Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
Pack Gigabyte Ecran PC Gamer 27″ LED M27Q ...
Voir le deal
749 €

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

5 participants

Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  revelation Dim 4 Juil 2010 - 19:32

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan _41299136_charles_baker Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Alexis-preval
Baker gen "V" pou viktwa 2010 Preval ap reflechi toujou!

Poll nan peyi Dayiti e nan Diaspora montre ke si pati Unite Preval la chwazi J.E. Alexis kom kandida yo nan eleksyon prezidantyel 2010 la, Charle Henry Baker, kandida ki te soti an 3ziem pozisyon apre Preval e Manigat nan eleksyon prezidansyel 2006 la gen 55% chans passe nan premye tou kom presidan.

Li gen experyans nan jwet sa deja e li gen sipo klass indistryel la e klass travaye pep la. Yon konbinezon inpotan e rar nan politik Ayisyen.

Voter yo ap we nan kandida pati Unite a kom yon extensyon, yon prolongasyon gouvenman Preval la. Yon gouvenman ki deja an bes deja nan je pep la, Dispora e nan je assistans internasyonal la.

Ki pye ke Preval pral mete devan poul chwazi yon kandida nan kan Unite a ki gen chans genyen fas a pati opozisyon an?

Se yon mannev pou’l byen kalkile.


Dernière édition par revelation le Lun 5 Juil 2010 - 13:20, édité 1 fois
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  Marc H Dim 4 Juil 2010 - 20:18

Fok nou pa fokise selman sou presidensyel e blye les lesgislatives yo. Antouka, li enpossib pou yon pati gagne yon majorite lan 2 chamb yo . Ke pati sa ta fanmi lavalas ou unite , yo pakapab gagne majorite lan 2 chamb yo .

Concernan les kandidat à la kandidaTI yo. Fok nou pa sous-estime Madann Manigat non. Li genyen anpil chans tou pou'l vini présidente. D'ailleurs, au moment nap pale la , c'est la seule cheffe politik an ayiti qui serait prête à devenir présidente. Gouvernement li deja pret pou travay.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  revelation Dim 4 Juil 2010 - 23:17

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Haiti-latortue Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Haiti-pierrelouis


Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Haiti-malval Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Haiti-smark

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Haiti-smarthSi UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Haiti-cherestalSi UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Haiti-neptune


Marc di: Fok nou pa fokise selman sou presidensyel e blye les lesgislatives yo.
Pa gen lot bagay anko ke prezidansyel la. Legislatives la poko jamb fe prev de gouvernans yo.
An nou serye sou bagay sa.
Marc di: Concernan les kandidat à la kandidaTI yo. Fok nou pa sous-estime Madann Manigat non. Li genyen anpil chans tou pou'l vini présidente. D'ailleurs, au moment nap pale la , c'est la seule cheffe politik an ayiti qui serait prête à devenir présidente.
Le Manigat te pedi an 2006 la te di ke"Pep la kankou chien tounnen nan vomisman li" se yon fason pou'l te klotire karye politik li.

Ni li, ni mdam li pap tounnen la anko. Si li retounnen nan kous prezidansyel 2010 la anko se li ki pral jwe wol chien sa.
Manigat pat jamb konekte ak klass boujwas la, ni klass mwayenn nan. klass pep la se pa pale. Li pa jamb kanpe sou Champs Mars ni sou plas piblik pou harangue pep la.
Se nan salle theat ak auditorium ke li pale, kote ke pep la paka antre.
Marc di: Gouvernement li deja pret pou travay.
Se yon arogan e inpertinans e mank dega a yon pep kap vive anba tent pou yon gouvenman ta di ke yo deja pret pou travay. Ayiti se yon ecurie Dezyas, memm Hercules pa pare pou netwaye'l.
Nou konnen ke gouvenman sa tout tan ap di ke yo pare depi an exil. Se memm gouvenman sa kap reve an hibernasyon. Manigat finn manje tout lajan mesye sa yo.Gen nan granmoun sa yo ki mouri deja.
Manigat a 80 zan finn intatad pou tet pa li tou.
Memm an piblik li pa paret anko alevwa fe kampagn nan tout provins.

Jan Sasaye di a: "viv Baker an atandan ke nou we lot kandida paret tet yo!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  ainsi ne soit-il Lun 5 Juil 2010 - 0:58

Enteresan jusque là. Men nou kwè tout bon ke Baker ka prezidan d'Ayiti. Ret sezi.

Mwen pa konn pou relasyon misye ak endustriyèl etranje, alor si se lan PAP eleksyon fè sèlman lan mitan moun k'ap trvay pou yon pekul lan 2-3 faktory moun sa yo, nou ka gen rezon. Garanti pou vin envesti lan peyi a w, se lè lEta a w establ. W'ap toujou ka jwen 2-3 envestisman lan mouvman mafya sa a kote ki gen dezód. Sa pa bezwen gouvènman serye.

Mwen ta renmen konen ki sa Baker bezwen fè lan peyi a apa lan PAP. Mwen ta renmen tande ki sa diskou Baker ap di lan yon peyi kote agrililti, edukasyon, sante se la pou nou demare. Jan kapitalist ap opere sitou jodi a, se pase e pi bat zèl yo al chèche avantaj lot kote.

Moun Ayiti yo pa kapab ankor anba kapitalism mafiya. Sinon se pi rèd ke esklavaj.

Oh! Sasaye deklare viv Baker! Kote mwen te ye. Eskiz'm mezanmi, nou lan rele e nou lan apuye viv moun toujou. Menm lè yo pa panko menm pase premye lan eleksyon. Woy, kondi yon nèg tèt chaje.

Tande non, mwen ta renmen konprand ki problèm nou pou n'ap pale konsa. Mezanmi, an nou reflechi pou yon fwa. Si se pou lajan se pa sa ki manke an Ayiti ou tout kote. An verite mwen pa konprand ki sa nèg ap di ankor. Pito mwen met dewó. Pito mwen kabrit pase m'ta korchon...
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  Sasaye Lun 5 Juil 2010 - 6:41

Revelasyon di
Jan Sasaye di a: "viv Baker an atandan ke nou we lot kandida paret tet yo!!

Non Matinn,
Kòm toujou, nèg yo pa konn li oubyen yo fè ekspre.

Men tout seksyon ki konsène Bekè ke m ekri.
Se pa voye Bekè monte, okontrè:


Si eleksyon pral fèt an Novanm, li lè pou moun konnen ki kandida tout pati yo, ki pwogram yo genyen pou rekonstwi Ayiti.
Kote nèg ki te di yo kapab gouvènen peyi a pibyen?

Bekè se sèl kandida m tande ki di li pral lan eleksyon.
Evans Paul ak lòt yo karèt.
Kote Doktè Teyodò moun te konn ap pale a?
Eskwe madan Maniga deklare kandidati l?

Nou san lè genyen yon aklamasyon pou sèl kandida ki pral lan kous lan!!
Nou pa ta bezwen eleksyon ni KEP.
Gade konbyen milyon dola nou ta ekonomize pou bati kay pou malere!!!
Alò viv Bekè!!!

Menm jan ak Perou ki te gen yon Japonè, noumenm kisa nou pral genyen?


Alò na wè poukisa mwen di viv Bekè a.
Mwen ta p tann reyaksyon nèg Riko yo tou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  Joel Lun 5 Juil 2010 - 9:15

Non mesye;
BAKER pa p prezidan
Sa pa gen anyen pou l wè ak koulè ou byen lan ki klas misye sòti.
Nou minimize sa moun yo panse de moun ki te patisipe lan koudeta 2004 lan.
Youn lan rezon ke PREVAL te eli se paske misye pa t patisipe lan koudeta a san bliye ke anpil moun te panse ke li t ap fè ARISTIDE retounen.
Se rezon sa a ke li pa p prezidan!
MARC;
W ap pale de madan MANIGAT kapab vin prezidan?
De ki peyi w ap pale la a?
E de ki preparasyon?
MARC;
mwen te tande EVANS PAUL te lan yon deba ak madan MANIGAT sou RANMASE.
Si se te yon match boks ,yo t ap jete sèvyèt lan.
Se tankou PAUL se te yon granmoun ki ap fè deba ak yon timoun.
Moun tankou madan MANIGAT se lè yo sou radyo zanmi yo ,pa gen moun ki ap kontredi yo,yo montre ke yo konnen yon bagay

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  ainsi ne soit-il Lun 5 Juil 2010 - 10:20

Rektifikasyon: mwen retire kómantè mwen sou kestyon Bekè a si jamè li pat rand justis a opinyon Sasaye. An realite, yon nèg gen dwa pale de yon kandida an tout objektivite san ke se pa bravo l'ap bat pou li.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  revelation Lun 5 Juil 2010 - 10:35

[i]Sasaye di: Bekè se sèl kandida m tande ki di li pral lan eleksyon!!
[/i]
Donk an nou konsantre efo nou e analiz nou sou kandida ki paret tet yo!
Pa gen komante ni sipo atifisyel sou moun ki pa prezante tet yo!

Martine mande: Mwen ta renmen konen ki sa Baker bezwen fè lan peyi a apa lan PAP. Mwen ta renmen tande ki sa diskou Baker ap di lan yon peyi kote agrililti, edukasyon, sante se la pou nou demare. Jan kapitalist ap opere sitou jodi a, se pase e pi bat zèl yo al chèche avantaj lot kote.

Nou dako avek w Martine!!
Nan zafe Park Indistryel nan lakou PAP, ouvrye a pa investi annyen. Il sifi ke li chita devan yon machin pandan 8 a 10 ze de tan e pi kale'l lajan li.

Ak Baker kom prezidan, sa pral chanje!!

Agrikilti e indistri e tout lot prodwi pral mare lonbril yo ansamb!! Pap gen yon san lot! Memm jan tou ak agrikilti, edikasyon e sante! An nou pran kom examp

"Zaboka". Prodwi sa nan sushi o Japon e nan tout lot peyi, li nan salad, guakamole, shampoo, parfum etc..Donk ap gen travay pou peyizan, travaye, mekanik indistryel, kontab, secrete, sevis kominikasyon, marketing, promosyon, transpotasyon etc..

Se pa Zaboka selman ke nou genyen lakay nou. Nou gen tout varyete mango, tomat, e anpil podwi pharmasetik. Ayiti se premye expotate Vetive ke europeyen yo itilize pou fe parfum e lot prodwi.

Baker pap vini di ke Ayiti gen petrol, l'or, diaman etc pou bay pep la fo espwa.

Si Baker bay tout ansyen Premye minist ak politisyen sa yo travay e okipasyon pou yo fe olye ke yo ap fe politik tout jounen, e invite Diaspora vinn travay ak fre e se yo peyi a ap avanse pli vit.

An nou konsantre nou sou sa ke nou genyen e sa nou we devan je nou!

Martine map inkli komante w la paske mwen fek we'l pandan ke map poste post sila! Bat bravo e rele viv pa nan mem kontex politik sou Duvalier, Aristid, e avan seisme lan.

Bay ochan, Bravo e viv konnyen la vle di "kouraj, tenasite, volonte, vizyon, priz de konsyan yon klass sosyal ki eze pou ede yon lot klass malere avanse nan dignite e respe!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  Marc H Lun 5 Juil 2010 - 11:27

Joel
Sak fe mwen di ke Mirlande Manigat pret pou li gouvène Ayiti , se paske mwen wè plan yo genyen pou la gouvernans kontrèreman ak lott pati yo ki pa genyen plan. Même unite pa genyen plan ale wè pou Fanmi Lavalas .
Fok nou pa cache bagay yo non. Moi je dis les choses telles qu'elles sont .

Cela étant dit, cela ne veut pas dire que je voterai pour Mirlande Manigat. Il me semble qu'elle se démarque des autres candidats à ce niveau , bien sur.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  revelation Lun 5 Juil 2010 - 13:13

Marc di: Sak fe mwen di ke Mirlande Manigat pret pou li gouvène Ayiti , se paske mwen wè plan yo genyen pou la gouvernans kontrèreman ak lott pati yo ki pa genyen plan. Même unite pa genyen plan ale wè pou Fanmi Lavalas .
Fok nou pa cache bagay yo non. Moi je dis les choses telles qu'elles sont .

Cela étant dit, cela ne veut pas dire que je voterai pour Mirlande Manigat. Il me semble qu'elle se démarque des autres candidats à ce niveau , bien sur.
Gennyen plan e exekite plan se 2 bagay diferan!!

Daye, se pa la penn pou nou kontinye ap opine sou moun ki poko deklare kandidati yo nan kous prezidansyel 2010 la!!

Madam saa nan radio tout jounenn men li pa di si lap patisipe nan eleksyon.

A penn si rete 5 mwa pou moun al vote!

Fok kandida yo paret tet yo pou moun komanse we deba televize,radyodifize e fe kanpagn nan tout provins ak nan Diaspora NY, Montreal, Boston, Miami etc...

5 mwa ki rete a kout deja pou yon kandida serye fe kanpagn li!
Se pa le inskripsyon komanse pou kandida paret tet yo!

Se J.E. Alexis ak Baker ki ofisyelman montre intensyon yo pou patisipe nan eleksyon prezidantyel 2010 la. Se sou program 2 kandida sa yo pou nou debat an atandan ke lot moun paret tet yo!
Tout lot kandida yo sanble fe bak ou byen fe silans!

Si se konsa sa fini, pito 2 kandida sa yo mete tet yo ansamb pou yonn vinn prezidan e lot la Premye Minist!!
Se yon konsansis gagnan gagnan, 50/50 konsa ke peyi ta bezwen e pep la tap aksepte'l.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  Invité Lun 5 Juil 2010 - 13:25

Nan eleksyon an Ayiti, tout bagay posib.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  Joel Lun 5 Juil 2010 - 14:20

Marc a écrit:Joel
Sak fe mwen di ke Mirlande Manigat pret pou li gouvène Ayiti , se paske mwen wè plan yo genyen pou la gouvernans kontrèreman ak lott pati yo ki pa genyen plan. Même unite pa genyen plan ale wè pou Fanmi Lavalas .
Fok nou pa cache bagay yo non. Moi je dis les choses telles qu'elles sont .

Cela étant dit, cela ne veut pas dire que je voterai pour Mirlande Manigat. Il me semble qu'elle se démarque des autres candidats à ce niveau , bien sur.

MARC

Ou te mèt wè ke l gen plan ;sa pa vle di anyen.Li te mèt gen 10 mil plan ;men si l pa ka konvenk moun Site Solèy yo,la Fosèt,St ELÈN ke plan sa a ap bon pou yo;tout sa ap kakarat dèyè bwat ;e se talan sa a madan MANIGAT pa genyen!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  revelation Lun 5 Juil 2010 - 20:32

An nou sispand pedi tan pale de Mr. e Mrs Manigat! Moun sa yo pa gen sipote ki pou voye lajan donasyon bayo anko!


Yo pa prale nan eleksyon 2010 lan, ni yo pa kwe nan vwa e volonte pep!

Se de chien ke yo trete pep la e de vomisman ke yo trete kandida popile yo!
Karye politik yo fini!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  Invité Lun 5 Juil 2010 - 20:42

revelation a écrit:An nou sispand pedi tan pale de Mr. e Mrs Manigat! Moun sa yo pa gen sipote ki pou voye lajan donasyon bayo anko!


Yo pa prale nan eleksyon 2010 lan, ni yo pa kwe nan vwa e volonte pep!

Se de chien ke yo trete pep la e de vomisman ke yo trete kandida popile yo!
Karye politik yo fini!!

Mèsi Bondie se pa ti nèg nan diaspora ki ka bay eleksyon e fème karyè yon lot.


Yon eleksyon se tan kou yon koup di mond, tout kandida ta sipoze ka genyen.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  revelation Lun 5 Juil 2010 - 22:57

Colocolo di: Yon eleksyon se tan kou yon koup di mond, tout kandida ta sipoze ka genyen
.Se pa vre ditou!!
Koup di mond ak eleksyon se pa tiraj bolette. Se pa al pran chans w!
Se pa tout bagay posib!
Se yon kestion de preparasyon!
Yon kandida ki vle al nan eleksyon, mem jan ak yon elev universiter ki pral nan yon examen fok yo prepare!
Fok li fe sondaj, fok li konnen febless lot kandida yo,

Fok li konnen relasyon lokal e internasyonal yo, fok li konnen tout eskelet ke kandida yo gen nan klozet yo. Fok li konnen si pou'l atake ou byen rete a la defansiv.

Zafe ta sipoze ka genyen pa nan jwe futboll ni nan eleksyon mon fre!
Se yon kestion de preparasyon!

Gen yon seri de kandida ki konprand ke yo tro kalifye e tro konpetan pou yo al nan eleksyon pep!
Formalite demokratik eleksyon pa pou yo.

Anpil tineg ap mache di: an nou chwazi dokte sa , an nou pran engenye sa, an nou pran biznissman saa, yo konpetan e kalifye pou job prezidans lan!
Se errer sa yo ke anpil ti neg ap komet tout tan!

Prezidans se pa toujou yon kestion de konpetans e kalifikasyon, se sitou yon kestion de leadership, vizion, bondaj e mare sosis avek mize e bezwen yon pep ki nan soufrans.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  revelation Ven 23 Juil 2010 - 10:02

BAKER est un haitien.

Je connais ces gens là ;ou j'ai grandi ,ils étaient tout autour de moi;je jouais au football à Ste THÉRÈSE pas avec ces charactères parce qu'ils étaient trop jeunes ,mais avec leur grand frère,dans le sens générique.

C'est ça tout simplement pas à cause de la couleur de sa peau et sa classe sociale.
Les portauprinciens adoraient les IZMERY qui étaient d'origine ARABE, PUR SANG Joel!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan Empty Re: Si UNITE vini ak J.E. Alexis kom kandida, Baker gen chans vinn Prezidan

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum