Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

+5
Amoph
Sasaye
Rodlam Sans Malice
Erzulie
Joel
9 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Joel Mar 17 Aoû 2010 - 22:10

Rappel du premier message :

Yo di yo t ap bay yon kominike sou refòm edikasyon an,ann AYITI.
Eske nou tande ki refòm ki ap fèt.Frankofou yo ka kriye wi.
Si se PAUL VALLAS ki responsab refòm lan vre,se yon nonm ki pa betize non.Se misye ki ap refòme sistèm Edikasyon an ,lan CHICAGO ak NEW ORLEANS.
Eske Franse pral bwachat?

http://www.nytimes.com/2010/08/17/opinion/17tue1.html?ref=opinion

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas


REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 19 Aoû 2010 - 8:51

Joel

se byen malere teks la pa klè ,men se yon bagay ki enpotan pou tout ayisyen ta li .Sou facebook, map diskite ak 2 twa jenn ayisyen sou kestyon saa mwen raple yo ke franse pat pale o debi nan sendoming kom ou aprann mwen li dim ke li pa ka konprann sa mwen ap di ya paske se blan franse ki te nan koloni ki jan fè yo pat pale franse.mwen dil ke se kreyol ki te toujou lang nan Sendomeng li refize kwè.malgre ke mwen di li ke se pa tout kote an frans menm o 17eme syek ke yo te pale franse.

men bagay saa se yon bagay ke ayisyen ki reyisi ka kole 2 mo franse pa vle tande non m paske se sel sa ki fè yo konprann yo siperyè lot moun ;kom ou di la lang saa se divise li divise ayisyen plis ke tout bagay.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Joel Jeu 19 Aoû 2010 - 9:40

SM;

Se pa yon tèks non;se yon liv BIBLIYOTÈK NASYONAL franse an.Se sou GALLICA.
Se jis lan ane 1880s yo ke franse vin lang tout franse an FRANS.
Tankou moun sou FACEBOOK ki ap vin di w ke franse se te toujou lang yo pale an FRANS;se toujou menm rans lan y ap repete;y ap repete anba bouch tankou granmoun ann AYITI konn di.
Evidans yo la ;dokiman yo la se jis chèche pou yo fè yon ti chèche.

Pa genyen absoliman;absoliman okenn dout ke se KREYÒL ki te lang koloni SENDOMENG;mwen ta renmen manm fowòm lan ou byen vizitè yo pwouve m le kontrè.
Menm apre lendepandans tankou m di l PWOFESÈ ALYSSA GOLDSTEIN di ke ABE GREGWA se lèt apre lèt li te ekri e KRISTÒF e PETYON pou l konvenk yo pou yo fè FRANSE vin lang nasyonal.
Sa k pi rèd lan ,anvan lendepandans moun lan koloni yo pa t gen konplèks ki genyen jounen jodi an kont KREYÒL lan .

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Joel Jeu 19 Aoû 2010 - 9:59

SM;

Men yon tèks enteresan ke yon Matinikèz ki rele JEANNE ETIENNE EKRI:

http://www.potomitan.info/bannzil/litterature.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Sasaye Jeu 19 Aoû 2010 - 12:52

Jowèl,
Mesi pou tèks saa.
Li dekri ekzaktemen sitiyasyon lengystik Ayiti.
Li ta bon pou nou tout wè imaj lan konsa.

Mwen repwoduy li akoz deskripsyon an. men tout trete Jane Etienne nan se yon edikasyon pou ayisyen ak tout kreyolofònn.

.......................................................................



La Diglossie

On peut très grossièrement définir ce dernier terme comme la situation d’une communauté linguistique qui possède deux idiomes, l’un dite langue haute qui est utilisée pour les besoins communicatifs nobles et liés à l’écrit (administration, justice, église, école etc…),

l’autre dite langue basse qui est utilisée pour la communication quotidienne et qui fonctionne principalement à l’oral.

Le français est, en l’occurrence, la langue haute et le créole, la langue basse.

Il ne s’agit pas là, toutefois, d’une situation figée: une espèce de conflictualité permanente règne entre les deux idiomes selon le principe que
"de mal krab pa ka viv adan an menm twou".

Chacune essaie de déborder de sa niche communicative, d’empiéter sur le domaine de l’autre: le français tente de pénétrer notre oralité quotidienne tandis que le créole s’efforce de percer à l’écrit.

Il est clair que si rien n’est fait pour pacifier les relations entre les deux langues qu’à plus ou moins long terme, la plus forte finira par l’emporter.

Le pot de fer gagnera fatalement contre le pot de terre.

Et, dans le cas qui nous concerne, tout le monde sait très bien qui est le pot de terre.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 19 Aoû 2010 - 14:00

Joel

Yon fwa ankò mwen di w mèsi .mwen swete jenn gason ak jenn fanm ki konprann ke w pa ka eksprime okenn ide abstrè an kreyol li teks saa.men bagay nap pale de refome edikatyon an ayiti ;lekol ayisyen kreye yon paket alyene ki pa konn listwa lang yo men ki ka site tout otè fransè yo pou montre ki jan yo konnen.ou jwen ayisyen jis jodya ki ap diw ke kreyol se pa yon lang epi se kreyol ke yo itilise plis pase tout lang.epi sa pa moun sot non ki ap di bagay saa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Joel Jeu 19 Aoû 2010 - 14:56

SASAYE;
Lan kontèks antiy franse yo ,mwen sipoze ke lè JEANNE ETIENNE ap fè analoji ""pot de fer et pot de terre"";manmzèl konsidere franse kòm pòt an fè e kreyòl kòm pòt an tè.
Li pa ka otreman ,paske mesyedam sa yo pa gen kontwòl total sou lang yo pale;si w konsidere yo se sitwayen franse.
Noumenm menm se yon ti gwoup anraje ki kanpe kont kreyòl lan.Yo asyeje e pwoblèm yo genyen sè ke ak enfliyans ameriken ki ap ogmante pwoblèm pou yo kenbe sipremasi franse an ogmante.
Mwen pa di se yon bon bagay ou byen yon move bagay;men ameriken yo pa konsidere franse tankou lang ayisyen.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 19 Aoû 2010 - 14:58

Mwen pa ka tann poum wè ki refom ekspè yo pral pwopose pou yo fè nan edikatyon an ayiti;li lè pou yo ba ti moun an ayiti zouti ki ka sèvi yo pou yo ka viv byen.Edikatyon pa selman aprann syntaks lang franse ekri disertatyon an franse.Fok genyen laboratwa nan lekol yo.se pou nou pwofite de moman saa pou nou rele anmwe nou pa vle edikatyon pèpè ya ankò.Sim vle vinn yon konstriktè kay sanm pa injenyè fok genyen yon lekol poum ka ale etidye konstriktyon, sim vle vinn yon kiltivatè san ke mwen pa ale damyen se poum genyen oportunite. sa sim vle se pechè ke mwen vel ye se poum genyen oportunite sa.ba pitit pep la lekol pou yo aprann yon metye.Yon elektrisyen yon mekanisyen o Zeta Zuni pa genyen oken konpleks.Ki sa ki di ke yon moun ki ka kole 2 mo franseu genyen plis valè pase yon bon boss tayè, yon bon boss ebenist, yon bon boss kordonye, yon bon boss charpantye,yon bon boss mason?se pa doktè,avoka, injenyè agronom ,nurse ki fè devlopman yon peyi.Nou beswen bon elevè tou, nou beswen bon pechè tou,nou beswen bon mekanisyen ,bon elektrisyen, bon plombye tou.bon teknisyen laboratwa tou, Wi nou beswen anpil profese pa sleman profesè ki pou montre ti moun li ak ekri men profesè ki pou montre ti ayisyen yon metye tou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Joel Jeu 19 Aoû 2010 - 15:28

Mwen bezwen wè chanjman sa yo tou.Mwen tande gen gwo chanjman ki lan lòj.
Nèg yo rele VALLAS la pa manje anyen frèt;mwen paka tann pou m wè dosye sa a.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  revelation Jeu 19 Aoû 2010 - 22:28

Lumarque said. The first thing we need to do as a nation is guarantee, with government funding, that all children between the ages of 5 and 12 have access to an education,'' he said. The concept is not new, and in fact dates back to Haiti's 1816 Constitution when then-President Alexandre Pétion had it inscribed into the governing document. Years later, Pétion's successor, Jean-Pierre Boyer, would take it a step further, requiring state-financed primary education.
Kom nou we, system edikasyon skoler nan peyi Dayiti te garanti avek sipo gouvenman yo.

Erre ke Leta fe se ke bay pitit pep Access a Edikasyon pa vle di ke li kap resevwa yon edikasyon.
Leta te konstwi lekol se vre men kondition e environman etidyan sa yo pat pemet yo resevwa yon edikasyon adekwat.

Solution problem nan se ke fok Leta prand an charj timoun de 5 a 12 zan.

Bayo iniform komplet, avek materyel skoler komplet.

Kafeterya, sal d’etid, tuteur, bibliotek komplet

Sal de repozwa,dortwa e d’hygien komplet.

Sal de jeux (inside) e terren de jeux (outdoor) komplet.

Elimine tout problem sosyal e ekonomik nan tet etidyan yo.

Answit mete yon system de kontrol e evaluasyon ki pou pemet Leta fe yon analiz pri e benefis e "peer review" pou we si lajan ke yo investí nan edikasyon a vô la penn.

Si 20 a 25% nan timoun sa yo rive yon bagay demen, se ap yon sikse pou peyi a.
Gouvenman gen 2 chwa devan’l
Yon system a courterm mete pitit pep la nan le kol prive subvansiyone pa Leta pou yo pa pedi annee skoler yo, an atandan ke Leta konstwi prop lekol yo.

Yon system final a lonterm ki ankadre sa ke’m di pli ho a. Konstwi 4 a 5 "campus" ki gen bibliotek, laboratwa,oditorium, gymnasyum, terren olympik pou tout kalite sport, dortwa pou etidyan, professe, e ekip staff administrasyon yo e yon sevi sekirite a dekwat pou proteje campus yo kont predate e foter de trouble.
Si nou konprand ke edikasyon koute tro che, mize ak soufrans nou koute nou pli che ato
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 19 Aoû 2010 - 23:22

genyen yon aspè nan pwoblem edikation ke nou pa konsidere.se ogmantatyon population an. an ayiti li sanble se pou fè wè ke gouvènman fè resansman.ki jan pou yon moun dim ke yo fè resansman an ayiti epi 90%lekol nan peyi ya se lekol prive nan yon peyi kote plis ke 75%moun ap viv ak mwens ke 2 dola pa jou.

genyen gwo zentelektyel ki ap di se pandan dernye 24 an bagay yo vinn konsa pou yo dedwane patron yo se manti,peyi ya komanse desann nan trou sa depi an 1957.mwen sonje lèm te ti moun nan vil o cap selman paul magloire te bati 2 lekol tout nef nan yon manda de 6 zan.kombyen lekol ke moun ki te vinn aprel la te bati pou popilatyon saa ki tap ogmante.?nou toujou foure tet nou nan sab pou nou pa gade pwoblem yo epi lè yo rive nan yon pwen insupotab se lè sa nap mande sekou etranje men nou di ke se pa pou yo foure dyaol yo nan zafè nou.Ki jan pou yo pa foure dyol yo nan zafè w lè se yo ki ap fè w viv?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Sasaye Ven 20 Aoû 2010 - 2:50

Jowel,
Okontre, mwen kwe ke Jane Etienne konsidere Kreyol tankou "pot an fe" a, dapre jan li demontre ke kreyol siviv tout ane sayo. Nou wè ke kreyol anefè ap pwogrese tout kote olye li regrese.
Malgré La Diglossie.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Joel Ven 20 Aoû 2010 - 7:03

[b][i]REV

Mwen wè ou plede ap souliye ke se ta BWAYE ou PETYON ta entwodwi instruction publik lan peyi an.
Konstitisyon 1805 lan ,konsidere tankou youn lan dokiman ki pi pwogresis ki te janm pwodwi.Se yon dokiman y ap etidye lan ""graduate schools"" OZETAZINI di:

ART 19
DANS CHAQUE DIVISION MILITAIRE,UNE ÉCOLE PUBLIQUE SERA ÉTABLIE POUR L'INSTRUCTION DE LA JEUNESSE.

Men sa Konstitisyon PETYON an,Konstitisyon 1807 lan di:

TITRE VIII

ART 34
IL SERA ÉTABLI DANS CHAQUE DIVISION UNE ÉCOLE CENTRALE ET DESÉCOLES PARTICULIÈRES DANS CHAQUE ARRONDISSEMENT

Men sa Konstitisyon 1816 lan di:

ART 36
IL SERA AUSSI CRÉÉE ET ORGANISÉE,UNE INSTITUTION PUBLIQUE,COMMUNE À TOUS LES CITOYENS,GRATUITE À L'ÉGARD DES PARTIES D'ENSEIGNEMENT INDISPENSABLES POUR TOUS LES HOMMES.

Donk REV ,moun ki ap di ke se BWAYE ou byen PETYON ki entwodwi edikasyon piblik lan ,pa konn de ki sa y ap pale.Ou byen yo fè eksprè ,paske sou zafè edikasyon an Konstitisyon PETYON ak BWAYE an se jis varyasyon Konstitisyon DESSALINES lan.
Se DESSALINES ki te entwodwi ""enstriksyon piblik"";se pa t PETYON ,ni BWAYE.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Rodlam Sans Malice Ven 20 Aoû 2010 - 8:07

Ankò yon lot fwa se verite ki pou afranchi nou.fok nou sispann montre ke se yon gwoup moun ki bon epi lot gwoup la pa bon.jaf ekri yon bagay lotrejou kote li di ke se krim 17Octob 1806 lan ki merite pou repare se pa manti non.Paske ayiti pa beswen oken lot doktrinn ke le dessalinisme ou l'haitianisme.paske dessalines li menm li te konrann byen ke fok richess peyi ya separe ant tout pitit li e se konsa na va fè bel lide ki nan drapo a yon reyalite:L'Union fait la force.Men anpil chaj pa lou.

maten yan map li yon resime de projè ke CIRH la konte reyalise an ayiti.si se ta vre e byen Presidan ki pral monte la ap tou jwen benediktyon li ap tann li.Byen ke nan sektè edikatyon CIRH la pa di ki jan dekol yo pral konstwi.Mwen ta renmen se pa sel batiman yo pral konstwi kom mwen te di deja.Fok genyen yon komisyon deksper ayisyen nan depatman edikatyon natinal mele ak spesyalist etranje ki pou mete yon kurikulum ki pwodwi fesè pa gran disè.mwen tande tou ke yo pral relye grid elektrik ayiti a dominikani saa se yon bon lide tou.Si Con edison ka achte kouran nan men Hydrokebek mwen pa wè poukisa nou pa ka achte kouran nan men dominiken tou si yo ap vann li ayon pri konpetitif asa ke nou pwodwi ya.

mwen kontan li pwojè ke CIRH la vle reyalise yo mwen ta swete se pa pawol anpil pou gremesi.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Doub-Sossis Ven 20 Aoû 2010 - 10:14

Joel a écrit:[b][i]REV

Mwen wè ou plede ap souliye ke se ta BWAYE ou PETYON ta entwodwi instruction publik lan peyi an.
Konstitisyon 1805 lan ,konsidere tankou youn lan dokiman ki pi pwogresis ki te janm pwodwi.Se yon dokiman y ap etidye lan ""graduate schools"" OZETAZINI di:

ART 19
DANS CHAQUE DIVISION MILITAIRE,UNE ÉCOLE PUBLIQUE SERA ÉTABLIE POUR L'INSTRUCTION DE LA JEUNESSE.

Men sa Konstitisyon PETYON an,Konstitisyon 1807 lan di:

TITRE VIII

ART 34
IL SERA ÉTABLI DANS CHAQUE DIVISION UNE ÉCOLE CENTRALE ET DESÉCOLES PARTICULIÈRES DANS CHAQUE ARRONDISSEMENT

Men sa Konstitisyon 1816 lan di:

ART 36
IL SERA AUSSI CRÉÉE ET ORGANISÉE,UNE INSTITUTION PUBLIQUE,COMMUNE À TOUS LES CITOYENS,GRATUITE À L'ÉGARD DES PARTIES D'ENSEIGNEMENT INDISPENSABLES POUR TOUS LES HOMMES.

Donk REV ,moun ki ap di ke se BWAYE ou byen PETYON ki entwodwi edikasyon piblik lan ,pa konn de ki sa y ap pale.Ou byen yo fè eksprè ,paske sou zafè edikasyon an Konstitisyon PETYON ak BWAYE an se jis varyasyon Konstitisyon DESSALINES lan.
Se DESSALINES ki te entwodwi ""enstriksyon piblik"";se pa t PETYON ,ni BWAYE.

jowel banmwen nom yon lekol Dessalines te fe kontwi.
dessalines pat intwi li menm kijan poul ta fe pou bay instruction impotans
se pa poutet yon atik nan kontitution 1805 kife dessalines te kwe ladan
se pa li ki te ekri ni dikte ekri konstitution an
se depi le sa wi nou koumanse ap derive nan popilis
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Joel Ven 20 Aoû 2010 - 10:47

Doub-Sossis a écrit:

jowel banmwen nom yon lekol Dessalines te fe kontwi.
dessalines pat intwi li menm kijan poul ta fe pou bay instruction impotans
se pa poutet yon atik nan kontitution 1805 kife dessalines te kwe ladan
se pa li ki te ekri ni dikte ekri konstitution an
se depi le sa wi nou koumanse ap derive nan popilis

TONNÈ;

Di mwen non;PETYON ak BWAYE te ka konn li;yo te edike pou sa?Sensèman,mwen pa konnen,di m konbyen tan mesye sa yo te pase lekòl;3zan,5an,8 an?
Si w pa konnen,la FRANS se te yon peyi analfabèt wi;se jis lan fen 19yèm syèk ak FERRY ke majorite pèp franse an te vin konn li ak ekri.
Ou di tou pou m di w konbyen lekòl DESSALINES te louvri?
Apre LISE PETYON an ,konbyen lekòl PETYON te louvri ?
Pa pale m de BWAYE,paske misye limenm se pa t ouvri li te ouvri lekòl ,se fèmen li tè fèmen yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Thunder Ven 20 Aoû 2010 - 17:58

Bèl deba! An nou kontinye chache ki kote ke pwoblèm analfabèt lan sòti.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Invité Ven 20 Aoû 2010 - 18:02

Thunder a écrit:Bèl deba! An nou kontinye chache ki kote ke pwoblèm analfabèt lan sòti.


Pou mwen pwoblen lan mal poze.

Ayiti pa ka refome Sistèm Edikatif li si li pa gen yonn.

An Ayiti, se chak lekol ki gen sistem edikatif pa li.

Daprè mwen toujou, fok Leta Ayisien ta gen majorite lekol primè ak segondè nan peyi a, pou nou ta panse mete yon nouvo pwogram konsa sou pie.

Pou le moman, nap reve.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Joel Ven 20 Aoû 2010 - 20:09

Thunder a écrit:Bèl deba! An nou kontinye chache ki kote ke pwoblèm analfabèt lan sòti.
[b]Depi nou te siyen KONKÒDA a,nou te bay legliz katolik responsab edikasyon lan peyi an ;nou te mouri lan fim lan.
Klèje katolik lan pa kwè lan edikasyon pou tout moun.An FRANS ,lè yo tou pwisan pandan peryòd Mwayennaj lan ,yo menm te kwè se yo menm sèl ki pou te konn li ak ekri.Lan yon peyi tankou FRANS lan epòk lan ,99 % popilasyon an te analfabèt.
E se konsa sa te ye ;tankou gen moun ki ap pale de Lame Ayisyen ki te fè gè lendepandans lan tankou yon ame analfabèt;Lame franse an te analfabèt tou.
Lan premye Konstitisyon nou yo ,te gen enstriksyon piblik;pa t gen sa an FRANS.
Lan sa yo rele dezyèm repiblik lan an FRANS ,1847-1851 te gen yon tantativ pou yo te etabli lekòl piblik;aristokrasi an te kanpe an kwa kont bagay sa a.
Sa k vin sove la FRANS ;se apre LALMAY te pyese yo lan gè 1870 lan.LALMAY te okipe yon bopn pati la FRANS.
Lè LALMAY vin dezokipe la FRANS e la FRANS remake konbyen yo te an reta dèyè LALMAY ak LANGLETÈ yon gwoup entelektyèl vin pran pouvwa a ,alatèt yo JULES FERRY,e yo etabli skolarite inivèsèl e yo ekate klèje an.
Sa pa t fasil non ,paske te gen tantativ koudeta ak JENERAL BOULANGER an 1885.
Devenn pa nou ,tout vye abitid klas dirijant nou an pran;se lan men la FRANS e menm lè yo korije yo ;noumenm nou pa janm fè l.
Nou kont edikasyon ,se yon bagay ou ta di ki lan ADN NOU,

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI - Page 2 Empty Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum