Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-14%
Le deal à ne pas rater :
Apple MacBook Air (2020) 13,3″ Puce Apple M1 – RAM 8Go/SSD 256Go
799 € 930 €
Voir le deal

Ann aprann kreyòl ansanm

+6
gwotoro
OBSERVER KEEN
jackoti01
Joel
Rodlam Sans Malice
genevieve
10 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Ann aprann kreyòl ansanm

Message  genevieve Lun 5 Mar 2007 - 14:14

Eske li pa ta bon pou kèk volontè ta ede nan bay kèk ti kou kreyòl sou fowòm lan? Nou renmen korije lè moun fè fot an franse, men lè se kreyòl nou aksepte ninpòt bagay.

genevieve
Super Senior

Nombre de messages : 145
Localisation : Port-au-Prince
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 13/02/2007

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Rodlam Sans Malice Lun 5 Mar 2007 - 16:39

Mwen dako;se youn obligatyon pou moun ki pi fo yo ,korije moun ki fè fot yo. Kreyol se lang nou.

Mwen pa korije moun ki fè fot an franse non se ta va youn foli fou ki ta pran mwen.Se lè youn moun ap vinn pran poz se gwo zintelektyel sou moun ,mwen jwe ak yo pou fè yo konprann yo pa maton jan yo pretann lan.Ou byen si yo ekri franse epi mwen pa konprann li mwen mande youn ti explikation tankou mwen ta renmen mande met kok ki sa li vle di lè li ekri "ne soyons pas peur"(lol),map shashe youn bagay ki ap twop pou mwen wi.(lol)
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Joel Lun 5 Mar 2007 - 17:28

Rodlam Sans Malice a écrit:Mwen dako;se youn obligatyon pou moun ki pi fo yo ,korije moun ki fè fot yo. Kreyol se lang nou.

Mwen pa korije moun ki fè fot an franse non se ta va youn foli fou ki ta pran mwen.Se lè youn moun ap vinn pran poz se gwo zintelektyel sou moun ,mwen jwe ak yo pou fè yo konprann yo pa maton jan yo pretann lan.Ou byen si yo ekri franse epi mwen pa konprann li mwen mande youn ti explikation tankou mwen ta renmen mande met kok ki sa li vle di lè li ekri "ne soyons pas peur"(lol),map shashe youn bagay ki ap twop pou mwen wi.(lol)

Sans malice,

Se kon sa mwen aprann ekri kreyòl.
Sou yon lòt sit ,te gen de zou twa nèg ,ki pi bòs pase lòt yo,korije tèks lan.
Se konsa,sa gen 5 ou 6 zan de sa, mwen te aprann ekri kreyòl

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Rodlam Sans Malice Lun 5 Mar 2007 - 17:56

Se konsa nou tout blije aprann paske snob yo pat montre nou li ni ekri nan lang manman ak papa nou te pale ak nou.Mwen sonje premye fwa manman mwen al anrejistre mwen ka frè. direktè ya mande mwen:" quel est votre nom",mwen blije mande manman mwen sa li di.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  jackoti01 Lun 5 Mar 2007 - 19:14

men lè se kreyòl nou aksepte ninpòt bagay
.

eske ou pa fe fot nan nenpot

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  jackoti01 Lun 5 Mar 2007 - 19:29

Se konsa nou tout blije aprann paske snob

siw pale konsa ak peyizan yo yo pap konprann ou

yo pa konnen sa snob vle di
se plimeyank tankou w ki te aprann nan lang franse ya ki konnen mo sa
bouske you lot mo pou snob

eske se konsa nap fe lang nan grandi pran nenpot mo nan you lot lang epi ekril ak/oubyen pwononsel nan respe pou fonetik kreyol.
ouve diksyone kreyol ou pou we sil genyen mo snob la
ki sa yo di li ye (adjektif, non, adveb..elatriye)
ki non ki soti nan li

ki sa nou dwe fe pou nou antre you mo nan lang nan,
ki akademi kap aprouvel
koman nap protejel kont enfliyans franse ak lot lang
eske li nesese pou nou fe sa? eske nou ka fe sa?

se vre lang pa estatik (li pa rete an plas kouye you estati) men kijan nap fel vale teren?

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  OBSERVER KEEN Lun 5 Mar 2007 - 20:03

snob= tilititi, interesan, dyol roze, prejije, foli frekan, konplekse, woulibe.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Rodlam Sans Malice Lun 5 Mar 2007 - 20:17

Mwen dako avè w,men wou tou ou foure estatik nan teks ou ekri ya,menm si ou bay eksplikatyon mo a..an plis ou ekri bouske ki se youn mo ti neg mayisad la ka konnen byen (lol)Ki mo ki ta ka ranplase snob;pedan ,mwen pa kwè pedan an kreyol tradwi panse ke snob la di ya .an tou ka map refleshi sou li.

ke nou vle l ke nou pa vle l nap blije kan menm prete kek mo nan lang angle ,panyol ,franse paske kreyol se youn melanj de tout lang sa yo.Si youn moun pa konnen verb buscar an panyol li pap konprann bouske.

Nou pa genyen youn akademi ki pou anpeshe ke lot lang yo anvayi kreyol se vre men se nou menm ki pou fè jefo pou nou pa itilise mo franse yo kom ou di.li pa toujou fasil se vre pou moun ki pat etidye kreyol nan lekol tankou mwen..Men tou fok moun ki ekri liv yo ekri plis liv an kreyol ki pou pemet nou genyen plis mo nan servo nou pou lè nou beswen eksprime youn lide pou nou pa blije se mo franse ki pi fasil pou nou anploye.Pou nou fè l vale teren se pou nou tankou defen Pè Adrien pou nou pa wont pale kreyol depi se ak ayisyen parey nou nap pale.Mwen wè Presidan Preval ap bay lang lan jaret mwen kontan anpil pase mwen te toujou jwen li ridikil nan youn peyi kote majorite moun se kreyol yo pale epi pou youn shef deta ap pale ak pep la nan youn lang ke li pa pale.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Rodlam Sans Malice Lun 5 Mar 2007 - 20:26

Keen

mwen byen kontan siyifikatyon sa yo ou mete pou nou.Tilititi,enteresan bon anpil nan plas snob la.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  OBSERVER KEEN Lun 5 Mar 2007 - 20:34

se paske jakoti fre mwen, nou pa gen intelektyel ki kwe nan fomile ide nouvel. paske ekri an kreyol sinifi devlope ide ak teori ki ap bay yon aksan lokal nan analiz pwoblem lezom. zintelektyel nou yo se yon paket parese mantal ke yo ye. yo pa interese nan abouti ak vre pwodikte intelektyel paske li pi fasil pou pran yon bagay volte te ekri ou vire de twa mo an franse pou ekri yon roman. yo pap interese nan ekri yon liv fizik an kreyol paske sa ap mande pou yo ale kalkile pwa yon bouret, kalkile koefisyen kinetik ak statik mon marinet ki sou bele ya, fok yo ale kalikile elevasyon mon marinet an rapo ak nivo lanme an.
bagay sa yo mande vre pwodiktivite intelektyel. yo pap pran tan pou bagay konsa, yo selman shwazi rout ki pi fasil la. se sak yo pa jame syentis ak vre intelektyel paske se konn li yo konn li selman. se sak fe li pi fasil pou yo, pou yo shanje de twa mo nan yon teks ki te deja ekri an franse pou yo lage li nan konsey nou. pouki sa? paske pa gen moun nan peyi ya ki travay sou domen dekouvri " kopyaj zev intelektyel", pa gen moun ki pral di ke met fizik intel pa ekri okin liv vre, li selman kopye ou fe rezime yon teks ke yon ote franse te deja ekri. pa gen ote franse ki pral pedi tradwi pwofese intel devan lajistis pou repwodiksyon zev intelektyel li san pemisyon, nan bay li kredi pou zev lan.
moun ki kont kreyol jodi ya se menm moun sa yo ki te kont devlopman intelektyel nan lang alamand lan. se pa premye fwa yap minize lang venakile paske eksklizivite lang privilijye ya bay yon aparans de yon kapasite intelektyel ki an reyalite san sibstans nan ka plizye timesye tilititi yo.
moun ki te vle ekri an laten ak grek te di moun pa ka ekri filozofi nan lang tribi jemanik yo paske se lang moun sovaj ak sot ke yo te konsidere yo. sa ki rive?
le yon moun panse de pwodikdivite intelektyek eropeyen, yo pa alizyon ak itali ou gres, yo panse ak injenye alman.
istwa demanti moun sa yo paske alman pwodi plis bagay syentifk ke panyol, potige ak italyen konbine( tandiske lang sa yo baze sou lexik ak sentaks laten-grek la).

mwen konen ou pral di ke gen yon seri de mo mwen ap di la se paske mwen konn franse; men ayisyen pa gen pwoblem ak vokabile franse, se ak semantik franse yo gen pwoblem. jenesis majorite vokabile kreyol la se nan lang franse an ke li soti.
se pa vokabile franse ki fe nou pa konprann fizik le pwofese ya ap bay leson an franse, nou konn definisyon tout mo ki nan fraz yo, men nou gen difilkite abouti ak konpreyensyon konseptyel la paske nou pa metrize sentaks lang fransez lan---paske sentaks la gen pou li ak sikoloji, kilti ak abitid lafrans ak plizye lot fakte.
ou ka fe moun konen lasyens byen si ou kenbe tout mo syentifik yo nan ekivalans yo nan lang kreyol la, epi tou nou itilize syntaks kreyol la. nou ka itilize franse kom jenesis pasyel langaj kiltive kreyol la le pagen ekivalan nan lang kreyol la.
par ekzanp, nou pap itilize noyo le nap fe aljeb abstre, nou ap itilize " nannan" tandiske si ou fe filozofi, nou ap di epistemoliji paske nou pa gen yon ekivalan apwopriye pou sa, eke nou ka pran sa paske franse se ansedans lang kreyol la sou zafe vokabile.
se sa timesye akrikaans yo te fe an afrik disid, se vokabile dutch la ke yo lokalize nan diskou syentifik ak litere yo le yo pa jwenn yon ekivalans lokal, men yo toujou genbe syntaks lokal yo wa.
sa pat inpeshe yo gen inivesite ki te preske fe bonm nikleye.

mwen asepte ke gen yon paket travay pou ki fet, kom ekzanp, mwen te renmen ke nou adopte prefiks ak sifiks krek sanke nou ap kreyolize yo paske yo gen yo skrikti lojik ki pemet moun we relasyon, esi nou kreyolize yo nou ap pedi avantaj relasyonel yo gen yen.
kom ekzanp, olyen pou nou di " biyoloji" nou di "bioloji", sa ap pemet nou we konseksyon nan mo " bioshimi".

mwen dako ak nan yon sans, menmsi nou fe fizik ak matematik an kreyol, sa pa vle di tout ayisyen pral konprann matye sa yo.
moun kap konprann se moun ki gen talen intelektyel.
men nan zafe neg ap aprann nan lang yo konprann lan fe li difisil pou devlope intelektyelman paske menm moun ki gen talen intelektyel vinn gen tandans pou vinn medyok nan yon matye ke yop eksele la dann li si aprantisaj de baz la te fet nan lang sevel tet yo metrize ya.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  gwotoro Lun 5 Mar 2007 - 22:44

Ce debat sera bientot deplace dans le Forum sur le developpement de la societe haitienne.


Bon debat!

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Joel Mar 6 Mar 2007 - 3:50

mesye ,atansyon ak zafè "akademi" an.

Bouskadò (chèchè) twouve ke akademi yo ,se touye yo touye yon lang an giz yo anrichi l.
Akademi yo ,fè lang yo pi difisil pou aprann,se rezon ki fè ,pa gen anpil peyi ki gen akademi lang.
Pou malè nou,La Frans te kreye yon akademi,nan mitan 17yèm syèk e nou menm ayisyen ap peye pou sa .
Se pou di tou ,youn nan rezon Kadinal RICHELIEU te kreye Akademi an,se pou l te foure franse an nan gòj rès popilasyon La frans lan.
Lang franse an, nan epòk lan ,se te yon lang rejyonal,se te nan zòn "ile de France" lan yo te pale l.

Sa nou ta mande gouvènman ayisyen an,se pou l ta kòmande yon gramè kreyòl ,paske gen ti varyasyon nan diferan gramè ki pibliye.

Kant a mo yo menm,n ap prete mo nan tout lang ,menm jan Ameriken yo fè l.
Pou ameriken,depi anpil moun repete yon mo,yo konn sans mo an,mo sa a vin otomatikman yon mo angle.

Mwen kwè ,diksyonè franse an,gen anviwon 120 mil mo la dan l,tandis ke pa ameriken an gen plis ke 600 mil ,epi yo ajoute preske 2 mil mo chak ane.


Dernière édition par le Mar 6 Mar 2007 - 10:06, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Kiloutou Mar 6 Mar 2007 - 7:34

Nèg kap vi etazini kreye bay anpil pwoblèm nan otograf kreyol la ki ofisyel depi 1986.

refleshi sa se pa kreyol ayisyen; nan kryol ayisyen se konsa yo ekri: reflechi.

shak se kreyol ayisyen, an ayiti se chak nou ekri

sheshe ki mod ekri kreyol sa-a? se chèche

monshè ki mod ekri kreyol sa? se monchè

Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Rodlam Sans Malice Mar 6 Mar 2007 - 7:56

Mwen te li youn kote son "ch" pa eksiste an kreyol ,mwen pa sonje ki moun ki te ekri sa.se sak fè sa Joel ekri ya pou gouvenman fè neg ki madre nan kreyol yo tankou Dr Dejean ekri youn bon gramè apre yo fè youn chita pou diskite pwoblem lang.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  gwotoro Mar 6 Mar 2007 - 8:01

Tout cela existe deja. Il y a deja un orthographe et une grammaire creoles...

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Joel Mar 6 Mar 2007 - 10:02

gwotoro a écrit:Tout cela existe deja. Il y a deja un orthographe et une grammaire creoles...

[b]Non Gwotoro,

genyen yon òtograf ofisyèl,men se pa tout bagay li kouvri.

Tankou si ou vle ekri "BALI L SA L MERITE".

Dr de Graff (MIT) konseye pou ekri jan ou wè m ekri l lan.Misye te bay rezon lengwistik pou sa.
Men se pou di gen moun ki ekri "BALI'L SA'L MERITE"

Gen moun ki ekri tou "BALI-L SA-L MERITE" ;se ti pwen si lèz i sa yo,mwen ta renmen yo fikse.

Si nou bezwen òtograf ofisyèl lan ,ale sou WINDOWSONHAITI.COM

Yo genyen l sou sit sa a

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Joel Mar 6 Mar 2007 - 10:29

San Malis

Men yon ti nòt Dr Iv Dejan te ekri lè li te an chay Biwo Alfabetizasyon an:
Di sa w panse

http://www.haitiforever.com/linguah.html
EKRI KREYOL FASIL

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  OBSERVER KEEN Mar 6 Mar 2007 - 12:36

ebyen jilyen, mwen poko finn maton nan lang lan, mwen toujou ap aprann.
mwen pa konn sa ki rive misye rico, men pa gen moun ki tap manke misye rico dega.
nou paka fe yon diskisyon san manke moun dega?
ki jan mwen menm mwen pa janm nan manke moun dega?
mwen se lavalasyen, druno se antilavalasyen, men mwen pa pral akize li de vann peyi paske si yon moun kont aristid ou kont lavalas, sa pa vle di ke moun sa se mashann peyi pou sa.
se demenm, paske yon moun lavalas, sa pa vle di ke moun sa, se yon patriot, ni sa pa vle di ke moun sa, se yon shime.
se pwoblem sa ki fe mwen fashe ak druno, pou tout respe mwen bali sou sit la, li mete non mwen nan lis moun kap sipote teoris an ayiti.
le ou gen diferan ideyoloji politik, sa pa vle di ke moun sa, se enmi ke li ye. daye, mwen menm menm mwen pa gen konviksyon absoli paske mwen toujou panse ke mwen ka nan ere, se sak fe ideyoloji politik mwen ka shanje sanke mwen pa yon opotinis.
moun ki pi danje sou late, se pa moun ki inyoran, men se moun ki panse ke konviksyon yo ak konesans yo absoli eke pa gen lot posibilite, eke yo nan limye eke tout lot moun nan fe nwa.
zafe respe ya, respe pou lot moun fok nou gensa, sitou nan yon diskisyon sivil.
mezanmi, an nou respekte tet nou nan respekte lot moun!!!!!

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  genevieve Mar 6 Mar 2007 - 15:39

Va-t-on commencer oui ou non?

genevieve
Super Senior

Nombre de messages : 145
Localisation : Port-au-Prince
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 13/02/2007

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Marc-Henry Mar 6 Mar 2007 - 15:57

genevieve a écrit:Va-t-on commencer oui ou non?


Fok nou ta fé apel a Jafrikayiti pou kou kréol yo lan sit fowomayiti. kiles ki vlé rele mesye; www.jafrikayiti.com


On pourrait aussi commander un dictionnaire Créole- Français en ligne; www.combithaitien.com
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Rodlam Sans Malice Mar 6 Mar 2007 - 17:48

Joel

Mwen sot li sa Dr Dejean ekri ya se you bon bet.se youn sel pwen ke mwen remake li ekri dizui,li ekri pan pou panne. e li ekri aprann.Mwen kwè nou te diskite zafè reg ki di 2 vwayel pa rankontre nan youn mo an kreyol.eske se youn eseptyon

Sa li di pou mo franse ou angle ki rantre nan lang kreyol yo,pase ke nou vle ke nou pa vle genyen mo lot lang ki ap rantre kan menm nan kreyol la.Mwen pa genyen pwoblem ak sa non.Byen ke tankou kanmarad la te fè m remake et Jude te di sa fok nou pa fransise kreyol la.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  genevieve Mar 6 Mar 2007 - 18:31

Se vre gen kèk mo ki bay ti pwoblèm nan kreyòl la. Gen moun ki ekri dizwit e non dizuit. Pou "pan" nan mwen kwè se "à" ki fè diferans ant pan e pàn.

genevieve
Super Senior

Nombre de messages : 145
Localisation : Port-au-Prince
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 13/02/2007

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Joel Mar 6 Mar 2007 - 18:33

Mwen kwè ke "dizui" se yon fòt òtograf li ye;se dizwit ou byen dizwi ki mo kòrèk lan.
Geneviève ,eske se pa sa?
Epitou li pa ekri "pan" non;li ekri "pàn" ak yon "aksan fòs" sou "a"(se konsa yo rele aksan grav ,an kreyòl).

pàn se mo kòrèk lan.
Non ,nou pa bezwen fransize kreyòl lan,si gen yon mo deja ki dekri ,sa w vle di an,se li pou ize;men tou gen nèg ki di si ou ize tèl ou tèl mo yon peyizan pa p konprann .

San Malis,

Annou serye ,gen anpil mo angle ou ka ize e gen ameriken ki gen mwens edikasyon ke wou,ka paka konprann mo yo.
Eske se pa sa?

Epitou,"aprann",se òtograf kòrèk lan ,paske "an" se yon vwayèl.
an,ou,en,on se vwayèl.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  genevieve Mar 6 Mar 2007 - 18:41

Se sa menm Joel. Msanti kreyòl la ap lanse wi. E mkwè se konsa pou nou fèl nan diskisyon san nou pa bezwen yon kou majistral. Eske majistral la bon an kreyòl?
Epitou se pou te tou pwofite mete tout vwayèl yo pou nou.

genevieve
Super Senior

Nombre de messages : 145
Localisation : Port-au-Prince
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 13/02/2007

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Rodlam Sans Malice Mar 6 Mar 2007 - 22:04

Joel

mwenbyen kontan ou fè korektyon pou mo dizwit la li sonnen pi byen ak "w" ke ak "u"

ou genyen rezon se sak fè pafwa genyen nwa ki di se angle blan nap imite.Mwen sonje lotrejou mwen te ap gade show Oprah genyen youn moun ki pose youn kestyon men Oprah pat konprann sa li vle di se invite Oprah ki te O'Reilly ki di kite li reponn moun nan.

Men tou fok nou chache fè youn reyinyon ak tout lot pep ki pale Kreyol yo.Mwen konprann moun St martin yo pi byen pase moun Martinique yo ke mwen konn rankontre.Fok nou fè youn jefo. Bon ki sa Minis Bien-Aime ap fè sou pwogram pou yo anseye ti moun lekol nan lang kreyol la?Mwen kwè se youn bagasy ke minis edikatyon te dwe bay plis priyorite.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ann aprann kreyòl ansanm Empty Re: Ann aprann kreyòl ansanm

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum