Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-29%
Le deal à ne pas rater :
PC portable – MEDION 15,6″ FHD Intel i7 – 16 Go / 512Go (CDAV : ...
499.99 € 699.99 €
Voir le deal

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

+4
Le gros roseau
dilibon
Joel
Doub-Sossis
8 participants

Page 2 sur 3 Précédent  1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Doub-Sossis Lun 15 Nov 2010 - 9:06

Rappel du premier message :

JUDE CELESTIN GINLE NAN FAUX ET USAGE DE FAUX POU JWENN JOB HAITI

GINLE TI JUDE SE LEKOL BUISSONIERE LITAP FE AN SUISSE

JAN KKKOK TE DI

OUBIEN LI TE AL LEKOL DU "Z.Z.LAGE"

http://www.miamiherald.com/2010/11/12/1923357_p2/from-faceless-to-favored-for-haiti.html

"After high school, Célestin went on to study engineering in Switzerland, according to his campaign literature, and received a degree in mechanical engineering from the Ecole Polytechnique Fédérale de Lausanne, a leading institution of science and technology.

But administrators there say they have no record of a Jude Célestin attending or graduating from the university. Rancy did not respond to e-mails seeking comment.
Read more: http://www.miamiherald.com/2010/11/12/1923357_p2/from-faceless-to-favored-for-haiti.html#ixzz15MMlzfpL
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas


LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 13:20

"inegalites sociales" ekziste nan tout pati ki nan mond nan epoutan fosse ki separe moun ki pov ak sak pa genyen pa osi pwofon ke lakay nou! Kounyea se koman nou ka redwi fosse sila'a. Nomalman si ou se youn moun san sevel se mande pou pov mashe pwan nan main moun ki genyen ou sanble genyen paske sa yo genyen yo se nan move kondisyon yo menm ou zanset yo te fel. Men si ou genyen bon jan stabilite mental ak konesnas wap amnde plis opotinite pou moun ka travay e kreye riches pa yo. Wap mande libete pou moun fe bon jan komes anba lalwa, nan youn peyi kote leta ka ede yo rive jwenn rev riches yo e rantre nan konpetisoyn ak komesan parey yo nan lot kwen nan mond nan. Wap mande youn sel edikasyon pou tut moun ki ka ede ogmante pri travay andedan peyi'a. Lekol ak sant enfomatik, kap bay semine necese pou file aptitid moun kap travay, respe ak pwoteksyon pou investisman moun ki genyen ki vle kreye travay, fe se Ayiti gwo konpayi chwazi pou fe outsourcing olye yo ale nan peyi pedi. Se mete swen sante pou tout moun ak lajan touris medikal ki va chwazi nou pask enou genyen bopn jan kad pou sa. Se kole tout kwen nan peyi nan bati enfrastrikti ki pwla kole ak pa repiblik dominikenn... Se jan de lide sa yo e non grandilokans ak fe we ke nou renmen pep kan nou pa vreman konprnan kisa pep la vreman vle....

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 13:35

deza

Ou pap janm rekonet valè liv ke Gary Victor ekri ya.mwen deja diw ke mwen pa wont ke mwen te pase nan lame se nan tet soudevelope tankou w yo ke se yon mepri si yon moun te pase nan lame gade ki jan yap bay yon solda pi gran onè o Zeta zuni pou bravou li.kom an ayiti se yon peyi kote nenpot ti delenkan depi li ka kole de mo franseuu konpran li se yon afè tout metye se mepri. mwen di w ankò genyen moun ki te pase nan lame ki pa kanmarad w.Ou pap janm ba Gary Victor valè pase li se yon intelektyel konsekan e ki pa genyen vye prjije ridikil tankou w.nanpren oken machann kenkay ou pitit machan kenkay ki ap vinn montre m ayiti ak elit sankoutya malpouwont la . menm jan dilibon di li sot pase en pe tan nan kan yo kote li pran sant ke li pa janm kwè ki te poisib se konsa tou ant 1965 e 1968 mwen te mache nan mòn nan peyi ya ap ba ayisyen grenn pou malarya mwen te wè nan ki eta yap viv.Alò sa w rele ènn e egrè ya se eksperyans saa ki montrem ke elite la plus repugnante lan se li ki responsab eta ke nou ye jodya.Lè m tap travay belladeres poum wè bel bagay ke Presidan Estime te vle fè nan peyi ya e poum sonje ke se malandren sa yo rele boujwasi patripoch la ki te fè yon Charles oscar arete l e ekzile l e byen mwen pap janm padone moun sa yo. Fok senkyem kolonn lan degerpi pou pep saa ka rale yon souf.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 13:44

Mezanmi,

"Elites" se nou tout ki genyen je nou klere, ki pense nou we pi lwen, elites intellectuelles, elites economiques, elites tout kalite se ki vizyon nou genyen pou rezoud pwoblem jodya? Kisa nou fe de palpab pou ede pep la siviv nan youn premye e viv pi devan. Bagay sa pa ka fet nan pale anpil men se nan aksyon sou teren an. Youn pep san espwa ki pa mande plis ke pati, abandone, kraze kite sa, ki pa fe pesonn menm tet li konfyans, youn peyi kote ki genyen youn jenosid edikasyonel ak tout sak mashe kom barye a devlopman... Pendan ke Potoprens ap boule nou pa ka ap fe literati ak bel poem ou jimnastik enteleksyel...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 13:46

Dilibon

nou selman mande pou gato a separe antre nou tout. si papa w te gwo jeneral apre endepandans lan e li te pran ou byen yo te bal pi bon tè apre endepandans sa pa vle di li dwe fèm travay kom demwatye pou gremesi. si peyi ya te resevwa w ou byen papaw ak manman w ak bra ouvè lè ou tap fwi misè kote w te soti ;jodya ou se milyonè ou pa dwe voye lajan sere lakay w epi ou vle koronp anploye leta pou pa peye taks ki pou pemet gouvenman kreye lekol ,lopital, wout , aeropò , pò e tout enfrastrikti ke peyi ya beswen.Ou pa ka ap vann moso rad ou kole ak swè ouvriye ayisyen ak Wal mart epi ou pa vle peye yon salè ki pou pemet yo menm manje yon pla manje cho pa jou.Si yon gouvenman mande pou ogmante salè minimum lan ou pito peye mèsenè pou ranverse gouvènman sa yo ki ap konbat inegalite sosyal yo.

tou tan boukwasi patripoch saa pa sispann fè kou deta e byen pap janm ka genyen tet ansanb saa ou reklame ya.pou genyen stabilite fok dwa tout moun respekte ala wonbadè.fok nou pa bliye konbyen to analfabetism lonjevité ayisyen te ye lè rey mulatrisme lan te fini nan peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 13:53

Men pwoblem nan "separe gato a" men koman nap fe'l? E se la nou ka pa dako. Mwen vle pou gato a separe, pou van chanjman veritab soufle nan peyi'a, mwen solide ak sak pa genyen anyen menm pou siviv. Men kontreman ak ou menm, mwen pa vle pou sak pa genyen mashe pran nan main sak genyen.

Mwen pa vle avadra sevi ak kondisyon le pep pou fe riches pa yo, fanmi yo ak lot parey yo!

Mwen vle louvri opotinite!

Tankou genyen jenn mwen ede jwenn youn ti lajan pou yo ka al lage ko yo sou fwontye a, Malpas, pou yo ka double lajan ke mwen prete yo! Anpil nan yo rive fe sa e remet mwen lajan mwen ke mwen prete lot! WSe louvri bagay ki ka kreye anplwa ede moun nan kreye riches. Se nan enstwi yo biznis pa fet san ou pa anrejistre li nan DGI paske le ou genyen patant ou ak kane bank sa ka pemet ou demontre konsila lot peyi ke ou se biznisman vre. Se dmeontre yo ke komes enfomel pa nan avantaj yo. Se nan montre yo ke vre riches la toujou chita nan kilti late men youn lto manye ki ka kreye riches. FInalman se youn reedikasyon ak asistans pou ede w leve kanpe e non pou kenbe moun nan, nan youn kondisyon asistana pemanan!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 14:09

,mwen pa janm di pou sak pa genyen yo ale pran sa lot moun travay fè non.e nanpren pèsonn ki di sa .sa nou mande se ba nou edikatyon ,ba nou swen sante, fè refom agrè nan peyi ya pou nou ka travay lakay nou san ke nou pa beswen al travay kom esklav an dominikani. pou grangoui kloroks la pa koupe trip nou pou kolera pa touye nou.mete iniversite tout kote se pa leta selman ki ka fè sa. kreye konpayi ki ka bay dlo pwop'.elektrisite ,cable tv ,telefonn,lopital prive ,lekol pwofesyonel tout kote. .Ou viv o Zeta Zuni ou wè ke Rockefeller yo kreye universite canergie yo kreye music hall ,librairie, se tou tan ou tande fanmi rich yo ap kite don pou iniversite yo. ou janm tande yon fanmi rich an ayiti fè sa?se wou menm ki di pa genyen yon sal sinema nan peyi ya ,pa genyenoken sant de lwasi ke kafe selman.Alò dim v=byen eske se lavalas ki responsab saa?Jean bertrand Aristide te krey yon lekol de medsinn Gnbsit yo te prefrere mete jandam etranje ladann jodya se medsen kiben ki ap vinn pote swen pou pep ls ki ap mouri tankou mouch anba kolera.

ou janm wè ti malere tankoum yo te ka rantre nan yon bank an ayiti poul te prete yon lajan poul achte yon kay?ou janm tande ti malere an ayiti te ka pran yon anpren nan yon bank poul kontinye edikatyon li?konbyenlajan ke leta boujwa a kon mete pou malere ka kontinye edikatyon ,dayè konbyen iniversite yo te bati lè yo te o pouvwa.kestyon sa yo enpotan si nou vle chanje peyi ya.se pa jodya map pale nesesite pou kreye yon bous an ayiti pou moun ki genyen ti moyen ka envesti lajan yo nan ekonomy peyi ya ou wè sa enterese gwo manje yo.non paske yo vle tout pou yo e anyen pou yon lot. se sak fè ayisyen blije ap enpote tout bagay ke yo beswen.Paske boujwasi ak elit malpwop la pa vle ke anyen pwodwi nan peyi yo pou se yo ki monopolise komès import -export la.se konsa jodya nou rive nan yon pwen menm manje se enpote nou enpote sa.


Dernière édition par Le gros roseau le Lun 15 Nov 2010 - 14:16, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Invité Lun 15 Nov 2010 - 14:15

"mwen di w ankò genyen moun ki te pase nan lame ki pa kanmarad w''

Fok mwin ta mande w sou ki kriter opinion sa a baze .Min lojik pa yon bagay ki ale avek w .Epi mwin jenyn anpil le mwin li bagay sa w ekri a .Mwin sonje ke sete mwin ak lot zanmi ki te kon defan institisyon yo rele lamedayiti a . W fek sot ekri lan yon lot poss kote wap voye jilbrett sa madan manigat vle di ap koze entrene 1000 gasson vanyan pou fome yon ko arme . Kidonk le grenn dyoler pawan lan ratye li sonje ke lan lame gin bon moun ki sip[erye eke w pa bezwin avili tout institisyon paske ligin detwa "bad apple " ? Bon mwin menm mwin pat janm te kon kanpe ogadavou devan mounb an Ayiti .Pwemye travay mwin se ozetany ke sa te rive le mwin ta pwal lekol.Le w te jandam lan transmission epi w tap trayi peyi a a lan lezane 66-67-68 mwin pat lan peyi a tande frem.

Ala yon bel bagay sa se tanbou deu bouda !

Mwin menm sa mwin pap janm bliye a se le w te ekri sou moun.com ( les paroles s'en vomt mais les ecrits restent ) ke se w ki te de seviss le neg yo tap fe "vepres de jeremie a ". Se w ki te "link " antt palais nasyonal ak seviss transmission. W pat leve yon ti dwet le sa a pou te demontre ke w pat rinmin saki tap fett la .W pat pwoteste .W pat neg doneu menmjan wap pwan poz ou jodya .Mwin konyn pwninsipp la .Degaje pa peche .

W se yon bonjan ipokrit .W ta gindwa pwan anbassad le sa a .NON.W rete la ap dodo meya jistan w jwen yon mwayen pou sevi ak infomasion sayo pou kraze raje . Pa pale de moralite paske le yo tap ansasinin moun jeremi yo w te rete bebe .Denonse sa ki te fett apwe rele opotiniss.Depi le sa a mwin konstate ki jan de moun egri ke w te ye.

Pagin "delete " non lan laj konpite a .Delete sou 'dissque dur " paou a pa vle di "delete " lan memwa konpiter lot moun.Anashiss!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 14:21

"....sa nou mande se ba nou edikatyon ,ba nou swen sante, fè refom agrè nan peyi ya pou nou ka travay lakay nou san ke nou pa beswen al travay kom esklav an dominikani. pou grangoui klotoks la pa kopupe trip nou pou kolera pa touye nou.mete iniversite tout kote se pa leta selman ki ka fè sa. kreye konpayi ki ka bay dlop pwop'.elektrisite ,cable tv ,telefonn,lopital prive ,lekol pwofesyonel tout kote. ."

San mank ew dega mwen vinn pa remake pwoblem ou wi, ou renmen buzzzwords, ou renmen pale gwo son, men kom mwen diw an nou sispann fe dyalektik nan vid. Ni ou menm ni pep la pa ka senpleman mande pou nou jwenn ou pou yo ban nou. Jodya selon tout enfomasyon ki nan menmw kijan ou te ka fe pou mete bagay sa yo sou pye nan peyi'a. Di mwen ki lide ou genyen pou leta aysien ka rive fe sa nan 5 kan, 10 zan ou byen 20 tan. Ki lide konkre ou genyen sou sa. Paske bagay sa yo pap soti nan van, bagay sa yo pap rive apre seremoni vodou ni mirak ki pwal soti nan syel. Koman ou menm si ou t aprezidan ak youn ekip solid ta ka reyalize bagay sa yo? Mwen genyen lide pa mwen men poum pa enflyanse w map kite ou pale anvan se sa peyi a bezwen jodya bon jan lide pou nou ka ale pi devan!

Pa kouri al kashe deye Etazini paske chak peyi genyen zafe pa yo, kilti pa yo, tendans pa yo e reyalite pa yo! Epi menm Ozetazini anpil reyalizasyon dirab fet ak volonte pep la pou aksepte sakrifis pesonal ou kolektif. Mwen si ou fe listwa ameriekn anpil gwo reyalizasyon se pep la ki mete ak fos lame li pou kite yo pou pep la kap jwi de yo aloske nou menm depi move kouch makak la di nou lame pa bon nou tout ap repete menm idiotie a!

Zafe rantre nan bank pou jwenn kredi, kredi pou ale lekol, pou moun ki genyen lajan ka envesti, kesyon sa yo se kesyon ekonomik ki mande repons ekonomik, strateji ekonomik, koman ou menm ou we sa ka vinn oyun reyalite andedan peyi'a sitou le ou sonje tout moun ki genyen lajan ta renmen genyen plis toujou. SI ta genyen kondisyon pou moun ki genyen lajan vinn investi nan peyi'a se la paket gwo entenasyonal yo ta vinn fe outsourcing! Map chita sou chez ba mwen ap tann lide repons ou Met Le Gros Roseau!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 14:37

bon ou mande m poum fè yon travay ki depase kad diskisyon saa.mwen pap retounen sou zafè lame saa ankò paske nou deja diskite bagy saa anpil fwa deja.mwen pa kwè nou ap janm dakò paske pou mwen yon kote moun pa ka jwen dlo pwop pou yo bwè ni kay pou yo rete ni lopital pou yo jwen swen nenpot moun ki genyen tet li an plas pa ta ka ap pale de fos lame nan yon peyi kote bidjè li depann de 66% de led etranje.

e byen se paske nou vle kopye tout sa lot moun genyen lakay yo tankou makak se sak fè nou pa ka jwen lajan pou nou envesti nan moyen de prodiktyon e nan enfrastrikti ki pou devlope peyi ya.se paske gwo manjè malpouwont yo pito voye lajan yo sere nan bank etranje o lye yo kitel nan peyi ya pou kreye plis byen ak sèvis se sak fè nou nan maras ekonomik saa ;pep la pap mande pou lelit la ba li non .pep ayisyen pa yon pep ki parese non.li beswen travay ,li beswen edikatyon pwofesyonel ,li beswen tè, li beswen dlo ki pou irige jaden li ,li beswen kredi agrikol poul ka achte semans ak angrè, li beswen traktè pou l laboure chanli.li beswen elektrisite lopital se pa yon maskarad FADH fesè kou deta ki priyorite nan peyi ya jodya.

kestyon ou pose m la pa kwè ke mwen pa ka reponn yo non menm si mwen deja konnen ou pap janm dakò ak mwen.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 14:51

Mwen pa kwe ke sam mande w la yo depase kad diskisyon an non, men li depase konpetans ou nan sije ki rele ekonomi! Ou se youn bon jan save nan fe reklamasyon ekonomik menm jan ak kek zanmi inivesite mwen rankontre an Ayiti men le yo mete pye w nan labou a epi yo diw degaje w mashe 2 pye rete fije tankou kokorat ki pwan nan gonm.

Non bon ami se pa paske nou "vle kopye tout sa lot moun genyen lakay yo tankou makak se sak fè nou pa ka jwen lajan pou nou envesti nan moyen de prodiktyon e nan enfrastrikti ki pou devlope peyi ya". Non, non mil fwa non se pa sa Ou fek fe oyun gwo fot la. Se paske nou poko chita pou pense peyi. Mwen genyen poum mete kek lide nan menm paj sa'a pou ou sou koman nou ka komanse kreye riches, kreye anplwa nan peyi Dayiti e koman, kijan, ki kote nou ka jwenn reosus pou fe sa. Moun ou rele gwo manjè malpouwont yo ki pito voye lajan yo sere nan bank etranje olye yo kitel nan peyi ya pou kreye plis byen ak sèvis, se ayisien natif natal yo ye, se entreprene yo ye, se moun ki pre a investi lajan yo nenpot kote ki prspekte e pwoteje envestisman kote lajan yo ka fe pitit pou byen yo ak fanmi yo. SI Ayiti tounen youn anvinronman konsa non selman yap kite lajan yo an Ayiti men lot moun, diaspora ak etranje ap vinn bouskile, mete yo nan lign pou vinn fe menm jan.

Kote ki pa genyen moun kap pense, kap inove, kap kreye anvironman ki propis pou bisniz pwopere yo tout ap danse polka nan marasm ekonomik. Edikasyon, send sante, travay, akse ak moyen pwodiksyon, ekipman ak materyel, angre pa ka soti nan syel tankou epok le te genyen la manne ki tap tonbe, se rezilta pep vanyan kap travay, kap mete stabilite politik, ki vle travay pou rantre nan teyat mondyal la pou fe konpetition ak tout pep nan tout disiplinn e nan tout nivo. Pou nou rive la fok nou pre pou redefini tout vye kwayans, pensees, reflesyon 1960, 70, 80, 90 yo e rantre nan l'ere 21ieme syek la tankou moun li ki konpwnan dinamik nouvo mond sila'a e non nan fe vye jwet jimnastik entelektyel demode!

Mwen apt genyen lentansyon imilye w nan mande w fe youn bagay ke mwen te deja konnen ke ou pat ka fe, men fok mwen ta pase la pou w ka rive konprann kek lide pi devan.

Kenbe fem!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 15:21

Men kek lide sou 3 pwen mwen mande pou kandida yo tta pwomet pou yo fe imedyatman apre yo ta eli nan eleksyon sa yo.

1- Mwen mande pou vi noktinn nan tounen nan tout peyi'a.

Sa vle di fok ekip ki monte defini youn strateji de sekirite nasyonal, kote pap genyen plas pou brigandaj ak vagabondaj, reprime legalman tout kriminel, batay kont koripsyon, rasire moun ke Ayiti se kote ki pezib pou moun ka sikile lannwit. Si yo pa ka fel imedyatman nan tout peyi a, yo ka seleksyone des zones pou garanti plis kote komes ka rive fet lan nwit. Se la mwen vini ak lide pou yo ta pwan menm 2 gran ri nan Potoprens, mete kouran ladan yo, mete bon jan sekirite non selman nanrues sa yo men ann apil zones de 4h PM a 2h AM pou moun vinn manje, bwe, danse e ka ale pezibleman lakay yo. Sela tou mwen vini ak lide de boardwalk ki ka soti depi route 9 jiska mariani kote business ap fet tout lan nwit. Kilti anpil peyi ka reprezante pa zonn e atire bato touris kap soti St Domeng, Jamaik pou vinn pase jounen e ale lakay yo apre plezi..... Se youn lide.

Sa pa mande anpil kob pou sa fet, se volonte sekte biznis nan ak akolad gouvenman selman ki necese.

2- Mwen mande kanpe zafe komes enfomel la.

Sa vle di tout moun ki vle fe biznis dwe genyen youn lokal kote biznis nan ye, li dwe pran asirans pou biznis nan e li dwe anrejistre nan DGI ak depatman komes. Si se restoran nan depatman snate elatriye. Kounyea la si chif dafe biznis nan telman neglijab leta ka bali asirans tanpore, fe li ap peye anrejustreman e si se plis pase 5 moun ki met biznis nan leta ka garanti kek pre pou yo nan bank. Biznis ki pa depase 500,000 goud pap peye taks pendan 3 zan, men kan barem sa depase yap paye. Depatman komes ap idanfye kote pou yo ale nan foire, konpetisyon ak biznis parey yo sou kalite swa nan peyi a tankou deyo.

Zonn ki dwe genyen biznis. Men si youn moun nan youn zonn ki pa dwe genyen biznis te deja enstale, lea pap diw pa fel men taks ou pa piro ou byen yap ede w jwenn youn pozisyon nan youn zonn pou biznis. Zero tolerans pou biznis enfomel sou baz se ti malere ak malerez kap checeh lavi. Ayiti vinn tounen youn anshi komesyal. Joday mwen ka achte 12 kontene an Chinn epi mwen peye kek ti malerez vnan lnan alri a pou mwen, mwen app peye okenn taks. Aloske si mwen ouve youn magazin nomal EDH, DGI, Ladwann, Lameri ak zot ap soti pou touye mwen ak taks ak lot lwa tet chaje. SI mwen ouve oyun restoran map peye taks men si mwen peye 20 mashann chyen janbe fe komes pou mwen pou pousantaj mwen pap peye anyen, ni lokal, ni asirans, ni taks epi mwen lage fatra nan lari jan mwen vle. Men Ayiti jodya....

Sekte enfomel non selman ap peye taks men se li ki lakoz pa ket fatra, se youn barikad a sekirite enterye, se youn move imaj pou peyi'a. Bagay ti malere, ti malerez ka fe sa yo pi pito menm si tout lot res moun ap soufri fok li fini nan peyi'a.

3- Mwen mande pou sispann gradyelman komes pepe, Kennedy ki nan peyi'a.

Sa vle di youn pep ki genyen 206 zan distwa pa ka pwan fyete nan mete rad 2iem, 3ieme men ki soti deyo, dra tou sal ki soti nan lopital san konnen ki maladi mo ki mouri sou dra te genyen. Se pa posib epi apa de fyete se youn risk pou maladi e se oyun komes ki detwi komes atizan tankou taye, koutirye ak kodonye te konn fe nan peyi'a. Koman?

Leta - wi leta dwe nan pwent tout aksyon konsa - dwe rele 20 fanmi ki genyen lajan nan peyi'a e demontre koman yo ka invesit nan 12 gwo sant endistryel nan peyi'a. LEta ap bay te ak avantaj fiskal, pwoteksyon, sekirite - sekte prive ap bay ekipman, zouti, konpetnas, savwa fe ak jesyon - epi nap rele tout gwo taye ak koutiye, fasion design etc.. sak pa genyen ase na ba yo semine, antrenman ak fomasyon. Leta ap youn pate a 40%, sekte prive 40%, anploye yo kise pwoprite tou ap genyen 20% profit sharing ke yo ka jwenn nan chak fen dane kom dividand plis bonus selon jan biznis mashe. 12 gwo konpayi sa yo tap tou sevi ak loi Hope la pou benyen US ak pwodwi, 6 nan yo tap pwodwi pou konsomasyon lokal, lot 6 la tap pense koman pou yo pwodwi pou letranje (coats, bottes, etc...)

Menm mouvman sa'a ka fet ak kodonye ak lot sekte.

Leta tap evalye koman pwodwi lokal la rive sou mashe pou deteminen taks sou pep pou dekouraje moun menm komande bagay konsa!

Bati inivesite, lopital, enfrastrikti, mete oyun senti sekirite nasyhonal, ak lot bagay nou bezwen mande anpil lajan. Ki kote lajan sa'a ap soti. Eh byen mwen genyen anpil lide. Nou ka mete tolls sou route yo, nou ka komanse regilarize trafik mashinn pou ankouraje plis moun monte moto ak bisiklet ke vwati, tax sou paket nouvo moun kap travay, taks sou komes, bon jan taks sou kay e redwi taks sou enpotasyhon ak fre dwann pou ankouraje komes. Rediksyon koripsyon selman ka ede leta genyen plis pase 1 billion dola pa ane. Youn lot bagay anko dat diaspora ap mande dwa de vot e si nou ta bay dwa de vot sa pendan li mashe ak youn taks anyel? E si nou ta ale devan e eseye legalize kek drog ke nap depense anpil pou chase menm si se nan youn zonn selman kont gwo toro taks, e si nou monte taks vice yo tankou taks sou sigaret ak alkol? Nou ka fel se volonte selman ki manke. Pa genyen rezon pou 70% bidje repoze sou letranje si nou vle modenize peyi nou vre.

Finalman ou separe lide ke lame pa necese, li koute twop men ou refize soti nan bwat tradisyonel pouw ta pense ek si nou ta deside kom youn sosyete ke se youn eritaj sa ye, nou pre a fe sakrifis pou peye prix pou youn lame pwofesyonel ki ka ede nan ka tankou kolera kila'a jounen jodya, rebwaze preske a vil pri, genyen sant pou akeyi demini, fe alfabetizayon, devlope lekol pwofesyonel nan baz yo, e menm ko de jeni andedan li ta ka bati kek moniman ak imeb piblik --- plis reprezante one ak ogey nou se tap youn bon bagay, se tap youn win win situation! Se dwa w!

Men refelksyon nou beswen nan moman nap viv nan peyi'a jodya pou mete jenes la nan travay....

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 15:30

Ou twò presomptye ki sa ki diw mwen pap prepare yon metriz an finans jodya nan Phoenix university?Paske mwen te nan lame bon dye pat banm lntelijans tankou tout moun.se wou sel ki ka aprann ekonomi?mwen pa beswen diskite ak ou ankò.Koulyè ya ou vle fè moun konpran ke FADH la se yon sous de stabilite.Misyon enposib.al reli listwa peyi ya al li liv ke Roger gaillard ekri ki rele le grand fauve .al li liv ke Louis joseph janvier ekri sou rey jeneral yo.al fè moun rakonte sak te pase 10 Mai 50 , sak te pase 25 mai 1957, sak te pase 29 juillet 58 epi pre de nou sak te pase lè Himler rhebu tap goumen ak Propser Avril;lè Propsepr Avril tap goumen ak Jean Claude Paul jis yo di se li ki te anpwosonnen li si w pat la epi wap vinn defann FADH la apre . aprann konen sa nou vle defann lan byen.


Dernière édition par Le gros roseau le Lun 15 Nov 2010 - 15:33, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 15:32

Ak kiles wap pale Mesye Le Gros Roseau? Mwen remake ke ou fashe, lafimen ap soti nan zorey ou. Si seta ak mwen wap pale mwen mande w padon si mwen ta paret presomptueux, se pa lentansyon mwen ditou! Selman kite mwen diw ke ou gendwa ap fe metriz ou doktora nan finans ou ekonomi sa pa vle di ke ou transmet konesans sa yo nan ka youn peyi espesyal tankou peyi Dayiti. Ak lone respe mwen te jis vle eseye rale kek lasi nan po jew men si nan pwosesis sa'a yo few mal tanpri padonen mwen.... Bye!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 15:36

ak Dillibon ki dim ke mwen pa ka konprann ekonomi politik paske bon dye pat fè m favè banm yon servo tankou li.ah ah ah ala nou frekan depi nou ka kole 2 mo franseuuu,(lol)non mon chè nanpren ayisyen ti zorey anraje ki ka fè m fache ak prejidis yo ,mwen pa nan royaume aveugle lan ankò kote se yon ti gwoup moun selman ki te jwen plas nan iniversite.Jodya se lajan w ki pou rete w si w vle edike tet w tande ti papa.ala yo retrograd epi yo vle pran poz konnesè sou moun menm latrinn yo pa ka bati nan peyi yo menm dlo pwop yo pa ka ba pep la eopi lè yap pale de konesans yo wa di se yon ki te envantè linivè.ah ah ah vous me faites rire de vos idioties.


Dernière édition par Le gros roseau le Lun 15 Nov 2010 - 15:42, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 15:41

Le gros roseau a écrit:ak Dillibon ki dim ke mwen pa ka konprann ekonomi politik paske bon dye pat fè m favè banm yon servo tankou li.ah ah ah ala nou frekan depi nou ka kole 2 mo franseuuu,(lol)

Mesye Le Gros Roseau dim ki kote mwen diw ke ou pa konprnan ekonomi politik paske bon dye pat baw sevo tankou'm. SI ou ka demontre mwen sa, map mete mwen ajenou poum mande w padon - Ou fek fe youn gro manti pou w ka chape poul ou nan larirent nan. Ou se oyun bidon ki fe anpil bri, ki repete tankou jako youn seri de fomil tou fet, mwen jis vle few remake sa pou w ka korije e ameliore priz pozisyon yo pou ple odyans ou. AN pasan mwen pa ekri atwop an franseu non, mesye Le Gros Roseua, se nan kreyol natif natal la wi map rachonen zepina ke ou vle rantre nan mayi moulen blanch nan wi... Pa genyen rezon pou w estomake konsa jis pou wta ale pote plent nan paleman pou mwen...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 15:45

al reli teks presedan wa konprann ke ou pa touche menm yon ti plim nan fal mwen ak enbesilite w yo tande.Kouman ou pa reflechi anvan ou ekri idyoti w yo?se pa wou ki dim konsa ou konnen ke mwen pat ka reponn kestyon w pose m yo paske mwen pa konen anyen nan ekonomi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 15:52

Well pwiske ou mande fe sa mwen pwal fe youn ti ekzesis de lekti kourant ak ou! Men sam te ekri: "Mwen pa kwe ke sam mande w la yo depase kad diskisyon an non, men li depase konpetans ou nan sije ki rele ekonomi!" Mesye Le Gros Roseau le youn moun diw ke youn kesyon depase konpetans ou nan youn disiplinn sa vle vle di ke ou pa fo nan disiplinn nan, men kesyon ka depase limit (youn chapit nan matematik) ke ou genyen nan disiplinn nan. Sa pa vle di ke ou pa genyen sevo, sa pa vle di ke ou sot nan domenn nan, sa pa vle di ke mwen manke w dega. Se menm jan mwen sonje te genyen youn moun kite vekse le youn avoka te di papa li ke tribinal la enkonpetan pou tande youn koz. Men enkonpetans sete youn enkonpetans legal ki tap pale. Mwen pa janm konnen ke ou prezante w kom youn espesyalis nan syans ekonomi, men kom wap pale kesyon ekonomik de sa pep la vle, sa pep la mande, mwen te jis mande w fe youn ekzesis pou bay lide baw swivan konpetans ou, kom ou di ke ou pat kapab, mwen reponn e baw kek lide rapido presto san ogey, ni lide pou imilye, ni pou fe vantardiz. Olye ou di mesi ou plis soti pou w fe brigandaj... Mwen pa diw pa konenn anyen men ou poko demontre ke ou konnen twop de ekonomi peyi Dayiti ak lide ke ou ka pote sou koman pou kreye riches, kreye anplwa, netoye peyia pendan wap relve nivo ak standa ekonomik peyi'a. NAp tann ou toujou...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 16:08

kom ou te absan sou forum lan mwen k a konprann poukisa ou kwè ke bon dye pat banm fakilte tou poum ka konprann syans ekonomik lan.wa wè plisye fwa deja mwen di sak merite fet pou relanse prodiktyon natyonal la.tou dabò menm pi gwo pri nobel nan ekonmi rekonet se pa yon syans ekzakt se tono vid yo ki toujou fè plis bri.ou repete menm bagay la ankò ou di ke mwen pa ta ka reponn kestyon paske mwen pa genyen konesans ase pou sa .mwen pa konnen si w konnem men sa pa etone ke ou fè asumptyon saa.paske se pwop ayisyen se yo sel ki konnen tout lot moun se enbesil men mande yo sa yo pwodwi ak konesans saa ou pa konnen .

non mon chè se wou ki merite yo fè yon ti lekti kourant ak w pou montre w ke anpil nan nou pa nan royaume aveg la ankò.sim vle al bati yon lekol an ayiti jodya mwen ka fè l san mewen pa beswen al prete lajan lan bank mwen genyen yon ti sè m ki genyen yon lekol dej an ayiti tande .sa w te fè an ayiti mwen ka fel tou sim ta vle e mwen te ka fè plis bagay toujou.kwè m si w vle.mwen pa beswen travay ankò.


Dernière édition par Le gros roseau le Lun 15 Nov 2010 - 16:25, édité 2 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 16:11

Gade Mesye Le Gros Roseau sispann pase arebo sant kesyon an! Mwen poze'w youn kesyon, mwen te mande w fe oyun ekzesis ou dim ou pa kapab. Mwen baw kek lide pam, le ou we ou pa ka reponn ou tonbe ap fe syeselmevwa entelektyel, kote wap pran poz fashe w pou w ka kashe la wontez. Sispann fe sa tanpri! Kiles kite diw ke syans ekonomi se syans ekzak? Pesonn pa diw se ignoran nan ekonomi men ou te dako ke ou pat ka vini ak lide tou nef jan ke mwne sot lage la. Eh siw te saj mwen te ka baw plis toujou men kom wap fe frankansite mwen femen paj sa'a... Bye!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Invité Lun 15 Nov 2010 - 16:13

Se konsa sa ye wi zanmi dilibon. Depi li pwan kek bon kalott marassa kek bon pataswel ki desounyn li paske se pa ak disip fanatik li yo lap pale li mande anraje sou forum nan : O wi mwin se pitit pep mwin se pitit soyet mwin se patati patata kom si le sel pitit pep sou la te beni e sa ba li yon lisanss poul vin deblatere sou moun .W gan chanss wi li pa kouri di lap kite forum nan pou w paske w manke li dega eke Marc administrateu forum nan lan konfiolo avek w paske li pa vle sansire w .Min rayi chyen di dan li blan . W se neg ki jenereu vre mon frer !

Misye ganle blye saki te kon ekri sou moun.com le li te kon vin rode epi li kraze raje le li we ke li paka rete .Sepou te fe neophyte lan konyn ke w pale avek li paske w vle echanje lide avek li ede li pwogresse si li vle min se professeu inivisite ke w ye .Sepa lan lekol tett chatt ou bolett ke mett dilibon te apwan metye li .Afe lavalass-chimerik-tipepikk ke w neg ki edike pase yon lot neg la se yon krim nan le pou sispan sou forum ayisyen yo .Pagan anyen ki di mediokrite fet pou denominateu komin tout ayusien .

Afe demokrasi sa a gan anpil pikan ladan li wi .Moun ki manke fomasyon vle aplike li tout kote li pagin plass li .Le yon neg se yon elev se poul apwan mete chapo ba devan yon pwofese .Sepou li mete lan tett li si pwofese a ap pale avek li sapa vle di ke li gin menm konesanss avek li lan sa li konyn an . Ala traka mezanmi pou minin koulev lekol!

Mett dilibon,

Konpliman !W telman desounyn misye anba lojik ak bonjan donne ke misye konpwan se franseu w tap pale avek li .Oneu respe .Prezanss w tw nesees sou forum nan . Mwin kwe kavek retou w pou detwa jou gin inpeu brigandaj kap sispan sou forum sila a .Ochan pou mett dilibon !


Dernière édition par deza le Lun 15 Nov 2010 - 16:35, édité 2 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  dilibon Lun 15 Nov 2010 - 16:18

Deza,

MEsi. MEn pa genyen youn kote mwen manke mesye LE Gros Roseau dega. Mwen pale ak toro a ak tout jantiyes epi li vinn kanpe an Zo Blood li pa konnen ke mwen se youn IZOLAN mwen ap konn pran nan cho non. Olye li adrese lide mwen prezante yo li prefere ap fe dan di.... Pa genyen anyen si nan echanj lide pou youn aprann de lot si mwen sonje byen se pa objektif forum sila'a mezanmi... Monshe kom mwen ap moun isit mon capitaine, neg pa bezwen move mwen prale byento...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 16:22

gade yo ,gade yon bann madigra ki konprann ke moun nan royom aveg la toujou.jou mwen sou sa map mete kek ide sou froum lan kom mwen konn fè deja ki ka relanse ekonomi e prodiktyon natyonal la pou nou tande bannn ti boujwa pretantye arogan.male ah ah ah deza cessez donc de cacher votre ignorance par votre arrogance ,vous ne pouvez plus nous impressionner par vos arguties ;combien de fois dois-je vous le repeter?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Invité Lun 15 Nov 2010 - 16:31

Maitre dilibon,mon grand ami de toujours ,
docteur en economie a le don de m'inspirer :


Mwin pa moun isitt mon kapiten
Mwin se moun jakmel sa'm fe
Mon lyetnan sa'm fe
Mon kapiten sa'm fe .
Se lan sinema mwin ta pwale
Yo sere soulie'm sa'm fe
Lan mache manman mwin te voye'm.
Le Roseau w ale w pa dim anyen
Le Roseau w ale w pa dim anyen
Ane sila a le Roseau voye let demysion
Le Roseau w jwen avek mett ke w
Le Roseau pa fe kole krapo .
Le Roseau reyisy pwan lan twa roi
Le Roseau reyisi pwan lan twa roi .
An nou gade ak kisa lap vini lan makout li
Si li vini avek li vid anko
Nap plin li ak pwovysion poul fe la rout .
Lavalass konyn kote w ye !

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Le gros roseau Lun 15 Nov 2010 - 16:34

se bon dye ki fè talon kikit pa a la mod ankò ou ta mennenm ti tanyen lontan deja nespa Deza desastre national que vous etes.(lol)kolera national vous ne pouvez pas m'atteindre.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Invité Lun 15 Nov 2010 - 16:42

Ca va Roseau .Soyons amis . Smile C'est moi qui t'en convie .Il n'y aura plus de claques pour t'inculquer les bonnes manieres et la logique qu'il faut apprendre a maitriser dau cours du deroulement d'une discussion.

Maitre dilibon,mon grand ami de toujours ,
docteur en economie a le don de m'inspirer :


Mwin pa moun isitt mon kapiten
Mwin se moun jakmel sa'm fe
Mon lyetnan sa'm fe
Mon kapiten sa'm fe .
Se lan sinema mwin ta pwale
Yo sere soulie'm sa'm fe
Lan mache manman mwin te voye'm.
Le Roseau w ale w pa dim anyen
Le Roseau w ale w pa dim anyen
Ane sila a le Roseau voye let demysion
Le Roseau w jwen avek mett ke w
Le Roseau pa fe kole krapo .
Le Roseau reyisy pwan lan twa roi
Le Roseau reyisi pwan lan twa roi .
An nou gade ak kisa lap vini lan makout li
Si li vini avek li vid anko
Nap plin li ak pwovysion poul fe la rout .
Lavalass konyn kote w ye !

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN - Page 2 Empty Re: LEKOL SWISS DI LI PA KON KI MOUN KI JUDE CELESTIN

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 3 Précédent  1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum