Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cdiscount : -30€ dès 300€ ...
Voir le deal

Revisyon konstitutyon 1987

2 participants

Aller en bas

Revisyon konstitutyon 1987 Empty Revisyon konstitutyon 1987

Message  Rodlam Sans Malice Mar 1 Jan 2008 - 20:12

Nan debi ane ki sot pase ya Presidan Sena ayisyen te di ke amandman ou revisyon konstitutyon 1987 se pa selman youn nesesite men li se youn obligatyon.Presidan peyi ya ,Son excellence Rene Preval di menm bagay la tou. Premye Minis la di sa tou. donk pouki sa sa pa fet pandan lane ki sot pase ya?

Eske se youn mani ke nou genyen :pale anpil pou gremesi ou byen nou pa met tet nou anko;se sa moun pemet nou fè ke nou ka fè.Mwen pa ka konprann ke majorite ayisyen vle ke youn bagay fet, Presidan an vle sa, Premye Minis la vle li ,Presidan Sena vle li epi se nad marinad.Ki lè nap mete priyorite nou yo nan lod.Eske se paske kek politisyen patripoch kraponnen nou ki fè nou pè fè sak ki merite fet nan peyi ya.Ki moun ki mete nou kote nou ye ya se pep ayisyen ou byen se politisyen tet kokolo yo?

mwen ta swete ak ane sa ki komanse jounen jodya ki se fet endepandans peyi ya tout ayisyen konsyan pran resolityon pou yo fè sa ki merite fet nan peyi ya.Se pa jodya nou fè konsta ke peyi ya ap disparet si nou pa pran mesi dirjans ki merite pran yo.Alo pouki sa tout esitatyon ,tout dilatwa sa yo.Ke chak ayisyen pran responsabilite yo.Fok nou genyen kouraj konviktyon nou.Genyen youn ,liv ke Presidan Kennedy ekri ki rele :Courage in politics fok nou manyè li liv saa.Lè youn moun prete serman pou defann konstitutyon peyi ya sa pa vle di ke si nou konstate ke konstitutyon pa an amoni ak bezwen e moyen nou pou nou fè tankou li se youn bagay sakre ke nou pa dwe touche.

mwen ta renmen ke o komansman lane ya ekzekitif la , palman ak pouvwa jidisyè fè youn reyinyon demen maten pou nou etabkli youn plan pou nou di men sa ke nou ka fè pou ane ya.Sito apre elektyon senate yo fini fok Presidan an mande komisyon ki pou etidye zafè konstitutyon poul bay rapo li pou 3 pouvwa yo chita pou yo etidye rekomandation komisyan an epi pou mete men a la pat pou chanje konstiutyton 1987.

An nou komanse pa etabli sa ke nou vle reyalize chak ane nan youn plan global menm jan sa fet lè youn antrepris vle konstwi youn travay.Nou genyen dwa fè youn evalyatyon chak twa mwa pou nou wè kote nou gad :eske travay la ap mache selon plan jeneral e objectif nou vise pou nou akonpli ya.Li pa posib anko pou nou ap plede pale mete la .Fok nou mete la men a la pat pou nou sove peyi ya ki pa ka disparet.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revisyon konstitutyon 1987 Empty Re: Revisyon konstitutyon 1987

Message  Mawon Rcfranc Mer 2 Jan 2008 - 12:39

Amen. Y-ap opere san okenn plan. tout sa ki pase lan tèt yo, yo di'l, aprè yo bliye'l.

Bòn Ané...
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Revisyon konstitutyon 1987 Empty Re: Revisyon konstitutyon 1987

Message  Rodlam Sans Malice Mer 2 Jan 2008 - 12:44

ou genyen rezon.Bonn ane pou wou tou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revisyon konstitutyon 1987 Empty Re: Revisyon konstitutyon 1987

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum