Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-55%
Le deal à ne pas rater :
Coffret d’outils – STANLEY – STMT0-74101 – 38 pièces – ...
21.99 € 49.04 €
Voir le deal

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

+5
Doub-Sossis
Sasaye
negrita1
Rico
Rodlam Sans Malice
9 participants

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rodlam Sans Malice Ven 19 Sep 2008 - 20:33

Se ak la penn ke map gade ki jan ti moun tankou gran moun ap mouri nan syklonn ki sot pase ya.genyen moun ki di se gouvenman ki te pase yo ki responsab ,wi se vre men nanpren oken peyi o mond ke se gouvenman ki dwe fè tout bagay.

Se pa jodiya ke map li ke ayiti genyen liyite, genyen gas ,genyen minn lor , genyen moun ki di ke menm genyen lwil an ayiti poutan peyi ya ap tounen youn deser nan je tout ayisyen epi nou ,mwen byen di nou paske mwen ladann tou ,nap tann ke se leta ki pou fè tout bagay .si lontan nou te ka genyen ekskiz iyorans paske nou pat genyen ase moun ki save ; nou pat kon listwa devlopman peyi devlope yo jodiya nou pa ka di sa ankor.Nou voyaje nou wè ki jan anpil antreprenè fome konpayi ;nou genyen anpil ekzanp devan je nou.Alor map mande kote moun ki di yo se lelit la ;poukisa nou pa ka mete tet nou ansanb pou nou fome konpayi ki pou eksplwate richess minyè ke nou genyen lakay nou?

sa pa genyen 15 lane 2 ti jenn nonm fome yo konpayi ki rele Google ak 100000 dola ak 4 konpitè jodya konpayi saa vo plis pase 20 blilyon dola.Bill Gates komanse youn konpayi nan garaj lakay paran li; jodya se li ki pi rich nan mond lan.Thomas Edison pat tann gouvenman poul te fome isinn elektrik ki vinn tounen G.E.jodya .Se pa gouvenman ki te fome Ford , G.M.,I.B.M etc.Ki jan fè elit ayisyen kite youn peyi ap disparet alor ke solutyon yo la?zafè youn bann revandè pa ka konstituye youn elit nan youn peyi.

Jodya ak mondyalisatyon nou pa ka di se kad nou pa genyen ni finans.Si ayisyen nan dyaspora ka envesti lajan yo nan konpayi etranje poukisa tonnè ke nou pa ka fome konpayi ki pou eksplwate minn nou yo?Kote neg ki ap plede di yo se ekonomis, se bankye poukisa nou pa ka fome korporatyon ki pou pemet antreprenè nou yo jwen moyen pou yo ba pep la youn alternatif a chabon bwa a.Eske se syans spatyal pou nou eksplwate youn minn liyite ki ka pemet nou ranplase chabon bwa a.poukisa pa genyen youn antreprenè ki bati recho solè an ayiti?eske se manti moun pa ka kwit manje ak recho solè yo vre. eske nou pa ka kreye elktrisite ak enerji solè, eolyenn ,e geothermal.

pwoblem sa yo eksiste depi lontan poukisa o lye ke jeness la ap etidye syans po , relatyon internatyonal se pa injenyè nou fome ki pou eksplwate richess nou yo?nou toujou ap ba blan konsesyon pou yo eksplwate richess nou yo apre pou nou di se eksplwatè yo ye. Nou konnen byen se sot ki bay enbesil ki pa pran.ki lè na bay jen jan nou yo bous pou yo al etidye bagay ki ka itil peyi ya tankou Japonè yo te fè pou yo te devlope peyi yo?

Wi se vre genyen kek politisyen dwet krochi ki merite kondane men solutyon pwoblem yo se pa politisyen ki pral pote yo , se nou ki pou mwens egoyis pou nou pap plede di:" menm youn poul nou pap achte ak moun" pou nou mete tet nou ansanb pou nou forme korporatyon pou nou kreye byen ak servis nan peyi ya.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rico Ven 19 Sep 2008 - 22:36

Malice sanble nou pase a kote nan reflkesyon kont elit, kont pouvwa, kont sosyete sivil ak latriye. Gen nouvo fenomenn ki sanble echape nou ki nan dyaspora. Pafwa lese peyi sa depi plis 30 lane. Mwen panse li ta pi bon pou mete pedal dous pou vreman konprann ki kote nou ye vreman. Malice sanble anpi koze ap echape nou.

Antouka fenomenn peyi Afriken yo, ki chita sou banditis, gwo ponyèt, la fos zam ak koripsyon se grangrenn ki pran ekspansyon nan peyi dayiti. Gen yon fenomenn sotifiske ke vyolans makout, ou ti chimè sou Aristid. Dayè mouche te fome oganizasyon l , parachite moun li jis la te gen seten kontrol yon kliyantèl.

Malice Ayiti jounen jodyè a nan mitan fomil klan sègnè lagè, mèt kanton nan diferan gwo vil yo. Mwen pap pale vilgè kidnapè volo kap touye nan kriminalite kourant. Si gen bon estrikti sekirite se fenomenn ki kontrolab, Men sa map di w la nan mitan klas sosyete sivil mwayenn ti oganizyon bidon katye kap mennen yon egzistans paralèl ak enstitisyon prive yo, gouvenman menm polis. Nan Okap nou rankontre yo kom sèl vwa vreman ki gen pouvwa ki apiye direktè, rele chalbari deryè, ou mete yo deyo. Malice mwen sezi aprann bann moun wap mande envesti, vinn pran chans, fè plis jefo se sou kont gwoup volo, pwisan ki gen kontrol yon zonn. Anpil komanse bay jan pwoteksyon konsa olye tonbe nan volo , touye moun.

Malice de veritab mafya ki pa nesesèman nan krim repignan men kap ransonen ni gran nèg, manipile gouvenman, kolabore ak polis men ki lib ak libè nan degaje jan yo vle. Alos Malice se mande anpil kont kelkeswa endividi ki vle riske yo nan kondisyon sayo. Fenomenn sou Duvalier ou menm Aristid sanble te gen seten kontrol ak fos ou alye gouvenman sayo te genyen. Men depi sou Latoti tonbe sou Preval se yon teren vag kote tout moun granmoun prop tèt yo.

Malice wap mande koze enposib nan kad yon sosyete dezekilibre kote tout enstitisyon san pouvwa ak mwayen. Se konsa moun sayo san garanti, nan pran chans. Non nou poko la Malice ak konparezon lot kote nan mond lan ki pa kanpe.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rodlam Sans Malice Sam 20 Sep 2008 - 0:25

Rico

mwen pa kwe ou sezi byen sans sa mwen di ya.Si sosyete ya dezekilibre koulyè ya ki moun ki responsab saa?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  negrita1 Sam 20 Sep 2008 - 3:55

Rodlam sans malice, se pa sou forum nan sêlman mwen ta renmen li jan de kozé sa yo ke wap ekri jounen jodi a.

Ak tout sincérité gain twôp vérité nan sa ou sôt ekri yo, min eské tout Ayisien kap viv lôt bô dlo ki swé dizan poté non la diaspora, fê têt yo travaiy nan sens sa?
Gadé pou wê koman majorité Ayisien kap travaiy byen dur nan peyi étranjé, sé yon sêl lidé yo gainyen nan têt yo, pou yal investi tout ti ékonomi yo nan yon sêl sêktê an Ayiti "konstriksyon 10 kay."
Sé yon bagay ki banm têt fê mal chak fwa ke mwen wê erê sa ke tout Ayisien nan diaspora chita ap fê nan peyi d'ayiti e pi tou san ke yo pa rann yo kont yo fômé yon gro fôs ki te ka levé peyi a nan yon sêl jou, si tout invstisman konstriksyon kay sa yo ak acha téren sa yo té fêt nan yon lôt sektê koté sé pa sêl ti boss mason ak notaire kap okipé aspê administratif la vente sa yo, ki tap ka tiré yon bénéfice de tout lagen sa yo kap vidé san kontwôl aktyêlman an Ayiti.

Chak ané ki pasé maché imobilié sa ap grinpé nan peyi a, pa gain mounn ki janm fai fayite ladan li têlman li bay bon bénéfice, mwen pa wê pou ki rézon nou pa ka fê minm jan nan anpil lôt sektê ki bezwen anpil devlopmen nan peyi a e ki sansé pa janm ka fê yon pa avan paské yo pa jwenn investisê ki soucié de yo.

E si tout mounn ap tann yon changemen Ayiti, changemen sa yo dwê pasé nan relêveman tout sektê sa yo ki ap trennen a tê.
Si nou fini pa pran konsyans ke se pa sou ekip plezius nou yo ki nan gouvêneman ke nap ka konté pou levé figi peyi nou an epi lavé lônè pêp Ayisien an sa nap tann toujou pou nou kômansé travay la ansanm?
Ekzanp nouvo maché kroi bosale sa ki fêk inogiré nan peyi a dwé fai anpil Ayisyen konprann ke yon kôté ki té pôté non (eskizem mesyé dam) tout malpropreté ki té gainyen nan peyi, jounin jodi a li gain yon nouvo figi kap respektab nan jé tout mounn, e byen nou ka fê minm jan pou Ayiti chéri tou.
cheers
negrita1
negrita1
Star
Star

Féminin
Nombre de messages : 167
Localisation : Paris-Port au prince
Opinion politique : Gestion
Loisirs : Sorties ludiques et culturelles, cinéma, sport...
Date d'inscription : 05/08/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rico Sam 20 Sep 2008 - 11:22

Malice lè w pale elit mwen plis vle kwè tout ayisyen konfondi ki nan sektè pwofesyonèl, bizniss, edikatif, atis. Sa souvan nou bliye nan peyi a ou byen gen vye konplesk, pansè, ekriven, poèt, mizisyen se bon elit ki voye foul mesaj. Pou konplete ak sèvitè legliz katolik ak pwotestan, chèf fil vodou ak sitou metye an emejans kom enfomatik, robotik ak latriye. Se an jeneral kad elitis ki poumon yon peyi.

Malice sa w sanble pa konprann sèktè sayo egziste depi lontan ou byen selon aparisyon sèktè sayo dan le tan. Yo toujou an eta delabreman, non vreman fonksyonèl. Kad Elit sa toujou gen kom mwayen sibzitans yon karyè peyan nan leta. Kom nou toujou gen yon leta patizan, kad elit sa tounnen yon kowonpi pou sove patat li. Nou twouve kad elit sa sou lobedyans yon rejim politik etranje ou menm ONG etranje. Kote yap jwe chèz mizikal nan konpwomisyon politik. Se yon peyi kap fonksyonen depi plis 200 zan konsa depi sou Petyon. Dayè se sa byen ki pral lakoz lanmo apre tantativ doganizasyon premye mandatè nasyon an 1804.

Se la mwen te vle vini, elit ayisyen visye depi nan depa nachon sa. Pa te janm gen volonte depi odepa byen estriktire yon elit. Poutan anpil te fome an Frans, ki gen selman an tèt ranplase kolon yo. Nou genyen konpotman anti demokratik nan refize tout sektè elit sa fonksyonnen komsadwa. Se la sitou pwoblèm lan chita.Malice ke nou renmen nou pa renmen ekip pansè, entelèktyèl tankou Rosalvo Bobo, Antenor Firmin, Stephen Alexis, Jacques Roumain ki sanble byen onèt ki te kap pote chanjman revolisyonè nan sistèm sosyo-politik. Mafyozo politik mete ak fos ostil etranje pa janm vle yon elit konsa.

Malice eske nou pa gen tandans ale two vit nan panse nou gen kapasite politik pou byen jere resous nou te kap genyen. Se sa mwen te vle di w ak yon sitiyasyon ki pa bouje. Genyen sayo ki toujou dendon fas la kap eseye pozisyonn yo pou siviv. Fenomenn mwen tap pale kote yon peyi ak fraksyonen kote chak ti gwoup an difikilte ap pozisyonen sou teren pou siviv ak ti gwoup nan tèt yon sègnè lagè se rezilta polititik ak pratik ekonomik ki egziste depi lontan ki toujou favorize sa.

Li chanje vizaj selon tan ak sikontans yo. Malice nou pase nan KAKO ki batay ak Lame dAyiti ki vle defann pouvwa, yo kraze bounda lame ak enbesilite Charles Oscar.Lè yo pran avantaj pou eseye ranvèse sistèm elit kwoupyon yo kase ren ak yon envazyon nan retounen ak asyen systèm lan. Se la wi pou eseye konprann se tout yon pratik istorik, politik ak ekonomik ranfose ak volonte politik peyi zanmi ki lakoz evolisyon yon elit bankal nan peyi sa. Two lontan yo enpoze, bannou elit ki fè zafè yo. Pandan Jacques Stehen Alexis, lè Riobe, Jenn Ayiti yo ak latriye tout kad sayo pase a lenfinitif kom move engredyan ki menase enterè ekstra-nasyono. Poutan se te elit plen espwa ak chanjmam.Pou fini Malice fok Ayisyen komanse kwè ke yon elit vreman patriyotik kapab fè diferans.

Finalman nou gen saki rele AKI 86 ki anmèkde anpil moun se batay yon elit. Menm si gen chire pit, vye koutba sitou ak tentennad Nanfy pase sou Avril, tonbe sou Aristid ak Preval libète minimal pou pale ak kritike toujou yon vrè Aki. Mwen toujou di se retounen sou baz Aki 86 pou rekonstitye yon elit djanm.Se konsa nou pral genyen ak fanm ak gason sayo nan enstitisyon djanm pou aplike bon politik ak pwogamm sosyal, anviwonmantal ak ekonomik. Se lè sa selman resous peyi kap eksplwate efikasman. Zanmi Malice mwen te vle retounen sou koz ki lakoz echèk yon elit. An menm tan ki jefo yon sektè elit sa mennen pou tante chanje bagay yo. E ki dinamik nou dwe mete an faz pou elit sa fè yon bon travay.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Sasaye Sam 20 Sep 2008 - 12:10

Mesyedam,

Dapre mwen, se kalite diskisyon sayo ki pou fè forom Ayiti merite yon plas de chwa sou nèt la. Se ak analyz sayo nou kapab fe nasyon an wè lan ki eta peyi a ye e reflechi pou jwenn solisyon.

Se lan louvri je nou ap konpatriyôt nou pou nou wè ke rekonstriksyon an se travay nou tout.

Se pa politisyen ki pral rekonstwi peyi a.
Se sektè prive, antreprenè, devlopè, biznisman.
Ke nou rele yo lelit oubyen yon lôt non.

Men se pou nou idantifye sektè ki responsab eta peyi a jodia.
Ke nou rele yo lelit oubyen yon lot non.

Saki enpotan se ke gen chanjman ki pou fèt paske nou pa kapab kontinye konsa.

Sanmalis, kestyon ou poze yo merite poze.
Kontinye akize, pwente dwèt sou tou sa ki bezwen chanje lan peyi a.

Rico, ou vini avèk de pwen ak enfomasyon ki valid.
Malgre ou pa dakô ak Sanmalis, pwen w yo vinn konplete revandikasyon l yo.
Paske kôz e efè malsite peyi a bezwen chanje tou.
Sitou si yo te komanse depi endepandans.

Li lè pou Ayiti rekomanse a zero.

Negrita, Ou etone m de plisanplis.
Pou yon jènn ayisyèn ki leve grandi lan peyi etranje, ou gen yon konsyans de sitiyasyon Ayiti ki ekzanplè.

Mwen konplimante w tou pou bèl Kreyôl-ayisyen ke ou kapab ekri sou sit la.
Mwen konnen anpil moun ki viv an Ayiti tout vi yo, ki pa kapab ekri kreyôl konsa.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Doub-Sossis Sam 20 Sep 2008 - 12:50

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Enan76l
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  negrita1 Sam 20 Sep 2008 - 14:50

@Sasaye

Mêsi pou ankourajeman ou yo, mwen pap dékourajé nan ékri kreyol ankô grâs a ou minm.
negrita1
negrita1
Star
Star

Féminin
Nombre de messages : 167
Localisation : Paris-Port au prince
Opinion politique : Gestion
Loisirs : Sorties ludiques et culturelles, cinéma, sport...
Date d'inscription : 05/08/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rodlam Sans Malice Sam 20 Sep 2008 - 15:18

Rico

Lè mwen anploye youn mo mwen itilise l jan diktyonè ya dekri li.Elit se moun ki pi edike , ki genyen plis konesans nan youn gwoup ,moun ki pi remakab yo :ke se swa youn kor delit militè ou byen elit nan nenpot lot domenn .se pou sa mwen di ke mwen ladann tou paske jodya mwen ka di ke mwen pami ayisyen ki genyen plis moyen e plis edikatyon si nou konsidere per capita ayisyen yo e nivo edikatyon majorite ayisyen.

nou tout konnen pwoblem peyi ya depi lontan.se pa jodya nap debat sou yo e nou konnen byen ke se pa politisyen ayisyen ki pral develope peyi ya ,sa pa janm fet okenn kote ,poukisa meyè tet ayisyen yo se nan politik selman yo vle rantre tandis ke etranje soti lot kote epi se yo ki rete nan pi bel kay ,ki ap roule nan pi bel machinn nan peyi ya?Poukisa mwen ak ak anpil lot moun nan dyaspora e an ayiti pa ka mete ti lajan nou ansanb pou nou fome youn konpayi ki pou eksplwate minn liyite ki genyen nan peyi ya.poukisa mwen ka envesti youn ti lajan nan konpayi ki ap eksplwate oil sand nan kanada epi mwen pa ka envesti youn ti lajan nan youn konpayi tankou Tyson food an ayiti ki ap lage ze nan peyi ya poulè, vyann etc?Preval se agronom li pase presidan deja pouki sa olye li te chache youn lot manda li ak alexis pat fome youn konpayi ki pou ba peyi ya plis manje?

nou ale lekol tankou tout moun nan ti gwoup ki ap jwi tout resous peyi ya.Poukisa moun Vorbes yo ka kreye youn konpayi konstruktyon epi Injenyè ki te minis travo piblik tankou Verella blije ap tann pou yo rele yo fè youn kout minis ankor pouki sa li pa ka vann aktyon pou li jwen lajan pou li achte traktè ak tout ekipman li beswen pou l bati wout ak pon nan peyi ya?

poukisa apre 2 syek nou genyen tout moun sa yo ki pa konn li nan peyi ya?Mwen ak ou nou te ka bati anpil lekol menm primè anpil kote nan nor.Mwen pa kwè Marius te pi byen edike pase w.sa ke mwen vle di sè ke nou toujou ap tann se lot ki pou fè ,se presidan ki pou fè tout bagay ,tout moun vle presidan, senatè, depite ,anbasadè. Minis men nanpren moun ki vle travay nan biznis prive yo pou kreye plis byen ak servis nan peyi ya.Poukisa nou pa genyen plis Edouard Mews nan peyi ya o lye de tout pati politik sa yo ki pa itil anyen.Jis dernyèman konbyen iniversite nou te genyen ,poukisa jeness la blije ale an dominikani pou yo al etidye.Demann lan la. e genyen moun ki etidye deyor ki ka mete plisyè iniversite nan peyi pou fome kad ke peyi ya beswen.Poukisa youn moun tankou Manigat se swa li presidan ou byen anyen?Poukisa manigat pa mete 2 zou twa iniversite nan peyi ya?

nou genyen youn pwoblem enerjetik e anvironman nan peyi ya poukisa entelijentsya ayisyen pa chita pou yo jwen youn solutyon a pwoblem irjan saa ,poukisa se toujou retire ko w poum fè youn kout volè tou ki toujou ap regle nan peyi ya?Se pou rezon sa yo ke mwen di ke elit ayisyen koupab de neglijans grav.Nou toujou ap blame lot etranje ,mwen pa di yo pa foure dyol yo nan zafè peyi ya non ,men anvan tou se ak konplisite ayisyen ki fè yo fè kou deta ak tout lot mal yo fè nan peyi ya. Genyen lot ti peyi ke yo ap bat pou yo jete gouvenman an depi 50 an yo pa fouti poukisa?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rico Sam 20 Sep 2008 - 18:09

Malice kom se domenn sitou politik ak ekonomik nap pale remake mwen di kad elit olye senpleman elit. Ti presizyon konsa se pou di kad elit soti nan tout metye ak sektè ki bannou toujou prezidan, minis, senatè depite ro fonksyonnè ak latriye depi apre komansman 19 e syèk nan komand peyi, kap deside nan tout enstitisyon bidon peyi a. Yon elit odinè peyi se yon suive ki san vreman pouvwa ak mwayen. Mwen pa vle tounnen anron menm lè nou retwouve yon sèktè elit sa ki gen volonte chanje yo eliminen l.

Nou refize pafwa retounen sou istwa ou byen pa mank metriz istwa pou byen chita sou pwoblèm nou. Kom yo di nou dwe konnen ki kote nou soti pou konnen ki kote nou prale. Malice nan istwa yon pèp 200 zan jenn se anko byen to sitou pou degre alfabetism ak ignorans yon popilasyon. Dotan plis gen lot faktè ki kap enimere ki two long pou devlope pou lenstan. Objektif mwen se pote limyè, reflechi sou kèksyon an ki pa dwe yon eskiz pou koken. Si mwen raple m byen se souvan two souvan refleksyon konsa mande chita tèt repoze pou byen sitiye nou san emosyon ou anpresman. Gen anpil bagay ki fèt pou chanje se pran leson de yo pou mye avanse.

Mwen panse se yon refi nan memwa dom nou pou bliye anpil elit ki te vle pou peyi sa. Mwen vle retounen anko ak 2 gran kad elit pase politik peyi dAyiti pou ilistre panse M.

Annou pran dabo Antenor Firmin ke nou retwouve an politik nan depa prezidan Salomon an 1888. Prezidan Hypolite renplasan Salomon nomen minis Antenor Firmin senp ti pwofesè ak kontab nan Dwann Okap kom minis Finans ant 1889-1896. Li okipe an menm tan pos Minis relasyon eksteryè. Se administrasyon l ki pral bannou pi gwo travo enfrastrikti ak enjeneri jouk aktyèlman ki rete kom travo ak grann kalite teknik. Nap pale Mache Fè kap Ayisyen ki anko tou nèf paske kapwa yo respekte bèl moniman sa. Mache fè Gran ri ki mwen byen pwoteje ak vandal Potoprens nan mete dife.


Tout gran travo pon an fè nan plizyè rejyon peyi dAyiti. Men saki pase inapèsi ke nouvèl jenerasyon nou yo dwe konennen se gras Antenor Firmin ki kenbe pou meriken pa janm lwe ak kloz renouvelman Mol Sen Nikola pou 100 lane. Mouche kom minis finans ak Relasyon eksteryè pa janm parafe kontra lokasyon sa ak anbasadè meriken Frederick Douglass. Ni li pa janm kwapwonnen ak prezans amiral meriken kap mete presyon ki rele Gherardi.Li negosye san jamè livre teritwa peyi l. Se konsa Guantananmo pral tonbe nan men Meriken fasilman ak Kiben. Se te fen pou mouche ki pa janm kap gravi echelon pou rive Prezidan.

Mwen vle soulignen anko Rosalvo Bobo ki pa te janm mache nan konpwomsyon.Doktè Rosalvo Bobo te tounnen yon kat make an politik. Yon anti konfomis ki vle refome politik peyi dayiti olye kontante yon anplwa ou menm prezidan nan sikonstans wap denigre yo. Li menm setoblije tounnen sègnè lagè pou ale pi lwen. Mo sègnè lagè pa dwe gen menm konotasyon aktyèl epok avan 1915.


Bobo soti nan yon fanmy boujwa pwogresis nan Okap.Li pral etidye Medsinn an Frans kote l retounen diplome doktè pratikan. San kite politik ak anpil ide refomatè revolisyon fransèz ki enspire l. Mouche vle ale pi lwen nan lese sou kote pozisyon tradisyonè liberal . Se panik, byen konprann Malice se etranje dabo ki komanse mete presyon nan dengwenn Rosalvo Bobo. E yo gen tout mwayen pou fè l. Bobo telman pèsikite yo flanke tout Kako revolisyonè di No ki finn pran pouvwa pou mouche an derout. Meriken debake ki pral bannou 1915 ak yon prezidan popetwèl Sudre Dartiguenave.

Alos Malice se fè ak zak politik sayo nou dwe raple, inspire nou nan yo, non selman rete nan yon fatalite kontini. Wi akize elit nou yo, men se glorifye tou bon elit nou yo, ki dwe yon sous pwofond reflèksyon ak enspirasyon. Mwen gen pou vni anko ak lot gran sitwayen ki lese mak yo nan istwa nou. Si vreman istwa se yon pèpetyèl rekomansan poukisa pa lot Dessalines, Bobo, Firmin ak latriye.


Kenbe la
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  AnaCreole Sam 20 Sep 2008 - 20:39

Rico a écrit:
Kote yap jwe chèz mizikal nan konpwomisyon politik. Se yon peyi kap fonksyonen depi plis 200 zan konsa depi sou Petyon. Dayè se sa byen ki pral lakoz lanmo apre tantativ doganizasyon premye mandatè nasyon an 1804.


Rico, wou foure dwèt wou lan maleng la. Elit nou an, pa janm repanti pou zak sa ke yo te komèt la, e yo toujou kanpe sou memn prensip ki te fè yo komèt zak sila. Se pou sa, wou wè ke depi yon dirijan ayisyen kanpe pou li t’a rektifye mal sa, yo kouri deyè’l, kit li te rele Salnave, Estime ou menm Aristide a yon sèten degre.



Rodlam Sans Malice a écrit:
Se pa jodiya ke map li ke ayiti genyen liyite, genyen gas ,genyen minn lor , genyen moun ki di ke menm genyen lwil an ayiti poutan peyi ya ap tounen youn deser nan je tout ayisyen epi nou ,mwen byen di nou paske mwen ladann tou ,nap tann ke se leta ki pou fè tout bagay .si lontan nou te ka genyen ekskiz iyorans paske nou pat genyen ase moun ki save ; nou pat kon listwa devlopman peyi devlope yo jodiya nou pa ka di sa ankor.Nou voyaje nou wè ki jan anpil antreprenè fome konpayi ;nou genyen anpil ekzanp devan je nou.Alor map mande kote moun ki di yo se lelit la ;poukisa nou pa ka mete tet nou ansanb pou nou fome konpayi ki pou eksplwate richess minyè ke nou genyen lakay nou?


Edikasyon an Ayiti pa prone savwafè, konpetans, e yon espri antreprenè e toutotan sa pa chanje, l’ap difisil pou peyi sòti lan sa li ye la. Epwi, se pou mantalite ayisyen change, mwen pa konn si se paske sistèm jistis lan peyi a fèb, nou pa fè lòt konfyans, nou pa kwè lan ayisyen parey nou. Kote’w wè ayisyen ap envesti lan konpayi etranje, yo pa’p fè sa si se t’a yon group ayisyen ki t’a mande yo mete ansanb pou ouvè yon konpayi pou eksplate resous sa yo.

Alos, ken yon re-edikasyon ki pou fèt lakay nou, fòmèl e enfòmèl.
AnaCreole
AnaCreole
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 363
Localisation : USA
Loisirs : Danser, Lire, Voyager
Date d'inscription : 13/06/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Invité Sam 20 Sep 2008 - 21:08

Mezanmi,

Nou pa wè se ayisyen menm ki pa bon.

Ki diferans ki genyen ant sak ki edike nan peyi blan yo ak sa ki rete nan peyi lakay?

Yo se menm bagay la, joumou pa donen kalbas, pitit tig se tig.


Mwen renmen Tit sijè sa a anpil paske li englobe tout pwoblèm lan, nou menm elit sa a, nou se andal vorien!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rico Lun 22 Sep 2008 - 9:26

test
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rico Lun 22 Sep 2008 - 12:54

Se domaj, selon sa mwen konprann nou pèdi tout dènye pos ki ekri yo sou sijè sa. Mwen te voye yon pos pou rèktifye kèlke espidite, vye koze ki di. Mwen vle pale sitou ak Colococo kap rapote listwa ak vye radot tankou Henry Kristof te sove nan batay Vètye. Yo ranplase l pa kapwa, sesi sela. Pou komanse map mande Colococo ki lè liv istwa l sa pral soti. Ou byen nan ki silabè li te aprann nosyon distwa lap rabache yo. E anko nan ki azil fou li te tande koze konsa kap rakonte. Se pa posib menm si w se yon vilgè anonim, kan menm se yon forom ki gen moun kalite ak bon nivo kap swiv. Zafè kanpe di nenpot sotiz jis pou jwe vye rejyonalis kras li pa bon. Wi kritike men se vini ak detay, bon jan done ak referans vyab pou jistifye sa w di yo.

Bon mwen te di mwen pa vle retounen sou pos sa. Swit yon bann replik ki pa kanpe sou anyen. Dayè pwen santral deba devye. Men kan menm mwen te pran tan ekri yon long replik ki sanble pèdi nan difikilte forom lan. Dantouleka mwen pral eseye pote limyè sou manti grosye Colococo sou vrè reyalite istorik batay Vètyè a selon sous ki nan liv distwa tout elèv nivo segondè nan peyi dayiti. Pa gen zafè gwo liv distwa se senp nosyon distwa tout elèv nivo segondè konnen. Alos si yon moun gen lot son kloch osi byen dokimante , kontrè ke istoryen sayo rapote, vini ak yo. Non kanpe di an franse sayo vle, jan yo vle, pase moun pou enbesil.

Pou fè yon kout rezime batay lendepandans komanse dabo ak yon seri soulèvman nan tout peyi a. Anviwon 1802 Franse te nan lagè ak Anglè, twoup Fransè yo ap desimen. Rochanbo nan tèt lame Franse nan peyi Sendomeng izole ak resous Mè patri deside abandonen enteryè peyi dAyiti konsantre l nan prensipal vil yo. Sa pral komanse yon faktè chans pou fos endijenn yo regwoupe yo.

Se konsa tout yon seri soulèvman komanse tankou Goman nan Tiburon ak Irois nan Sid. Nou nan fen desanm 1802 Feroux nan Coteaux pran lari pete lobèy. Koulyè a nou pral twouve pwochen jeneral brigad Nikola Gefra ki gen kom misyon soulve tout Sid la. Nan kelke semenn li soulve Aken, Senlwi dè Kay, Nip, apre yon vyolan batay ak Franse li pran Ansavo kote li atake yon ganizon Franse, endijenn yo ratibwaze lame Franse.

Rochanbo reprann ganizon sa ak sekou 12 000 fantasen franse ki soti jis Okap kote yo an nonb enpozan. Gefra setoblije pran rak monn ak konbatan l yo an derout.Pandan se tan konsiltasyon ak lot chef gwoup tankou Kange ak chèf bann tankou Vankol, Wagnac, Teyodat, Trichet, Giyom Laflè, Lafredinère ap pouswiv. Se konsa baz ame endijenn komanse nan Sid ak tout dirijan ti gwoup sayo sou yon abitasyon ki rele Charpentier komanse rasanble yo otou pwojè endepandans sou kondwit Desalinn.

Apre nou vinn nan Kongrè Akayè nan mwa mai 1803 kote drapo kreye. Men pandan tout lane 1802 Dessalinn ap vire won nan tout peyi a. Li wayaje souvan nan rejyon rekile yo kom Franse setoblije evakye enteryè peyi a. An janvye 1803 li te nan Nodwès li fè Kapwa Lamo jeneral brigad komandan Podepè. Answit li ale nan No selon JC Dorsainvil pou konfye pozisyon estratejik bay jenero divizyon: Henry Kristof, Klervo, Vernè, e jenero brigad Romen, Yayou, Tousen Brav.

Nan lwès Dessalines konfye pos jeneral divizyon a Petyon, pou konplete yon demi brigad nan Sid ak Nikola Gefra. Selon sa istwa aprann nou depi avan endepandanS yo pa telman renmen Dessalinn ditou nan Sid peyi a. Dayè yo fè konnen li pran chans ale ale selman ak eta majo li nan rejyon sa nan pase nan monn. Gefra fè li rankontre Ferou, Geren, Janlwi, Bwarontonè. Tout yon bann chèf de fil pou mete yo an konfyans ak Dessalinn. Se depi le sa Dessalin apresye Bwarontonè e pran l kom sekretè li.

Vrè premye batay lagè lendepandans komanse ak syèj Potoprens ak twoup ki soti nan rejyon Senmak ki dirije yo Akayè. 10 000 SOLDA endijenn ki gen nan tèt yo: Petyon, Gaba, Vènè, Pyero, Makadye Laroz sou diresyon siprèm Dessalinn ki anvayi Plenn di Kil de SAK. Yo ranfose nan liy Bizoton ak 500O solda endijenn ki soti Jakmèl avèk Kanje. Apre tout yon seri batay Santo, Damyen, Sart, Chansrèl, Bizoton syèj la komanse. Apre twa semenn rezistans jeneral Franse Lavalette kapitile ak sitou grangou syèj sa pote. Finalman Potoprens libere 11 novanm 1803. Kelke jou apre Franse kite Sid peyi a tou kote Gefra pran kontrol.

Franse yo repliye nan No kote twoup yo nan peyi a konsantre. Kanpay di No pral deside fen lagè endepandans lan ki komanse. Desalines mete sant raliman nan Linbè etan done fos franse yo etabli sitou nan rejyon Okap ak anviwon l. Men nan debi mwa novanm 1803 lapli ap tonbe anpil nan No peyi a. Twoup di Sid yo ak Gefra pa fouti rann yo nan No. Pandan setan Dessalin malgre tout move kondisyon klimatik ap pase an revi twoup yo o nonb 27 000 gason eksite nan rejyon Lenbe ki komanse regwoupe. Se konsa chanson grenadye alaso saki mouri zafè yo pral imotalize.

Koman fotikasyon vil Okap prezante pou lepok kom yon vil enprenab. Genyen tout yon seri fo ak fotikasyon nan antre prensipal yo tankou: Fo Breda, Pyè Michel, Bèlè, Janto, Chanplen, Vètyè, Dèsteng e Bit Charye.Kom estrateji Dessalin deside 10 novanm 1803 sou Abitasyon Lenoman de Mesi:

1- Jenero Henry Kristof e Romen ap kontounen pou atake \'\'La Viji\'\' pou oblije Rochanbo rete nan vil bas Okap.
2- Kapwa dwe glise ant 2 divizyon Kristof ak Romen pou atake Baryè Boutèy.
3- Batri divizyon sayo dwe plase nan pozisyon favorab, pou eliminen tout fè vyolan kout batri kanon fotifikasyon Franse yo Se konsa signal aso jeneral pral swiv.
4- Jeneral Klèrvo gen kom objèktif pran Fo Breda.

18 novanm 1804 li te 4 trè di maten. Pandan Franse ap jwe klèron di maten, jeneral Klervo louvri ostilite ak yon fe nouri kont Fo Breda. Sa w tande tout fotikasyon Franse yo tonbe finn dechenen kout kanno ap gronde, simaye lanmo nan kan lame endijenn lan. O leve soley divizyon jeneral Henry Kristof ak Romen pran pozisyon fotifikasyon Desteng ( d\'Estaing) drese yon batri kap vide boulèt nan vil Okap kote aryè gad fos Franse yo kanpe. Se yon ofansiv ki pral netralize tout lame Franse ki te nan vil Okap.

Rochanbo sezi ak anplè evenman pran pozisyon ak gad donè l nan retranchman nan Vètyè. Dessalinn estime li dwe prann kout ke kout Bit Charye ki plase kom fotikasyon sou yon do monn pi ro ke Vètyè. Konsa li kap pilonen Vetyè pou rantre Okap. Alos li mande Kapwa eseye pran Bit Charye ak yon semi brigad. Men pou ale nan fotikasyon Bit Charye Kapwa dwe travèse yon rout ak yon Pon ke Vètyè dominen. Se konsa Kapwa pral monte bravou li ak yon boulèt ki soulve chapo li. yon dezyèm ki abat cheval, lap kriye an avan, an avan. Men batay la toujou nan avantaj Franse yo. Kapwa malerezman pa rive pran Bit Charye. Malgre plizyè aso repete.

Desalin odonnen yon ti jenn divizyonè l ki rele Gaba aje selman 27 lane essey pas sou yon lot fotifikasyo k rele Fo Pyer Michel pran kout ke kout Bit Charye.Gaba fofile abilan anba pye bwa e finalman okpie Bit Chaye , repouse Franse yo. Ak lèd Jan Filip Do ak Klervo yo dres yon batri ki pilonen Vètye ki oblije Fos Franse yo kapitile.

Se la nap rete pou di Lagè pou endepandans peyi dAyiti se te yon konbinezon efo tout bann vanyan gason sayo. Dapre senaryo sa nan pwen youn ki gen merit plis ke lot. Se linyon tout Ayiti ki bannou endepandans sa. Zafè Kristof te sove se nan imajinasyon fètil ti nèg sa jèmen nan voye monte. Listwa byen retrase l an plen nan moman pi estratejik batay lakay li.
[/i]


Dernière édition par Rico le Lun 22 Sep 2008 - 15:07, édité 3 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rodlam Sans Malice Lun 22 Sep 2008 - 14:50

Rico

Mèsi pou eklersisman saa ou pote la.Gade ki jan Rico ekri youn episod nan la gè endepandans la byen pwop an kreyol poukisa istoryen nou yo pa te ekri liv istwa dayiti an kreyol pou tout ti moun te aprann istwa peyi yo.Colo se youn agronom .sa vle di youn moun ki diplome nan iniversite epi vwala til pa ke menm istwa batay ki retire chenn nan pye zanset li yo li pa konnen byen.Mwen pa di sa poum montre ke li pa konnen anyen non.li deja montre konpetans li nan domenn li deja sou forum lan.Men se edikatyon ayisyenn lan ki fet pou refome.Nanpren anyen ke yo aprann nou an franse yo pa ka anseye nou li an kreyol ki lang pa nou.

Menmsi youn moun rayi kreyol ou pa fouti di sa Rico ekri la pa ta pi fasil pou youn ti moun aprann li e sonje li ke sa Dorsainvil te ekri ke nou tap resite pa kè san konprann byen sa ke nou tap resite yo.Byen ke se youn parantez nou ouvri nan istwa peyi ya men li enpotan kan menm paske li montre neglijans elit nou an ki pa vle rekonet ki lang ayisyen pale e ke se nan lang saa ke yo dwe edike ti moun nan peyi ya o kamansman sik etid la.Si se youn profesè ki te pale kreyol ki te komanse anseye m nan 6 eme ka frè nan lang mwen frè Georges pa ta banm tout kalot sa yo paske mwen pat ka konprann sa li ap di mwen.se nan goumen mwen te reyisi pase ,ki jan pou youn ti moun renmen youn kote ke yap bat li paske met li yo pa ka konprann ke li genyewn youn pwoblem lang ak kominikatyon ant met la e elev la.Mwen konnen genyen moun ki pral di men se pa mwen sel ki te nan klass la ki jan fè lot elev yo te briye, elev ki te briye yo se paske papa ak manman yo te ka ede yo.Poutan lè m rive nan klass Desir Gilles apre ke mwen double 5eme mwen te pami meyè elev yo.

Depi ti kokom tap goumen ak berejenn edikatyon an ayiti pa bay bon resilta ,ekzamen bakaloreya an ayiti si yo te mande youn moyenn 70% mwen pa konnen konbyen pousantaj reyisit la ta ye.Men fout se menm jan yo vle kontinye edike ti moun an ayiti malgre konsta echek system lan.Or edikatyon se fondatyon developman youn peyi ,Si system la pa pwodwi fesè tankou Anakreyol di ya ki moun ki responsab sa?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Invité Lun 22 Sep 2008 - 15:06

Messieurs,

J'attends que ce forum confirme sa stabilité afin de présenter les vrais faits historiques. Le serveur, étant en panne, je crains de voir mes textes effacés à nouveau.

Roro,

J'aurai besoin de votre concours pour appuyer mes futurs exposés sur cet article.

2 ou 3 mois de cela, je vous avais envoyé un email. J'aimerais que vous confirmerez sur ce forum que mon nom de famille correspond à celui d'un de nos héros de l'Indépendance. Ce n'est pas un hasard, cet héros est vraiment mon arrière grand-père et je vais partager prochainement avec vous ses journaux personnels, lesquels relèvent des faits du combat de Vertières. Marc peut aussi vérifier mon identité. Toutefois, il ne faut pas ajouter mon identité sur le web pour tout le public, vous me comprenez.


Rico,

Restez courtois et calme, la vérité ne va pas tarder à éclater, ici meme sur ce forum. Soyez patient.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rodlam Sans Malice Lun 22 Sep 2008 - 15:12

Colo

je ne me rappelle pas avoir recu cette note. pouvez-vous me l'envoyer a nouveau.Haiti n'a pas plusieurs histoires.Nous attendons vos objections à la thèse de Rico.Je vous soutiendrai aussi longtemps que vos recits denotent la vérité.Quand vous questionnez le patriotisme et la bravoure d'un des heros de l'indepandance d'haiti.Faut-il bien qu'on vous demande des eclaircissements.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Invité Lun 22 Sep 2008 - 15:25

Roro,

Je viens de l'envoyer à nouveau dans votre email.

Vous avez bien dit, Haiti a une seule histoire et malheureusement le peuple haitien n'a accès à cette histoire.

Esquissons un peu le sujet.

Imaginons un moment que nous sommes en 2204.

Imaginons un moment que nous avons des livres d'histoire de Michel Soukar et Michard Gaillard qui expliquent les événements de 29 février 2004.

Pensez-vous que ces 2 historiens vont présenter les vrais faits, sans cacher les betises du groupe 184?

Imaginons que nous avons aussi accès aux journaux personnels d'Aristide via son épouse.

Lesquels de ces 2 documents seraient plus près de la réalité?


Messieurs, ce débat ne sera pas possible si nous nous basons sur les textes de Thomas Madiou et son compère, voire Dorsainvil ou Manigat.

Haiti n'est pas la Chine, notre histoire ne date pas de longtemps, environ 2 siècles. On peut facilement remonter aux faits. Il y a certainement aujourd'hui des haitiens qui ont connu des grands-parents, grands-parents qui ont connu à leur tour des grands-parents qui ont combattu dans la bataille de Vertières.

Alors pourquoi s'alarmer? Haiti n'est pas la Chine.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rico Lun 22 Sep 2008 - 15:25

colocolo a écrit:Messieurs,

J'attends que ce forum confirme sa stabilité afin de présenter les vrais faits historiques. Le serveur, étant en panne, je crains de voir mes textes effacés à nouveau.

Roro,

J'aurai besoin de votre concours pour appuyer mes futurs exposés sur cet article.

2 ou 3 mois de cela, je vous avais envoyé un email. J'aimerais que vous confirmerez sur ce forum que mon nom de famille correspond à celui d'un de nos héros de l'Indépendance. Ce n'est pas un hasard, cet héros est vraiment mon arrière grand-père et je vais partager prochainement avec vous ses journaux personnels, lesquels relèvent des faits du combat de Vertières. Marc peut aussi vérifier mon identité. Toutefois, il ne faut pas ajouter mon identité sur le web pour tout le public, vous me comprenez.


Rico,

Restez courtois et calme, la vérité ne va pas tarder à éclater, ici meme sur ce forum. Soyez patient.

Si mwen di w tou se fanmy yon ero ki te nan batay Vètyè sa tou. Alos pou mwen ta voye monte ak vye dokimantasyon ke swadizan zansèt te di. O pwen ke yo lese yon jounal. Tande pa vinn ranse ak fo fwiyan. Non se two fasil. Non sila pap pase, mwen kap souti tout vye jounal koken, betizè ki pa kanpe sou anyen. Sitou pou Kristoff ki te gen anpil lennemi ak koken, volè , sanzave nan zonn latibonit lan. Non mwen pap mache nan temwagnaj doute, trafike konsa. Ni non plis se doute w gwen zafè konsa lè nou konnen ti nèg plis fonksyonen nan tradisyon oral ki pa verifye non plis verifyab.

Dayè gen moun tankou Madiou menm lè li patizan pou rezon politik ak pwoteksyon elit nan Potoprens pap desann osi ba konsa pou bay manti., defome listwa. Malgre wap twouve tout aspè negatif nan resi l sou Dessalin ak Kristof lennmi pwoteje l Bwaye ak pè espirityèl li Petyon. Men mete an dout kouraj ak patriyotis yon moun tankou Kristof ki ale batay lot bo dlo se pran chans rakonte tenten. Vini ak tenten ak sous enkredib, vilgè anonim pou mwen dekilote w.

P/S Pou swadizan moun ki pa yon 2 pik, tout tenten pa dwe di, sitou lè yo kanpe sou done abitrè ki pa gen anyen ki repoze sou rigè sa mande. Ala de traka tout voum se do
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rodlam Sans Malice Lun 22 Sep 2008 - 15:53

Rico

Se Colo mwen mande pou li bay eklersisman ; li di ke sa w di ya ou byen sa Dorsainvil di ya pa la verité.Mwen pa ba sa Colo di ya pwa non men tou fok nou tande sa li genyen poul di paske resi li fè de lachte kristof vrèman pa dekri youn zak ke youn nonm tankou kristof ta ka pose.Mwen pa vle ke youn moun servi de rankinn ki genyen depi lontan pou demanti la verite.Paske si kristf te deserte lame endijenn lan nan youn moman desisif konsa mwen pa kwè istoryen nou yo ta rekonet li kom youn nan ero endepandans peyi ya.Epi tou si kritof te vle li te ka retounen lakay li si li pat devwe vi oi pou ayiti.


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Lun 22 Sep 2008 - 15:57, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Invité Lun 22 Sep 2008 - 15:55

Rodlam Sans Malice a écrit:Rico

Se Colo mwen mande pou li bay eklesisman si li di ke sa w di ya ou byen sa Dorsainvil di ya pa la verité.Mwen pa ba sa Colo di ya pwa non men tou fok nou tande sa li genyen poul di paske resi li fè de lachte kristof vrèman pa dekri kouraj youn nonm tyankou kristof. map tann li.

Malice,

Avez-vous vérifié mon nom de famille?

C'est important pour la suite de mes exposés.

Merci!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rodlam Sans Malice Lun 22 Sep 2008 - 15:58

Oui je l'ai deja verifié.Merci pour la confiance placée en moi.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rico Lun 22 Sep 2008 - 16:02

Rodlam Sans Malice a écrit:Rico

Se Colo mwen mande pou li bay eklesisman si li di ke sa w di ya ou byen sa Dorsainvil di ya pa la verité.Mwen pa ba sa Colo di ya pwa non men tou fok nou tande sa li genyen poul di paske resi li fè de lachte kristof vrèman pa dekri kouraj youn nonm tyankou kristof. map tann li.

Malice mwen te fè retrè pos la nan pa byen swiv sa w te di. Pou Colococo kisa nou dwe atenn se yon eleman doute, plen foste. Kontrèman Pipo ki yon moun sanglan, pwovokatè men transparan. Mwen pa gen oken respèe pou enndividi mantè trichè, konsa. kap itilize vye taktik pou entimide moun.


Dernière édition par Rico le Lun 22 Sep 2008 - 16:06, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Invité Lun 22 Sep 2008 - 16:06

Rodlam Sans Malice a écrit:Oui je l'ai deja verifié.Merci pour la confiance placée en moi.

Roro,

C'est normal car vous etes le doyen et le sage de ce forum.

Maintenant, je vais vous dire qu'à cause de mes liens de parenté, j'ai accès à des documents (les originaux) rapportés ou écrits par Boisrond Tonnerre, Catherine Flon, et Claire Heureuse.

Ces documents sont totalement différents de ce que rapportent les soi-disants historiens comme Madiou et l'autre dont je ne rappelle pas le nom.

C'est pourquoi j'aimerais que Rico reste calme pour la suite de ce débat. Nous devrons progresser étape par étape tout en maitrisant les émotions et écartant les faux faits rapportés par Madiou et l'autre.

Merci!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Rodlam Sans Malice Lun 22 Sep 2008 - 16:07

Mesye tan pri si youn moun genyen pwoblem familyal ak youn lot moun. ou byen konfli politik sa pa vle di ke w beswen transporte ansyen rankinn lontan sou forum saa.Evite mo sanglan. foste , kom mwen toujou di nou tout pa fè menm eksperyans ,moun lan ka pa de movez fwa.petet li ka genyen dokiman ke w pa genyen an nou tande sa li genyen pou di epi si se manti na wè.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav Empty Re: Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum