Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

La vrai raison de l'absence de Sweet Mickey à Carthagène: il est un paria!

Aller en bas

La vrai raison de l'absence de Sweet Mickey à Carthagène: il est un paria! Empty La vrai raison de l'absence de Sweet Mickey à Carthagène: il est un paria!

Message  ainsi ne soit-il Jeu 26 Avr 2012 - 17:28

Li bon pou tande plizyè pwen-de-vi pou byen dedui ki kote se bon sens k'ap pale. Yon endividi non ap site lan move koze kanpe ap enfantilize yon pepl lan mesaj kote nou tande: "prezidan nou a an form, li fyè ke se yon doktè Ayisyen ki te bal swen lan Florid." Ki sa yon moun jwenn ki pou rand nou fyè lan sa Sweet Mickey ap di yo. Pandan ke bor isit la, si m'byen konprand, nèg sanble yo vekse paske Sweet Mickey kontinye ap bay Dominiken rezon pou yo gade Ayisyen mal, lot kote nou tande y'ap trete de ti politisyen makwali kandida e chef pati lan peyi vwazen a ki reklame pou Sweet Mickey retounen meday yo te bay'l paske li mele lan koripsyon lakay yo. Men ki sa Ayisyen sa yo ye, se JELLO ki lan kolonn vetebral yo pou yo kapon konsa e ke yo pa vle admet ke nèg sa a pa bon pou repitasyon ti peyi a?

E byen m'pa janm tande yon moun seye jwenn rezon sa a pouki Sweet Mickey pa't al Katajèn. Koze fe dyèlè ke se doktè Ayisyen ki swaye'l la, se bluff. San dout li ka jwenn yon lot sanzave ki bay'l yon vye setifika medikal tankou pil paspor tou nef li te prezante a. Konbyen tan sa ap kontinye pou moun sispand wè nèg sa a ki kontinye ap desand kanson'l? Sweet Mickey kontinye kote li te kite a.

E byen mezanmi, tande. Mwen pa remen fe sipozisyon tèlman, men lan konteks sa a, mwen oblije di ke m'pa kwè ankor lan mèd maladi misye ap bay moun kenbe yo. Sonje byen ke nom misye site for lan gwo koze pots-de-vin entenasyonal. Sa se pa bagay entèn a peyi d'Ayiti non. Nou pa tande ke Fernandez ki bon zanmi senatè a mele non. Sa vle di ke se yon ti malprop ki chita lan tèt peyi nou a wi. Chita tand pou nou we lan ki rankontr ofisyèl sa pwal patisipe. Lan kou a, nou san lè pa wè misye k'ap plede al mache sou moun ankor. Peyi sa a san lè izole nèt ak absans reprezantan moral valabl.

Donk si nou wè kote m'ap vini ak nou (n'a eskize'm si gen lot neg ki te di sa) Sweet Mickey te jis obeyi konsiy pou li pa parèt lan Sommet des Amériques la akoz de skandal la. Antre nou, mwen pa wè ki ès misye ta ka al gade lan zye apre ankèt jounalis sa a ki revele ke li se yon ti visye, arivis ki lan vand peyi a. Konsiy la soti kay patron li ak anpil lan neg Katajen' yo ki voye di'l ke ke prezans li pa souetabl lan reyinyon a.

Si misye chita l'ap pase kaka lan figi pèpl Ayisyen a, ap di yo men prezidan yo a komsi tout Ayisyen sanble li, li fout lè pou jounalis yo fè travay yo. Apre sa k'ap pase ak Sweet Mickey a, se pa manti ni tripotaj, se pa difamasyon si yon jounalis brav e otantik an Ayiti ta ekri lan jounal ou ta di lan radyo ke Sweet Mickey se yon pariah lan zye ou mitan lot chef d'Eta yo.

Si Ayisyen t'ap chèche rezon ki fè Sweet Mickey deside la vèy li pati pou l'pa al lan Sommet des Amériques, se pa fouti yon lot bagay ke di yo di'l pa vini. Donk, pou kouvri sa, yo pran poz misye t'ap prepare vwayaj li pou Sommet a aloske yo te deja konen ke li pa'p la. Kom fo ke yo ta mande'l pouki sa li pa lan Sommet a, yo vini ak bull-shit maladi sa a.

Mwen-menm, mwen pa gen foli politisyen, mwen jis se yon obsèvatè.

Oups!
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum