Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

Ameriken vote selon sikonstans.

3 participants

Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Thunder Dim 7 Nov 2010 - 13:49

Ameriken vote selon sikonstans. Map-2010

Sa pa genyen lontan, mwen t ap fè yon diskisyon ak yon lòt patisipan, mouche te di ke pati repibliken an nan peyi Etazini se te yon pati rejyonal ki konsantre nan eta sid rasis peyi sa a: Le PARTI RÉPUBLICAIN est devenu un parti régional avec pour base les nostalgiques du Sud des Etats UNIS (Joel)

Lè mwen te konn abitye eseye ramne l a la rezon nan lòt pòs, li te konn ban m tout kalite non tankou fachis elatriye... Mwen te di l ke pifò pèp Ameriken an pa fanatik zye pete klere menm jan ak li, e ke pèp sa a vote selon sikonstans ak selon moun ki sou ballot lan, e non pa selon pati politik sèlman jan ke ni li ni lòt avèg yo panse an. Patisipan sa a te menm di ke Repibliken se yon pati minoritè, se tankou ke yo pa janm abitye pran pouvwa deja. Mwen kwè ke ti kat sa a demanti koze 2 grenn gòch ke mouche sa a abitye pwopaje sou fowòm nan. Mwen rekonèt ke genyen avèg nan tou 2 kan yo, men se pa avèg sa yo ki detèmine pati ki pral genyen an. Se endependan yo ki genyen kontwòl sa a.

Kòm nou tout devine deja, moun sa a se Joel.

Mwen ta renmen ke gwo istoryen Joel ki li nan gwo liv eksplike fenomèn sa a? Amwens ke li te genyen tò lè ke li t ap preche levanjil ekstrèm gòch li yo.

Se domaj ke la p rete bèkèkè kòm dabitid depi ke chòt li kwoke.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Le gros roseau Dim 7 Nov 2010 - 14:03

Kat ou montre la pa represante tout pep ameriken se yon kat ki represante sa ki rive nan yon elektyon ke anpil moun pa patisipe ladann paske yo dekouraje ak politik.Jodya anpil ameriken rekonet ke vote se yon mouvman nil paske fos fè nwa ki genyen lajan yo ka achte yon elektyon ak lajan yo an difisan mansonj e an sabotan gouvenman pep la eli ya.se al konsilte konbyen pousantaj votan ki patispipe nan elektyon saa pou genyen yon lide de sak sot pase la ki pa yon fè anormal pwiske 90% de mid term elektyon toujou fet an favè pati ki pa o pouvwa a.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Thunder Dim 7 Nov 2010 - 14:27

Mwen pa janm di ke se yon fè anòmal, sa mwen di se ke nou te dwe konnen sa anvan ke nou voye jilbrèt sou moun tankou pati repibliken an pa reprezante anyen sou teren an.

Si m byen konprann sa ke w vle di la a, eleksyon ke repibliken yo konn genyen se eleksyon ke anpil moun pa patisipe nan yo? Roseau, ale revize liv istwa politik Etazini tande, anvan ke w kontinye ap voye flè nan figi moun.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Le gros roseau Dim 7 Nov 2010 - 14:42

Mwen pa beswen al reli liv istwa politik ameriken poum konpran sa ki pase jodya .Mwen genyen preske 50 lane ke mwen te vinn nan peyi sa premye fwa e map swiv pollitk li depi lè sa pou m ta di ke se sel lè pep ameriken pal vote ke repibliken genyen elektyon.mwen te kon ap li zafè politk ameriken depi lè General Einsenhower te presidan ,mwen te o Zeta Zuni lè John Kennedy te presidan.mwen te la tou lè Nixon te bat Mac Govern ,mwen te la tou lè Ronald Reagan te bat Jimmy Carter.mwen pa ta ka repete yon sotiz konsa.Gen de lè repibliken yo bat demokrat nan legalite.men lotrejou la lè Ti bush bat Al Gore se te nan magouy e ou pa ka dim manti.

Si demokrat yo ak endepandan yo pat rete lakay yo pa dekourajman se pa resilta saa ke nou ta genyen jodya.


Dernière édition par Le gros roseau le Dim 7 Nov 2010 - 14:58, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Thunder Dim 7 Nov 2010 - 14:57

Si wou genyen tout eksperyans sa yo nan politik Ameriken, se ta dwe devwa entèlektyèl wou pou w korije yon nonm ki ekri yon bagay konsa: Le PARTI RÉPUBLICAIN est devenu un parti régional avec pour base les nostalgiques du Sud des Etats UNIS.

Si demokrat yo ak endepandan yo pat rete lakay yo pa dekourajman se pa resilta saa ke nou ta genyen jodya.

Non! Korije sa a! Si demokrat yo te rete chita lakay yo jan ke w di an, pakont, se endepandan yo ki bay repibliken yo house lan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Invité Dim 7 Nov 2010 - 15:00

Mta renmen konnen si nou wete Obama.. Eske Ayisyen plis Repibliken oubyen Demokrat tankou'n ka di Isit nan Kanada Ayisyen se Liberal yo vote

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Le gros roseau Dim 7 Nov 2010 - 15:10

sa Joel ekri ya pa yon manti non.Siw wap gade pi gwo eta nan Nò e a lwes yo kote majorite moun ap viv ; ke se swa California , New York,Pensylvania.Illinois ,Massachuset, New jersey,North Carolina tout eta New england yo se bastyon demokrat.e se vre preske tout eta sud yo depi South Carolina , Georgia, Florida ,Albama,Mississipi , Louisianna,Texas. Arkansas ,kansas , Missouri tout se bastyon repibliken.wi se vre ka genyen plis eta ki pou repibliken nan sid la men se pa yo ki genyen plis moun o Zeta zuni.epi esk w genyen pousantaj endepandan yo ki vote pou repibliken e sa ki rete laky yo nan elektyon ki sot pase la?ayiseyn plis demokrat.a mwens ke yo pa ta konnen moun ki ap defann enterè yo .preske majorite ayisyen se nan job kote genyen sendika yap travay.ou janm tande rpeibliken vote pou ogmante salè minimum.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Thunder Dim 7 Nov 2010 - 16:10

An oken ka pati repibliken an pa redwi an yon pati rejyonal. Li t ap enposib pou yo pran pouvwa a. Mwen repete nou ankò, malgre ke genyen solid eta ni pou demokrat ni pou repibliken. Vòt yo topujou oryante selon sikonstans sosyo-ekonomik peyi an.

Ayisyen plis demokrat sou kesyon ekonomik, men konsèvatè pase yo, pa genyen sou kesyon sosyal.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Invité Dim 7 Nov 2010 - 17:26

Donk ayisyen vote selon sirkonstans

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Le gros roseau Dim 7 Nov 2010 - 21:47

bon mwen pap di ke ayisyen konsèvatè nan zafè sosyal .wi genyen yon paket ayisyen fanatik relijye vre ki pa tolere yon seri de bagay men tou konsa genyen nouvel jeneratyon ayisyen yo ki fet ou grandi o zeta Zuni ki pi toleran ke gran moun yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Invité Lun 8 Nov 2010 - 19:29

Si yon obama te yon repibliken ayisyen tap vote'l?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Thunder Ven 7 Nov 2014 - 3:23

Joel, wou sonje ti pale saa ak Roseau? Kisa w panse?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Joel Ven 7 Nov 2014 - 7:15

Thunder a écrit:Mwen pa janm di ke se yon fè anòmal, sa mwen di se ke nou te dwe konnen sa anvan ke nou voye jilbrèt sou moun tankou pati repibliken an pa reprezante anyen sou teren an.

Si m byen konprann sa ke w vle di la a, eleksyon ke repibliken yo konn genyen se eleksyon ke anpil moun pa patisipe nan yo? Roseau, ale revize liv istwa politik Etazini tande, anvan ke w kontinye ap voye flè nan figi moun.

THUNDER;

Pati REPIBLIKEN an rete yon PATI REJYONAL.
Se REVÈ MEDAY lan w ap wè apre SOUTHERN STRATEGY NIXON lan apre PASAJ LWA SOU DWA SIVIL lè apre JOHNSON te fin siyen LWA yo ,li te di BILL MOYERS ke DEMOKRAT yo delivre SID lan bay REPIBLIKEN yo.
Eleksyon sa a ou wè ke REPIBLIKEN yo ranpòte an ,se yon ELEKSYON mi-manda kote an jeneral PATI ki lan MEZON BLANCH pi vit pèdi ke l genyen.
Yon lòt BAGAY ,se lan ETA yo rele ETA ROUJ ke DEMOKRAT yo t ap defann SYÈJ yo ;se ap le KONTRÈ an 2016.
Annou gade si DEMOKRAT yo pa p reprann SENA a ,an 2016.
Epitou ,ki jan REPIBLIKEN yo ,si yo pa chanje ,ap janm ka genyen PREZIDANS lan ankò?
DEMOGRAFI an kont yo .
Se BLAN ki vote REPIBLIKEN.Nonm yo ap diminye pa rapò ak JENERAL POPILASYON an alòs ke POUSANTAJ ""MINORITE"" ap ogmante.
Palan de EKONOMI ,ki REPONS REPIBLIKEN yo genyen .
Se REPIBLIKEN yo ki te detwi EKONOMI an wi ,ou gen lè bliye

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Thunder Sam 15 Nov 2014 - 0:38

Pati REPIBLIKEN an rete yon PATI REJYONAL.

Joel, si se vre, otomatikman wou vle di ke pati demokrat lan se yon pati rejyonal tou. Sispann minimize pati repibliken an. W ap chache tout eskiz pou w montre ke yo pa ka genyen yon eleksyon ankò. Se pa yon kesyon de "blan ki vote repibliken" si wi, se repibliken sèlman ki ta pran pouvwa, paske blan yo an majorite toujou. Yo vote demokrat ou repibliken selon plizyè faktè. Se pa chans ki mete peyi saa kote li ye an, se balans peyi an ki mete l la.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ameriken vote selon sikonstans. Empty Re: Ameriken vote selon sikonstans.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum