Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
Tefal Ingenio Emotion – Batterie de cuisine 10 ...
Voir le deal
59.99 €

eske neg sa yo ap panse vre?

4 participants

Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty eske neg sa yo ap panse vre?

Message  OBSERVER KEEN Ven 1 Sep 2006 - 13:09

YOURI latortue ki se prezidan komisyon pou sekite mande pou leta fome yon ko espesyalize pou konbat insekirite, men misye di ke leta dwe fome sa ak ansyen solda ke li deklare ki gen esperyens pou regle sa.

konye la mezanmi an nou analize sa misye di ya:
yon fos espesyalize, se yon fos ki konpoze de moun ki gen bel fomasyon, ki kapab asime mentalman ak fizikman obligasyon sivik yo.
1) dapre statistik ki te fet, edikasyon moyenn ansyen solda ayisyen yo se "katriyem sekonde". mwen pa panse ke li tre komin pou yon nonm ki fe selman katriyem ( sa pa vle di ke tout moun ki fe katriyem pa gen matirite intelektyel, mwen ap pale en tem de statistik ki pran group an konsiderasyon olye de individi) gen matirite intelektyel ase pou asime kokin shenn obligasyon sa ki mande yon bokin intelijans investigativ.

2) laj moyen solda ayisyen, a lepok yo demobilize lame ya, sete 30 an. setadi, yon peyi ki gen yon " life expentency" piti ke 50 lane, yon moun ki gen karent lane se yon gramoun ki komanse gen problem physiolojik. konsidere 10 lane demobilizasyon san entrenman, sa fe neg yo karant lane--- kondisyon laj sa, fe neg yo fisikman inkapab pou reponn ak obligasyon yon ko espesyalize ki baze sou "intevansyon rapid ak rapidite mental".

3) ki esperyens ansyen solda yo genyen nan "investigative police work" ak prevni zak kriminel kote yo demontre ethics ak profesyonalism?
yon makout sezi zam yon leyopa nan sanfil, kamyon debake yo tire sou menm shat kap pase.
makout rantre yo touye yon bokit moun kafou peyan an 87 devan je solda kazen desalin.
komande paul ak kazimin te konen an avans ke yo ta pral boule legliz senjanbosko, yo gen yon obligasyon sivik ak moral pou inteveni pou prevyen yon zak malonet, yo pat fe li.
konye la eske yon nonm ka esplike ki esperyens senate latortue ap pale la?
esperyans ke leta bezwen pou fome yon eta de dwa pou kriminel ak non-kriminel, se pa esperyans sa listwa montre ke ansyen solda yo genyen. le neg site soley te tiye yon solda an 92, se pa investigasyon ansyen solda yo te fe pou te arete koupab la non, se anbake yo te anbake pou fe inosan peye pou koupab wi kote yo tire hauteur d'homme sou kay katon wi.
se esperyans sa misye latortue ap pale?
yon nonm aje, san fomasyon, move istwa, se nonm sa nou oblije mete nan yon fof espesyalize.
apa nou pa gen moun kap panse pou nou, nou gen rezon devan deye konsa.
sak neve ou wa, pa gen yon jounalis ki fe li remake ti gabay byen simp, pa gen yon jounalis ki fe li remake "absurdite" demand li ya.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  gwotoro Ven 1 Sep 2006 - 18:27

Demande-toi plutot quel est le but recherche par ces messieurs avec leur idee de reformation de l'armee...

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Rodlam Sans Malice Ven 1 Sep 2006 - 18:53

Keen

Mwen pa mete nivo si ro si w te dim moyen 2 mwen ta pi dako.Edukatyon formel se yonn ,men edikatyon militè ou jiridik de ansyen solda ayityen se yon lot.Mwen pa konn apre ke mwen te kite lame.Men en genral se yon jendam de liy ki resevwa yon entrenman militè nou menm pa ka di de "infantrymen" ke yo konn transfere nen la polis.Port-au-Prince. nan lot vil yo se yon sel gwoup a pa o Cap ki genyen yon [polis detache ki toujou se menm ofisye ak jendam ki konpose li.Ki lè yo janm fè kou envestigatyon, droit ak jendam yon pou yon nonm tankou Youri Latorute repete yon absurdite konsa.

tankou gwotoro di ya ;se shashe konnen ki bi neg sayo genyen nan tet yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  OBSERVER KEEN Ven 1 Sep 2006 - 20:13

san malis ak gwotoro, ou pa sonje mwen di nou sa byen avan misye te vinn prezidan komisyon sekirite ya.
mwen te di nou sou ansyen forum ke kom misye se ansyen ofisye, eke li se yonn nan premye senate repiblik, si gen yon komisyon sou sekirite li gen shans pou li chairman li, e ke li pral fe li yon demand pou refome yon fos ame pou li ka gen yon paket infliyans sou li.
nan ansyen forum lan mwen te di sa!!!
se sa menm mwen te prevwa ke misye ap mayi moulin ko li pou lage nan ponyet nou.
se yon malin ke li ye, ou pa we li fe moun bliye ke li te yonn nan eleman kle nan gouvenman tonton li ya, e ke non li li site nan yon paket bagay.
mwen pa pral kondane nonm lan san jijman, men mwen panse omwen ke nonm sa se yon malin ke li ye e fok nou veye je nou ak misye.
gade pattern misye pou nou we:
soti nan gouvenman aristid, tonbe nan gouvenman tonton, apre tonton li ale li tonbe nan yon lot gouvenman kote li senate.
sa pa fet souvan pou yon nonm pase nan twa gouvenman konsekitif ki pa kontinyasyon lin ak lot sitou nan peyi dayiti kote te ya toujou glise. si ou konsidere karye milite li nan lame dayiti, setadi misye soti nan michel francois, li tonbe nan aristid, soti nan aristid li tonbe nan tonton, soti nan tonton li, li tonbe nan kouvenman sa. yonn gason konsa ki arive surviv tout bagay sa yo, fe mwen refleshi.
sa prouve misye se yon malin byen kalkile ke li ye.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  OBSERVER KEEN Ven 1 Sep 2006 - 20:23

gwotoro, mwen te reponn keksyon sa sou ansyen forum lan, ou genle bliye?
mwen ba nou yon warning ke jenn gason sa pa jwe, se yon malin ke li ye, li konn sa lap di ap fe byen pwop.
bon mwen prevwa si gen yon koudeta kap fet an ayiti anko, si sa fet, se misye kap alatet li ou benefisye. kom misye pi intelijan ke ti guy, si sa fet, nan je piblik la, lap we ke se fose yo fose li pran pouvwa.
mwen pa di ke misye ap monte koudeta, men si gen yon koudeta ou yon lamo prezidan, misye ap konvenk paleman ke se li gen espekryans nan milite, ke se li ka kreye yon klima sekirite pandan peryod tranzisyon olye de prezidan sena ya.
se bon bagay map ba ou fre mwen, se pa jwet.
li pa oblije koudeta, li ka yon interipsyon nan fonksyonalite ekzekitif due de inkapasite fizik ou sak genyen.
mwen pap kouri rime, men mwen rekonet ke yon nonm ki surviv kanse ka tonbe malad linpot le ki se ka prezidan nou an.
mwen swete tout sante, men mwen pa yon naif nonplis ki panse ke aryen mal paka rive.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  gwotoro Sam 2 Sep 2006 - 9:07

Tout ca pour dire que ces hommes pensent Observer Keen et qu'ils ont un plan bien precis qu'ils veulent imposer.

Cela aussi amene a voir le phenomene de la violence et du banditisme en Haiti sous un nouvel angle.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Rodlam Sans Malice Sam 2 Sep 2006 - 11:36

Gwotoro

Se pa koulyè ke nap pale de bagay vyolans sa genyen plisyè faset ladann.kon yo finn fè krim pou montre ke yo pakapala ou tande zafè lame saa reprann anko.Komsi se yon levye yo genyen nan men yo depi yo vle yo enbreye l pou kraponnen gouvenman an.Kite mele yo ke di mil pov mouri se pa janm pwoblem yo.Alo pep ayisyen se veye priye pase moun sayo malgre malfesans yo fè nan peyi ya jire se pou yo tounnen sou moun anko.

gade yon perfomans yonn nan yo sot bay la.Sa fè wont.men sanwont yo ap plede di se pa enstitutyon yan se moun ki ladann depi ti kokom tap goumen ak berejenn se menm ideyal la ki toujou rete nan enstitutyon ;Konstitutyon se papye bayonet se fè.alo se enstitutyon saa pou yo abli net pou forme yon lot jendamerie si nesesè pou pwoteje frontyè yo.

Bon genyen yon moun ki mande si nou dwe reforme la Polis.pou mwen si se vre nou vle forme yon jendamerie e byen PNH la dwe desantralise tou. kite se munisipalite yo ki okipe yo de polis .shak minisipalite genyen polis pa yo selon beswen li tankou sa fet o Zeta Zuni.nou ka genyen yon ko denvenstigatè natyonal byen entrene tankou FBI.tankou Scotland yard ki pou envestige gwo krim natyonal yo. tankou koriptyon ki ap fini ak peyi ya.

Lè yon moun gade byen se yon revolutyon total nan tout domenn ki pou fet nan peyi dayiti pou modernise ak nouvo strikti.politisyen ayityen ap rode alantou plè yo men yo pa vle toushe yo pou yo pa perdi privilej yo.pou se toujou menm statuquo ki rete pou toutan se les manigat, latortue ,Belizaire ,Magloire,Duvalier. Aristide,Bazin,Preval ki toujou ap mennen.Nou mande shanjman total kapital nan peyi ya. yon moun ki pat pre pou fè shanjman sayo,ki prefere ap fè dilatwa ak revandikatyon pep la ou te dwe rete lakay w.Ba moun ki genyen kran pou kronfonte pwoblem yo yon shans.

kestyon keen pose ya pa san merit.gade ki jan politisyen ayisyen se yon sel bagay ki nan tet yo se foure men pran epi mete zanmi yo nan plas pou ede yo volè. yon moun ap gade yon vil tankou New York ki genyen ape prè menm popilatyon ak tout ayiti genyen yon sel Maire.Port-au-Prince li menm kote menm fatra yo paka ranmase genyen twa ou kat.Paris genyen yon sel maire.eske se vre lè yo divise shak katye nan peyi en depatman geyogafik pou mete senatè ak depite ki pa genyen menm materyel pou yo traVAY pEYI YA PI BYEN ADMINISTRE/sI OLYE NOU TE GENYEN 1O DEPATMAN GEYOGRAFIK NOU TE RETE AK 5 NOU TE GENYEN LONYTAN MEN METE BON JAN KOMINATYON NAN PEYI YA. ESKE LI PA TA PIBON.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Thunder Sam 2 Sep 2006 - 16:37

Ipotèze-saa posib, san ke mwen p'ap defann pesonnmen, m'ap mande eske nan zonn ki repite ki pi danjere yo se mesye "paka pala" sa yo ki ap opere ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  gwotoro Sam 2 Sep 2006 - 16:43

Ces messieurs peuvent operer eux-memes ou avoir des gens a leur solde qui operent dans ces zones.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Thunder Sam 2 Sep 2006 - 16:57

Si'm byen konprann, yon bandi tankou Amaral gen dwa ap travay pou mesye "paka pala" yo ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  gwotoro Sam 2 Sep 2006 - 17:04

La question serait plutot, qu'est ce qui pourrait empecher Amaral de travailler pour les messieurs paka pala ?

Je n'affirme rien. J'emets juste des possibilites.

Pourquoi Labanye pouvait travailler pour le GNB et Amaral ne le pourrait pas ?

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Thunder Lun 4 Sep 2006 - 11:05

Gwotoro,

Wou mèt kwè'm si wou vle, si bwat pawol mwen ta eklate pou'm ta ap mete temwanyaj atè, menm jan wou wè Sans Malice konn ap fè kont rejim diktatoryal Duvalier yo, wou t'ap sezi wè sa. Nan Istwa politik peyi Dayiti de 1990 a jounen jodya, li difisil anpil pou yon moun fè'm vale yon bagay ki pa sa, mwen pa trete'w de mantè, men petèt wou mal enfome, wou sanble ke wou te pran nan toubiyon pwopagann lavalas-la.

Kesyon sa wou poze-a, se pa reponn mwen paka reponn li non, men pou mwen evite ke nou tonbe nan yon polemik esteril ant lavalas e opozan lavalas, mwen ap kite kesyon sa-a pase. Men tonnè krisboulit mwen, si se pat pou sa, ren'w pa t'ap ase ajil pou danse konpa sa-a. Wink
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Rodlam Sans Malice Lun 4 Sep 2006 - 14:16

Thunder

Fok shak ayisyen pran responsabilite yo.mwen pale de sak te pase sou Duvalier pase mwen te la e pafwa mwen te menm temwen de sa ke mwen pale de yo.Si w genyern informatyon ke lot moun pa konnen e ke se pa difamatyon yo ye se pou pran responsabilite pou avili san zave ke li ak soutane ou byen li ak kravate.Pase se konsa anpil moun ki pap defann yon ti zo ka konnen sa ki te pase vre.

Kom mwen toujou ap repwoshe anpil moun mwen pa adilatè aveg oken vagabon.Mete verite sou tanbou tout bann rara ke yo peye pou mystifye ayityen ki pa enforme.Se la verite selman nou mande ke w ekri.konsa tout mit a efase,
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Thunder Lun 4 Sep 2006 - 21:34

Sans Malice,

Mwen pa Lavalas paske mwen se yon reyaksyonè, men plito se paske mwen pa apwouve metod de fonksyonman pati sa-a. Mwen kwè ke, apa de delenkan ki fè pati de ti gwoup rasis oligashi-ya ki pè pèdi "privilèj-yo", tout moun ta renmen ke peyi sa-a shanje.

Mwen bouke wè ke mwen paka pase Lasalinn a koz fatra ak matyè fekal ke bayakou pran plezi pou lage sou bod mè-a, e se menm krismarinn sa-a ki reprezante twalèt an plen è pou 95% moun Lasalinn mwen bouke wè ti moun ki ap mouri anba senp ti maladi ke medikaman yo pa menm koute 5 dola US, pandan ke sanzave ap souse milyon. Mwen bouke wè ti moun 5 a 6 zan ki lage nan lari Potoprens, pafwa menm pwop non yo, yo pa konnen, e sèl peshe timoun sa yo komèt se ke yo te pran nesans nan yon fanmi pov.

Men frè mwen, sa anpil nan nou panse de Lavalas la se pa sa li ye vre, yo pwofite de nayivte ti pèp demini-an pou ti nèg regle zafè yo, avek yo voye poud nan je tout militan pou vrè shanjman nan peyi-a. An nou analize 2 ou 3 pwen :

_ Mesye yo toujou ap shante ke lavalas bati lopital, nan konesans pa mwen oubyen si mwen byen sonje, pandan tout rèy yo-a Fanmi Lavalas, wi mwen byen ekri "FANMI LAVALAS" bati yon lopital prive ak lajan leta Ayisyen nan Delmas 33 pou manb li yo, paske yo mande moun pou yo montre kat Fondasyon Aristide yo anvan ke yo pran swen. Mwen pa konnen ke si se yon kondisyon pou tout moun, men sa te rive yon bon zanmi mwen ki te genyen madanm li malad. Anplis, si se pou pèp vre ke lopital sa-a te la, poukisa li bat bati nan yon zonn ki aksesib a pèp-lan ki pa genyen vwati ? wou pa panse ke anvan ti malerèz sa-a mashe de Belekou pou rive nan fon Delmas 33 li ka gen tan trepase ?

_ Yo di ke yo bati plas piblik, wi se vre ! mwen konnen ke wou se yon sosyalis, ki sans sa fè pou wou ? pou yon gouvenman ap depanse 20 milyon goud pou koule beton nan plas piblik nan Site Solèy pandan ke a mwens de 10m de plas sa-a genyen malerèz k'ap domi nan kay katon toujou ak nouvo-ne. Nan menm kay sa yo genyen ti moun ki mouri akoz 100 gourdes ke paran yo pa't genyen pou medikaman-an. Wi ! nou kwè ke enfrastrikti estetik enpotan nan yon peyi. Men jan de asyon sa yo fè'm poze kesyon : eske moun sa yo se mizè pèp-la y'ap konbat vre ? ou byen se pou pwopagann y'ap travay? pou yo ka voye ti poud nan je moun, pou yo ka bat lestomak di ke yo te bati sesi ou se la.

_ Yo di'w te genyen anbago lajan, pa't gen ase kob, men te geyen ase pou peye 12 milyon doulè ameriken shak ane pou sekerite prive yo.

*Mwen ap kanpe la, pou le moman. M'ap kontinye ekri sou sa plita.

A swiv....
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Rodlam Sans Malice Lun 4 Sep 2006 - 23:11

Thunder

mwen pa di w pa mete etiket sou mwen ou di m se sosyalis; bon ,mwen ap pale pou si mwen te tounnen an ayiti se biznis prive mwen te vle fè;ki jan yon mou ki ap pale de biznis prive ka sosiyalis ke se yon doktrinn dapre sa mwen konprann ki mande pou natyonalise tout moyen prodiktyon..Mwen pa deja di w deja ke ideoloji pam se haitianism.Ou kole etiket ou kareman sou mwen san w pa li sa mwen ekri.mwen di nou deja mwen pa kwè nan rev n utopik.Mwen renmen lè m ashte yon aktyon nan bous pou yon ti kob epi shak maten map jofre pou m wè konbyen kob mwen fè ou wè mwen ka sosyalis.mwen pa ipokrit ki ap ba tet mwen manti dim se la gosh epi mwen shaje ak prejidis epi map defann lame dayiti.non (lol) genyen yon zanmi m sil li bagay saa lap di map shoute sou tout moun koulyè ya.(lol)

Bon ou di ke neg lavalasyen yo bati yon sel lopital bo delmas e lopital yo di ke yo bati bo katedral la kote ansyen departman servis dijyenn lan te ye. kote yo di ke doktè kiben yo ap fè gwo operation pou moun ki preske aveg yo se manti yap bay?

Bon pou kritik ou fè sou moun ki ap mouri nan site katon epi neg yo ap bati plas piblik ou genyen reson an pati.pase se yonn nan bagay politisyen ayityen konn fè byen se fè bagay ki pou fè wè o lye yap fe yon bagay ki atake pwoblem reyel yo ki pou ba moun mmanje, edikatyon, swen sante, lojman desan pwoteje envornman etc.e se pa jodya bagay sa yo ap fet.Men fok nou enbeli kapital la tou pou nou ka atire touris.Wi anvan yo bati plas piblik kote a kelke met moun ap fe tata bo lan mè yo te dwe bati kelke ti bilding ak bon jan konfo pou yo te kraze vye kay katon sayo.La mwen dako ak w.Se bagay saa mwen kon ap pale de gouvernans a lanvè ya.Nou neglije sa ki esantyel pou nou fè wè.Tande skandal ki ap pase nan deptman zafè etranje kote moun ki di yo se save ap boure moun nan konsila ak anbasad epi ayityen ap manje tè kwit.Men bati yon plas piblik pa konstituye yon krim.Wi ou genyen dwa kritike sa men tou fok sonje tou ke yo subventyone liv pou ekolye pov tou.Yo bati yon ekol de medsinn tou. si se vre fok yon moun presante kat lavalasyen pou jwen swen nan lopital ki konstwi delma ak lajan leta sa se yon dezod ke la press te dwe pale de li.

Nap tann ou pou mete verite sou tanbou tout bann rara. Kontinye.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Thunder Mar 5 Sep 2006 - 1:17

Mwen te ekri :

_ Yo di ke yo bati plas piblik, wi se vre ! mwen konnen ke wou se yon sosyalis,
...

Wou met bliye sitasyon sa-a, paske mwen te bliye (lol)-a. se takinen mwen t'ap takinen'w, Laughing passons!


Rodlam ekri :


Bon ou di ke neg lavalasyen yo bati yon sel lopital bo delmas e lopital yo di ke yo bati bo katedral la kote ansyen departman servis dijyenn lan te ye. kote yo di ke doktè kiben yo ap fè gwo operation pou moun ki preske aveg yo se manti yap bay?

Yo p'ap bay manti, men yo ekzajere anpil. Se pa yon lokal ke wou ka konsidere kom yon lopital kote ke wou genyen yon sèvis dijans pa ekzanp. Se pa minimize m'ap minimize anyen non, paske mwen konnen ke se piti piti ke zwazo fè nish-li. Men se laaa wi! ke mwen toujou ap di nou fè atansyon ak pwogann kelekeswa orijinn yo.

Anpils, mwen pa konsidere bati yon plas piblik se yon krim nonplis. Men kisa mwen te ekri :


Wi ! nou kwè ke enfrastrikti estetik enpotan nan yon peyi.

fok sonje tou ke yo subventyone liv pou ekolye pov tou.Yo bati yon ekol de medsinn tou.

Men kisa mwen panse, aksyon sa yo se pa premye fwa ke yon gouvenman Ayisyen antreprann yo. Si mwen raple'm byen, se pa premye lekol de medsinn ke nou genyen an Ayiti. Men eske mwen ka baze sou sa pou'm di ke tel ou tel kouvenman te pwogresis pou sa ? Sans Malice, si nou gade byen w'ap wè ke ak jan de aksyon sa yo, se nan betiz ke y'ap pase pèp-lan.

Sans Malice, pou lajan ke politisyen sou pouvwa pran oubyen depanse mal, si se pou pèp vre ke y'ap travay, mwen pa garanti'w ke peyi-a t'ap rish, men mizè nwa sa-a t'ap diminye. an nou pran yon ekzanp : nou te genyen 27 swa dizan senatè, leta Ayisyen ashte an minimum yon Nissan Patrol pou shak a 65 mil dola US, genyen ki jwenn 2, genyen menm Depite ki te genyen 2 tankou Nahoum Marcelus, direktè genero yo se pa pale... Mwen ka asime ke nan ashte bèl mashinn pou nèg voye shofè-yo al dèyè ti grenn fanm pou yo lekol, leta depanse plizyè milyon dola shak anviwon 2 zan, san konte fish gaz ki ilimite ke yo itilize pou bay fanmi ak zanmi yo boule, san konte nonplis mashinn ke yo lwe pou swa dizan ofisyèl tankou majistra, ke y'ap peye $ 200 USD/jou pou yon vye Montero ki rete nan men yo pandan plis pase yon ane.

Alors wou pa panse ke ti depans ke nèg politisyen nou yo ta fè pou byen pèp sa-a, se myèt ki tonbe atè ki shape anba boush-yo ? lè wou tande yo di yo depanse milyon pa ekzanp pou sante yo kontwole kob Land Cruiser yo ladann tou wi.

Monshè mwen paka tann pou peyi sa-a jwen yon gouvenman pwogresis tout bon, ki pa ashte kredi nan men pèsonnnan ni nan fè pèsonn plezi eksepte pèp sa-a. Se pou leta bay shak palmantè yon Lada Niva ou byen yon Suzuki Samourai, alors kisa nou konprann ? Pou Ayiti ti peyi ki pi pov nan amerik-lan ap ashte mashinn bay anplwaye leta ki koute plis kob ke menm Ozetazini bay pa li yo? Men moun k'ap travay pou pov yo...
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Rodlam Sans Malice Mar 5 Sep 2006 - 6:46

Thunder

Mwen pa konnen kote wap viv ,men si se New York ale nan 14eme street ak 1 er Avenue nan east side la wap wè yon loiptal ke yo rele Eye and ear hospital ou Infirmery yon bagay konsa ,ale swa nan 44 th Street entre swa 5th and 6th Avenue wap wè yon lot lopital ki okipe afè goj ,je, e zorey sa yo se lopital spesyalise yo ye ;sa pa vle di yo pa lopital pou sa.Fok ou sonje lopital Lazil franse ki te nan Rue du centre ak Rue Chareron eske se pat yon lopital li ye ,lopital kanape vert lè m te en ayiti pat yon gwo lopital nan yon go teren.

Pou zafè mashinn kobyen milye de dola ke ti neg ap ashte pou Senatè ak depite ,saa mwen dako ak w.Wi saa ou ka konsidere kom yon krim nan yon peyi pov kote moun ap mange biskwit tè e domi nan la bou.sa mwen dako ak w.

pou zafè yon gouvenman vrè man pwogresis ki pa beswen yon gouvenman sosyalis nou beswen saa vre.An nou kontinye debat san difamatyon pou yon Haiti Miyo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Thunder Mer 6 Sep 2006 - 0:37

Sans Malice,

Nou p'ap kririke jis pou nou kritike, men plito pou sa shanje. Monkonpè, wou pa swiv yon sistèm nan politisyen nou yo ?

Lè se pou regle zafè pèp-lan, yo toujou genyen yon pakèt eskiz pou yo bay, pa ekzanp : yo sou anbago ekonomik, opozisyon bloke sesi ou sela e latriye... Wi nou konprann ke se yon ti peyi pov ke nou genyen e se la sharite n'ap mande, men kote kreyativite yo ? eske se peye n'ap peye yo pou yo fè bri ak sirèn tout lajounen nan Potoprens ? oubyen yo sèvi ak eskiz sa yo pou deshèpiye pi byen ?

Men youn nan Rezon ki fè mwen di sa-a : mwen sonje ke ti malere ki ap bale ak zèl sapat nan pye yo nan meri Delmas te fè plis pase 9 mwa yo pa toushe, yo di se lajan ki pa genyen, mwen dako. Men ki kote yo jwenn kob paralèlman pou yo te ashte yon vila pou 1er minis konteste nan epok sa-a nan men yon etranje ki rele Ashton, anplis avèk anpil koutay wi. Mèt Vila sa-a te mande 800 mil dola ameriken pou li vann li, an verite mesye yo bay misye yon shèk pou 1 milyon 800 mil dola, konprenan ke leta ashte'l pou kob sa-a. Mwen kwè wou gen tan konprann, mwen pa bezwen finn pale. Fok wou te tande eskandal sa-a, li te rele : "la forfaiture du Canape-Vert". Apre 2 ou 3 semenn tout moun kase fèy kouvri, paske koutay sa-a te genyen gwo bwa dèyè banann- li.

Ala de traka papa ! kilè ti peyi sa-a ap jwenn yon shans.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

eske neg sa yo ap panse vre? Empty Re: eske neg sa yo ap panse vre?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum