Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON ...
Voir le deal
1190 €

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999

5 participants

Aller en bas

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999 Empty REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999

Message  jafrikayiti Jeu 19 Aoû 2010 - 10:40

Onè kanmarad,

Tankou mwen te mansyone nan emisyon Democracy NOW ( http://www.democracynow.org/2010/8/17/france_urged_to_pay_40_billion
) nan koumansman semenn sa a, koze "Restitisyon" an gen pou li kwoke nan gagann Lafrans, jenerasyon apre jenerasyon, jiskaske Ayiti jwenn jistis. Tankou lafimen, anmezi y ap eseye toufe l, se anmezi l ap fofile fè pasaj pou li monte - jouk li kreve je tout enkredil !

Nan fouye achiv, mwen detere mesaj mwen te voye bay dirijan peyi a nan ane 1999 pou li relanse dosye RESTITISYON an. Alepòk, Prezidan Preval te twò kapon pou li te soulve koze a nan vil Moncton ak Jacques Chirac. Men, sa pa t anpeche - koze a te kontinye brase jouk grenn ki te plante yo te vin jèmen yon jou komemorasyon lanmò - 7 avril 2003. Se lizay, paske lanmou pi fò pase lanmò. Wè pa wè, Ayisyen ap rekòlte JISTIS li sou tè sa a.



REFERANS: http://web.archive.org/web/20010119024900/http://www.i-port.net/sd-in-j/chronicle.htm

::::: Revolisyon Tout Bon

(5 yèm lòsyè - jedi 25 dawou 1999)

« Pawòl pale se van, pawòl ekri se dokiman, aksyon konsekan pote chanjman! »


PAWOL PALE :

Premye janvye 1999, nan vil Gonayiv, Prezidan René Préval deklare :

«Yon bon pati richès Lafrans makònen ak povrete Ayiti? Lafrans kolonyal eksplwate peyi sa a pandan plis lane ke peyi a endepandan. Pandan tout lane sa yo se pran Sendomeng pote an Frans. Apre 1804, lè Sendomeng vin Ayiti, se menm kout baton an, menm afè a. Lafrans enpoze Ayiti pou yo rekonèt endepandans li yon dèt 150 milyon fran lò. Lè nou di sa… Nou mande yo senpleman pou yo rekonèt responsabilite istorik Lafrans nan malsite istorik Ayiti epi, ansanm, nou ka chita pou ede yo korije enjistis istorik sa a. »

PAWOL EKRI :

http://web.archive.org/web/20010119024900/http://www.mnsinc.com/embassy/rp1janvye.htm



AKSYON :


Etap 1 - Solisyon problèm matematik katriyèm lòsyè a.


Annou fè youn ti refleksyon.

Si sete Jean-Marie Le Pen ki, zenglendoman, te ekzije René G. Préval peye 150 milyon fran lò, sa t ap vle di pèp Ayisyen nan tenten pou :

150 milyon x 2.7326 goud = 409,890, 000 (~410 milyon) goud

oswa

150 milyon x 0.1631 dola meriken = $24, 465,000 (24 milyon bidòl vèt )


Nou korije kalkil la pou enflasyon (apati ane 1825). Paske an reyalite se Chal X ki te panike Jean-Pierre Boyer.

24, 465,000 x 29.91dola meriken* = $731,748,150 dola meriken


Nou ajoute enterè senp 1% pou 195 ane (1999-1825)

$731,748,150 + (.01x195x 731,748,150) = $2,158,657,043 (2 milya bidòl) oswa

2,158,657,043 x 6.1316FRF = 13,236,021,520 (13 milya) fran franse oswa

2,158,657,043 x 16.6550Gd = 35,952,433,042 (35 milya) goud ayisyen

* Remake kòm nou pa gen enfòmasyon sou varyasyon enflasyon nan peyi Ayiti, nou kalkile selon to enflasyon peyi meriken. Kidonk, menm chif sa a reprezante youn kokennchenn souzestimasyon. Men, sa se konplikasyon matematiko-ekonomik ki ka regle devan Tribinal Entènasyonal.

Kidonk :

Pou LAFRANS retire tit ZENGLENDO entènasyonal la sou tèt li; devan listwa, li dwe remèt AYITI (apre ekskiz fòmèl) :

Omwens 35,000,000,000 Gd. (35 MILYA GOUD)

(13 milya fran franse osnon 2 milya dola meriken).

Enfants de la « Francophonie Internationale », votre papa a de longs doigts et une mémoire très courte, n'est-ce pas?

Men, si pa t gen sitirè poudi pa t'ap gen mwens magouyè?


Etap 2 - Mwen pwopoze, kòm aksyon konkrè, delegasyon Ayiti ki pral paweze nan 'Sommet de la Francophonie' nan vil Moncton (Nouveau Brunswick) 31 Dawou k'ap vini a, fè deklarasyon sa-a :

« Lafrans dwe Ayiti 35 milya goud, pou pi piti. Nou derefize rantre nan twazyèm milenè a, san koze sila-a pa regle. Ayiti pa ka fè pati 'la fraternité francofonique' si peyi Lafrans refize peye reparasyon li dwe pèp Ayisyen!»


Si ou dakò ak pwopozisyon sa-a, voye li pou : Minis Afè Etranjè Ayiti, Fritz Longchamps : embassy@haiti.org http://web.archive.org/web/20010119024900/http://www.haiti.org/embassy/adress~1.htm Tel : 222-1243, 222-9937

Voye li pou swadizan alatèt Frankofoni Entènasyonal la, Boutros Boutros Ghali : webmaitre@francophonie.org (Cabinet du Secrétaire général, 28 rue de Bourgogne, 75007 Paris, Tel: 01 44 11 12 50, Télécopie: 01 44 11 12 76) http://web.archive.org/web/20010119024900/http://www.francophonie.org/frm/secretaire/frm.html



Non sèlman nèg ak nègès vanyan ki tanmen revolisyon tout bon dwe mande zòt k'ap pale de « Jibile 2000 » eksplikasyon; Nou sètoblije kanpe kin, poze AKSYON KONKRÈ pou Ayiti jwenn reparasyon li merite. Nou gen youn peyi pou nou rebati.

Granmoun pa jwe!

Gen plizyè ekzanp gwoup ki jwenn reparasyon istorik nan syèk sa-a. Anvan nou pataje youn lòt losyè nan Revolisyon Tout Bon, mwen envite ou voye oun lèy sou pawòl kouzen Wole Soyinka (Pri Nobel Litarati Nijerya) http://web.archive.org/web/20010119024900/http://www.caraibes-webdo.net/info_wole_soyinka.html

epi

sou paj sa yo ki bay detay enpòtan sou koze reparasyon.

http://web.archive.org/web/20010119024900/http://www.blackvoices.com/feature/reparations/trial/index.html (Mouvman meriken-afriken)

http://web.archive.org/web/20010119024900/http://www.directblackaction.com/repindex.html (Mouvman meriken-afriken)

http://web.archive.org/web/20010119024900/http://www.ncobra.com/documents/history.html (Ekzanp gwoup ki reyisi jwenn reparasyon)


Lapè Bondye ak ou sè mwen, frè mwen!


Jafrikayiti

« si tèt mòn mwen kale, si m'aprann pou m'bliye…si ti nèg lonji kwi douvan biwo loni…de syèk an syèk je vèt vi n pi akrèk »

~ ¨si¨ ~ Beethova Obas ~
http://www.democracynow.org/2010/8/17/france_urged_to_pay_40_billion

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999 Empty Re: REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999

Message  revelation Jeu 19 Aoû 2010 - 12:42

Yon simp ti koreksyon ke 'm te vle pote sou dosye saa.

Jaf di : Ayiti pa ka fè pati 'la fraternité francofonique' si peyi Lafrans refize peye reparasyon li dwe pèp Ayisyen!»
Jaf nou byen kontan ke w ap pouse zafe « Restitisyon » lajan ke Roi Charle X te kasé ponyet ayisyen pou yo sa rekonet indepandans nou malgwe ke se anba goumen ke nou te pran'l.

Restitisyon sa se yon demand legal e bilateral ant Ayiti e peyi la Frans.

Pou zafe « Reparasyon » an ki gen rapo a l’esklavaj an general !.

Se yon dossye “multilateral” ant tout peyi kolon yo Frans, Portugal, Espagne, Angleter,Italy, Beljik, Netherlands e tout lot peyi europeyen yo ki kite anprint esklavaj yo kote ke yo passé nan kontinan Afrik, La’Amerik e Oceanie..

An nou kle sou 2 dossye sa yo e an nou konsantre nou sou Restitisyon lajan ke la Frans te pran nan men nou!
Gen dokiman disponib pou sa, gen temwen piyes banker peyi Dayiti e peyi la Frans ki montre tout entre e soti peman ki fe dosye saa.,

Se pa la charite ni reparasyon pou lesklavaj ke nap mande memm jan ak Aktivist/Abolisyonist yo!
Se yon lajan ke gouvenman Franse te pran nan men pep Ayisyen nan move kondisyon ke nap mande pou yo remet nou.
An nou kle sou koze saa.

Pou zafe fratenite francofonique sa, jan François Duvalier te di a: La langue française fait partie du butin de notre indépendance » voir les vidéos de Wilnernau sur « youtube ».
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999 Empty Re: REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999

Message  Joel Jeu 19 Aoû 2010 - 21:17

La langue française pa ka ""fait partie du butin de notre indépendance""pou senp rezon ke nou pa t pale franse anvan endepandans;se bagay sa a nou refize mete lan kòlòs tèt nou.

Lang ki ""butin de notre indépendance"" se te KREYÒL paske se limenm e sèl limenm ke blan koloni yo te pale.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999 Empty Re: REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999

Message  revelation Jeu 19 Aoû 2010 - 21:43

Joel :La langue française pa ka ""fait partie du butin de notre indépendance""pou senp rezon ke nou pat pale franse anvan endepandans;se bagay sa a nou refize mete lan kòlòs tèt nou.
Nan ki lang ke kominikasyon yo te fet? Paske tout dokiman otantik ke'l li sou epoq sa, se nan lang ansyen franse e old english vokabile? Vini e poze sou forum nan yon dokiman ant 1791 a 1825 nan yon lot lang ot ke ansyen franse e old english vokabile?

Joel di: Lang ki ""butin de notre indépendance"" se te KREYÒL paske se limenm e sèl limenm ke blan koloni yo te pale.
Pou pa pedi kwedibilite w, pou moun pa we ke w obssede e linetik kont la Frans e lang franse a, Vini ak referans SVP!!

Lang Franse a se yon eritaj ke li ye pou nou ayisyen! Memm jan anglais, pangnol, portugues se heritaj pou Jamaiken, Dominiken, e Brezilyen.
Se tout dwa w si w pa vle'l
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999 Empty Re: REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999

Message  ainsi ne soit-il Jeu 19 Aoû 2010 - 22:56

Eske Almay pwal restitye ou presante eskuz...? Eske USA pwal mande eskuz? Eske Kanada pwal mande eskuz?

Mwen pa pi renmen moun sa yo pase Lafrans men mesye, mwen remake ke nèg pi chofe depi se blan ou etranje tout koulè ak liberals ki rekupere kóze Ayiti.

Sensèman, mwen pa kwè nou fè Ayiti yon favè lè n'ap bay lang fransèz koud'pye pou favorize angle.

Poukisa m'pa gen dwa pale franse? Poukisa sa pa deranje'm yon santimètr lè nèg ap fè'm konen ekspresyon lan kilti peyi y'ap viv? Poukisa Ameriken, Kanadyen ak ajan yo pa ka al enpoze angle lan tout peyi Amerik Latin yo? Mesye, mwen pa rejete eritaj Afriken'm, mwen pa bezwen pèson', menm Afriken, pou vin ranse devan'm sou kestyon sila. E mwen pa dakor pou Ayisyen met lan tèt yo ke se yon sèvis y'ap rand Ayiti lè yo ap mande an soudin pou lage peyi a lan men Ameriken. Sa ki enportan, sè ke tout Ayisyen pale menm lang. E sitou ke pèson' pa soufri diskriminasyon sou tout fóm lan peyi yo.

Ouais! problèm Ayiti se yon kestyon de lang alós ke anafabèt tankou alfabèt se okazyon pou yo pa jwen' pou yo pa plen poch yo. Tout sa mwen konprand pandan m't'ap grandi, depi yon nèg pase trop tan Pótoprens, menm si li te ka aprand sa lakay li itou, li pran eksperyans malonèt. Paske yo tout bezwen job gouvènman. An efè, lè w pa gen metye, lè w pa gen talan, lè w pa produktif, e lè w pa gen opsyon, rèv nèg se tounen rond-de-cuir.

E konprand mwen byen wi. Se pa fot nou non, si n'ap sonje a sistèm nou chape. Men se pa rezon pou nou lan eta mantal sila. Ayisyen koronpu trop pou yo ap jwe ak emosyon moun.

It's just a rat race. Everywhere?

Nèg ki te reklame restitusyon a te pase pou moun fou, aloske li te pense ke li ten gen apui konpatryot li yo.

"He, mesye nou pa dwe provoke nèg yo trop non sinon nou tou chire wi..." En attendant la tutelle et ensuite l'Occupation. Officiellement, ce serait la deuxième mais on dit souvent "jamais deux sans trois". Donc, au prochain siècle, dans quatre-vingt-dix ans ou moins, on sera au...
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999 Empty Re: REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999

Message  jafrikayiti Lun 11 Mai 2015 - 21:11

HOLLANDE TENTE UN SECOND DRIBBLE! Mais, il ne passera pas!
Wè pa wè, vòlè sinik yo ap pèdi match sa a kanmenm!
RESTITUEZ LA RANCON Espèce de Bandit!

Justice-Réparations-Restitution de notre lait maternel!

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999 Remets11

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999 Empty Re: REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999

Message  Sasaye Mar 12 Mai 2015 - 17:12


An bon ayisyen se pou di Olann:
KK M KÒB LA!
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999 Empty Re: REZIREKSYON KANPAY RESTITISYON AN DEPI 1999

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum