Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-29%
Le deal à ne pas rater :
PC portable – MEDION 15,6″ FHD Intel i7 – 16 Go / 512Go (CDAV : ...
499.99 € 699.99 €
Voir le deal

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

+3
Joel
ainsi ne soit-il
Rico
7 participants

Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Rico Dim 23 Mai 2010 - 12:30

Annou eseye mete nou dako ak moun otantik non magouyè ak magouyèz kap defann yon rejin ou byen yon lidè politik. Apre Duvalier ou anko Aristide ou byen Preval. Toutan mwen Rico poko entatad, poko mouri map bat chalbari dèryè koken. Se sa wi moun sou forom lan pa janm konprann. Mwen pa nan zafè ak koken, blofè ki pa vinn regle anyen. Se jwe popilis, pran fanm magouyèz avoka manjè lajan Teleko, pran fanm machann blakawout pou tonbe fè lajan mal, bay gwo zouzounn kinan yo avantaj nan plizyè sektè tankou la Dwann.


Zafè seism bali chans se yon boulshit pou koken ki gen selman 8 mwa pou kraze sa. Non Preval gen pou objektif fè eleksyon bidon, tripote konstitisyon, rantre ak bann depite ak senatè kwoupyon ak yon KEP MAGOUYÈ E DOMESTIKE.

Mwen konnen pil pwoblèm peyi sa se enposib pou regle tout. Mwen pa enkonsyan, ni yon radotè ki mande lenposib. O pwen peyi nou nan tout difikilte sayo, genyen preyalab ki dwe an mach. Se dabo voye signal klè pou bay espwa. Genyen twop magouy, koripsyon, vol byen leta o mwens bay signal klè pou ankete fouke, arete detounè, dilapidatè fon sayo. O mwen yo ta envesti ti tchotcho sayo nan kredi agrikol, nan kredi ti machann ak mwayenn antrepriz ki bay plis travay nan peyi sa pou malere viv. Vwala koriptè, MAGOUYÈ AK MAGOUYÈZ SE PWOP ZANMI, FANM, ASOSYE REJIM LAN.

Se konsa piti, piti yon ekonomi mache. Lakay vwazen Dominiken plen volo ak magouyè men yo mete mezi an plas pou rezoud pwoblèm konsa. Souvan se gwo nom yo flanke nan prizon. Lakay depwi dikdantan se pou frekan yo pran yon gwo bwa pou volo. A mwens ke li nan drog se Meriken ki fouke malendren konsa.


Nan 2 premye ane Preval yo, mwen te rete koul, mwen bali chans konprann li pal delivre machandiz la. Mouche egal li menm kom ansyen premye minis ak ansyen prezidan. Koken pa janm fè yon bon eleksyon, yon politisyen visye, magouyè kap destabilize tout pati politik nan sèvi ak kès ak avantaj pouvwa pou ekip koken li yo.

Se tout rezon sayo mwen di fok mwen konbat li san pran souf, pa BAY KOKEN KONSA OKEN REPI. YON LOT MONTE SE ANKO RETOUNEN NAN KAZ DEPA SI SE ANKO YON LOT VOLO. SE MONTRE YON JENES BANN ZOBOP SAYO PA MERITE POUVWA.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  ainsi ne soit-il Lun 24 Mai 2010 - 0:54

Si yon neg te gen pasyans avan, se pa lè situasyon a vin ijant pou ap suiv kouran desabilizatè, se pa lè pou Ayisyen ap konsakre enèji yo lan fè politik pou politik. Tout moun konen kouman pouvwa fonksyone, si se pa fanm rich, se fanm gran jipon, ke nèg toujou al chèche. Lè n'al fouye lan klas politik lot peyi ki lan dinasti ou ki pa gen tradisyon demokratik, na remake ke se yon cercle ki gen tandans redui. N'ap jwen ansyen rival gwo fanmi yo ki fini par met ansanm pou yo ka fè main-mise sou pouvwa.

Nou pa di ke Preval se yon saint, men olye ke nèg ap fè moun pran lari pou prop plezi yo, pouki sa yo pa al seye organize moun sa yo lan yon mouvman ki plis pozitif, plis prodiktif. Si mwen byen konprand manda yon prezidan se 5 ane, renouvelable yon fwa. Men dezyèm fwa sa, sa depann de pèfómans li, non? Donk, si gen yon opozisyon ki organize, li sipoze gen yon bon program ak ase de popilarite pou li challenge gouvènman an plas la. Tout ane sa yo nèg chita ap ranse, lè se pa prezidan se PM y'al takle, pouki sa yo pa janm ka forme yon bloc legitim pou batr pouvwa a lan eleksyon. De tout fason se lajan zot ki fè eleksyon an Ayiti...

Paske majorite nèg yo se pa publik la yo vinn sèvi, se pa peyi a yo vle konstrui, se enterè de klas ke yo jis ap defann. Si byen ke menm lè tè a ap glise anba prop pye yo, yo pa santi sa e lè yo rand yo compte yo pa konn pou kel rezon. Tout peyi gen problem men nou-menm tèt nou pi di, nou refize konprann ke peyi a p'ap fè yon pa ke se ak Preval ke se ak yon lot si se pa a la baz pou nou komanse, si moun yo pa konn li. Si reklame pou alfabetize, pou amelyore sèvis sanitè ta vle di mande l'impossible, sè ke se tan n'ap pèdi sou pretèks ke nou ap defann peyi a.

Gen yon pawol ki pale sou dèt ki efase. Se byen men eske mwen bije aplodi chak jou pou sa. Tout lè nou t'ap peye dèt ke se dèt endepandans, ke se dèt BID, elatrèy, se sou kondisyon ki pou te apovri nou nèt. Bon jodi a, travay la fin fèt, se lè sa nou plis san 5. Di Chavez mèsi kan mèm, paske li te ofri Obama yon ti liv ki ap denonse depi lontan sistem andètman sa a ki se yon kansè pou ansyen koloni yo. San dout sa gen echo lan anpil tèt ki fè yo fè jès sa a dotanpliske sitron a fin pire, pa gen ju ankor.

Sa tou gen dwa se yon kado anpwazone. Antre nou mezanmi, ki sa ankor yo te ka fè sou kestyon Ayiti a. Sèlman, y'ap suiv nou atantivman. Alor anvan nou plenyen si lajan rekonstruksyon pa dekese pi ta, chèche konen pou ki rezon. Hum!

Kanta sa, nou pa janm pè volè plis ke jodi a. Men mwen pa ka deja akize yon endividi anvan ke yo kenbe'l. Tande non, mwen pa konn pou tout moun, mwen pap met main lan dife pou pèson' men, sa mèt fè nou ri de mwen, mwen pa kwè Preval se volor.

Mwen pa dakor ak pozisyon nèg paske mwen responsabl anpil e pi mwen pa lan fè bri kouri pou anyen. Paske Ayisyen sipestisye e pi lè li kwè lan yon rans, li difisil pou retire'l lan tèt li. Sitou lè l'ap travèse yon kriz... (lol)

Martine l'imprévisible.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Joel Lun 24 Mai 2010 - 7:25

Mwenmenm mwen wè nèg ap kritike rejim popilis.Ban mwen rejim popilis mwen,yon rejim ke pèp lan wè li ladan l.
Tankou moun tankou MANIGAT yo ,mwen pa vle yo pre pouvwa a menm.Si sa rive ,se bak peyi an ap fè.
Bagay serye ,moun tankou REGINALD BOULOS ou menm CHARLES HENRY BAKER ka fè pi bon prezidan ke nenpòt ke MANIGAT yo.
Se k ap ipokrizi y ap fè,men msye sa yo montre yo pi pre pèp lan ke de moun tankou MANIGAT yo ou byen VICTOR BENOIT.
De mesye sa yo BOULOS ak BAKER,omwens yo pran tan yo pou yo aprann e pale byen ,lang pèp lan!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  jafrikayiti Lun 24 Mai 2010 - 8:25

Enben Joel, se nan kafou sa a menm wi yo vle mennen nou. Se Baker menm ak Manigat y ap chofe sou ban an. Manigat ka jwe wol Sirleaf jwe nan Liberia - paske se tipoul kay yo li ye e li ka ede yo fè bèl pwopagann demokrasi feminis opouvwa! Baker menm se tipoul kay natirèl yo, ki ka pase pi byen lè yo fin diskredite tout klas politik tradisyonèl la - espesyalman apre yo fin chante antèman Lavalas, nan dènye pyès teyat k ap jwe la a. Si popilasyon an ka rive konkli pa gen anyen ki serye. Lavalas=GNbis=Lavalas=Makout=tout voum se do....poukipa yon zwadizan boujwa ki pale bon Kreyol. Viv papa Dejoie - avi si nesesè!

Poutan, se pa konsa non sa ap pase...yo gen fos men bondye k fè, yo pa toupisan! Byen konte, mal kalkile. Gade ou va banm nouvèl!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Doub-Sossis Lun 24 Mai 2010 - 10:39

Joel a écrit:Mwenmenm mwen wè nèg ap kritike rejim popilis.Ban mwen rejim popilis mwen,yon rejim ke pèp lan wè li ladan l.
Tankou moun tankou MANIGAT yo ,mwen pa vle yo pre pouvwa a menm.Si sa rive ,se bak peyi an ap fè.
Bagay serye ,moun tankou REGINALD BOULOS ou menm CHARLES HENRY BAKER ka fè pi bon prezidan ke nenpòt ke MANIGAT yo.
Se k ap ipokrizi y ap fè,men msye sa yo montre yo pi pre pèp lan ke de moun tankou MANIGAT yo ou byen VICTOR BENOIT.
De mesye sa yo BOULOS ak BAKER,omwens yo pran tan yo pou yo aprann e pale byen ,lang pèp lan!

[color=red]Jowel anou rantre nan FONDAL_NATAL question an?
[size=18][b]Kiles PARTI ki pran OPTION FONDAMENTALE POU MAJORITE 60% HAITIENS KAP VIV NAN ZONNES RURALES YO? KILES PARTI KAP PLEDE POU PRODIKTION AGRICOLE AK PRODIKTION NATIONALE?
ESKE SE YON PROBLEME CHEF PARTI SILA PO LI LANVE..LA COULEUR DE SA PEAU NUIT ELLE A SON HONNEUR ET A SA VALEUR?
KILES LOT PARTI KI DI LI REPRESANTE TOUT NATIONALIS DEMOCRATE PROGRESSIS E KI DENONSE TOUT ANTI NATIONAUX KAP FE POPILIS E POUTANT SE AK BLANCS YO CHITA TOUT LA JOUNEN YAP FE PLAN POU REGLE BIZNISS YO, PLEN POCHES YO AK ZANMI YO? SE YO KI FE KOMPLO AK BLANCS MENEN TWOUP ETRANGERES SOU TERRE DAYITI THOMAS.. ALOS KILES KI TI POULE KAY BLANCS YO< JAN JAFRIK AP DIL LA>> DAYER MWEN DENONSE MUSIEUR KOM TI_POUL KAY BLANC TOU... KI GEN YON LANGAJ AFRO_CENTRIK EPOUTAN SE AK BLANCS INTENATIONAL GOCHIS MUSSIEU AP KONPLOTE KONT HAITI...SE MENM YOMENM NAN KAP TOUPIZI HAITI DEPUIS 86...
MEN KOTE LI MENEN NOU..

MWEN SWETE NOU FE MEA CULPA NOU >>BAY HAITI YON LOT CHANS KI PA CHEMIN GOCHIS INTENATIONALIS GLOBALIZANT..

MWEN SWETE NOU CHACHE GADE FILM ARNOLD ANTONIN AN " CHRONIQUE D'UNE CATASTROPHE ANNONCEE".

MEN TE GEN YON FORUM REKONSTRIKTION HAITI JAFRIK PAT LA...POUKISA LAP VOYE ROCHES LA..A KI PROFITE LE CRI
ME?
DO
UB


Dernière édition par Doub-Sossis le Lun 24 Mai 2010 - 15:07, édité 1 fois
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  jafrikayiti Lun 24 Mai 2010 - 11:09

Sosis ou fenk kare gen twoub vizyon. Sa ou pa konprann nan, nèg ki refize mache tèt bese devan kolon rasis, se pa ni anti blan, ni rasis afwosantris yo ye. Nou pa gen pwoblèm chita sou menm tab ak moun parèy nou ki gen mwens melanin anba po yo ke noumenm. Menm kote nou refize bat bravo lakontantman pou "la société des amis de noirs" ak Sonthonax k ap fè demagoji yo, k ap pran poz yo vle defann libète nèg....menm kote n ap denonse ipokrit sa yo, nou pa ezite pou nou aplodi sakrifis reyèl yon John Brown, ki te mete lavi li an danje tout bon vre pou li goumen pou sa ki jis epi dwat. Se diferans lan sa!

Jounen jodi a, si ou wè mwen chita ak Michel Chossudovsky pou nou layite verite osijè mafya entènasyonal la, se paske mwen gen prèv sitwayen sa a aksepte sibi konsekans chwa li fè yo tou, lè li denonse mafya entènasyonal la. Èske ou konnen konbyen fwa yo eseye boykote Chossudovsky, eseye diskredite li nan Radio-Canada paske li mete verite deyo osijè 11 septanm ak lot koze kremol?

Mwenmenm tou, Radio-Canada evite mwen e ni yo, ni mwen nou konn pou ki. Yo konnen si yo bezwen nèg ki pral radote tèt bese, ki kote pou yo ale.


Sa ou dwe remake tou, nan kalite chita pale mwen patisipe ak kanmarad tout koulè tout plimaj, mwen pa aksepte pou Ayisyen chita an dezyèm plan, ni an minorite. Gen yon modèl fonksyonman Chairman Omali Yeshitela montre nou avèk travay li fèe ak APSC ( http://www.apscuhuru.org/ )- se limenm ki mache ak konviksyon nou. Nou aksepte pou nou pote kole ak kanmarad tout koulè tout plimay. Men chak moun jwe wol yo. Chak moun, pratike respè youn pou lot epi limit natirèl ki ekziste. Nou pa janm pèmèt pou okenn etranje vin mete nou chita nan fouk yo pou nou konplote kont frè nou.Okontrè, si ou pa konnen sa, ale mande kèk moun ki konnen, yo va esplike ou ki jan nou abitye klase ti blan ki pèdi k ap yo, al eseye mande nou konkou pou yo atake Ayisyen parèy nou ki pa pataje menm vizyon politik ak nou. Genyen ki fin mande anraje, men noumenm nou pa negosye sou pwen sa yo.

Nou envite etranje chita ak nou sou galri ak balkon - men koze pou nou ede yo rantre nan chanm kouche a pa gen sa pyès!


Gade sou sit entènèt APSC a ou va remake anwo nan mitan an, yo ekri "white people working in solidarity with liberation of African people UNDER the leadership of the Afrikan People's Socialist Party" http://www.apscuhuru.org/


Dernière édition par jafrikayiti le Lun 24 Mai 2010 - 11:39, édité 3 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Joel Lun 24 Mai 2010 - 11:26

M ap swiv DOUB SOSIS depi kèk tan,mwen wè misye gen yon ti tandans pou li vire bagay lan yon zafè ""nèg milat"" ak ""nèg nwa"".
Tout se rans ,pa gen diferans ant MANIGAT,BENOIT ,BAKER ou byen BOULOS.Se menm zwazo menm plim,menm plimaj lan yo ye.Tout nèg sa yo pa t kriye lè yo te touye IZMERY yo ou byen JAN DOMINIK,ou byen pi pre nou an ,lè yo te disparèt LOVENSKY PIERRE ANTOINE!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Rico Lun 24 Mai 2010 - 12:49

Martine se domaj rar fanm ki vle echanje sou forom lan nan zafè politik, se plis la moral ak rektitid polik wou vle jwe. Antouka se karateristik anpil fanm namn fanmy mwen ki toujou koul devan evenman konsa. YO YOUJOU VLE EVITE SAYO RELE TÈT CHAJE., BRAS KAMARAD.

E byen Martine koken peyi dAYITI ap make anpil pwen sou moun tankou w. Genyen pou itilize vèti w, pasyans ak tout lot kalite fanm pou boulshite w. Martine eksperyans mwen trè diferan. Sayo rele OKEBEK BABY BOUMER. Se moun sayo ki sou pouvwa aktyèlman an Ayiti, se moun sayo ki nan jenerasyon m. Genyen yon klas kap emèje ki soti nan mitan pi jenn yo, nou pral retwouve nan 2 chanm yo. Men klas BABY BOUMÈ se yo ki minis, prezidan, anbasadè gwo fonksyonè leta ak gouvenman

Anpil nan moun sayo ki sou pouvwa depwi 20 lane te Ozeta, Kanada an Frans, Beljik ak lot kote. Mwen kotwaye anpil nan yo nan egzil fose an Frans, Beljik e Kanada. E byen Martine bann sovè nachon sayo echwe, yo pa kanpe sou anyen. Pou fè yon rezime mwen prefere JANKLOD DUVALIER PASE YO TOUT SOU PLAN EKONOMI. Omwens Ayiti te yon peyi kap patinen sou plas, men non yon peyi devaste, rwine san resous tankou jounen jodyè a. ak anpil koken mwen te pratike.


Martine mwen pa gen anyen pou fanm ayisyenn ke li nwa kayimit, grimèl, blanch.Se dwa yon gason pran fanm li vle. Sitou Martine lè fanm lan vinn cherche w nan fon kè w, nan tout trip ak mwèl. MEN ZAFÈ MAGOUYÈZ BOUT PENDOU, FANM VISYÈZ KAP DECHERPIYE, PWOFITE ESTATI YO, POU FOURE ZAGO NAN LAJAN LETA, BYEN LETA, AVANTAJ DEMEZIRE NAN FÈ LAJAN TELEKO AK BLAKAWOUT.

Se sa wi rico ap pale. Se mank moralite manman visyèz sayo ki yon danje pou trezo leta. Se sakap pale, jan de fanm magouyèz mwen di nou pa bezwen. Kilè nou dwe konprann Ayiti pa gen kapasite kenbe tout manman volo ak papa volè si yo vle bay pèp bann fo popilis di yo renmen yon ti tchotcho. Se la mwen di magouy, koripsyon ak vol dwe konbat pou pèmèt yon souf pou malere kap monte kalvè pa do.

Martine se byen fè konnen nan tribilasyon nou twouve nou, se tann, genyen pasyans. Mwen pa dako, Preval pa yon garanti pou twouve bonè sa wap pale pi douvan. Li fè prèv malonete nan tripote eleksyon, nan manti pou kenbe pouvwa. Li gen prop ajanda li pou peyi dAyiti. Komanse konprann kote Ayiti twouve l jounen jodyè li dwe reyisi ou echwe ak tout Ayisyen. Magouyè, trichè pa gen plas li nan yon rekonstriksyon, dayè moun kap bay lajan yo ap swiv. Se yon kèksyon rapo fos, alos sispann kwè nan ti Jezi po nan krab, sispann elan moralis ak rektitid politik sayo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Doub-Sossis Lun 24 Mai 2010 - 15:47

Joel a écrit:M ap swiv DOUB SOSIS depi kèk tan,mwen wè misye gen yon ti tandans pou li vire bagay lan yon zafè ""nèg milat"" ak ""nèg nwa"".
Tout se rans ,pa gen diferans ant MANIGAT,BENOIT ,BAKER ou byen BOULOS.Se menm zwazo menm plim,menm plimaj lan yo ye.Tout nèg sa yo pa t kriye lè yo te touye IZMERY yo ou byen JAN DOMINIK,ou byen pi pre nou an ,lè yo te disparèt LOVENSKY PIERRE ANTOINE!

Non Jowel,

se wou menm ki toutan ap voye yon seri de pwentt komkwa "Pep-la" se pou li vote pou yon moun ki sanble-li...ki vle diw kelke swa programme li, menm sil pa gen program ditou.. depi se kat pep ak koule li avanse mete devant

Sa vle diw menm si wou pa dil a kler se yon konseption RASIS pou pep la vote "nwaris". Wale jiska affirme sil vote pou YON BAYAKOU A LA TET PEYI YA SE TOU NORMAL-TOUT VOUM SE DO...NENPOT SASWA INKONPETANS LI POU DIRIJE YON PEYI..NAJE POU
SOTI..
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Joel Mar 25 Mai 2010 - 9:33

Lè m ap pale de moun ki sanble l ,se pa de koulè po m ap pale.Mwen konsidere IZMERY yo tankou ayisyen entegral,mwen konsidere yo pi ayisyen ke MANIGAT yo.
Mwen ta renmen ke gen moniman ki fèt pou mesye sa yo ,pou montre sa yon ayisyen dwe ye.
Kididonk se pa yon zafè koulè.
Nou depase estad nwaris,milatris sa yo.De gwoup sa yo se senkant kòb ak degouden.
Mwen bezwen moun ,ki rekonèt li lan kilti pèp lan,pa lan kilti pèpè;ke li te nèg nwa,ke li te nèg milat!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  ainsi ne soit-il Mar 25 Mai 2010 - 13:01

Se pou rezon sa mwen bay anpil neg vag depi lontan. Li lè pou nou mete'n od'si patikilarite epidèmik sa yo lè n'p pale de patryotism. Sètadi nou pe pa anpeche ke gen Ayisyen ki reflechi sou baz sa yo, men sa pran edikasyon pou nèg rive fè abstraksyon de yon seri de tares coloniales li li ap poze jès aktivist.

Cela dit, konpatryot yo, lè yon gwoup moun fin konsidere tèt li kom yon klas a part, paske non selman li pat bezwen'l men li pat kwè lan yon lEta k'ap defan jistis pou tout moun, nou bije konprann yon seri de retisans. E se la nèg tankou Izméry pa sipoze tonbe lan oubli paske yo se des instruments de paix ke yo te ye. Men ki sa ki rive? Sa montre nou ke n'ap viv lan yon sosyete ki profondeman malad.

Antouka, la preuve est là. Katastrof la blayi sou nou chaje ak senbolism ki ap lonje dwèt sou lEta nou ki demanbre.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  jafrikayiti Mar 25 Mai 2010 - 15:06

Joel ekri: "Mwen ta renmen ke gen moniman ki fèt pou mesye sa yo ,pou montre sa yon ayisyen dwe ye"

Joel, devwa sa a ranpli deja. Tyke sou lyen sa a ou va wè foto moniman yo fè pou frè Izméry yo.
http://www.haitiinfos.org/archjanv09.html


Pa bliye, se toulede frè yo ki mouri anba bal ansasen CIA yo. Pèp Ayisyen ka gen tout defo men li pa engra. Kit se Georges, kit se Antoine Izméry, nan pwen moun ki te ka kesyone Ayisyanite yo. Se pa di y ap di m, mwen sonje mwen te timoun piti ak bout pantalon, manman mwen mennen mwen granri al chanje lajan nan boutik mesye sa yo e se avidèy ou te ka remake relasyon nòmal moun ak moun ki te genyen ant mesye sa yo pi lòt Ayisyen parèy yo ki te oswa machann sou twotwa granri oswa biznisman ki ap frekante magazen yo.

Pèp Ayisyen pa tap gen pwoblèm eli yon sitwayen keseswa koulè po li prezidan peyi a. Si li rejte Baker, se pa paske misye gen po pal, se paske yo pa bliye misye ak tout bò frè li, APAID, se nan koudeta yo envesti. Nan represyon kont popilasyon an. Aksyon moun poze kite tras....e ou pa ka vle pou moun ki pote mak lan fè tankou li pa wè men ki ap frape l tout tan.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Thunder Mar 25 Mai 2010 - 18:05

Yon pwofesyonèl kriminèl pi mal pase yon moun ki pa edike kriminèl. Frè Izmery yo se te figi boujwa rejim san manman pè lebren kraze-brize lavalas lan. Non sèlman yo te konseye sanginè ki rele Aristide lan, men yo te konn itilize richès yo pou finanse "fè koupe fè". E se vwa yo ke yo te konn tande an premye pou defann diktati sanginè Aristide lan.

Se yo ki te pi cho devan bann nan pou Aristide tounen nan peyi an.

E si se Aristide ki te fè touye yo? pou bafwe kominote nasyonal ak entènasyonal, pou montre jan ke koudetayis mechan?

Tout moun ki mouri pandan 3 zan kouteda a se CIA ki touye yo? Adye!

Se tankou yon blag nan yon epòk ki di ke depi yon machinn kraze yon chyen oubyen yon chat manje yon rat, yo di ke se FRAPH, FAd'H, CIA ki te lakòz.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Rico Mar 25 Mai 2010 - 22:39

Thunder lè 30 0000 twoup pran ti koken ak tout fanm avoka demokrat apre yo finn decherpiye kès TELEKO, eske se CIA, OU ANKO FBI ou anko lame merikenn te konplis nan bagay sa. Tout enstitisyon sayo sanble te byenvini. Tout zanmi Jaf yo te nan sere kole ak moun sayo kite fè bon retwouvay ak menm moun kite sanse mete l deyo. Sa Jaf refize konprann se menm moun sayo kite sekirite rapwoche koken, zafè pase kote mouche a lepok sa w pran se wou ki vle.


Mezanmi ki lè ti nèg ap reflechi pou konprann yo nan manti. Sispann bay moun manti pa bo isit. Ki moun ki pi gwo zanmi meriken ke koken. Sof bon pèp pa vle tande bagay sa lè li an kolè nan pwen pwoteje gwo nachon yo pap dechouke. Nou fè ekperyans ak Duvalier, Aristide, koulyè a ti Preval konte sou bann latino pou jwe frekan, e byen gade pi douvan vle pa vle li prale.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Joel Mer 26 Mai 2010 - 5:37

Fwa sa a se kakarat dèyè bwat.Te gen koudeta an 1991 ak 2004 ak apwi entènasyonal.Koudeta fwa sa a pa lan enterè pèsonn.Kididonk se griji n ap griji.
Nou te mèt sote ponpe;nou pa p sis!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Rico Mer 26 Mai 2010 - 11:47

Joel a écrit:Fwa sa a se kakarat dèyè bwat.Te gen koudeta an 1991 ak 2004 ak apwi entènasyonal.Koudeta fwa sa a pa lan enterè pèsonn.Kididonk se griji n ap griji.
Nou te mèt sote ponpe;nou pa p sis!

Non ti mal pa gen koudeta, se demisyon w yo mande. Yo pa kap andire w 8 mwa an plis. Vle pa vle fok wou kraze kite sa. yo pa vle ale nan elèksyon shanpwèl avè w. Ke entènasyonal vle ou pa vle kom toujou se volonte pèp ki toujou gen rezon. Si Aristide ki te bon zanmi, gen kontak te rache manyok li, se pa ti bannocho, radotè Preval.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Sasaye Mer 26 Mai 2010 - 11:59

Riko di:
Ke entènasyonal vle ou pa vle kom toujou se volonte pèp ki toujou gen rezon.

Ok, alò, ann gade volonte pèp la.
Si pèp la an grann majorite, leve mande demisyon Preval, la p oblije ale vre.

Men si se ekip politisyen mekontan avèk kèk moun, li pap oblije ale.

Epi, apre?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Joel Mer 26 Mai 2010 - 12:35

Tout se rans;
Se te volonte pèp ki te fòse ARISTIDE ale an 2004,epitou te gen entèvansyon militè?
Epi lan entèvansyon sa a ,se te san yon sèl gwoup ki te koule wi;pa sa?

Yon lòt bagay ,""entènasyonal"" lan pa gen enterè pou PREVAL ale anvan lè,se plis pwoblèm y ap gen lan men yo;e nou pa gen fòs ase pou nou fòse l ale.
Gen de nèg ki pè kou chat ,paske yo anfas majinalizasyon.Sanble jan bagay yo ap dewoule la a se tankou DOMINIKANI ke nou kapab vin ye ;ak 2 Pati politik:Inite ak Lavalas;menm jan ak DOMINIKANI genyen PLD ak PRD,e PRD te fòme ak yon disidans PLD.
SI eleksyon lib fèt,anpil politisyen gen dwa blije chache lòt aktivite pou yo fè!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Rico Mer 26 Mai 2010 - 12:51

Se toujou konsa sou frè syamwa, nou te di plis ke sa. Nou refize konprann kapasite bon pèp. Poutan istwa nou tankou istwa lot rejyon sou latè chaje ak egzanp.

Ke li rele Etazini, la Risi, Loni, Loea. Yo pa kapab kontni yon Mouvman solidarite Popilè. SE BÈK A TÈ YO PRAL FÈT. YO PAP METE YO ANTRAVÈ VOLONTE POPILÈ. SE SWA YO KRAZE POUL YO OU BYEN POU LONI YO LESE KOKEN TONBE.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Joel Mer 26 Mai 2010 - 15:09

GRIJI,KONTINYE GRIJI.
Nou pa p sis ,se tankou mwen te tande yon moun lan la ri an ki t ap pale de EVANS PAUL.Misye di tout nèg fin pèdi plim.Gen de nèg ki te yon K-PLIM;ki fin pèdi plim,a pèn si yo gen 1/32 plim kounye an e y ap chache repouse PLIM!

Ti mari pa p desann e nou anfas majinalizasyon paske nou pa ka devlope apwi popilè.Nou pran lan mera paske NOU PA KA IZE FÒS!
Tankou nèg KONBA a te remake ;2010 PA 2004!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Empty Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum