Rico yo.Si popillasyon Porto Rico an ta vote demen la a pou li pran endepandans li ,nou konprann Etazini t ap fè wòklò?
Porto Rico t ap koute yo mwens ,si l te endepandan e ke yo ta ekzèse enfliyans yo yon lòt jan
2010 pa 1915;Etazini pa bezwen mete Ayiti sou titèl pou l jwenn tou sa li bezwen ann Ayiti;okontrè?
Si l ta mete Ayiti sou titèl ,gen anpil bagay li te konn fè ,li pa p kapab fè.
mesye bliye sa;peyi sa yo pa kont pou mete Ayiti sou kontwòl ak LONI,men tou pou se yo ki ta responsab dirèk de peyi Dayiti ,anpil peyi sa yo pa lan sa pyès!
Epi (lol) si ta gen titèl vre ,se boujwazi an ak klas politisyen parazit yo ki t ap devan bann lan pou yo pwoteste;paske yo t ap chire!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  drno Mar 23 Fév 2010 - 8:39

Joel a écrit:Nèg plede ap repete rans de titèl.Alòs ki peyi ki ta bezwen aktyèlman mete Ayiti sou titèl,pou yo ta vin responsab yon popilasyon kote popilasyon an nan pwen sa a?

E nèg ki ap pale de Porto Rico yo.Si popillasyon Porto Rico an ta vote demen la a pou li pran endepandans li ,nou konprann Etazini t ap fè wòklò?
Porto Rico t ap koute yo mwens ,si l te endepandan e ke yo ta ekzèse enfliyans yo yon lòt jan
2010 pa 1915;Etazini pa bezwen mete Ayiti sou titèl pou l jwenn tou sa li bezwen ann Ayiti;okontrè?
Si l ta mete Ayiti sou titèl ,gen anpil bagay li te konn fè ,li pa p kapab fè.
mesye bliye sa;peyi sa yo pa kont pou mete Ayiti sou kontwòl ak LONI,men tou pou se yo ki ta responsab dirèk de peyi Dayiti ,anpil peyi sa yo pa lan sa pyès!
Epi (lol) si ta gen titèl vre ,se boujwazi an ak klas politisyen parazit yo ki t ap devan bann lan pou yo pwoteste;paske yo t ap chire!


Mwen aprecie kanmenm tantativ pou repon kestion yo , men mwen we ke ou pa kompran keston mwen poze a. Kestion se pas si US, France oubien nimport lot peyi ap vle pran kontrol Haiti vre, men se ki pwoblem ki genyen si youn nan peyi sa yo ta vle pran li. e lot kestion an se ki moun ki ka di mwen depi kile pep Haitien se youn pep souveren?
Mwen ap aprecie nimpot moun ki genyen youn repons a kestion sa yo.
meci

drno
Star
Star

Nombre de messages : 402
Date d'inscription : 22/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  revelation Mar 23 Fév 2010 - 10:08

DrNo mande: Mwen aprecie kanmenm tantativ pou repon kestion yo , men mwen we ke ou pa kompran keston mwen poze a. Kestion se pas si US, France oubien nimport lot peyi ap vle pran kontrol Haiti vre, men se ki pwoblem ki genyen si youn nan peyi sa yo ta vle pran li.

Yon peyi etranje pakab pran control yon seri d’aktivite konkou distribition manje, dlo, kay etc san aprobasyon gouvenman an plas la.

Se pa paske yon pep nan mize pou li pedi dwa pep li!

Se pa paske yon pov ap mande la charite devan legliz pou li pedi dwa sitwayennte'l e dwa de vote li!
Se nan yon inpass temporaire ke nou ye la !!
Fok nou pa panike e bay peyi a konsa pou 2 moso pain!

Se mete tet nou an plas pou nou soti !!

Gouvenman an plas la pa gen dwa remet peyi a bay yon lot nation.

Si gen yon referendum ki fet e ki montre ke pep ayisyen ta vle cede, bay volonterman teritwa peyi yo bay yon lot peyi pou tout an ou byen pou yon period de tan, se le sa ke Ayiti ap pedi souverainte li.

Dr.No di: e lot kestion an se ki moun ki ka di mwen depi kile pep Haitien se youn pep souveren?
Mwen ap aprecie nimpot moun ki genyen youn repons a kestion sa yo.meci


Wi Ayiti se yon pep souverain nan tout zo li!!

En matière de politique, la souveraineté est le droit absolu d'exercer une autorité (législative, judiciaire et/ou exécutive) sur une région, un pays ou sur un peuple.Tout institisyon sa yo ap fonksyonne normalman Toujou!!

En droit, c'est la Constitution qui définit comment s'exerce la souveraineté, quelles sont les institutions qui détiennent le pouvoir et comment elles sont contrôlées. Konstitisyon nou an la toujou !

"La souveraineté nationale appartient au peuple, qui l'exerce par ses représentants et par la voie du référendum". Pep Ayisyen an la toujou!!

La souveraineté nationale caractérise l'
indépendance de l'Etat-nation par rapport à d'autres Etats ou à des instances internationales.

ONU, OAS, e tout lot institition international yo rekonnet Ayiti kom peyi souverain e independan !!

Si nou fe kado peyi sa se pitit ak granpitit nou ki pral oblije batay pou independans e souverainte bout te sa anko !!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  drno Mar 23 Fév 2010 - 14:27

Youn lot fwa anko ou passe sou kote de kestion e ou lwen de realite peyi Haiti si ou ka vle fe nou kwe ke ou kwe ke Haiti se youn nation souveren jis nan zo.
Si Preval reflechi menm jan avek ou, nou nan youn peyi a nan dlo.

drno
Star
Star

Nombre de messages : 402
Date d'inscription : 22/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  revelation Mar 23 Fév 2010 - 15:53

Dr.No di : Youn lot fwa anko ou passe sou kote de kestion e ou lwen de realite peyi Haiti si ou ka vle fe nou kwe ke ou kwe ke Haiti se youn nation souveren jis nan zo. Si Preval reflechi menm jan avek ou, nou nan youn peyi a nan dlo.


Malgre definition academik e klassik ke nou ba wou de souverainte e indepandans.

Malgre tout système judicaire, legislative et executive kap fonksyone toujou nan peyi a.

Malgre ke konstitisyon nou an en vigueur toujou.

Malgre ke gouvenman sa ap resevwa sipo ak visit kondeleans nan men chef deta peyi etranje.

Malgre ke gouvenman sa fe pati de tout organizasyon inpotan dan le mond.


Wou jwen mwayen mete nan tete wou ke peyi d’Ayiti cherie wou la pa souverain e independan paske zanmi peyi etranje nou yo vini sekouri nou dans le malheur, memm jan ke yo fe pou lot peyi ki gen problem politik sosyal e ekonomik lakay yo.

Wou gen yon komplex d’inferiozite lakay wou mon fre.
Wou panike e intimide e depasse devan gwo evenman sa yo.
Wou mete nan tet wou ke wou e peyi wou pa vo annyen.

Se pa wou sel DrNo.!!

Gen anpil lot kamarad kankou wou sou forum nan ki bezwen consay sikolojik e group terapi mantal pou ede wou ak sitiation sa.

Yo konprand ke jete gouvenman yo a nan moman difisil sa ap bayo souverainte, aloske yo te toujou gennyenn, men je yo bouche ak ambition politik e stati sosyal.

Nou ta souwete ke wou pa suicide tet wou paske wou panse ke wou e peyi wou pedi souverainte wou.

Rekonstriktion sa se pa bati building ak route, pont selman ki bezwen fet!!

Mantalite yon seri de moun bezwen rekonstwi, reprogramè pou yo sa we peyi sa yon lot jan.
Nap priye Bondye pou wou mon fre.

Viv Haiti ! Peyi lib e indepandan !
Viv Dr.No! Dr.No Pap mouri!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  kami Mar 23 Fév 2010 - 18:27

drno a écrit:Youn lot fwa anko ou passe sou kote de kestion e ou lwen de realite peyi Haiti si ou ka vle fe nou kwe ke ou kwe ke Haiti se youn nation souveren jis nan zo.
Si Preval reflechi menm jan avek ou, nou nan youn peyi a nan dlo.
drno,

Kisa Revelation, Joel di ki pabon, poukisa ou pa korije yo. Pale nou de souverente peyi Haiti.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  drno Mer 24 Fév 2010 - 8:40

Mwen pa genyen tan pou mwen pedi avek jan de deba sa yo paske li pap rive lwen, e ke ou vle kwe li ou pa youn minute sou forum sa koute mwen.
Nan tout peyi nan mond lan nou we pwoblem tolerans, men nan peyi Haiti se youn bagay ki pa mezirab, e se youn nan pi gwo pwoblem ki fe Haiti ap fe plis bak ke li avance. Tout liberalis radical ou swa dizan progressif Haitien toujou ap pale de souverente ou nationalis ou bien popilis, men le ou mande yo ki sakrix ke yo fe deja ou pre pou yo fe pou Haiti, respons yo etone moun.

Kami,
Mwen vle repon ou paske ou fe prev de tolerans kan menm. Mwen pa di ke mwen padako avek either Revelation ou Joel, e ni mwen pa place pou mwen korije yo paske le ou genyen youn tel ideyoloji li mande youn intevansyon divin selman pou chanje ou.
Tou slimpleman mwen ta rinmen konmpran komman nou ka pale de souverente en Haiti pendan ke pa genyen yon desizion serie ke gouvenman Hatien ka pwan san apwoval kominote intenasyional. Nou kounen sou papie nou li ke Haiti se youn peyi souveren e menm nan loni yo rekonet ke Haiti se youn pep souveren, so eske nan sans pwatik se youn verite? Se pa apwe trambleman te a ke nou we ke lot peyi ap fe e refe nan peyi Haiti, men se depi apwe ou avan Duvalie ke lide politik Haiti ap kriye bri injerans de gwo pissans yo en Haiti. Mwen ka menn di ke se youn nan rezon ke "l'enfant terrible d'Haiti" te a rive jwen youn platfom politik pou li te ka twompe pep Haitien( including Drno) pou li te ka vinn sa nou tout konnen.
Se pa batay ke mwen vle sou sit la, men se jis expetize nou sou forum nan map mande, malerezamn geyen moun ki poze kestion e pi ki aksepte ninpot respons.

Pigwo pwoblem Haiti,se ke depi Haitiens kon de twa mo france li panse ke li genyen youn konesans absoli e li se youn anti rasyonel. Nou we moun tankou Maniga avek tout lot yo ki kon pale ampil france malerezman yo krontribie nan sa peyi a ye la.

drno
Star
Star

Nombre de messages : 402
Date d'inscription : 22/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% + Empty Re: Mwen di se grav, sondaj nan peyi dAyiti ap bannou yon titèl etranje a 90% +

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum