ESKE SA-A SE YON DISKOU YON PREZIDAN KI VLE ALE TOUTBON NAN 8 MOIS?
2 participants
Page 1 sur 1
ESKE SA-A SE YON DISKOU YON PREZIDAN KI VLE ALE TOUTBON NAN 8 MOIS?
DISKOU PREZIZAN REPIBLIK LA
Source:http://www.lenouvelliste.com/
Haïti: Pèp Ayisyen nan 4 kwen peyi a, Pèp Ayisyen lòt bò dlo, Bonjou !
Jodi a, nouryini Akayè pou n fete yon evennman nou pa ka bliye nan istwa nou, kreyasyon drapo a. 18 me 1803 se yon dat ki enskri nan kè, nan namm chak ayisyen, chak ayisyèn.
18 me se dat zansèt nou yo te kreye drapo nou an ki ta pral debouche sou fondasyon nasyon an premye janvye 1804.
Gen dat enpòtan ki make listwa tout peyi. Dezòmè, 12 janvye 2010 se youn nan dat sa yo. Dat sa a fèt pou l enskri nan kè, nan nanm chak ayisyèn, chak ayisyen pou toutan.
M ap pwofite pou m prezante yon fwa ankò kondoleyans mwen bay fanmi tout moun ki mouri 12 janvye. E kòm se Jou Inivèsite a, Rektè, se avèk anpil lapenn nou sonje tout pwofesè, tout dawyen, tout etidyan nan tout inivèsite prive kou leta ki pèdi lavi yo. Nou swetw w bon kouraj. Gouvènman pare pou akonpaye Inivèsite a.
Pèp Ayisyen, m ap redi l : 18 me 1803 mennen nou nan fondasyon nasyon an.
12 janvye 2010, dwe mennen nou nan refondasyon nasyon an, tankou tout bandwòl sou Plas la make sa. Nou te fonde nasyon an 18 me 1803, lè n te kòmanse pa kreyasyon drapo a ki te debouche sou endepandans peyi a.12 janvye 2010, peyi a kraze, fò n refonde nasyon an.
Nan refondasyon nasyon an fòk chak pitit peyi a, kèlkeswa kote l ap viv la, fò l kapab jwenn travay, pen lenstriksyon, lasante. Pou n refonde nasyon an, fòk nou kenbe yon je louvri sou Pòtopwens, men, fòk an menm tan, nou kenbe yon je byen louvri sou rès peyi a.
Pèp Ayisyen, tout mou nap dakò avèk mewn, avan 12 janvye peyi a te kòmanse reprann kap li : pat gen sa yo te rele an franse « zone de non droit » ankò, sètadi zòn kot nèg ak gwo zam t ap fè lalwa, avan 12 janvye, kidnapin te fini ; ayisyen k ap viv lòt bò te kontan rantre nan peyi yo ; envestisè ayisyen kou etranje te gen konfyans pou vin envesti nan peyi a pou kreye djòb ; pwodiksyon agrikòl nou te augmante malgre 4 siklòn ki te kraze peyi a.
Epi, nan 35 segonn, tout bagay chanje : 300,000 kadav, plizyè milye moun blese, plizyè milye kay kraze, yon milyon edmi moun nan lari.
Katastwòf 12 janvye a se pi gwo katastwòf lemonn janm konnen. Katastwòf sa a fè 2 fwa plis mò ke bonm atomik ki te lage sou Iwochima ak Nagazaki pandan dezyèm gè mondyal la.
Katastwòf 12 janvye a se pi gwo katastwòf lemonn janm viv. Li rive nan peyi ki pi pòv nan Amerik la. Nou konnen tout moun ap soufri, men ann fè yon ti konparezon ak katastwòf ki rive nan kèk lòt peyi pou n wè ki difikilte yo menm tou yo te genyen pou fè fas a katastwòf ki rive lakay yo epi ki pa gen anyen pou wè ak anplè sa k rive isit la an Ayiti. Nou di katastwòf 12 janvye a, se pi gwo katastwòf lemonn jamè viv, e, li rive nan peyi ki pòv nan Amerik la. Ann fè konparezon: 29 dawou 2005, siklòn Katrina frape Lèzetazini, peyi ki pi rich sou latè. Jouk jodi a gen moun ki nan lari, jouk jodi a gen moun ki nan lari toujou, 5 lane apre. Ann pran yon lòt ekzanp : 6 avril 2009, yon tranblemanntè frape Akila, nan peyi Itali, Itali se youn nan peyi ki pi devlope. Pou premye anivèsè tranblemanntè sa a, 6 avril 2010 la, se anba tant majistra vil la oblije fè seremoni yo. An Itali, peyi rich, ki sibi yon tranblemanntè, nan yon vil ki rele Akila, yon lane apre, gen moun ki nan lari toujou. Continuer >
Pèp Ayisyen, depi 12 janvye 2010 la, nan 35 segonn, Ayiti fè yon bak plizyè lane. Gras a solidarite Pèp Ayisyen an, gras a sipò kominote entènasyonal la, nou rive jere ijans la : sove moun ki te anba dekonm, retire kadav nan lari a, anba beton, antere yo ; jwenn dlo, manje pou bay yon milyon senk san mil moun ki te anba dra, jwenn tant pou yo, yon bagay ki pat fasil ditou paske pat gen sou mache a kantite tant nou te bezwen.
Jodi a, priyorite nou se reloje moun ki nan kan yo, k ap viv yon sitiasyon ki pa fasil ditou. Sitou ak sezon lapli a ki kòmanse.
Ayisyen ki nan kan yo, mwen mande nou pran pasyans. Nou sot wè konparezon ak lòt peyi ki gen plis mwayen pase nou kijan sa difisil. Relokalizasyon an kòmanse, l ap kontinye, kit se nan ansyen katye nou, lè li posib, kit se nan nouvo anplasman Leta a ap prepare pou akeyi nou. Mwen mande nou pran pasyans.
Pou refonde nasyon an, nou sot di l, fòk nou gen yon je louvri sou Pòtoprens, yon je louvri sou rès peyi a. Se pousa, mwa pwochen, nou pral kòmanse ak wout Fèmat-Pènye pou dezanklave Pòtoprens. Men, an menm tan, tout moun ka wè l, nan pwovens, wout Gonayiv-Senmak ap vanse, wout Pòtoprens-Ench ap vanse pou rive Okap. Nan Nip, wout Miragwàn-Tirivyè kòmanse, wout Tirivyè-Titwou pral kòmanse. Nan Nòdwès, sou wout Gonayiv-Pòdpè a, 17 pon ap konstwi.
Pèp Ayisyen,
Fòk nou gade yon je louvri sou Pòtoprens, yon je louvri sou pwovens yo.
Se pousa, pandan n ap konstwi you nouvo santral elektrik 30 MW nan Pòtoprens, ak konpayi E-Power, an menm tan, nan Plato Santral, avèk èd peyi Brezil, n ap kòmanse antreprann yon santral idwoelektrik pou wouze tè e bay kouran nan Plato Santral.
Avan manda m fini fò m lanse yon gran pwogram edikasyon nan tout peyi a, soti primè rive nan inivèsite. Pwojè sa ap lanse byento. M a gen tan bay detay sou sa nan yon lòt okazyon. Men nou konnen m pa janm fè pwomès anlè. Pwogram edikasyon an ap fèt. Lè m gen okazyon m a repale de li.
Gouvènman an deja lanse yon gwo pwogram lopital ak sant sante nan tout peyi a, nou wè l deja isit la. Nan yon lòt okazyon, m a bay detay sou pwogram sante sa a tou.
Pèp Aysiyen,
Nou enskri 18 me 1803 nan istwa Dayiti, jou kreyasyon drapo a, kòm yon jou enpòtan pou fondasyon nasyon an.
Dezòmè, fòk nou enskri 12 janvye 2010 nan istwa Dayiti kòm yon jou enpòtan pou refondasyon nasyon an. Yon nasyon pi bèl pou tout pitit li
kèlkeswa kote l ap viv nan peyi a. Apati 12 janvye fòk nou travay pou pa gen moun andeyò ankò.
Si premye janvye 1804 te rive fèt, si Pèp Ayisyen an te rive pote laviktwa nan batay li t ap mennen kont gwo lame Franse ki an Ewòp te bat tout kalite lennmi Lafrans, se paske 18 me 1803, Ayisyen, Ayisyèn te mete sou kote sa ki te fè diferans ant yo. Yo te deside mache, fè linyon anba yon sèl drapo, anba yon sèl modòd : « linyon fè lafòs pou libète ou lanmò »
Apre 12 janvye 2010, modòd la se : men nan men, koud a koud, tèt ansanm, solidarite, linyon fè lafòs pou refondasyon nasyon nou an, nasyon ki mande lapè, stabilite.
Pèp Akayè, m ap remèsye nou pou bon akèy nou abitye ban mwen chak 18 me. Se dènye 18 me mwen pase avèk nou, kòm Prezidan.
M ap mande tout moun ki anchaje fè eleksyon fè tout sa yo kapab pou 7 fevriye 2011 nou enstale yon lòt Prezidan Pèp Ayisyen an chwazi nan bon jan eleksyon. Lè sa a, m a pati kè poze.
Mèsi
18 ME 2010
Akayè

Doub-Sossis- Super Star
-
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007
Re: ESKE SA-A SE YON DISKOU YON PREZIDAN KI VLE ALE TOUTBON NAN 8 MOIS?
Apre 4 lane se premye fwa Koken gen yon vas pwogramm ki dwe fini nan 8 mwa. Mezanmiro sali pa fèt nan 4 lane, li pretann egzekite nan 8 mwa. Wouyyyyyy sa vle di 8 lane. Tonas VLE PA VLE FOK PREVAL ALE.
Rico- Super Star
-
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce
Sujets similaires
» Diskou Prezidan Repiblik la 17 oktòb 2007
» Tande diskou Sonekselans prezidan pwovizwa Joslèm Privè lan Loni.
» HAITI LE MOIS DE MAI , MOIS DE LA DELIVRANCE ! MOIS DE MANMAN MARIE !
» Eske yon prezidan san igyèn konsa ap ka ede nou kombat kolera a???
» ESKE YON TÈT MATO, YON VILGÈ 2 PIK TANKOU MARTELLY KAP PREZIDAN PEYI DAYITI

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum