Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon : la prochaine extension Pokémon sera EV6.5 Fable ...
Voir le deal

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

+2
Joel
Kiloutou
6 participants

Aller en bas

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............ Empty Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

Message  Kiloutou Sam 13 Nov 2010 - 6:11

Ayisyen Ayisyèn,

Si Madan Myrlande Manigat ta prezidat Dayiti, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun ki vle yon chanjman fèt nan peyi sa.

1- Se Pral yon chans ak yon okazyon pou anfen ayisyen konpran se pa yon moun, se pa yon pati politik ki anpeche Ayiti dekole ekonomikman, sosyalman elatriye. Nou pral anfen konprann se yon sistèm ki anpeche n' dekole.

Prezidan Aristid te vle amenaje sistèm nan lèl te eli prezidan an 1990, nou temwen sak te pase.

Madanm Myrlande Manigat ki se yon pwodwi frabrike sistèm nan pap ka chanjel, se sistèm nan ki kale l', se sistèm nan ki grandil, se sistèm nan ki nouri l' lave l', se sistèm nan anko ki fè lap frape lestomak li ke li konpetant, li enstwi; ki donk li pap ka koupe branch bwa li chita sou li.

Sistèm politik, ekonomik ki anplas an Ayiti depi plis pse 2 syèk la dwe chanje, Madan Myrlande Manigat pa ka chanjel ni amenajel paske se ap kont enterèl e klik ak klan li reprezante nan kanpay elektoral sa-a

La boujwazi restavèk sankoutya, konpradò rete yon sèl zèl kat nan men yo, se Madanm Myrlande Manigat. Ki sa tyoul systèm sa ap ka vin di pèp ayisyen an loske sa li di ki pi onèt, ki pi konpetan nan nou pa rive rezoud yon pati nan mal kap wonje nou. Kisa yap ka di nou an 2016?

Nan politik pa gen fè gado, se rapò de fos yo ki dwe komanse, la boujwazi fose nou altènans klan politik, nou dwe fè yo konprann e fose yo asepte se chanjman sistèm nou vle.

Pèp ayisyen pa dwe kriye ni kontan si se ta Madanm Manigat ki eli prezidant, fanm, gason ak gwoup ki vle chanje sistèm nan, dwe komanse prepare yo, pou kreye yon avangad pou kondwi pèp la pou dechouke sistèm nan.
Laboujwazi rete yon sèl zèl kat nan menl ki se Myrlande Manigat, sa vle di sistèm nan alagoni, li nan serom, fok nou frapel ak kout mas, poul pa rveye an 2016.

Si Madanm Manigat ta eli prezidant Ayiti, nou mèt di anfen nap resi chanje sistèm nan piske la boujwazi fè tout esè yo te gen pou fè nan laboratwa kriminèl piyajè yo ya. Nou pral kontinye soufri ako pandan 5 lane ki pral vini la yo si se ta Madanm Manigat ki eli prezidant, men nou dwe asepte soufrans sa ki pral premye etap pou chanje sistèm nan.

Lè tiboujwa nasyonalis yo sonnen, yo pa gen lo altènativ, mwa yo konte, ane sistèm nan konte, si Madan Myrlande Manigat ta eli prezidant Dayiti.

Moun ki gen zorèy pou tande, tande, si nou viv pi lontan na wè .
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............ Empty Re: Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

Message  Joel Sam 13 Nov 2010 - 6:58

Bon jan analiz JULIEN.

Ou wè kilès ki ap voye madan MANIGA monte;se REYNOLD GEORGE,se HIMLER REBU,se YOURI LATORTUE ,se EDWIDGE LALANNE pou mwen pale de sa yo sèlman.
Se pa moun ki vle okenn chanjman lan sistèm lan .Sistèm lan bon pou yo ,jan li ye an.

Yo pa p kite madan MANIGA fè yon pwogram alfabetizasyon serye;paske si sa fèt ;yo pa p ka di ke pèp lan paka chwazi prezidan ,paske li analfabèt.
Y ap di w ,yo pa vle ""popilis"".Opozan LULA yo ,lan boujwazi ak klas mwayèn lan BREZIL yo konndi ke yo pa vle ""repiblik sendikalis""

JULIEN
Mwen ta fin toutafè dakò ak ou ;pou nou ta kite madan MANIGA griji ,paske moun ki ap kore bannann li yo ;pa p kite l chanje sistèm lan ,menm si li ta gen volonte pou sa.
Men gen yon bagay ki se yon lasdatou ,lan men yo ;yo kontwole PRÈS lan;tankou lan BREZIL,pou mwen pran egzanp BREZIL lan ankò;près ""KÒPORATIS"" lan te kont LULA,tankou O GLOBO pa egzanp ;men te gen ase lòt près pou pèp BREZILYEN an te tande yon lòt son klòch.
Ann AYITI,yo kontwole tout près lan alawonnbadè

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............ Empty Re: Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

Message  Sasaye Sam 13 Nov 2010 - 7:30


Jilyen,

Se refleksyon konsa pou nou tout fè pou nou wetire tèt nou lan moul ak angrenaj
ki anpeche ayisyen pran konsyans de eta yo ak eta peyi an.

Toudabò genyen yon lavaj de sèvo ki kokobe nou depi anvan 1804.
Se pou nou debarase n de li. Pou nou wè ke se nou sèl ki kapab regle zafè Ayiti.

Mwen toujou pwopoze pou nou rebati Ayiti avèk tèt nou a ZERO.
Men se pou nou komanse òganize lespri nou avèk mantalite nou.

Lan youn lan pòs mwen yo, mwen te sigjere ke se depi kounyea ke patriyot dwe komanse prepare yo pou 2016.

Fè kanpay sansibilizasyon, konferans, seminè, enstriksyon sivik.

Sèvi avèk inivèsite nou you pou fè rechech sosyoloji avèk politik, pou detèminen
kisa ki bezwen reyèl peyi a avèk tout popilasyon an.

Fè laboratwa syantifyk pou devlope fakilte mekanik jenès lan pou yo envante oubyen
kreye machinn, aparey, bisiklèt avèk bagay senp pou ranpli bezwen popilasyon an.

Sa ki pi enpotan pou fe lan aprantisaj saa ki pral chanje sistèm kolonyal perenyal saa
se kiltive fyète tout ayisyen pou yo respekte tout ayisyen avèk tout akonplisman ayisyen.

Men tou, se pou disiplinn politik komanse jodya tou.
Se pou kolabore avèk kelkeswa nouvo gouvènman ki monte mwa saa.
Se pou nou adrese l pou mande sèvis ke peyi a bezwen.

Moun ki eli yo dwe konprann se sèvis avèk amelyorasyon yo sipoze bay.
Nou gen dwa raple yo pwomès ke yo te fè.
Otremandi kite hing hang, men pa pèdi tan pandan na p prepare pou chanjman yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............ Empty Re: Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

Message  Le gros roseau Sam 13 Nov 2010 - 8:21

Joel

genyen yon bagay w di ki toujou fè m mande poukisa se yo ki kontwole la presse alawonbadè.konbyen yon statyon radyo koute, kombyen sa koute pou nou mete yon jounal an kreyol sou pye.

pwoblen ki pou rezoud la se fòmatyon sivik e politik pep la.Lè yon pep byen fòme politikman blofè pap ka vire loloj li.e wol pou fòme pep la se devwa tout pwogresist.se pou sa mwen reproche goch ayisyenn lan.paske si goch saa te fè yon travay serye depi 1986 jodya nou pa ta genyen tout divisyon saa e se pa Mirlande Manigat ke nou ta va aksepte kom Presidan.Nou ta ka ba pep la yon vrè alternatif a represantan oligarchi sa yo.

wi si se madan manigat ki presidan e byen fok nou pwofite pandan ke li presidan pou nou prepare e edike pep la politikman poul konnen ke se pa oken Tonton Noel ki ap vinn chanje kondityon li se system lan kom Julien di ya ki pou chanje.Si pep Chilyen te ka eli Allende ou byen pep Bresilien te ka eli Lula se paske 2 pep sa yo byen fòme politikman e sivikman.Moun pa ka ba yo manti.Yo konn sa yap defann.Jodya si oligarchi Venezwelyen pa ka ba Chavez kou deta ankò se paske genyen ranpa ki bati pou anpeche sa fet.se sa ki fè mwen di moun ki pa ka pran chalè kwisinn lan pa ka chef.fok ayisyen genyen disiplinn pou yo konnen ke nan yon pati politik nou tout pa ka presidan men nou tout ka kontribiye pou fè pwogram pati ya reyisi pou libere pep saa anba kalamite kolera e grangou kloroks saa.

an nou komanse mete resous nou ansanb pou nou monte yon statyon radyo an ayiti ,yon jounal an kreyol, e pita menm yon statyon televisyon.Nou pa ka ap di ke se yo ki kontwole press la alawonbadè depi ti kòkòm tap goumen ak berejenn epi nou pa ka fè anyen..Jodya se pa oligachi tradityonel ayisyen selman ki genyen ti moyen ekonomik.sa nou beswen nou pitit sò yet yo se mete tet nou ansanb pou nou kontrekare moyen oligarchi ya.fok nou mete enterè personel nou deyè pou nou wè interè peyi ya.nou ka fè komes import export a tou.machann kenkay ki sot lot kote yo pa ka anpeche nou fè komes nan peyi nou.tankou Gerard latortue te di ya ayiti beswen yon lot klass de komersan e dantreprenè.fok nou pa rete nan politik selman .

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............ Empty Re: Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

Message  Joel Sam 13 Nov 2010 - 10:36

WOZO;

Lè mwen di ke yo kontwole près lan ,se pa voye m ap voye monte non?
Sou dosye koudeta 2004;se yon mirak ke ARISTIDE gen apwi toujou lan peyi ,se yon matrakaj ,yon matèlman ke misye ak mesye LAVALAS,yo ap pran depi anvan 2004.

Si w ap tande sa nèg tankou THUNDER ou byen demeplè tankou SOSIS ap ekri ,se miltiplye l pa 10.

Nou gen entènèt ,pou nou konnen sa k te pase vre an 2004;moun ann AYITI yo pa konnen.Tankou sa k te ekri lan près ameriken.
Si te gen balans,si tout bagay te diskite,mwen pa kwè ke menm kandidati madan MANIGA t ap posib.

Pou CHAVEZ ,sa k fè misye sou pouvwa a toujou,se paske pou te kontrekare sa près KÒPORATIS BOUJWA t ap fè kont li ,misye te louvri yon pakèt estasyon radyo lan katye popilè yo.

Se yon gwo pwoblèm wi,si bagay sa a pa regle ;pou moun ki ta vle yon gouvènman pwogresis lan peyi an ;se lan yon mi y ap frape tèt yo.

WOZO;

Menm mwen menm ,ki se sou konpitè m ap bay opinyon m;se atak sou atak konpitè m lan ap sibi;genlè se sispann pou m sispann entèvni sou sit sa a ,paske l ap koute m twòp konpitè.
Depi m te ouvri dosye sou BRIAN DEAN CURRAN ,gen yon nèg KANADA ki sòti pou l detwi ""hard drive"" mwen an ak virus ak SPYWARE.
Mwen swete menm bagay lan pa rive w

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............ Empty Re: Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

Message  Le gros roseau Sam 13 Nov 2010 - 10:58

Yo te fè menm bagay la tou se peye mwen te blije peye pou dell te clean hard drive la pou mwen.men se pa regade m map toujou bay opinyon mmenm si se nan klib vyeya male ou byen nan libreri piblik .mwen byen kontan ou di sa chavez fè o Venezwela a.poukisa nou pa ka fè sa tou an ayiti?Tankou chante ya di ya:"se yo ki genyen zam se yo ki ka tire."poukisa nou pa genyen zam pa nou tou?nanpren oken lwa ki di se yo sel ki ka genyen jounal, statyon radyo e televisyon.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............ Empty Re: Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

Message  Marc H Sam 13 Nov 2010 - 22:18

C'est avec une grande tristesse que je constate que Madame finira la course en 3e position . Elle a quand même fait une bonne et belle campagne. Comme dirait René Lesvesque , à la prochaine fois ...
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............ Empty Re: Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

Message  alex jacques Dim 14 Nov 2010 - 3:14

Si la tendance se mientient, Mirlande Manigat pretera serment le 07 Fev 2011 entant que president de la republique.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............ Empty Re: Si Madan Manigat prezidant, se tap yon chans ak yon okazyon pou moun............

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum