Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cdiscount : -30€ dès 300€ d’achat sur une sélection Apple
Voir le deal

men yonn nan pwoblem eleman nan pati popilis ayisyen yo!!!!

2 participants

Aller en bas

men yonn nan pwoblem eleman nan pati popilis ayisyen yo!!!! Empty men yonn nan pwoblem eleman nan pati popilis ayisyen yo!!!!

Message  OBSERVER KEEN Mar 30 Jan 2007 - 20:10

mwen remake ke ti mesye popilis ayisyen yo gen yon kokin konpeks koule, nan sans ke yo we tet yo kom viktim koule.
atitid ak persepsyon detemine ki jan de strateji yon mou pran pou rezout pwoblem lan.
pa egzanp, si yon moun di ke yon moun pa vle we mwen paske mwen nwa, li fe koule nwa li ya vinn reprezante koz pwoblem lan olye ke li we ke se inyorans moun ki prejije ya ki vreman koz la.
setadi, moun lan ka gen lot pesepsyon kote ke li ka remanye fraz la nan sans sa: "intel pa vle we mwen paske li se rasis inyoran", nan ka sa mwen rann inyorans moun sa ki prejije ya kom koz pwoblem lan.
diferan atitid sa ya ap pemet mwen vinn ak diferan strateji efektiv pou rezoud pwoblem lan.
nan ka ke mwen kwa ke se koule nwa mwen an kife yon moun pa vle we mwen, yon strateji maldirekte gen dwa konpoze de ashete pwodi pou pase nan figi mwen, ashete pemanant pou fe sheve mwen siwo, nan ka sa mwen tap asepte ke mwen se pwoblem lan.
tandiske si mwen konsevwa pwoblem lan kom inyorans moun ki prejije ya, map atake pwoblem lan nan yon lot fason, tankou mwen ka vinn ak agiman pou demaske ipokrizi ak stipidite nan fason moun ki prejije ya aji.
tankou, mwen we an ayiti, le yo di yon moun prejije se komsi se yon kompliman yo fe moun lan, mwen we kote ayisyen ap di ak fyete ke yo prejije. nan ka sa, mwen ak di moun ke nan sans pwop li, setadi sans ki pa vilge ya, prejije sinifi yon jijman san fondaman, ki fet avan analiz ak koleksyon fakte relevan.

mwen sonje mwen tap pale ak yonn nan timesye popilis yo, lap pleyen ke li gen gwo zotey, li gen gwo pye, li gen dyol koshon, moun an wo sa yo pap janm renmen li. mwen santi mwen inkonfotab paske nonm lan asepte tout mekonsepsyon ke moun inyoran gen de li.
mwen di monshe, gwo pye se yon avantaj ke li ye si ou we sa nan yon lot fason, tankou nan konteks fizik.
gwo pye nan konteks fizik sinifi ke gen yon pi gwo espas kap pemet distribisyon mas ko ou sou platfom pye ki pi laj, setadi pwe presyon yo ap mwens. nan lot mo, si de moun ge menm pwa, men yonn gen pi gwo pye ke lot la, sa sinifi ke moun ki gen ti pye ya ap gen plis shans pou gen doule nan talon , sheviy ak zotey akos de mwens espas pou distribisyon mas ko li.
e si yon inyoran rele ou tet grenn, ou ka vire ou di ke makak pa gen sheve grenn, se cheve siwo ke li genyen, ou ka vire li nan lot fason potiv, ki pa negativ ak ekzanp makak la, ou ka di sheve grenn ou an reflekete strikti adn himan ki se yon doub eliks.
ou ka vire prejije ya kont inyoran kote ke ou anbarase li olye ke se li ki fe ou kriye.
monshe ti pale sa mwen te fe ak nonm lan sijere ke nan kan popilis la, nou gen yon paket travay pou nou fe, fok nou ka rezoud pwoblem individyel la avan nou rezoud zafe pep fre ak se mwen; paske moun ki pa gen konfidans, ki we tet kom viktim pepetyel pa fouti retire tet yo nan mize tande. nou bezwen yon lot konsepsyon de swa ki opoze ak jan yon seri de anyoran we nou, tout tan nou intenalize mekonsepsyon yo, nou ka gen raj, men nou pap jame gen kouraj ak konfidans pou shanje bagay yo fondamentalman.
sa se yon kokin shenn verite mwen remake nan timesye ak medam yo nan kan popilis la.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

men yonn nan pwoblem eleman nan pati popilis ayisyen yo!!!! Empty Re: men yonn nan pwoblem eleman nan pati popilis ayisyen yo!!!!

Message  Rodlam Sans Malice Mar 30 Jan 2007 - 20:57

Ou ta ka vini ak youn pi bon bet wi .komsi pou mwen ou pa fini sa w te vle di ya.Ou komanse sou youn plan endividyel men ou pa elaji ide yo sou sou plan kolektif pati popilis yo.Analoji individi yo ak pati ya pa finn etabli.

mwen li sa w ekri la kom youn kritik de youn seri de moun men pa youn kritik de pati popilis yo.An tou ka map tann ou pou devlope ide ya plis.Epi fok ou edite teks ou yo pase lè w wap abode sijè difisil sa yo nenpot mo ki ekri mal ka anpeshe moun lan konprann ide ke wap devlope ya. Se te youn ti kritik tou piti.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum