Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

5 participants

Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Joel Sam 14 Aoû 2010 - 15:36

De pliz an pli m ap li a pwopo de JUDE CELESTIN ,m ap renmen sa m ap li yo ;omwens nou ka ba misye benefis di dout.
Misye pa gen pwofil politisyen tradisyonèl yo ,ki ann AYITI ,pa janm travay ak men yo.
Yap travay ak men yo aletranje ,men depi yo rive ann AYITI ,BLIYE SA.
Misye se yon enjenyè mekanik ki pa t ezite lè l t ap travay lan MINOTERI an antre anba machin yo ,pou li repare yo.
Ou pa wè sa fasil ann AYITI;si w janm wè sa.
Men 2 atik ;youn MIAMI HERALD ,lòt lan LE NOUVELLISTE ki ap ede nou konnen misye pi byen.

http://www.miamiherald.com/2010/07/04/1714882/out-of-the-ruins-a-new-role-for.html

http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=82452&PubDate=2010-08-13

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Rodlam Sans Malice Sam 14 Aoû 2010 - 16:14

mwen byen kontan li presantatyon ke 2 jounal sa yo fè de kandida Celestin.Men genyen 2 bagay ki plane sou tet misye depi kek jou ke tout moun dwe konnen byen.eske li genyen dechaj kom PDG cNE ya?eske se vre li genyen asosyatyon ak Amaral duclona pou eliminen enmi Preval,mwen pa di se vre ou se pa vre men fok genyen anket ki pou fèt sou bagay sa yo. Byen ke mwen pa fanatik neg ki te nan gouvenman preval yo men si li se yon moun onet ,konpetan e pragmatic e byen se pou pep la fè li konfyans.se pou li montre kobyen wout li konstwi nan peyi ya.kote kob ke gouvenman depoanse pou ekipman yo pase.mwen pa ka konprann genyen tout ekipman sa yo nan CNE e pi pou jiska presan tout la ri Port-au-prince enkonbre ak debri.Poumwne se pou tout ekipman sa yo te rantre Port-au-prince abò gwo kamyon pou vinn deblaye kapital la.lotrejou mwen tpa gade nan televisyon lè dife tap boule kwa bosaal la se te yon sel trakte ki tap deblaye teren pou yon sel machinn pompye al touye di fe ya.Kote tout lot traktè yo ye?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Joel Sam 14 Aoû 2010 - 16:47

Mwen pa di m pou misye ,mwen pa di m kont li nonpli.An politik ;3 mwa se yon etènite.
Kanta ke misye ta mete ak AMARAL DUCLONA pou touye lènmi PREVAL ;mwen pa kwè sa pou yon moman.Ou te byen konnen ke akizasyon ke misye te lan touye moun lan t ap vini.Se yon bagay ki preske otomatik.
Jiska prezan se yon sèl bagay yo akize AMARAL DUCLONA wi ,sè ke manm gang li an te touye sitwayen franse ,se pa menm limenm pèsònèlman.
Ou konnen ke GUY PHILIPPE poze kandidati l ankò;mwen asire ke pa p gen moun ki fè objeksyon e pa p genyen ki ap oze monte sou radyo pou akize misye.

Ann AYITI ,moun yo akize ki kriminèl lan ;lan majorite ka yo ,se pa yomenm ki sa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Rodlam Sans Malice Sam 14 Aoû 2010 - 16:58

mwen pa Kont misye non; men mwen ta renmen ke se yon lot ekip ki monte 'paske ekip preval saa ap bay move randman lontan.an nou pran chans ak yon lot gwoup moun.mete Celestin se komsi ou ba Preval yon twasyem manda. eske se vre ekip saa merite pou yo ba yo yon lot manda?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Invité Sam 14 Aoû 2010 - 17:41

Mesie, mwen mande pou nou ta gen respè pou fanmi Robert Marcelo ke Jude Celestin ak Amaral Duclona te asasine.

http://www.haitienmarche.com/lestoutesdernieres.php?id=1255013106
JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Francoisrobertmarcelo

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Invité Sam 14 Aoû 2010 - 18:08



En effet, selon des sources proches du DNCD, Duclona a révélé avoir lui-même kidnappé et exécuté M. Marcello, à l’instigation, dit-il, d’un autre fonctionnaire du gouvernement haïtien. Il a laissé entendre que la victime avait des démêlés avec son collègue du Centre national des équipements (CNE), qui voulait s’en débarrasser.
...


Le chef de gang explique encore que Robert Marcello s’était opposé à ce que le contrat soit octroyé à Célestin parce que cela empêcherait à l’État d’avoir la meilleure partie dans cette affaire. Comme de fait, le CNE a pu décrocher le contrat sans avoir été obligé d’affronter des compétiteurs. À l’époque il déclarait que le Parlement haïtien n’avait rien à y voir.

Le contrat recherché et obtenu par Jude Célestin lui a été donné par le président Préval, qui avait alors court-circuité les parlementaires dans la gestion des fonds destinés au financement des projets confiés au CNE. Il s’agit, on se rappelle, de 90 millions $ USD des 197 millions $ USD tirés des fonds de « Pétrocaribe » qui, aujourd’hui, font l’objet d’un débat intense entre le Parlement et le gouvernement.



Source : Haïti Observateur


http://www.haitiwebs.com/showthread.php?t=54270

Eske plas Jude Celestin se pa nan prizon li ta dwe ye?


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Joel Sam 14 Aoû 2010 - 18:44

COLO;
Ou pa serye !
Lan yon bagay konsa ou bay kòm sous AYITI OBSÈVATÈ?
Pral genyen sou prèske 35 an ,ke Ayisyen ki ap swiv politik ann AYITI pa konsidere AYITI OBSÈVATÈ tankou yon sous kredib.
Pa t gen moun ki pa t vle wè DIVALYE yo plis ke mwen ;men tou depi te konn tande AYITI OBSÈVATÈ bay yon nouvèl sou DIVALYE yo lan ane 70s,80s yo ;otomatikman mwen pa t kwè l.
Epi devlopman yo te toujou banm rezon.
Gen respè pou moun ,pa bay AYITI OBSÈVATÈ kòm sous!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Invité Sam 14 Aoû 2010 - 18:56

Jojo,


Sous la se Amaral Duclona, se pa Haiti Obsèvatè.

Eske ou panse ak doulè fanmi viktim lan, avan ou ekri koumantè ou yo?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  alex jacques Sam 14 Aoû 2010 - 19:57

mwen pa ka konprann genyen tout ekipman sa yo nan CNE e pi pou jiska presan tout la ri Port-au-prince enkonbre ak debri.
Sans Malice

Mesye mwen fek rantre sot potoprens la-a, se kom si peyi pa gen gouvenman ditou. Tout debri tranbleman de te a rete menm kote mwen te kite yo, le-m te al Ayiti nan fen Janvye 2010.

Tant tou patou, ravet anvayi tout kwen nan potopwens, menm otel ki pat tonbe yo anba ravet. Se you sitiasyon kastwofik e ki bay repiyans. Moun k'ap di-m ke gen you moun nan leta sa-a ki rive fe anyen, mwen kwe se se blag y'ap bay.

You sel bagay, mwen pa vle gouvenman sa-a ale avan fen manda Preval la. Apre sa, mwen pa ka tann 7 Fevriye 2011 pou ekip moun enkonpetan sa yo disparet sou pouvwa-a. Kiles ki pral ranplase yo? se you lot gwo dilem, peyi a pa gen moun!
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Rodlam Sans Malice Sam 14 Aoû 2010 - 21:03

Alex

mwen kontan anpil ou vinn bay enfomatyon saa se pa nouvel non saa se yon temwen okilè kondi franse yo di ya ki mete bagay la deyò,ou pa beswen dim soufrans ki genyen nan peyi saa.Mon chè mèsi bokou.mwen respekte kouraj w pou yon nonm pran chans desann an ayiti koulyè ya se gwo chans ou pran wi.Mwen se lan mò sleman ki pou fem mete pyem an ayiti jounen jodya ,yo met dim kapon twòp se pa mele m.

apre midi ya map gade yon video moun ki an liy pou al pran kat idantifikatyon an verite men mande kote ayisyen pran kouraj saa pou yo kanpe nan soley cho saa .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  jackoti01 Sam 14 Aoû 2010 - 21:59

Mwen te konstate menm bagay sa tou le m te sot ayiti mwa pase sofke m pat ka konpare paske m pat la anvan.
yap gen kouraj paske zot fe yo konnen yo bezwen l pou yal mande visa. gen ou le yo te di si w pwal anbasad yap mande w kat elektoral

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Rodlam Sans Malice Sam 14 Aoû 2010 - 22:39

Colo

foto ti gason saa ou mete kom avata w la p fè moun fè koshma lan nwit wi.Chak fwa mwen gade foto saa pou mwen nan 20 tan se konsa tout ti malere ap ye an ayiti.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Invité Sam 14 Aoû 2010 - 22:41

Rodlam Sans Malice a écrit:Colo

foto ti gason saa ou mete kom avata w la p fè moun fè koshma lan nwit wi.Chak fwa mwen gade foto saa pou mwen nan 20 tan se konsa tout ti malere ap ye an ayiti.

Se reyalite a wi.


Nou pa ka ap debatt sou Ayiti san imaj sa yo.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Joel Dim 15 Aoû 2010 - 8:14

colocolo a écrit:Jojo,


Sous la se Amaral Duclona, se pa Haiti Obsèvatè.

Eske ou panse ak doulè fanmi viktim lan, avan ou ekri koumantè ou yo?

COLO;
Ale wè si AMARAL DUCLONA te di bagay sa yo vre?
Sa mwen pa ka konprann ,se kòman moun yo arete toujou pre a fè deklarasyon ;sitou di moun ki voye yo al touye moun.
Se toujou a sans inik;pandan gouvènman de fakto LATÒTI an ;depi yo te arete yon manm gang yo ;li te gen tan ap di ke mesye ARISTIDE yo te konn voye yo al touye moun.
Pou ba w yon egzanp ;se zafè ti bebe yo te griye lan pilon an;yo te kole bagay sa a sou do ARISTIDE pandan tout tan li te fè sou pouvwa e apre sou gouvènman LATÒTI an.
Gen yon repòté Kanadyen ki t al fè ankèt ;li te jwenn se te yon nèg ki rele RADYO KISKEYA de MIYAMI ki te lage bagay sa a.Apre sa pa t gen anyen ki te ka lave mesye LAVALAS yo.
Mwen si ke kelkelanswa moun INITE ta nonmen an ,ou t ap wè atik lan AYITI OBSÈVATÈ ki ap di ke AMARAL DUCLONA te pran zòd lan men yo pou al touye moun.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  kakakok Dim 22 Aoû 2010 - 18:29

colocolo a écrit:Mesie, mwen mande pou nou ta gen respè pou fanmi Robert Marcelo ke Jude Celestin ak Amaral Duclona te asasine.

http://www.haitienmarche.com/lestoutesdernieres.php?id=1255013106
JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Francoisrobertmarcelo


Colo mesi anpil Annou prye bondye pou gade Amaral an vi ...Mwen kwe se pa Amaral sel ki pwal mouri au fort de jou Preval et Celestin ta dwe fe yon ti kou pye tou au fort de jou !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Joel Lun 23 Aoû 2010 - 9:31

N ap kontinye lan rans sa a toujou?
Sispann akize moun pou granmesi.Kounye an KAKAKOK ou pa ka menm vini ak rans ke w te okouran ou byen ou konnen moun ki te okouran lè konspirasyon pou touye MARCELO an t ap fèt.

Tonnè fout!Atake nonm lan sou lòt bagay e sispann akize moun ke yo se asasen!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON Empty Re: JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum