Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
Tefal Ingenio Emotion – Batterie de cuisine 10 ...
Voir le deal
59.99 €

Mesaj Ijan pou Prezidan Preval

Aller en bas

Mesaj Ijan pou Prezidan Preval Empty Mesaj Ijan pou Prezidan Preval

Message  jafrikayiti Mer 15 Déc 2010 - 23:47

Onè Prezidan Préval,

Souple, voye je sou kèk aksyon konkrè mwen ta pwopoze ou, pou seye rezoud yon gwo pati nan pwoblèm ijan ki ap brase bil peyi a, alèkile.

POU ANKOURAJE YON KALMA DIRAB NAN MITAN AYISYEN:

1) Se pou Sekretè Jeneral Nasyonzini an, mouche Ban Ki Moon, fè yon deklarasyon klè kote li va:
- Prezante eskiz fòmèl, daprèzavwa sòlda Nasyonzini (MINUSTAH) te pote bakteri kolera a sou zile a, nan mwa oktòb ki sot pase a.

- Anonse mobilizasyon, san pèdi tan, tout resous ki nesesè pou kwape epidemi kolera a pandan 8 semèn k ap vini yo. Sa vle di: 9000 sòlda MINUSTAH yo pral travay, san pran souf, pou yo ede Leta Ayisyen enstale yon dividal sistèm pirifikasyon dlo epi bay sipò lojistik nan yon kokennchenn kanpay vaksinasyon ki pral kouvri tout komin ki nan 10 depatman jewografik peyi a. Kanpay vaksinasyon sa a dwe fèt sou lobidyans Ministè Lasante Ayisyen, ak konkou Kwa Wouj Ayisyen, Doktè Kiben yo, Zanmi Lasante elatriye… Kit se sistèm pirifikasyon dlo yo, kit se se twous vaksinasyon yo, se ak bidjè $865 milyon dola yo fenk apwouve pou MINUSTAH a, yo va achte yo.

- Anonse revokasyon mouche Edmond Mulet ki dwe òltègèt prese prese. Responsab sivil ki pral ranplase mouche Mulet alatèt MINUSTAH a, va genyen yon manda klè, asavwa: òganize nan lòd epi san pèdi tan, yon pwosesis pou degèpi tout fòs MINUSTAH ki nan peyi a, osito kanpay enstalasyon sistèm pirifikasyon dlo ak vaksinasyon yo va bout.

Remake: rapò Doktè renaud Piarroux pibliye a ( http://www.lemonde.fr/mmpub/edt/doc/20101210/1452027_1b80_cholera_haiti_rapport_pr_piarroux.pdf ), se yon pa nan bon direksyon an. Men, fòk responsab Leta Ayisyen yo, kontinye mete devwa yo opwòp sou dosye sa a. An patikilye, nou kwè se devwa Chèf Leta a pou li ankouraje mouche Ban Ki Moon poze jès konkrè nou pwopoze pi wo a.



2) Antank Prezidan Ayiti, oumenm M. René Préval, ou va fè yon deklarasyon pou ou di pèp Ayisyen an mèsi pou lisaj ak sajès li demontre kote, li plizoumwen rive kreye yon klima lapè, malgre gwo difikilte ki makonnen ak sezon latwoublay grav nasyon an ap viv la a. Oumenm, antank Prezidan peyi a, nan jou sa yo, ou pap neglije fè demach sou demach pou ou chita pale ak tout lidè politik Ayisyen yo, dekwa pou nou rive rezoud kriz elektoral la, nan anvataj Ayiti. Nan menm deklarasyon sa a, ou va pwofite repete volonte ou pou ou remèt pouvwa a, wè pa wè, 7 fevriye 2011, epi pou ou rete viv nan peyi ou, nan lonè-respè pou Manman Lwa peyi a.

POU REZOUD KRIZ ELEKTORAL LA:
1) Prezidan peyi a, M. René Préval, mete li dakò ak majorite kandida yo, li konstate, li admèt e li deklare eleksyon 28 novanm 2010 yo tonbe nan tchouboum, yo pa valab. Ansanm, aktè politik yo ap chèche jwenn yon fòmil akseptab pou yo mete kanpe yon Konsèy Elektoral tounèf, ki va gen ladan li Ayisyen popilasyon an fè konfyans, pami yo kèk ansyen Premye Minis ak ansyen Prezidan peyi a. KEP espesyal sa a ap sipèvize eleksyon an, sou baz yon sèl tou ki va fèt nan finisman mwa fevriye 2011.

2) Ant 7 fevriye 2011 epi enstalasyon Prezidan tou nèf ki va genyen eleksyon an, se Manman Lwa peyi a, ki va dikte fòm gouvènman enterimè ki va responsab bak peyi a. Oswa se va Premye Minis Jean-Max Bellerive ak Kabinè Minis yo (Atik 148) oswa se va Jij ki gen plis ane sèvis nan peyi a (Atik 149). Prezidan an va deside sou baz konsèy ekspè nan koze konstitisyon li va konsilte sou kesyon an. Epi, li va esplike rezondèt desizyon li pran an, devan tout nasyon an, san okenn kachotri.

3) Dat ak bidjè ekzak eleksyon an va tabli selon de gwo preyokipasyon: pwoteksyon dwa grandètmajè Ayiti epi lapè nan mitan pitit Dessalines yo. Mèzalò, Prezidan Préval dakò, e li repete, keseswa jamè, rive 7 fevriye 2011, li pap rete sou pouvwa a.

4) Pati politik ki gen koneksyon youn ak lòt va eseye mete fòs yo ansanm pou kore yon sèl kandida pou eleksyon prezidansyèl mwa fevriye 2011 yo. Antant yo rive negosye va konfime alekri. Otank sa posib, yo va deklare antant sa yo bay pèp la kare bare.

Li klè, anpil lòt aksyon merite poze pou rezoud tout kalite gwo pwoblèm nasyon an ap konfwonte. Pami sila yo, gen nesesite jwenn kay pèmànan pou tout pitit peyi a ki oblije ap mal viv anba tant osnon ki pa gen kay pou yo viv depi dikdantan. San di pètèt, solisyon pwoblèm sa yo dwe kanpe byen wo nan tèt ajannda ekip ki va monte opouvwa apati eleksyon fevriye 2011 yo.

------------------------------------------------------------------------------------------


KONSTITISYON AYITI:
Nimewo 148:
Sizanka prezidan an vin twouve li pa kapab fè travay prezidan l, dezoutwa jou, se konsèy minis yo, sou direksyon premye minis la ki va gen pouvwa dirije peyi a, ann atandan.
Nimewo 149:
Sizanka plas prezidan Repiblik la vin vid, pou nenpòt ki rezon se prezidan tribinal kasasyon an ki monte prezidan pwovizwa Repiblik la. Si plas przidan tribinal kasasyon an te vid, se vis-prezidan tribinal kasasyon an ki monte, Si plas vis-prezidan an te vid, se jij ki pi ansye kòm jij tribinal kasasyon an, ki monte. E, se kon sa jij tribinal kasasyon yo ta monte, youn dèyè lòt. Asanble Nasyonal la enstale prezidan pwovizwa a nan plas li, apre premye minis la konvoke yon reyinyon asanble nasyonal la, jan lwa di sa dwe fèt.
Jan sa ekri nan Konstitisyon an ak nan lwa elektoral la, vòt pou eleksyon nouvo preezidan, ki va gen yo nnouvo tan sèvis senk (5) ane a, dwe fèt karannsenk (45) jou, poun pi ta, apre plas prezidan an vin vid.
Nimewo 149-1:
Prezidan pwovizwa a, pa janm gen dwa kandida nan eleksyon nouvo prezidan ki gen pou l fèt la.


http://ht.wikipedia.org/wiki/Konstitisyon_1987_(Ayiti)



ENGLISH VERSION:
To Solve the Crisis in Haiti
http://www.forumhaiti.com/crise-electorale-f16/to-solve-the-crisis-in-haiti-t10294.htm


-------------------------------
Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
(Brotherhood is as Ancient as Motherland Africa)
----------------------------------------------------------
http://www.jafrikayiti.com



http://www.akasan.org

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum